Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou fè efò pou maryaj nou toujou tankou ‘ yon kòd ki trese an twa ’

Annou fè efò pou maryaj nou toujou tankou ‘ yon kòd ki trese an twa ’

Annou fè efò pou maryaj nou toujou tankou ‘ yon kòd ki trese an twa ’

“ Yon kòd trese an twa pa fasil pou kase. ” — EKL. 4:12.

1. Kiyès ki te marye de premye moun yo ?

APRE Jewova Dye te fin kreye plant yo ak bèt yo, li te fè Adan, premye òm nan. Apre sa, li te fè l fè yon gwo dòmi, e pandan li t ap dòmi, li te pran yon kòt li e li te fè yon lòt moun ki pafè kòm yon èd pou li. Lè Adan wè l, men sa li di : “ Aa ! [...] Men yonn ki menm jan avè m’ ! Zo l’ se zo mwen. Chè l’ se chè mwen. ” ​(Jen. 1:27 ; 2:18, 21-23). Jewova te montre li te kontan dèske li te kreye premye fi a. Se sa k fè li te marye de premye moun sa yo e li te beni yo. — Jen. 1:28 ; 2:24.

2. Ki jan Satan te met divizyon nan mitan Adan ak Èv ?

2 Malerezman, sa pa t pran lontan pou aranjman sa a te sibi yon atak. Ki jan sa te fèt ? Yon espri mechan yo te vin rele Satan te twonpe Èv. Li te fè Èv manje fwi Jewova te entèdi yo manje a. Apre sa, Adan te manje nan fwi a tou. Donk, yo toule de te rebele kont Bondye, yo pa t respekte dwa li genyen pou l dirije yo (Jen. 3:1-7). Nan moman Jewova mande yo poukisa yo te aji konsa, relasyon yo te gen youn ak lòt te gentan kòmanse gen pwoblèm, e sa te parèt klè. Adan te akize madanm li, li di : “ Fanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi pyebwa a pou m’ manje, epi mwen manje l’. ” — Jen. 3:11-13.

3. Ki move pwennvi kèk Juif te genyen ?

3 Depi lè sa a, Satan kontinye itilize yon seri metòd pou l met pwoblèm nan mitan moun ki marye. Pa egzanp, pafwa, li itilize chèf relijye yo pou l fè moun yo gen yon pwennvi ki pa kòrèk sou maryaj, sètadi yon pwennvi ki pa ann amoni ak Ekriti yo. Nan epòk Jezi a, te gen kèk chèf relijye juif ki te konn minimize prensip Bondye yo. Yo te konn pèmèt mari yo kite madanm yo pou bagay banal. Pa egzanp, si yon madanm te met twòp sèl nan yon manje, mari l te gen dwa divòse avè l. Sepandan, men sa Jezi te di : “ Lè yon nonm kite ak madanm li pou l’ al marye ak yon lòt, li fè adiltè, esèpte si se pou lenkondit [“ fònikasyon ”, NW] li ta kite ak madanm lan. ” — Mat. 19:9.

4.Ki jan aranjman maryaj la sibi atak jodi a ?

4 Jiska prezan, Satan ap chèche mwayen pou l met pwoblèm nan maryaj. Li jwenn anpil siksè nan sans sa a nan epòk pa nou an. Nou kapab wè sa paske jodi a omoseksyèl ap marye youn ak lòt, oubyen y ap viv ansanm, gason ak fi ki pa marye youn ak lòt ap viv ansanm e moun ki marye ap divòse pou ti krik ti krak. (Li Ebre 13:4.) Antanke kretyen, ki sa nou ka fè pou nou pa kite move pwennvi moun yo genyen nan monn nan sou maryaj enfliyanse nou ? Ann konsidere kèk bagay ki ka fè yon maryaj reyisi.

Se pou Jewova toujou nan maryaj la

5. Anrapò ak maryaj, kiyès ki fòme “ kòd trese an twa ” a ?

5 Pou yon maryaj reyisi, Jewova dwe nan maryaj la. Pawòl li a di : “ Yon kòd trese an twa pa fasil pou kase. ” ​(Ekl. 4:12). Ekspresyon “ yon kòd trese an twa ” a se yon ekspresyon senbolik. Lè se anrapò ak maryaj yo aplike l, de premye branch yo reprezante mari a ak madanm nan. De branch sa yo makònen ak twazyèm branch lan ki pi enpòtan, Jewova Dye. Lè de moun marye sèvi Bondye ansanm, sa ba yo fòs pou yo fè fas ak pwoblèm yo rankontre e se pi bon mwayen pou yo rive jwenn anpil bonè nan maryaj yo.

6, 7. a) Ki sa kretyen yo ka fè pou yo sèten Bondye nan maryaj yo ? b) Ki sa yon sè pi renmen nan mari l ?

6 Ki sa de moun ki marye kapab fè pou maryaj yo kapab vin tankou yon kòd ki trese an twa ? Men sa David di nan yon chante : “ Bondye mwen, mwen pran plezi m’ nan fè sa ou vle m’ fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m’. ” ​(Sòm 40:8). Nou menm tou, lanmou nou gen pou Bondye pouse nou sèvi l ak tout kè nou. Donk, de moun ki marye ta dwe devlope bonjan relasyon ak Jewova e yo ta dwe pran plezi pou yo fè volonte l. Anplis, youn dwe toujou ede lòt la ranfòse lanmou l genyen pou Bondye. — Pwo. 27:17.

7 Si lwa Bondye yo nan fon kè nou toutbonvre, n ap demontre yon seri kalite tankou lafwa, esperans ak lanmou, e kalite sa yo ap ede nou vin gen pi bon relasyon nan maryaj nou (1 Kor. 13:13). Men sa Sandra, yon kretyèn ki marye depi 50 an, di : “ Sa m pi renmen nan mari m se direksyon ak konsèy li ban m ki baze sou Labib ak lanmou l genyen pou Jewova, yon lanmou ki pi fò pase lanmou li gen pou mwen. ” Ou menm antanke mari, èske madanm ou t ap di menm bagay la pou ou tou ?

8. Ki sa nou bezwen pou nou jwenn “ yon bon rekonpans ” nan maryaj nou ?

8 Antanke koup marye, ki sa k gen premye plas nan lavi nou ? Èske se relasyon nou ak Jewova ak aktivite nou antanke kretyen ? Anplis, èske nou vrèman konsidere konjwen nou kòm konpayon nou oswa konpay nou nan sèvis Jewova a (Jen. 2:24) ? Men sa Salomon, yon wa ki te saj, te ekri : “ De pi bon pase youn, paske yo gen yon bon rekonpans poutèt yo travay di. ” ​(Ekl. 4:9, NW). Vrèman, yon mari ak yon madanm dwe fè anpil efò pou yo jwenn “ yon bon rekonpans ”, sètadi yon inyon ki gen lanmou, k ap dire e ki gen benediksyon Bondye.

9. a) Ki responsablite mari yo genyen ? b) Selon Kolosyen 3:19, ki jan yon mari dwe trete madanm li ?

9 Yon bagay ki ka montre si Bondye nan yon maryaj, se efò mari ak madanm fè pou yo ka obeyi sa l mande. Responsablite prensipal mari yo genyen se pou yo bay fanmi yo sa yo bezwen nan domèn materyèl (1 Tim. 5:8). Labib ankouraje mari yo tou pou yo pran bezwen afektif madanm yo an konsiderasyon. Men sa nou li nan Kolosyen 3:19 : “ Nou menm mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, epi pa eksite sou yo. ” ​(NW) Gen yon biblis ki fè konnen ekspresyon “ eksite sou yo ” a gen rapò ak mari k ap “ di madanm yo pawòl pou blese yo oubyen k ap ba yo kou, ki pa ba yo afeksyon, ki pa pran swen yo, ki pa ba yo sa yo bezwen e ki pa ba yo pwoteksyon ak èd. ” Li klè, yon konpòtman konsa pa t ap apwopriye nan yon fanmi kretyen. Lè yon mari egzèse otorite l avèk amou, sa fè madanm li dispoze soumèt devan l.

10. Ki atitid kretyèn ki marye yo ta dwe genyen ?

10 Kretyèn ki marye k ap chèche pou Jewova toujou nan maryaj yo ta dwe fè efò tou pou yo obeyi sa Bondye mande. Men sa apot Pòl te ekri : “ Nou menm, medam yo, soumèt devan mari nou tankou nou soumèt devan Seyè a. Paske, yon mari se chèf madanm li menm jan Kris la se chèf legliz la [“ kongregasyon an ”, NW]. ” ​(Efe. 5:22, 23). Satan te twonpe Èv, li te ba l manti. Li te fè l konprann si l endepandan parapò ak Bondye, li t ap gen kè kontan pou toutan. Sa klè, nou jwenn lespri endepandans sa a nan anpil maryaj kounye a. Men, fi ki krenn Bondye yo pa gen pwoblèm pou yo soumèt devan mari yo. Yo sonje Jewova te bay Èv misyon ‘ pou l ede ’ mari l, e pa gen dout nan sa, misyon sa a gen anpil valè nan je Bondye (Jen. 2:18). Yon kretyèn marye ki aksepte wòl sa a Bondye ba li a se yon “ yon lwanj ” toutbon pou mari li. — Pwo. 12:4.

11. Ki sa yon frè te twouve ki ede l nan maryaj li ?

11 Yon lòt bagay ki ka fè Bondye toujou nan yon maryaj, se lè de moun marye yo etidye Pawòl Bondye a ansanm. Gerald gen 55 an depi l marye e li gen kè kontan nan maryaj li. Men sa l di : “ Bagay ki pi enpòtan pou fè yon maryaj reyisi, se lè de moun marye yo li Labib ansanm e yo etidye l ansanm. ” Men sa l di apre sa : “ Lè de moun marye mennen aktivite yo ansanm, espesyalman aktivite ki makònen ak adorasyon y ap bay Jewova, nonsèlman sa fè yo vin pi pwòch youn ak lòt, men sa fè yo vin pi pwòch ak Jewova tou. ” Lè yon fanmi etidye Labib ansanm, sa fè prensip Jewova yo rete klè nan lespri yo, sa fè yo vin pi espirityèl e sa pèmèt yo toujou kontinye fè pwogrè.

12, 13. a) Poukisa li enpòtan anpil pou de moun marye priye ansanm ? b) Ki lòt aktivite espirityèl ki ka ranfòse yon maryaj ?

12 Yon lòt bagay moun ki gen kè kontan nan maryaj yo fè, se priye ansanm. Lè yon mari “ louvri kè ” l nan lapriyè, lè l presi nan sa l mande Jewova anrapò ak sitiyasyon koup la, kanmenm sa ap fòtifye maryaj la (Sòm 62:8). Pa egzanp, èske li pa t ap pi bon pou w priye Toupisan an ansanm ak konjwen w pou mande l direksyon pou nou rezoud yon pwoblèm nou genyen antre nou epi apre sa, pou nou pase sou pwoblèm nan (Mat. 6:14, 15) ? Ann amoni ak priyè sa a, èske li pa t ap apwopriye pou nou chak nou pran rezolisyon pou youn ede lòt e pou “ yonn sipòte lòt, pou [...] yonn padonnen lòt ” toutan (Kol. 3:13) ? Toujou sonje sa, lè nou priye, sa montre nou konte sou Bondye. Men sa wa David di anrapò ak Bondye : “ Se sou ou tout moun ap gade. ” ​(Sòm 145:15). Lè nou mete espwa nou nan Bondye, lè nou chèche direksyon l nan lapriyè, sa fè nou gen mwens strès paske nou konnen “ l’ap pran swen nou ”. — 1 Pyè 5:7.

13 Yon lòt bagay nou bezwen fè pou Jewova toujou nan maryaj la, se asiste reyinyon yo ansanm epi travay ansanm nan ministè a. Grasa reyinyon yo, moun marye yo ka aprann ki jan pou yo konbat “ riz Satan ” itilize pou l divize fanmi yo (Efe. 6:11). Anplis, lè yon mari ak madanm li travay kòtakòt regilyèman nan ministè a, sa ede yo “ kenbe fèm ” e sa ede yo “ pa brannen ”. — 1 Kor. 15:58.

Lè gen pwoblèm nan maryaj la

14. Ki sa k ka lakòz gen pwoblèm nan yon maryaj ?

14 Sandout, ou abitye tande konsèy ou te jwenn pi wo yo. Men, sa w panse si w pale sou yo avèk konjwen w ? Chèche wè si gen kèk domèn nan maryaj ou kote w bezwen fè plis efò pou w aplike konsèy sa yo. Labib rekonèt menm lè Bondye nan yon maryaj, moun ki marye yo gen pou yo jwenn “ kont traka yo nan lavi a ”. (1 Kor. 7:28.) Menm sèvitè Bondye ki fidèl yo ka vin gen gwo pwoblèm nan maryaj yo akoz enpèfeksyon, akoz move enfliyans monn san lwa sa a e akoz pyèj Dyab la mete devan yo (2 Kor. 2:11). Men, Jewova ban nou mwayen pou nou fè fas ak pwoblèm sa yo. Jòb, yon nonm ki te fidèl, te pèdi twoupo bèt li yo, sèvitè l yo ak pitit li yo. Poutan, Labib di : “ Malgre tout malè sa yo ki te rive l’, Jòb pa t’ fè ankenn peche, ni li pa janm di sa li pa t’ dwe di sou Bondye. ” — Jòb 1:13-22.

15. Ki jan pwoblèm ka fè yon moun reyaji, e ki bon bagay yon konjwen ka fè lè lòt la reyaji konsa ?

15 Yon lòt bò, men sa madanm Jòb li menm te di l : “ Ou toujou ap kenbe entegrite w fèm ? Modi Bondye epi mouri ! ” ​(Jòb 2:9, NW). Vrèman, lè gen gwo pwoblèm konsa ki bay tristès oubyen lè gen lòt difikilte nan maryaj la, sa bay tètchaje ki ka fè yon moun aji san reflechi. Men sa yon nonm ki te saj te di : “ Lè yon moun ki gen bon konprann ap sibi move trètman, sa ka fè l’ pèdi tèt li. ” ​(Ekl. 7:7). Si konjwen w an kòlè e l ap di yon seri pawòl ki blesan lè l devan difikilte oubyen lè l anba “ move trètman ”, ou menm, eseye rete kalm. Si w reyaji menm jan avèk li, youn nan nou oubyen nou toule de ka di yon bagay ki ka fè sitiyasyon an vin pi konplike. (Li Sòm 37:8.) Kidonk, se pou w pase sou “ pawòl anlè ” konjwen w ka di paske l fristre oubyen paske l dekouraje. — Jòb 6:3, NW.

16. a) Nan ki sans pawòl Jezi te di nan Matye 7:1-5 yo gen rapò avèk maryaj ? b) Poukisa li enpòtan anpil pou nou gen ekilib nan maryaj nou ?

16 De moun ki marye yo pa dwe atann bagay ki pa reyalis youn de lòt. Youn nan konjwen yo ka remake lòt la gen kèk defo nan pèsonalite l, e li ka di tèt li : ‘ Mwen ka fè l chanje. ’ Petèt, ofiramezi, avèk lanmou e avèk pasyans, ou ka rive ede konjwen w amelyore. Men, pa bliye sa, Jezi te konpare yon moun k ap chèche ti fot lakay yon lòt ak yon moun ki wè yon “ ti pay ” nan je frè l, alòske li pa wè “ gwo bout bwa ” ki nan je pa l. Jezi te ban nou egzòtasyon sa a : “ Sispann jije dekwa pou yo pa jije nou. ” ​(NW) (Li Matye 7:1-5.) Sa pa vle di yo pa ta dwe chèche korije gwo defo yo genyen. Men sa Robert, ki prèske gen 40 an depi l marye, te di : “ Lè nou di sa nou santi e nou prè pou nou koute youn lòt, lè nou pale franchman youn ak lòt e lè nou dispoze aksepte konsèy ki apwopriye yo, sa ka vin mande pou nou fè chanjman nan lavi nou. ” Se sa k fè nou bezwen gen ekilib. Lè konjwen nou pa gen kalite nou ta renmen l genyen yo, olye nou kite sa deranje nou, nou bezwen aprann apresye bèl kalite li genyen deja yo. — Ekl. 9:9.

17, 18. Bò kot kiyès pou nou ale pou nou jwenn èd lè pwoblèm yo ap vin pi plis ?

17 Nou ka gen moman eprèv lè gen chanjman nan lavi nou. Yon koup gendwa vin gen difikilte lè yo vin gen timoun. Youn nan konjwen yo, oubyen youn nan timoun yo ka vin malad grav. Se gendwa paran yo ki vin aje e ki bezwen plis swen. Lè timoun yo vin gran, yo gendwa deplase al viv lwen nou. Responsablite nou genyen ak privilèj nou genyen nan sèvis Bondye a ka fè vin gen lòt chanjman tou. Tout chanjman sa yo ka fè de moun ki marye vin ap enkyete yo e yo ka met tansyon nan mitan yo.

18 Ki sa w ka fè si tansyon ki gen nan maryaj ou fè w santi w about (Pwo. 24:10) ? Pinga w bese lebra ! Pa gen anyen ki te ka fè Satan pi kontan pase lè yon sèvitè Bondye vire do bay vrè adorasyon an. Li t ap pi kontan toujou si se ta de moun marye ki ta fè sa. Pou rezon sa a, ou bezwen fè tout sa w kapab pou maryaj ou toujou sanble ak yon kòd ki trese an twa. Labib pale de anpil moun ki te ret fidèl malgre yo te jwenn gwo eprèv. Pa egzanp, nan yon okazyon, David te ouvri kè l bay Jewova, li te di : “ Bondye papa mwen ! Gen pitye pou mwen, paske mwen gen anpil moun k’ap [...] toumante mwen. ” ​(Sòm 56:1). Èske w te janm santi lòt “ moun ” toumante w ? Kit moun k ap toumante w la se yon moun ki lwen w, kit li pwòch ou, toujou sonje sa : David te jwenn fòs pou l andire. Ou menm tou ou kapab jwenn fòs. Men sa l te di : “ Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m’ anba tout sa ki t’ap fè m’ pè yo. ” — Sòm 34:4.

Lòt benediksyon n ap jwenn

19. Ki sa nou ka fè pou atak Satan yo pa fè nou ditò ?

19 Nan tan lafen sa a, moun marye yo bezwen kontinye fè efò pou ‘ yonn ankouraje lòt e pou yonn ede lòt ’. (1 Tes. 5:11.) Pa bliye, Satan fè konnen se paske nou egoyis ki fè nou fidèl devan Jewova. Satan ap fè tout sa l kapab pou l kraze fidelite nou devan Bondye, se sa k fè ata maryaj nou li chèche kraze. Nou bezwen met tout konfyans nou nan Jewova si nou pa vle pou atak Satan yo fè nou ditò (Pwo. 3:5, 6). Men sa Pòl te ekri : “ Pou tout bagay, mwen gen fòs grasa sila a ki ban m pisans lan. ” — Fil. 4:13, NW.

20. Ki benediksyon nou ka jwenn lè nou fè efò pou Bondye toujou nan maryaj nou ?

20 Se pa ni de ni twa benediksyon moun marye yo ka jwenn lè Bondye nan maryaj yo. Se konsa sa ye pou Joel ak madanm li ki marye depi 51 an. Men sa Joel di : “ Se toutan mwen remèsye Jewova pou madanm mwen li fè m kado e pou bonjan relasyon nou genyen. Li se yon konpay ideyal pou mwen. ” Ki sa k fè bagay yo mache byen pou yo konsa ? Men sa l di ankò : “ Nou toujou fè efò pou nou demontre bonte, pasyans ak lanmou youn pou lòt. ” Nan sistèm sa a, pa gen pèsonn ki ka demontre kalite sa yo san fay. Men, nou ka fè tout sa nou kapab pou nou aplike prensip ki nan Bib la nan maryaj nou e pou Jewova toujou nan maryaj nou. Si nou fè sa, maryaj nou ap sanble ak “ yon kòd trese an twa [ki] pa fasil pou kase ”. — Ekl. 4:12.

Èske nou sonje ?

• Sa sa vle di pou Jewova nan maryaj nou ?

• Ki sa de moun marye dwe fè lè yo gen pwoblèm nan maryaj yo ?

• Ki jan nou ka konnen si Bondye nan yon maryaj ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 18]

Lè moun marye yo priye ansanm, sa ede yo fè fas ak sitiyasyon difisil.