Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w pran devan nan onore lòt moun ?

Èske w pran devan nan onore lòt moun ?

Èske w pran devan nan onore lòt moun ?

“ Pran devan nan onore youn lòt. ” — WOM. 12:10, NW.

1. Ki sa moun pa fè ankò anpil kote sou tè a ?

GEN kèk kote sou tè a kote koutim moun yo mande pou timoun met ajenou lè yo nan mitan granmoun pou yo montre respè pou yo. Konsa, yo pa parèt pi wo pase moun ki pi gran pase yo. Nan zòn sa yo tou, se yon bagay ki derespektan pou yon timoun bay granmoun do. Menmsi nan chak kilti moun yo demontre respè fason pa yo, tout diferan fason yo fè nou sonje Lwa Moyiz la. Lwa sa a te gen yon kòmandman ladan l ki di : ‘ Leve kanpe [pou demontre respè] devan granmoun cheve blan. Respekte figi granmoun. ’ ​(Lev. 19:32). Malerezman, anpil kote sou tè a, moun pa fasil demontre respè pou lòt moun. An reyalite, jodi a, nou wè se mank respè ki gaye toupatou.

2. Ki moun Pawòl Bondye a mande nou pou nou onore ?

2 Pawòl Bondye a bay kesyon onore moun nan anpil enpòtans. Li di nou pou nou onore Jewova ak Jezi (Jan 5:23). Li mande nou tou pou nou onore manm fanmi nou ak kwayan parèy nou e li bay lòd presi pou nou onore kèk lòt moun an patikilye ki pa fè pati kongregasyon an (Wom. 12:10 ; Efe. 6:1, 2 ; 1 Pyè 2:17). Ki fason nou kapab demontre nou onore Jewova ? Ki jan nou demontre nou gen gwo respè pou frè ak sè kretyen nou yo ? Annou egzamine kesyon sa yo ak kèk lòt ki gen rapò ak yo.

Annou onore Jewova e annou onore non l

3. Bay yon fason enpòtan nou ka onore Jewova.

3 Yon fason enpòtan nou ka onore Jewova, se lè nou demontre bonjan respè pou non l. Dayè, nou se ‘ yon pèp ki pote non li ’. (Tra. 15:14.) Se vrèman yon onè nou genyen pou nou pote non Jewova, Bondye Toupisan an. Men sa pwofèt Mika te di : “ Tout pèp yo, bò kote pa yo, yo chak pral mache nan non dye pa yo. Men nou menm, bò kote pa nou, nou pral mache nan non Jewova Bondye nou an, pou tan endefini, wi pou toutan. ” ​(Mika 4:5, NW). Nou “ mache nan non Jewova ” lè nou fè tout efò nou chak jou pou nou viv yon fason pou nou fè yo pale de non nou pote a an byen. Jan Pòl te fè kretyen nan Wòm yo sonje sa, si nou pa viv ann amoni ak bon nouvèl n ap preche a, moun ap “ blasfeme ” non Bondye, sa vle di yo pap respekte l. — Wom. 2:21-24.

4. Kòman w konsidere privilèj ou genyen pou w rann temwayaj pou Jewova ?

4 Nou onore Jewova tou grasa travay predikasyon an. Nan tan lontan, Jewova te envite nasyon Izrayèl la vin temwen l, men, yo pa t byen jwe wòl sa a (Iza. 43:1-12). Souvan, yo te vire do bay Jewova e yo te “ atriste Sen Izrayèl la ”. (Sòm 78:40, 41, NW.) Rive yon lè, nasyon an te pèdi favè Jewova nèt. Men, nou menm jodi a, nou gen rekonesans pou privilèj nou genyen pou nou bay temwayaj pou Jewova e pou nou fè moun konnen non l. Nou fè sa paske nou renmen l e nou pa ka tann pou nou wè non l sangtifye. Piske nou konnen laverite sou Papa nou ki nan syèl la ak laverite sou objektif li yo, ki jan nou ta ka fè pa preche ? Nou santi nou menm jan ak apot Pòl lè l te di : “ Sa se yon obligasyon yo fè mwen. Malè pou mwen si m’ pa anonse bon nouvèl la ! ” — 1 Kor. 9:16.

5. Ki jan lafwa nou gen nan Jewova gen rapò ak respè nou gen pou li ?

5 Salmis David te di : “ Moun ki konnen ou, Seyè, y’ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k’ap chache ou. ” ​(Sòm 9:10). Si nou konnen Jewova toutbonvre e si nou respekte non l, n ap gen konfyans nan li menm jan ak sèvitè l nan tan lontan yo. Lè nou gen konfyans oswa lafwa nan Jewova, se yon lòt fason nou demontre nou onore l. Remake ki jan Pawòl Bondye a montre gen yon relasyon ant konfyans nou gen nan Jewova ak respè nou gen pou li. Lè Izrayèl tan lontan an pa t gen konfyans nan Jewova, Jewova te mande Moyiz : “ Jis ki lè pèp sa a ap trete m san respè, e jis ki lè yo pap mete lafwa nan mwen, pou tout siy mwen te fè nan mitan yo ? ” ​(Nonb 14:11, NW). Kidonk, si yon moun mete lafwa nan Jewova, l ap gen respè pou li. Vrèman, lè nou gen konfyans Jewova ap pwoteje nou e l ap pran swen nou menm lè nou anba eprèv, se yon fason nou demontre respè pou li.

6. Ki sa ki pouse nou demontre bonjan respè pou Jewova ?

6 Jezi te fè konnen respè yon moun gen pou Jewova dwe soti nan kè l. Yon lè, pandan li t ap pale ak moun ki pa t ap bay Bondye yon adorasyon ki sensè, li te site yon pawòl Jewova te di. Men sa li te di : “ Se nan bouch pèp sa a respekte mwen. Men, kè yo byen lwen mwen. ” ​(Mat. 15:8). Si nou renmen Jewova ak tout kè nou, sa ap pouse nou gen bonjan respè pou li (1 Jan 5:3). Nan sans sa a, annou sonje yon pwomès Jewova fè : “ Moun ki onore m, m ap onore yo tou. ” — 1 Sam. 2:30, NW.

Moun ki pran latèt nan kongregasyon an demontre respè pou lòt moun

7. a) Poukisa frè ki gen responsablite yo ta dwe onore moun ki anba direksyon yo ? b) Ki jan Pòl te demontre respè pou kwayan parèy li yo ?

7 Men konsèy apot Pòl te bay kwayan parèy li yo : “ Pran devan nan onore youn lòt. ” ​(Wom. 12:10, NW). Frè ki gen responsablite nan kongregasyon an ta dwe bay egzanp nan domèn sa a, sa vle di yo ta dwe “ pran devan ” nan onore moun ki anba direksyon yo. Nan sans sa a, yo ta dwe suiv egzanp Pòl. (Li 1 Tesalonisyen 2:7, 8.) Frè nan kongregasyon Pòl te konn vizite yo te konnen li pa t ap janm mande yo fè yon seri bagay li menm li pa t dispoze fè. Pòl te montre respè pou kwayan parèy li yo, e se sa k fè yo te demontre respè pou li anretou. Lè Pòl te di : “ Tanpri, pran egzanp sou mwen ”, nou sèten gen anpil moun ki te byen kontan imite l paske li te yon bèl egzanp. — 1 Kor. 4:16.

8. a) Bay youn nan fason Jezi te demontre respè pou disip li yo. b) Ki jan siveyan yo ka suiv egzanp Jezi jodi a ?

8 Yon lòt fason yon frè ki gen responsablite demontre respè pou moun ki anba direksyon l, se lè li ba yo rezon ki fè l mande yo fè yon bagay oswa rezon ki fè l ba yo yon enstriksyon. Lè l fè sa, li imite Jezi. Pa egzanp, lè Jezi te di disip li yo pou yo priye pou gen plis ouvriye nan rekòt la, li te di yo poukisa. Li te di : “ Rekòt la anpil, men manke travayè pou ranmase l’. Mande mèt jaden an pou li voye travayè nan jaden l’ lan. ” ​(Mat. 9:37, 38). Menm jan an tou, lè l te mande yo pou yo “ pa kite dòmi pran [yo] ”, li te ba yo rezon an. Li te di yo : “ Paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini. ” ​(Mat. 24:42). Souvan, lè Jezi te di disip li yo fè yon bagay, li pa t sèlman di yo sa yo ta dwe fè, men li te di yo tou poukisa yo ta dwe fè l. Konsa, li te demontre li gen respè pou yo e li te ba yo valè. Ala yon bèl egzanp li kite pou siveyan kretyen yo !

Se pou nou gen respè pou kongregasyon Jewova a ak direksyon li bay

9. Pou ki moun nou montre nou gen respè lè nou respekte kongregasyon mondyal nou fòme antanke kretyen an ansanm ak moun ki reprezante l yo ? Esplike.

9 Pou nou onore Jewova, nou dwe onore kongregasyon mondyal nou fòme antanke kretyen an ansanm ak moun ki reprezante l yo. Lè nou koute konsèy esklav fidèl la bay ki soti nan Labib, nou demontre nou respekte dispozisyon Jewova pran. Nan kongregasyon kretyen premye syèk la, apot Jan te wè nesesite pou l reprimande sila yo ki te demontre yo pa gen respè pou moun ki te nome yo. (Li 3 Jan 9-11.) Pawòl Jan yo montre se pa sèlman siveyan yo kèk moun pa t respekte. Yo montre tou moun sa yo pa t respekte ni ansèyman ni enstriksyon ki t ap bay yo. Erezman, pifò kretyen yo pa t konsa. Pandan apot yo te toujou vivan, frè yo, antanke gwoup, te gen gwo respè pou moun ki te alatèt yo. — Fil. 2:12.

10, 11. Sèvi ak Ekriti yo pou w esplike poukisa li bon pou kèk moun gen yon sèten otorite nan kongregasyon kretyen an.

10 Gen kèk moun ki fè rezònman sa a : piske Jezi te di disip li yo “ nou tout se frè ”, pa ta dwe gen moun ki gen pozisyon otorite nan kongregasyon an (Mat. 23:8). Men, ni Ekriti ebrayik yo ni Ekriti grèk yo bay plizyè egzanp gason Bondye te bay otorite. Ni istwa patriyach yo, ni istwa jij yo, ni istwa wa ki te dirije pèp juif la nan tan lontan bay kont prèv ki montre Jewova bay direksyon pa mwayen moun ki reprezante l. Lè pèp la pa t onore moun Jewova te chwazi yo kòmsadwa, Jewova te disipline yo. — 2 Wa 1:2-17 ; 2:19, 23, 24.

11 Kretyen nan premye syèk yo te rekonèt otorite apot yo (Tra. 2:42). Pa egzanp, Pòl te bay frè yo direksyon (1 Kor. 16:1 ; 1 Tes. 4:2). Men, li te soumèt li tou san pwoblèm anba moun ki te gen otorite sou li yo (Tra. 15:22 ; Gal. 2:9, 10). Wi, Pòl te gen yon bon pwennvi sou kesyon otorite a nan kongregasyon kretyen an.

12. Anrapò ak kesyon otorite a, ki leson ki gen de aspè nou aprann nan egzanp biblik yo ?

12 La a, nou aprann yon leson ki gen de aspè. Premyèman, Labib bay “ esklav fidèl ki prevwayan an ” dwa pou l sèvi ak Kolèj santral la pou l bay kèk frè responsablite e pou l nome kèk frè pou yo egzèse otorite sou lòt frè ki nome (Mat. 24:45-47 ; 1 Pyè 5:1-3). Dezyèmman, nou tout, san wete frè nome yo, dwe onore moun ki gen otorite sou nou yo. Donk, ki fason pratik nou ka montre nou onore moun k ap sèvi antanke siveyan nan kongregasyon an ?

Fason nou ka demontre respè pou siveyan itineran yo

13. Ki jan nou demontre respè pou moun ki reprezante kongregasyon kretyen an nan epòk pa nou an ?

13 Pòl te di : “ Frè m’ yo, m’ap mande nou pou nou gen anpil respè pou moun k’ap travay nan mitan nou yo, moun Seyè a chwazi pou dirije nou, pou ankouraje nou. Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, se pou nou renmen yo poutèt travay y’ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze yonn ak lòt. ” ​(1 Tes. 5:12, 13). Pa gen dout, nou dwe konte siveyan itineran yo pami “ moun k’ap travay ” di nan mitan nou. Pou rezon sa a, se pou nou gen “ anpil konsiderasyon ” pou yo. Yon fason pou nou fè sa, se lè nou suiv konsèy ak avètisman yo ban nou yo ak tout kè nou. Lè yon siveyan transmèt nou yon konsèy esklav fidèl la bay, “ sajès ki soti anlè a ” ap fè nou “ dispoze obeyi ”. — Jak 3:17.

14. Ki jan kongregasyon an pwouve li gen respè toutbonvre pou siveyan itineran yo, e ki rezilta sa bay ?

14 Men, e si yon siveyan mande nou fè bagay yo yon fason ki diferan parapò ak jan nou abitye fè yo ? Si nou gen respè pou yo, nou pap opoze ak konsèy yo ban nou an, sa vle di nou pap gen panse tankou : “ se pa konsa bagay yo fèt bò isit la ” oswa “ sa ka mache lòt kote, men sa pap mache nan kongregasyon nou an ”. Okontrè, n ap fè efò pou nou suiv enstriksyon yo ban nou an. Si nou toujou sonje se pou Jewova kongregasyon an ye e se Jezi ki Chèf li, sa ap ede nou fè sa. Lè yon kongregasyon aksepte ak kè kontan enstriksyon yon siveyan itineran ba li e li aplike l, sa pwouve li gen respè pou li toutbonvre. Apot Pòl te felisite kretyen Korent yo paske, avèk respè, yo te obeyi enstriksyon Tit, ansyen ki te vizite yo a, te ba yo (2 Kor. 7:13-16). Jodi a, nou menm tou nou ka sèten n ap jwenn lajwa nan travay predikasyon nou an lè nou suiv enstriksyon nou jwenn nan men siveyan itineran yo ak tout kè nou. — Li 2 Korentyen 13:11.

“ Se pou nou bay chak moun respè li merite ”

15. Bay kèk fason nou demontre respè pou kretyen parèy nou yo.

15 Pòl te ekri : “ Pa fè granmoun gason yo repwòch twò di. Pale ak yo tankou ou ta pale ak papa ou. Aji ak jenn jan yo tankou si yo te frè ou ; ak granmoun fanm yo, tankou si yo te manman ou ; ak jenn fi yo, tankou si yo te sè ou, san okenn move lide. Pran swen vèv ki vèv tout bon yo. ” ​(1 Tim. 5:1-3). Wi, Pawòl Bondye a konseye nou pou nou onore tout moun nan kongregasyon an. Men, e si w gen ti pwoblèm ak yon frè oswa ak yon sè ? Èske sa ap fè w pa ba l respè li merite a ? Oswa, èske w ap rekonèt li gen bèl kalite antanke sèvitè Bondye e w ap eseye chanje opinyon w genyen sou li ? Moun ki gen otorite nan kongregasyon an espesyalman ta dwe kontinye demontre yo gen respè pou frè yo. Yo pa ta dwe janm “ maltrete [...] mouton yo ”. (1 Pyè 5:3.) Anfèt, nou gen anpil okazyon pou nou onore youn lòt nan kongregasyon kretyen an. E se lanmou sensè ki egziste nan mitan moun ki ladan l yo ki fè yo kapab idantifye kongregasyon sa a. — Li Jan 13:34, 35.

16, 17. a) Poukisa li enpòtan pou nou gen respè pou moun n ap preche yo e menm pou moun ki opoze ak nou yo ? b) Ki jan “ nou bay chak moun respè li merite ” ?

16 Natirèlman, se pa sèlman moun ki fè pati kongregasyon an nou dwe respekte. Men sa Pòl te ekri kretyen nan epòk li a : “ Toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun. ” ​(Gal. 6:10). Se vre, li kapab difisil pou nou aplike prensip sa a lè nou gen yon kòlèg travay nou oswa yon kamarad lekòl nou ki pa aji byen avèk nou. Men, nan moman sa yo, nou bezwen sonje pawòl nou jwenn nan Sòm 37:1 yo ki di : “ Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo ! ” Si nou aplike konsèy sa a, sa ap ede nou aji avèk respè menm ak moun ki opoze ak nou yo. Menm jan an tou, lè n ap preche, si nou gen imilite, sa ap ede nou reponn tout moun “ avèk dousè [e] ak tout respè ”. (1 Pyè 3:16 [3:15, NW].) Menm aparans nou ak fason nou abiye ka montre nou gen respè pou moun n ap preche yo.

17 Sandout, ni nan relasyon nou genyen ak kwayan parèy nou yo, ni nan relasyon nou genyen ak moun ki pa fè pati kongregasyon an, nou ta dwe toujou fè efò pou nou aplike konsèy nou pral site la a : “ Se pou nou bay chak moun respè li merite. Renmen tout frè nou yo, gen krentif pou Bondye, respekte wa a. ” — 1 Pyè 2:17.

Ki repons nou ta bay ?

Ki jan w ka demontre bonjan respè pou :

• Jewova ?

• ansyen ki nan kongregasyon an ak siveyan itineran yo ?

• chak moun nan kongregasyon an ?

• moun w ap preche yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Kretyen premye syèk yo te gen respè pou otorite kolèj santral la.

[Foto nan paj 24]

Nan kèlkeswa peyi a, ansyen yo onore siveyan itineran Kolèj santral la nome yo.