Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova egzamine tout moun

Jewova egzamine tout moun

Jewova egzamine tout moun

“ [Jewova] ap gade [“ egzamine ”, NW] lèzòm : li konnen sa y’ap fè. ” — SÒM 11:4.

1. Ki kalite moun ki atire nou ?

KI JAN w konsidere moun ki enterese nan ou toutbon yo ? Yo fè w konnen sa yo panse sensèman lè w mande yo sa. Yo byen dispoze pou yo ede w lè w bezwen sa. E lè w bezwen yon konsèy, yo ba ou l avèk amou (Sòm 141:5 ; Gal. 6:1). Èske w pa santi moun konsa atire w ? Ebyen se konsa menm Jewova ak Pitit li a ye. An reyalite, yo plis enterese nan ou pase kèlkeswa moun nan, e pa gen okenn tras egoyis nan enterè yo gen pou ou a. Yo vle ede w “ resevwa lavi tout bon an ”. — 1 Tim. 6:19 ; Rev. 3:19.

2. Nan ki pwen Jewova enterese nan sèvitè l yo ?

2 Lè salmis David te di “ [Jewova] gade [“ egzamine ”, NW] lèzòm : li konnen sa y’ap fè ”, li te montre nan ki pwen Jewova enterese nan nou (Sòm 11:4). Vrèman, Bondye pa jis gade nou, men li egzamine nou. Men sa David te ekri ankò : “ Ou mèt sonde kè m’, ou mèt vin wè m’ nan mitan lannwit, [...] ou p’ap jwenn okenn move lide nan kè m’. ” ​(Sòm 17:3). Li klè, David te konnen nan ki pwen Jewova te enterese nan li. Li te konnen si l te kite move panse ret nan lespri l oubyen si l te gen twonpri nan kè l, sa t ap fè Jewova mal e li t ap merite pou l pèdi favè Jewova. Èske Jewova reyèl pou ou jan l te reyèl pou David la ?

Jewova wè kè nou

3. Ki jan Jewova demontre li rezonab nan fason li konsidere enpèfeksyon nou yo ?

3 Sa k plis enterese Jewova nan nou se moun nou ye pa anndan an, sètadi moun nou ye toutbon nan kè nou an (Sòm 19:14 ; 26:2). Lefètke li gen lanmou pou nou, li pa rete sou ti erè nou fè. Pa egzanp, nan yon okazyon, Sara, madanm Abraram, pa t di yon zanj ki te pran fòm moun ki te vin bò kote yo laverite. Sandout, zanj lan te wè li te pè e li te jennen, se sa k fè li pa t fè l yon gwo repwòch (Jen. 18:12-15). Lè patriyach Jòb te ‘ bay tèt li rezon e li te bay Bondye tò ’, Bondye te beni l kanmenm paske l te konnen Jòb te soufri anpil anba men Satan (Jòb 32:2 ; 42:12). Menm jan an tou, Jewova pa t fache lè vèv Safat la te pale yon jan kare avèk pwofèt Eliya. Bondye te konprann li te gen anpil lapenn dèske li te pèdi sèl pitit li a. — 1 Wa 17:8-24.

4, 5. Ki jan Jewova te demontre bonte nan fason li te aji avèk Abimelèk la ?

4 Menm pou moun ki pa kwayan Jewova demontre li gen konsiderasyon, paske li egzamine kè chak moun. Annou konsidere fason l te aji avèk Abimelèk, wa Gera, yon vil nan peyi Filisti. Abimelèk pa t konnen Abraram ak Sara te marye. Konsa, li te pran Sara pou l te ka vin madanm li. Sepandan, anvan Abimelèk te gentan al pi lwen, Jewova te pale avè l nan yon rèv. Men sa l te di l : “ Mwen konnen ou fè sa ou fè a san ankenn move lide dèyè tèt ou. Se poutèt sa mwen pa kite ou fè peche sa a kont mwen. Mwen pa kite ou fè madanm lan anyen. Men sa pou ou fè : renmèt nonm lan madanm li. Se yon pwofèt Bondye li ye. La lapriyè pou ou pou ou pa mouri. ” — Jen. 20:1-7.

5 Pa gen dout nan sa, Jewova te ka aji di avèk Abimelèk ki te yon adoratè fo dye. Men, li te wè Abimelèk te aji onètman nan okazyon sa a. Bonte Jewova te fè li pran sa an konsiderasyon, se sa k fè l te di wa a ki jan pou l jwenn padon l pou l “ pa mouri ”. Èske se pa yon Bondye konsa ou ta renmen adore ?

6. Nan ki domèn Jezi te imite Papa l ?

6 Jezi te imite Papa l yon fason ki pafè, li te konsantre sou bon bagay disip yo gen nan yo e li te padone fot yo san ezite (Mak 10:35-45 ; 14:66-72 ; Lik 22:31, 32 ; Jan 15:15). Atitid Jezi te ann amoni ak sa l te di nan Jan 3:17. Men sa l te di : “ Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l’ te kapab delivre yo. ” Vrèman, Jewova ak Jezi renmen nou anpil, e lanmou sa a pa chanje. Nou wè yo renmen nou paske yo vle nou gen lavi (Jòb 14:15). Lefètke Jewova renmen nou konsa, sa ede nou konprann rezon ki fè li egzamine nou, fason li konsidere nou e rezon ki fè li aji selon sa l wè nan kè nou. — Li 1 Jan 4:8, 19.

Li egzamine nou avèk amou

7. Ki sa k pouse Jewova egzamine nou ?

7 Li pa t ap kòrèk ditou pou nou panse Jewova tankou yon polisye nan syèl la k ap veye nou pou l wè si l a kenbe nou k ap peche. Se Satan k ap veye nou pou l akize nou (Rev. 12:10). Li menm pretann gen moun ki gen move mobil, alòske yo pa gen move mobil vre (Jòb 1:9-11 ; 2:4, 5). Men sa yon salmis te ekri konsènan Bondye : “ Si ou t’ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou ? ” ​(Sòm 130:3). Repons kesyon sa a parèt byen klè : pèsonn pa t ap kapab (Ekl. 7:20) ! Depreferans, Jewova gade nou avèk mizèrikòd, menm jan ak yon papa ki plen lanmou ki vle pwoteje pitit li kont danje. Souvan, li avèti nou anrapò ak enpèfeksyon nou yo ak feblès nou yo yon fason pou nou pa fè anyen ki ka pote move konsekans pou nou. — Sòm 103:10-14 ; Mat. 26:41.

8. Ki jan Jewova enstwi sèvitè l yo e ki jan l ba yo disiplin ?

8 Bondye demontre lanmou li gen pou nou nan enstriksyon ak disiplin li ban nou ni nan Ekriti yo ni nan manje espirityèl “ esklav fidèl ki prevwayan an ” bay (Mat. 24:45, NW ; Ebre 12:5, 6). Lòt mwayen Jewova itilize pou l ede nou se kongregasyon kretyen an ak “ gason kòm kado ” ki ladan l yo (Efe. 4:8, NW). Anplis, Jewova gade pou l wè si nou byen reyaji devan fòmasyon li ban nou antanke Papa nou e li chèche ede nou plis toujou. Men sa nou li nan Sòm 32:8 : “ M’a louvri lespri ou sou anpil bagay. M’a moutre ou chemen pou ou swiv la. M’a ba ou bon konsèy. M’ap voye je sou ou. ” Se sa k fè li enpòtan anpil pou nou toujou koute Jewova. Nou bezwen toujou fè nou piti devan l e nou dwe rekonèt li se Anseyan nou, li se Papa nou ki renmen nou anpil. — Li Matye 18:4.

9. Ki defo nou ta dwe fè efò pou nou pa genyen, e poukisa ?

9 Yon lòt bò, nou pa ta dwe janm vin ensansib akoz nou ògeye, akoz nou manke lafwa oubyen paske “ peche detounen nou ”. (Ebre 3:13 ; Jak 4:6.) Byen souvan, defo sa yo kòmanse met pye lè yon moun kite yon seri move panse oubyen move dezi ret nan lespri l. Li ka menm rive rejte konsèy biblik ki apwopriye li resevwa. Sa k pi grav la, sèke move etadespri l la oubyen move abitid li genyen an ka vin tèlman anrasinen nan li, li fè tèt li ènmi Bondye. Sa se yon sitiyasyon nou ta dwe bat pou nou pa tonbe ladan l (Pwo. 1:22-31). Annou konsidere egzanp Kayen, premye pitit Adan ak Èv la.

Jewova wè tout bagay e li aji an konsekans

10. Poukisa Jewova pa t aksepte ofrann Kayen an, e ki reyaksyon Kayen te genyen ?

10 Kayen ak Abèl te pote yon ofrann pou Jewova. Men, se pa ofrann yo a sèlman ki te enterese Jewova, mobil ki te pouse yo fè ofrann nan te enterese l tou. Se sa k fè Bondye te fè konnen li te aksepte ofrann Abèl la, yon ofrann lafwa te pouse l ofri, men li pa t aksepte pa Kayen an, piske yon fason oswa yon lòt, Kayen te montre li manke lafwa (Jen. 4:4, 5 ; Ebre 11:4). Olye pou Kayen te pran leson nan sa k te rive a e olye l te chanje atitid, li te an kòlè anpil kont frè l la. — Jen. 4:6.

11. Ki jan Kayen te montre li gen yon kè ki trèt, e ki leson nou ka tire nan sa ?

11 Jewova te wè atitid Kayen an te danjere e li te pale avè l avèk konsiderasyon. Li te di l si l fè sa k bon, sa t ap fè l resevwa lwanj. Men malerezman, li te meprize konsèy Kreyatè l la te ba li e li te asasinen frè l la. Annapre, Bondye te mande Kayen : “ Kote Abèl, frè ou la ? ” Men sa l te reponn li : “ Eske ou te mete m’ veye l’ ? ” Fason ensolan li te reponn nan te montre jan kè l pa t bon (Jen. 4:7-9). Ala trèt kè yon moun ka trèt ! Li ka menm fè nou meprize konsèy Bondye ban nou dirèkteman (Jer. 17:9). Konsa, ann pran leson nan istwa sa yo e annou rejte move panse ak move dezi san pèdi tan. (Li Jak 1:14, 15.) Lè nou resevwa konsèy ki sot nan Bib la, se pou nou rekonesan pou sa e se pou nou konsidere yo kòm prèv ki montre Jewova renmen nou.

Pa gen peche Jewova pa ka wè

12. Ki jan Jewova reyaji lè nou fè yon move aksyon ?

12 Gen moun ki ka panse si pèsonn pa wè yo ap fè yon bagay ki pa bon, yo pap jwenn pinisyon pou sa (Sòm 19:12). Anfèt, pa gen okenn peche ki ka ret kache. Labib di : “ Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l’, san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè. ” ​(Ebre 4:13). Jewova se yon Jij ki egzamine mobil ki nan fon kè nou, e fason li aji ak nou lè nou fè sa k pa bon demontre jistis li pafè. Li se “ yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p’ap janm sispann renmen, l’ap toujou kenbe pawòl li ”. Sepandan, anrapò ak moun ki pa repanti yo, ki “ toujou ap fè sa yo konnen ki mal ”, sètadi k ap pratike sa k pa bon oubyen k ap aji yon fason pou twonpe moun, “ li pa nan kase fèy kouvri sa ”, sa vle di l ap pini yo kanmenm (Egz. 34:6, 7 ; Ebre 10:26). Nou kapab wè sa nan fason Jewova te aji avèk Akàn e avèk Anànyas ak Safira.

13. Ki move fason Akàn te panse ki fè li te fè yon move bagay ?

13 Akàn te pran nan bagay Izrayelit yo te jwenn apre yo te fin kraze vil Jeriko e li te sere yo nan tant li, alòske Bondye te bay entèdiksyon klè sou sa. Sandout, manm fanmi l yo te konplis. Lè yo te dekouvri peche Akàn te fè a, li te montre li te rekonèt nan ki pwen sa l te fè a te grav paske l te di : ‘ Mwen peche kont Seyè a. ’ ​(Joz. 7:20). Menm jan ak Kayen, kè l te vin pa bon. Nan ka Akàn, se plis ava li te ava ki fè l te vin ap twonpe moun. Piske bagay yo te pran Jeriko yo se pou Jewova yo te ye, se kòmsi Akàn te vòlè Jewova. E sa te lakòz, ni li menm ni moun lakay li te mouri. — Joz. 7:25.

14, 15. Poukisa Anànyas ak Safira te merite pou Bondye rejte yo, e ki leson nou ka tire nan sa ?

14 Anànyas ak Safira, madanm li, te fè pati kongregasyon kretyen ki te Jerizalèm nan premye syèk la. Apre Pannkòt ane 33 epòk nou an, yo te fè yon kès pou yo te ka ede nouvo kwayan ki te sot lwen e ki te oblije ret Jerizalèm yo. Se ofrann volontè moun te konn met nan kès la. Anànyas te vann yon tè e li te bay yon pati nan kòb la sèlman pou yo met nan kès la. Sepandan, li te fè kòmsi se tout kòb la li te bay, e madanm li te konnen se sa l t ap fè. Pa gen dout nan sa, de moun sa yo t ap chèche onè nan kongregasyon an, men yo te aji yon fason pou twonpe moun. Jewova te fè yon mirak kote l te fè Pyè konnen se manti Anànyas ak Safira te fè. E Pyè te mande Anànyas poukisa l te twonpe yo konsa. Lamenm, Anànyas te tonbe e li te mouri frèt. Kèk tan apre sa, Safira te mouri tou. — Tra. 5:1-11.

15 Se pa t yon moman feblès ki te fè Anànyas ak Safira aji jan yo te aji a. Yo te fè plan yo e yo te bay manti yon fason pou yo te ka twonpe apot yo. Sa k pi grav la, sèke yo te ‘ bay Sentespri manti, e se Bondye yo te twonpe ’ ! Fason Jewova te reyaji a montre byen klè l ap pwoteje kongregasyon an anba moun ki ipokrit. Vrèman, “ se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an ” ! — Ebre 10:31.

Se pou nou rete entèg toutan

16. a) Ki jan Satan ap eseye kòwonp pèp Bondye a ? b) Ki metòd li itilize nan zòn bò lakay ou pou l eseye kòwonp sèvitè Bondye yo ?

16 Satan eseye fè tout sa l kapab pou l kòwonp nou e pou l fè nou pèdi apwobasyon Jewova (Rev. 12:12, 17). Vye entansyon Dyab la genyen yo parèt klè nan monn nan ki renmen imoralite seksyèl ak vyolans. Jodi a, moun ka jwenn pònografi byen fasil sou òdinatè ak nan lòt aparèy elektwonik. Se pou nou fè efò pou nou pa janm tonbe nan pyèj Satan yo. E se pou nou gen menm pwennvi ak salmis David ki te ekri : “ M’ap mennen yon lavi san repwòch. [....] M’ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. ” — Sòm 101:2, 3 (101:2, NW).

17. a) Pou ki rezon avèk letan Jewova devwale peche ki kache yo ? b) Ki sa nou ta dwe detèmine pou nou fè ?

17 Jewova pa fè mirak ankò pou l devwale moun ki fè peche grav oubyen ki aji yon fason pou twonpe moun, jan l te konn fè sa pafwa lontan. Poutan, li wè tout sa moun fè e l ap fè peche ki kache yo parèt klè nan moman li chwazi fè sa ak nan fason l chwazi a. Men sa Pòl te di : “ Gen moun, anvan menm ou jije yo, ou gen tan wè tout peche yo aklè konsa. Gen lòt menm, se lontan apre ou wè sa yo fè ki mal. ” ​(1 Tim. 5:24). Se lanmou ki prensipal rezon ki fè Jewova devwale move aksyon moun fè. Li renmen kongregasyon an e li ta renmen pou l toujou rete pwòp. Men tou, li aji avèk mizèrikòd anvè moun ki te peche e ki repanti toutbonvre (Pwo. 28:13). Kidonk, annou fè tout posib nou pou nou gen yon kè ki konplè devan Bondye, sètadi pou nou kontinye sèvi l ak tout kè nou e pou nou rejte tout bagay ki ka kòwonp nou.

Annou kontinye sèvi Bondye ak tout kè nou

18. Ki jan wa David te vle pou pitit gason l lan konsidere Bondye ?

18 Men sa wa David te di Salomon pitit li : “ Se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l’ ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k’ap pase nan tèt yo. ” ​(1 Kwo. 28:9). David pa t vle pou pitit gason l lan annik kwè nan Bondye. Li te vle pou l konnen nan ki pwen Jewova enterese nan sèvitè l yo. Èske w konnen Jewova konsa ?

19, 20. Selon Sòm 19:7-11, ki sa k te ede David pwoche bò kote Bondye, e ki jan nou ka imite l ?

19 Jewova konnen moun ki gen bon mobil yo ap anvi sèvi l e li konnen lè yo aprann bèl kalite l yo, sa fè yo santi yo pi pwòch ak li. Se poutèt sa Jewova vle nou aprann konnen l e li vle nou chèche konnen bèl pèsonalite li genyen an. Ki jan nou ka fè sa ? Se lè nou etidye Pawòl li a e lè nou wè jan l beni nou nan lavi nou. — Pwo. 10:22 ; Jan 14:9.

20 Èske w li Pawòl Bondye a chak jou ? Èske w rekonèt li soti nan Bondye ? Èske w priye l pou l ede w aplike sa w aprann ladan l yo ? Èske w konprann jan li enpòtan pou w aplike prensip ki nan Bib la ? (Li Sòm 19:7-11.) Si w fè sa, lafwa w gen nan Jewova ak lanmou w gen pou li ap kontinye grandi. E li menm l ap vin pi pwòch ou, se kòmsi l ap mache men nan men avèk ou (Iza. 42:6 ; Jak 4:8). Vrèman, Jewova ap fè w santi jan l renmen w paske l ap beni w e l ap pwoteje w nan domèn espirityèl toutpandan w ap mache nan chemen jennen ki mennen nan lavi a. — Sòm 91:1, 2 ; Mat. 7:13, 14.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa Jewova egzamine nou ?

• Sa k fè kèk moun vin ènmi Bondye ?

• Ki jan nou ka montre Jewova reyèl pou nou ?

• Ki jan nou ka kontinye sèvi Bondye ak tout kè nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 4]

Nan ki sans Jewova veye sou nou menm jan ak yon papa ki renmen pitit li ?

[Foto nan paj 5]

Ki leson nou tire nan egzanp Anànyas la ?

[Foto nan paj 6]

Ki sa k ap ede nou kontinye sèvi Jewova ak tout kè nou ?