Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se Jewova ki “ tout delivrans ” nou

Se Jewova ki “ tout delivrans ” nou

Se Jewova ki “ tout delivrans ” nou

“ [Jewova] ap pote yo sekou, l’ap delivre yo. ” — SÒM 37:40.

1, 2. Ki verite fondamantal konsènan Jewova ki rekonfòte nou e ki ban nou fòs ?

LONBRAJ ki fèt akoz limyè solèy la pa janm ret anplas. Pandan tè a ap deplase, yo toujou ap chanje pozisyon. Sepandan, Kreyatè tè a ak solèy la pa chanje (Mal. 3:6). Labib di : “ Nan li pa gen ni chanjman, ni mouvman lonbraj. ” ​(Jak 1:17, Bib Kreyòl La.) Verite fondamantal sa a konsènan Jewova vrèman rekonfòte nou e li vrèman ban nou fòs, sitou lè nou rankontre gwo eprèv. Poukisa nou di sa ?

Jan atik anvan an te montre sa, nan tan biblik yo, Jewova te bay sèvitè l yo “ delivrans ”. (Sòm 70:5.) Li pa chanje e li respekte pawòl li, se sa k fè, jodi a, sèvitè l yo gen konfyans “ l’ap pote yo sekou, l’ap delivre yo ”. (Sòm 37:40.) Nan epòk pa nou an, ki jan Jewova delivre sèvitè l yo ? Ki jan li kapab delivre nou pèsonèlman ?

Li bay delivrans anba men opozan yo

3. Poukisa nou kapab sèten opozan yo pap kapab anpeche pèp Jewova a preche bon nouvèl la ?

3 Kèlkeswa kantite opozisyon Satan soulve kont Temwen Jewova yo, li pap janm rive fè yo sispann bay Jewova adorasyon san pataj li merite a. Men garanti Pawòl Bondye a ban nou : “ Tout zam y’a fè pou sèvi kont ou yo p’ap fè ou anyen. W’a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. ” ​(Iza. 54:17). Opozan yo eseye anpeche pèp Bondye a ranpli misyon li resevwa pou l preche, men yo pa reyisi. Ann pran de egzanp.

4, 5. Ki opozisyon pèp Jewova a te rankontre an 1918, e ki jan sa te pase ?

4 An 1918, pèp Jewova a te jwenn anpil pèsekisyon pou yo te sispann travay predikasyon an, e se klèje lakretyente a ki te dèyè pèsekisyon sa yo. Nan menm ane sa a, nan jou ki te 7 me, nan peyi Etazini, gouvènman federal la te bay lòd pou yo arete Joseph Rutherford ak kèk lòt frè ki te nan syèj mondyal la. Lè sa a, se frè Rutherford ki t ap sipèvize travay predikasyon an sou tè a. Sa pa t pran de mwa, yo te gentan kondane ni li menm ni lòt frè yo san rezon pou konplo. Yo te kondane yo pou yo pase yon bann tan nan prizon. Èske opozan yo te rive sèvi avèk lajistis pou yo kanpe travay predikasyon an nèt ? Non !

5 Sonje pwomès Jewova te fè a : “ Tout zam y’a fè pou sèvi kont ou yo p’ap fè ou anyen. ” Nan jou ki te 26 mas 1919, nèf mwa apre yo te fin kondane frè Rutherford ak lòt frè yo, gen yon bagay ki te rive pyès moun pa t panse sa t ap fèt. Yo te lage yo sou kosyon, sa vle di yo te fè yo peye yon montan lajan ki te garanti yo t ap retounen nan tribinal lè tribinal la ta rele yo. Ane apre a, nan jou ki te 5 me 1920, yo te retire akizasyon an sou do yo. Frè yo te vin lib lè sa a e yo te itilize libète sa a pou yo akselere travay predikasyon Wayòm nan. Ki rezilta sa te bay ? Depi lè sa a, vin gen anpil akwasman e se Sila ki bay “ delivrans ” lan ki merite tout glwa pou sa. — 1 Kor. 3:7.

6, 7. a) Ki kanpay pèsekisyon yo te fè kont Temwen Jewova yo ann Almay sou rejim nazi a, e ki sa k te pase ? b) Ki sa istwa modèn Temwen Jewova yo montre ?

6 Kounye a, ann pran yon lòt egzanp. An 1934, Hitler te sèmante li t ap fini ak Temwen Jewova yo ann Almay. Menas sa a se pa t yon jwèt. Apre l te fin di sa, li te arete anpil nan yo e li te mete yo nan prizon. Plizyè milye Temwen te viktim anba pèsekisyon e plizyè santèn te mouri nan kan konsantrasyon. Èske Hitler te reyisi fini ak Temwen yo vre ? Èske li te rive fè yo sispann preche bon nouvèl la ann Almay ? Non. Pandan frè yo t ap sibi pèsekisyon, yo te patisipe nan travay predikasyon an an sekrè. Apre rejim nazi a te tonbe, yo te itilize libète yo te vin genyen lè sa a pou yo kontinye preche. Jodi a, gen plis pase 165 000 pwoklamatè Wayòm nan ann Almay. Yon lòt fwa ankò, Sila ki bay “ delivrans ” lan te kenbe pwomès li te fè lè l te di : “ Tout zam y’a fè pou sèvi kont ou yo p’ap fè ou anyen. ”

7 Istwa modèn Temwen Jewova yo montre Jewova pap janm kite yo detwi pèp li a antanke gwoup (Sòm 116:15). Men, èske se konsa sa ye tou pou nou chak pèsonèlman ? Ki jan li delivre nou chak pèsonèlman ?

Èske nou kapab atann l ap delivre nou pèsonèlman ?

8, 9. a) Ki jan nou fè konnen pwoteksyon fizik nou pa garanti nan epòk pa nou an ? b) Ki sa nou bezwen rekonèt ?

8 Nou konnen Jewova pa garanti nou l ap bay nou chak pwoteksyon fizik nan epòk pa nou an. Nou gen menm pwennvi ak twa Juif fidèl ki te refize pwostène devan imaj annò Neboukadnetsa te met kanpe a. Twa jenòm sa yo ki te gen lakrentif pou Jewova pa t met nan tèt yo li t ap ba yo yon pwoteksyon fizik otomatikman. (Li Dànyèl 3:17, 18.) Jewova te delivre yo lè yo te lage yo nan founèz dife a (Dàn. 3:21-27). Sepandan, menm nan tan biblik yo, li te ra pou Jewova fè yon mirak pou l sove sèvitè l. Gen anpil nan yo ki te mouri nan men opozan. — Ebre 11:35-37.

9 E jodi a ? Antanke Sila ki bay “ delivrans ” lan, se sèten Jewova kapab delivre nou nan sitiyasyon ki met lavi nou an danje. Èske nou vrèman ka konnen si Jewova te entèvni nan kèk ka byen presi oswa si l pa t entèvni ladan yo ? Non. Malgre sa, yon moun ki chape nan sitiyasyon danjere kapab panse se Jewova ki te delivre l. Nan ka sa a, li pa t ap bon pou lòt moun ap di lekontrè. Anmenmtan tou, fòk nou rekonèt gen anpil kretyen fidèl ki mouri akoz pèsekisyon, jan sa te rive nan epòk Nazi yo. Gen lòt ki mouri nan sikonstans trajik (Ekl. 9:11). Petèt nou kapab poze tèt nou kesyon sa a : ‘ Èske se kapab Jewova pa t kapab pote “ delivrans ” pou frè ak sè sa yo ? ’ Non, se pa sa.

10, 11. Poukisa lòm pa ka fè anyen kont lanmò, men ki sa Jewova kapab fè kont lanmò ?

10 Ann fè yon ti reflechi : lòm pa ka fè anyen kont lanmò paske pa gen yon moun ki kapab fè yon fason pou l pa “ al anba tè ”, sètadi pou l anpeche tèt li desann nan cheyòl oswa adès, tonm ki la pou tout moun nan (Sòm 89:48). Men, e Jewova menm ? Gen yon sè ki te la nan epòk Nazi yo, yon epòk ki te terib anpil, ki sonje sa manman l, ki Temwen Jewova, te di l yon fwa pou l rekonfòte l paske li te pèdi kèk moun pa l nan kan konsantrasyon. Men sa l te di l : “ Si lanmò te kapab kenbe lèzòm anba pouvwa l pou toutan, lè sa a, li t ap pi fò pase Bondye, pa vre ? ” Vrèmanvre, lanmò pa gen plis pouvwa pase Sous lavi a ki toupisan (Sòm 36:9). Tout moun ki nan cheyòl oswa adès nan memwa Jewova e li gen pou l delivre yo chak. — Lik 20:37, 38 ; Rev. 20:11-14.

11 Jodi a, Jewova jwe yon wòl aktif nan lavi nou chak. Kounye a, annou egzamine twa fason li ban nou “ delivrans ”.

Li pwoteje nou nan domèn espirityèl

12, 13. Poukisa se pwoteksyon nou jwenn nan domèn espirityèl la ki pi enpòtan, e ki jan Jewova ban nou pwoteksyon sa a ?

12 Jewova pwoteje nou nan domèn espirityèl e se sa ki pi enpòtan. Antanke vrè kretyen, nou konnen gen yon bagay ki pi enpòtan pase lavi nou gen kounye a. Sa nou genyen ki gen plis valè pou nou an, se relasyon pèsonèl nou genyen ak Bondye (Sòm 25:14 ; 63:3). San relasyon sa a, lavi nou kounye a pa t ap gen okenn valè e nou t ap pèdi esperans nou genyen pou lavni an.

13 Erezman, Jewova ban nou tout sa nou bezwen pou nou kenbe relasyon nou genyen avè l la solid. Nou gen Pawòl li a, lespri sen l ak òganizasyon l lan ki sou tè a pou ede nou. Ki jan nou kapab itilize bagay sa yo li ban nou pou pwofi nou ? Lè nou etidye Pawòl li a regilyèman e nou fè sa avèk swen, n ap fòtifye lafwa nou e n ap gen plis asirans nan esperans nou genyen an (Wom. 15:4). Lè nou fè priyè sensè pou nou jwenn lespri sen l, n ap jwenn èd pou nou kapab reziste kont tantasyon nou jwenn pou nou fè sa k pa sa (Lik 11:13). Enstriksyon esklav la ban nou nan piblikasyon yo ki baze sou Labib, nan reyinyon yo, nan asanble yo ak kongrè yo, se bonjan manje espirityèl nou jwenn ‘ pou nou manje ’ nan moman apwopriye (Mat. 24:45). Dispozisyon sa yo pwoteje nou nan domèn espirityèl e yo ede nou pou nou rete kole ak Jewova. — Jak 4:8.

14. Rakonte yon eksperyans ki montre jan Jewova pwoteje nou nan domèn espirityèl.

14 Nou sonje paran nou te mansyone nan kòmansman atik anvan an ? Egzanp sa a montre ki jan Jewova pwoteje nou nan domèn espirityèl. Kèk jou apre Theresa, pitit fi yo a, te disparèt, yo te resevwa yon move nouvèl. Yo te aprann yo te asasinen l *. Men sa papa a sonje : “ Mwen te priye pou Jewova pwoteje l. Lè yo te jwenn li tou mouri, fòk mwen admèt sa, okòmansman, mwen te mande tèt mwen poukisa Jewova pa t reponn mwen. Mwen konnen Jewova pa bay garanti l ap fè mirak pou l pwoteje nou chak ki fè pati pèp li a. Sepandan, mwen te kontinye priye pou m jwenn plis konpreyansyon. Sa rekonfòte m lefètke mwen konnen Jewova pwoteje pèp li a nan domèn espirityèl, sa vle di li ban nou sa nou bezwen pou nou pwoteje relasyon nou genyen avè l. Se pwoteksyon sa a ki pi enpòtan paske avni nou depann de li. Nan sans sa a, Jewova te pwoteje Theresa paske lè li te mouri a li t ap sèvi Jewova fidèlman. Mwen santi m anpè paske esperans pou l viv ankò a se nan men yon Dye ki plen lanmou li ye. ”

Li soutni nou lè nou malad

15. Ki jan Jewova kapab ede nou lè nou gen yon maladi k ap trakase nou ?

15 Jewova kapab soutni nou ‘ lè maladi fè nou pran kabann ’ menm jan li te fè sa pou David (Sòm 41:3). Menmsi nan epòk pa nou an Jewova pa fè mirak pou l geri moun, li ede nou kanmenm. Ki jan l fè sa ? Prensip nou jwenn nan Pawòl li a kapab ede nou pran desizyon ki saj anrapò ak tretman nou kapab suiv e anrapò ak lòt bagay ankò (Pwo. 2:6). Nou kapab jwenn enfòmasyon k ap ede nou ak bonjan sijesyon nan atik nou jwenn nan Toudegad ak Réveillez-vous ! ki pale sou pwoblèm sante nou an. Lespri sen Jewova kapab ban nou yon ‘ gwo pisans ki pa soti nan nou ’ pou nou andire sitiyasyon n ap viv pèsonèlman e pou nou rete fidèl kèlkeswa sa ki ta rive (2 Kor. 4:7, Bib Kreyòl La). Konsa, nou pap kite maladi nou an trakase nou opwen pou l fè bagay espirityèl yo vin gen mwens enpòtans nan je nou.

16. Ki jan yon frè reyisi andire maladi l ?

16 Annou tounen sou egzanp jèn frè nou te mansyone nan kòmansman atik anvan an. An 1998, li te aprann li te gen yon maladi nan mis li ki te vin paralize l finalman *. Ki jan l rive andire maladi l la ? Men sa l di : “ Gen moman kote m gen anpil doulè e m dekouraje anpil. Lè konsa mwen santi se lanmò sèlman ki ka soulaje m. Chak fwa mwen santi sitiyasyon an twòp pou mwen, mwen priye Jewova pou l ban m twa bagay : yon kè ki poze, pasyans ak andirans. Mwen santi Jewova reponn priyè sa yo. Lè kè m poze, sa ede m panse ak bagay ki rekonfòte m, tankou ki jan lavi a pral ye nan monn nouvo a lè m ap kapab mache, lè m ap kapab manje bon ti manje e lè m ap kapab pale ak fanmi m ankò. Pasyans ede m andire tout pwoblèm mwen jwenn akoz mwen paralize a. Lefètke mwen kontinye andire, sa ede m rete fidèl e sa ede m rete ekilibre nan domèn espirityèl. Mwen vrèman konprann salmis David paske mwen menm tou mwen santi Jewova soutni m nan kabann maladi m. ” — Iza. 35:5, 6.

Li nouri nou

17. Ki sa Jewova pwomèt l ap fè pou nou, e ki sa pwomès sa a vle di ?

17 Jewova pwomèt l ap pran swen nou nan domèn materyèl. (Li Matye 6:33, 34 ak Ebre 13:5, 6.) Men, sa pa vle di nou dwe chita bra kwaze ap tann Jewova fè mirak pou l ban nou sa nou bezwen nan domèn materyèl ni sa pa vle di pou nou refize travay (2 Tes. 3:10). Men sa pwomès sa a vle di : Si nou chèche Wayòm Bondye a anvan e nou dispoze travay, nou kapab konte sou Jewova pou l ede nou jwenn sa nou bezwen pou n viv (1 Tes. 4:11, 12 ; 1 Tim. 5:8). Li kapab ban nou sa nou bezwen nan fason nou gendwa pa ta janm atann. Li gendwa itilize yon lòt adoratè l ki kapab ede nou oswa ki kapab ofri nou yon travay.

18. Rakonte yon eksperyans ki montre Jewova kapab ban nou sa nou bezwen nan moman nou bezwen èd.

18 Èske nou sonje manman k ap leve pitit fi l poukont li an ki te nan kòmansman atik anvan an ? Apre li menm ak pitit fi l la te deplase al viv nan yon lòt zòn, li pa t kapab jwenn travay. Men sa li di : “ Mwen te konn al preche chak maten, e chak aprèmidi mwen te konn al chèche travay. Mwen sonje sa k te pase yon lè mwen t al achte lèt nan yon makèt. Mwen te kanpe la ap gade legim yo, men mwen pa t gen ase kòb pou m achte yo. Mwen pa t janm santi m dekouraje konsa nan lavi m. Lè m te retounen lakay mwen jou sa a, galri dèyè lakay mwen an te chaje ak sache ki te gen tout kalite legim ladan yo. Te gen ase manje pou n manje pandan plizyè mwa. Mwen te tonbe kriye e mwen te remèsye Jewova. ” Pa lontan apre sa, sè a te aprann se yon frè ki plante legim nan jaden l ki te mete sache yo sou galri a. Men sa sè a te ekri frè a annapre : “ Byenke jou sa a mwen te di w mèsi anpil, mwen te remèsye Jewova tou paske li te sèvi avè w e paske bonte ou montre w genyen an fè m sonje kòman li gen lanmou. ” — Pwo. 19:17.

19. Lè gwo tribilasyon an rive, ki asirans sèvitè Jewova yo ap genyen, e ki sa nou dwe detèmine pou n fè depi kounye a ?

19 Sa klè, sa Jewova fè pou sèvitè l yo ni nan tan biblik yo ni nan epòk pa nou an montre nou kapab konte sou li pou l ede nou. Talè konsa, lè gwo tribilasyon an rive sou monn Satan an, nou pral bezwen Jewova ede nou plis pase anvan. Sèvitè l yo ap kapab met tout konfyans yo nan li. Y ap kapab leve tèt yo byen wo e y ap kapab rejwi paske y ap konnen delivrans yo toupre (Lik 21:28). Annatandan, kèlkeswa eprèv nou rankontre, nou dwe detèmine pou nou met konfyans nou nan Jewova, Bondye nou an ki pa chanje, paske nou gen yon asirans total l ap ban nou “ delivrans ”.

[Nòt anba paj]

^ § 14 Gade atik “ Une épouvantable tragédie ” ki nan Réveillez-vous ! 22 jiyè 2001, paj 19-23.

^ § 16 Gade atik “ La foi m’aide à vivre avec la SLA ” ki nan Réveillez-vous ! janvye 2006, paj 25-29.

Èske nou sonje ?

• Ki jan Jewova ap bay moun ki mouri anvan lè yo delivrans ?

• Poukisa se pwoteksyon Jewova ban nou nan domèn espirityèl la ki pi enpòtan ?

• Ki sa pwomès Jewova fè pou l pran swen nou nan domèn materyèl la vle di ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Yo te arete frè Rutherford ak kèk lòt frè an 1918, men, apre sa, yo te lage yo e yo te retire tout akizasyon yo te lage sou do yo.

[Foto nan paj 10]

Jewova kapab soutni nou lè ‘ maladi fè nou pran kabann ’.