Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa w dispoze bay pou w kontinye viv ?

Ki sa w dispoze bay pou w kontinye viv ?

Ki sa w dispoze bay pou w kontinye viv ?

“ Kisa yon moun kapab bay pou l’ gen lavi ? ” — MAT. 16:26.

1. Poukisa Jezi te reyaji yon fason sevè konsa lè Pyè te reprimande l la ?

APOT Pyè pa t ka kwè sa l te tande a ! Li te tande Jezi Kris, Mèt li li te renmen anpil la, ki t ap di “ aklè ” nan yon ti tan ankò li t apral soufri e li t apral mouri. Sandout, Pyè te gen bon entansyon lè l te reprimande Jezi. Men sa li te di l : “ Se pou w bon ak tèt ou, Seyè. Ou pap sibi sò sa a ditou. ” ​(NW). Jezi vire do bay Pyè e li gade lòt disip yo. Sanble yo menm tou yo te gen menm move pwennvi sa a. Apre sa, li di Pyè : “ Wete kò ou sou mwen, Satan. W’ap chache fè m’ tonbe. Lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle. ” — Mak 8:32, 33 ; Mat. 16:21-23.

2. Ki sa Jezi te di yon vrè disip li dwe fè ?

2 Petèt pawòl Jezi te di annapre yo te ede Pyè konprann rezon ki fè li te reyaji yon fason sevè konsa lè l te reprimande Jezi a. Jezi “ rele foul moun yo ansanm avèk disip li yo ”, li di yo : “ Si yon moun vle mache dèyè m’, se pou l’ bliye tèt li, se pou l’ chaje [poto soufrans li] sou zepòl li epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l’ va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l’ poutèt mwen ak bon nouvèl la, li va sove li. ” ​(Mak 8:34, 35). Li klè, nonsèlman Jezi t apral sakrifye lavi l, men, li te atann tou pou disip li yo pare pou yo sakrifye lavi yo nan sèvis Bondye a. Si yo te fè sa, yo t ap resevwa yon gwo rekonpans. — Li Matye 16:27.

3. a) Ki kesyon Jezi te poze moun ki t ap koute l yo ? b) Ki sa dezyèm kesyon Jezi te poze a te ka fè moun ki t ap koute l yo sonje ?

3 Nan menm okazyon an, Jezi te poze de kesyon enteresan. Premyèman, “ kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l’ pèdi lavi li ? ” e dezyèmman, “ kisa yon nonm kapab bay pou l’ gen lavi ? ” ​(Mak 8:36, 37). Repons premye kesyon an klè pou nou menm lèzòm. Sa pa t ap sèvi yon moun anyen pou l ta genyen lemonnantye si l ta pèdi lavi l. Byen yon moun posede itil li sèlman si l vivan pou l jwi yo. Petèt dezyèm kesyon Jezi te poze a : “ Kisa yon nonm kapab bay pou l’ gen lavi ? ” te fè moun ki t ap koute l yo sonje pawòl Satan te di nan epòk Jòb la : “ Yon moun va bay tou sa li genyen pou l’ pa mouri. ” ​(Jòb 2:4). Pou kèk moun ki pap sèvi Jewova, pawòl Satan yo kapab vrè. Anpil nan yo ka fè nenpòt bagay, yo ka vyole nenpòt prensip moral ki genyen jis pou yo ka rete vivan. Men, kretyen yo wè bagay yo yon lòt jan.

4. Sa k fè kesyon Jezi yo gen plis sans pou kretyen yo ?

4 Nou konnen Jezi pa t vin sou latè pou l ban nou lasante, richès ak yon lavi ki long nan monn sa a. Men, li te vini pito pou l ban nou posiblite pou nou viv pou toutan nan monn nouvo a (Jan 3:16). Esperans sa a gen anpil enpòtans pou nou. Yon kretyen t ap konprann premye kesyon Jezi te poze a konsa : “ Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l’ pèdi esperans lavi etènèl la ? ” Repons lan klè : sa pa t ap sèvi l anyen ditou (1 Jan 2:15-17). Pou ede nou reponn dezyèm kesyon Jezi te poze a, li t ap bon pou nou mande tèt nou : ‘ Ki sakrifis mwen dispoze fè kounye a pou m asire m m ap jwenn lavi etènèl nan monn nouvo a ? ’ Repons nou bay kesyon sa a montre ki enpòtans esperans sa a genyen pou nou. Se fason n ap viv k ap bay repons lan. — Konpare ak Jan 12:25.

5. Ki jan n ap ka jwenn lavi etènèl la ki se yon kado ?

5 Natirèlman, Jezi pa t vle di nou ka fè yon bagay pou nou merite lavi etènèl. Lavi se yon kado. Menm lavi plizoumwen kout nou genyen nan sistèm sa a se yon kado tou. Nou pa ka achte lavi, nitou nou pa ka fè anyen pou nou merite genyen l. Sèl fason nou ka jwenn kado sa a, anpalan de lavi etènèl la, se lè nou “ mete lafwa nou nan Kris Jezi ” e nan Jewova, “ Bondye k’ap rekonpanse tout moun k’ap chache li ” yo (Gal. 2:16 ; Ebre 11:6). Sepandan, nou dwe fè aksyon ki demontre nou gen lafwa, piske “ lafwa ki san zèv la mouri ”. (Jak 2:26, NW.) Pou rezon sa a, lè n ap medite plis sou kesyon Jezi te poze a, l ap bon pou nou egzamine seryezman ki sa nou dispoze kite nan monn sa a e ki sa nou dispoze fè nan sèvis Jewova a pou nou montre lafwa nou vivan toutbon.

“ Kris la pa t’ chache sa ki te fè l’ plezi ”

6. Ki sa ki te priyorite Jezi ?

6 Olye Jezi te fikse je l sou sa monn li t ap viv ladan l lan te gen pou ofri, li te konsantre pito sou bagay ki enpòtan yo e li te rejte tantasyon pou l gen bagay materyèl ki t ap fè l mennen yon vi konfòtab. Li te mennen yon vi sakrifis pou Bondye e li te obeyi l. Olye l te fè tèt li plezi, li te di pito : “ Mwen toujou fè sa k fè [Bondye] plezi. ” ​(Jan 8:29). Jis nan ki pwen Jezi te fè Bondye plezi ?

7, 8. a) Ki sakrifis Jezi te fè, e ki rekonpans li te jwenn ? b) Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou ?

7 Yon lè, Jezi te di disip li yo : “ Pitit Gason lòm nan vini, se pa pou yo sèvi l, men pou l sèvi moun e pou l bay nanm li kòm ranson pou anpil moun. ” ​(Mat. 20:28, NW). Anvan sa, lè Jezi te kòmanse avèti disip li yo anvan lontan li t ap gen pou l “ bay nanm li ”, Pyè te konseye l pou l bon ak tèt li. Men, Jezi te rete fèm. Li te bay nanm li volontèman, sètadi lavi l antanke moun pafè, pou limanite. Li te mennen lavi l san l pa t chèche enterè pa l, se sa k fè avni l te asire. Bondye te resisite l e li te “ fè l’ moute nan syèl la vin sou bò dwat li ”. (Tra. 2:32, 33.) Konsa, li kite yon bèl egzanp pou nou.

8 Apot Pòl te konseye kretyen ki te nan Wòm yo pou yo ‘ pa fè tèt yo plezi ’ e li te fè yo sonje menm “ Kris la pa t’ chache sa ki te fè l’ plezi ”. (Wom. 15:1-3.) Kidonk, jis nan ki pwen n ap aplike konsèy apot la e jis nan ki pwen nou dispoze sakrifye tèt nou pou nou imite Kris ?

Jewova vle nou ba l sa nou genyen ki pi bon an

9. Lè yon kretyen vwe lavi l bay Bondye, ki sa l fè an reyalite ?

9 Nan Izrayèl tan lontan an, Lwa Moyiz la te di yo te dwe libere esklav ebre yo swa sou setyèm ane depi yo te vin esklav la, swa pandan ane Jibile a. Men, te gen yon lòt posiblite. Si yon esklav te vin renmen mèt li, li te ka chwazi rete esklav lakay li pou rès vi l. (Li Detewonòm 15:12, 16, 17.) Nou fè yon chwa ki sanble ak chwa sa a lè nou vwe lavi nou bay Bondye. Se ak tout volonte nou nou chwazi fè volonte l e nou chwazi pa suiv pwòp tandans nou. Lè nou fè sa, nou demontre nou renmen Jewova anpil e nou vle sèvi l pou toutan.

10. Nan ki sans nou se byen Bondye, e ki jan sa ta dwe gen enfliyans sou panse nou ak aksyon nou ?

10 Si w ap etidye Labib ak Temwen Jewova yo kounye a, ou patisipe nan predikasyon bon nouvèl la e w asiste reyinyon yo, ou merite felisitasyon. Nou swete anvan lontan w ap santi nesesite pou w vwe lavi w bay Jewova e pou w poze menm kesyon Etyopyen an te poze Filip la : “ Ki sa ki anpeche m batize ? ” ​(Tra. 8:35, 36, NW). Lè sa a, relasyon w ak Bondye ap vin menm jan ak relasyon kretyen Korent yo te genyen avè l. Men sa Pòl te ekri yo : “ Nou pa mèt tèt nou ankò. Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. ” ​(1 Kor. 6:19, 20). Kit nou gen esperans selès, kit nou gen esperans terès, lefètke nou vwe lavi nou bay Jewova, se li ki Mèt nou. Kidonk, se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou retire dezi egoyis nan nou e pou nou sispann “ esklav moun ”. (1 Kor. 7:23.) Ala yon bèl privilèj nou genyen pou nou sèvi Jewova fidèlman e pou l itilize nou jan l vle !

11. Ki sakrifis yo ankouraje kretyen yo ofri, e ki sa sa vle di toutbon lè nou gade sou sakrifis yo te konn ofri sou Lwa Moyiz la?

11 Men ki konsèy Pòl te bay kwayan parèy li yo : ‘ Se pou nou ofri kò nou tankou yon sakrifis ki vivan, ki sen, ki fè Bondye plezi. Sa rezonab pou nou sèvi li konsa. ’ ​(Wom. 12:1, Bib Kreyòl La). Petèt pawòl sa yo te fè kretyen ki te Juif yo sonje sakrifis bèt yo te konn fè nan adorasyon yo t ap bay Bondye anvan yo te vin disip Jezi. Yo te konnen, selon Lwa Moyiz la, se pi bon bèt yo yo te dwe ofri sou lotèl Jewova a. Si yon bèt te gen yon pwoblèm, yo pa t dwe ofri l (Mal. 1:8, 13). Se konsa sa ye pou nou tou lè nou ofri kò nou tankou yon sakrifis “ ki vivan ” bay Bondye. Se sa ki pi bon an nou bay Jewova, se pa ti rès ki rete lè nou fin satisfè tout dezi pèsonèl nou yo. Lè nou vwe lavi nou bay Bondye, se tout “ nanm ” nou nou ba li. Sa vle di nou ba l lavi nou, san wete fòs nou, byen materyèl nou genyen ak kapasite nou (Kol. 3:23, NW). Ki jan nou kapab montre sa nan lavi nou ?

Sèvi ak tan w yon fason ki saj

12, 13. Site youn nan fason nou ka bay Jewova sa nou genyen ki pi bon.

12 Youn nan fason pou nou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon, se lè nou sèvi ak tan nou yon fason ki saj. (Li Efezyen 5:15, 16.) Pou nou fè sa, sa mande pou nou metrize nou. Enfliyans monn nan ap fè sou nou ansanm ak enpèfeksyon nou eritye a fè nou gen tandans sèvi ak tan nou sèlman pou nou fè tèt nou plezi oswa pou nou chèche avantaj pa nou. Se vre, “ gen yon lè pou chak bagay ”, sa vle di gen yon lè pou nou pran bonjan detant ak yon lè pou nou travay. Lè nou pran bonjan detant e nou gen yon travay, sa ede nou ranpli responsablite nou genyen antanke kretyen (Ekl. 3:1). Men, yon kretyen ki vwe lavi l bay Bondye dwe gen ekilib nan sans sa a e li dwe sèvi ak tan l yon fason ki saj.

13 Lè Pòl te vizite Atèn, li te remake “ se te abitid tout moun lavil Atèn ak tout moun lòt nasyon ki rete nan lavil la, pou yo pase tout tan yo ap pale osinon ap koute tout kalite pawòl ki fèk parèt ”. (Tra. 17:21.) Jodi a, anpil moun gaspiye tan yo menm jan an nan yon seri distraksyon ki gen nan epòk modèn nan tankou gade televizyon, jwe jwèt videyo ak navige sou Entènèt. De jou an jou, vin gen plis bagay ki ka distrè nou e ki ka fè nou gaspiye tan nou. Si nou lage kò nou ladan yo, yo ka rive fè nou pa okipe nou de bezwen espirityèl nou genyen. Nou ka menm rive kwè nou twò okipe pou nou rezève tan pou “ bagay ki pi bon yo ”, sètadi bagay ki gen rapò ak sèvis n ap bay Jewova a. — Fil. 1:9, 10.

14. Sou ki kesyon nou bezwen reflechi seryezman ?

14 Se sa k fè, antanke sèvitè Jewova ki vwe lavi nou ba li, nou ta dwe mande tèt ou : ‘ Èske m rezève tan nan pwogram mwen gen chak jou pou m li Labib, pou m medite e pou m priye ? ’ ​(Sòm 77:12 ; 119:97 ; 1 Tes. 5:17). ‘ Èske m pran tan pou m prepare reyinyon yo ? Èske m bay kòmantè nan reyinyon yo pou m ankouraje lòt moun ? ’ ​(Sòm 122:1 ; Ebre 2:12). Pawòl Bondye a fè nou konnen Pòl ak Banabas te pase “ yon bonkou tan ap pale avèk kran grasa pouvwa Jewova ”. (Tra. 14:3, NW). Èske w ka fè aranjman selon sa sitiyasyon w pèmèt ou pou w pase plis tan, e menm yon “ bonkou tan ”, nan travay predikasyon an, petèt antanke pyonye ? — Li Ebre 13:15.

15. Ki jan ansyen yo sèvi ak tan yo yon fason ki saj ?

15 Lè apot Pòl ak Banabas te vizite kongregasyon Antyòch la, ‘ yo te rete lontan avèk disip [...] yo ’ pou yo te ankouraje yo (Tra. 14:28). Menm jan an tou, jodi a, ansyen yo ki gen lanmou pou frè ak sè yo pase anpil tan ap fòtifye yo. Nonsèlman yo patisipe nan ministè a, men tou, yo travay di pou yo pran swen twoupo a, pou yo chèche mouton ki pèdi yo e pou yo ede moun ki malad yo. Yo pase anpil tan tou nan anpil lòt aktivite ki gen rapò ak responsablite yo nan kongregasyon an. Si w se yon frè ki batize, èske sitiyasyon w pèmèt ou kalifye tèt ou pou w jwenn plis privilèj nan sèvis la ?

16. Bay kèk fason nou ka “ fè byen pou moun [...] ki gen menm konfyans [“ lafwa ”, NW] ak nou nan Bondye ”.

16 Lè gen dezas, kit se katastwòf natirèl, kit se dezas lèzòm lakòz, gen moun ki pèdi anpil bagay materyèl. Gen anpil moun ki kontan ede moun sa yo jwenn rekonfò. Pa egzanp, gen yon sè ki nan swasantèn li e k ap sèvi nan Betèl ki te vwayaje plizyè fwa byen lwen kòm volontè pou l pote sekou pou lòt moun. Poukisa li te sèvi ak tan vakans li nan fason sa a ? Men sa l di : “ Byenke mwen pa gen okenn fòmasyon espesyal, se te yon privilèj pou m travay kèlkeswa kote yo te bezwen m nan. Mwen jwenn anpil ankourajman lè m wè jan lafwa frè ak sè m yo rete solid, menm lè yo pèdi anpil bagay materyèl. ” Gen plizyè milye moun tou sou tout tè a k ap bay èd yo nan konstriksyon Sal Wayòm ak Sal asanble. Lè nou patisipe nan aktivite sa yo, nou montre nou pa egoyis e nou “ fè byen pou moun [...] ki gen menm konfyans [“ lafwa ”, NW] ak nou nan Bondye ”. — Gal. 6:10.

“ Mwen la avèk nou toulejou ”

17. Ki sa ou menm pèsonèlman ou ta bay pou w gen lavi etènèl ?

17 Sosyete lèzòm fòme ki lwen Bondye a pap pran lontan pou l disparèt. Nou pa konn ki lè sa ap fèt egzakteman. Men, nou konnen “ pa gen anpil tan ki rete ankò ” e “ sèn monn sa a, se chanje l ap chanje ”. (NW.) (Li 1 Korentyen 7:29-31.) Sa fè kesyon Jezi te poze a pi enpòtan toujou : “ Kisa yon nonm kapab bay pou l’ gen lavi ? ” E se sèten n ap fè tout sakrifis Jewova mande nou fè yon fason pou nou gen “ lavi toutbon an ”. (1 Tim. 6:19.) Wi, li enpòtan anpil pou nou koute konsèy Jezi te bay pou nou ‘ suiv li ’ nètale e pou nou ‘ chèche wayòm nan an premye ’. — Mat. 6:31-33, NW ; 24:13.

18. Ki konfyans nou ka genyen, e poukisa nou ka gen konfyans sa a ?

18 Se vre, li pa toujou fasil pou nou suiv Jezi. E jan li te di sa, gen moun ki suiv li ki pèdi lavi yo nan sistèm sa a. Sepandan, menm jan ak Jezi, nou fè tout sa nou kapab pou nou pa tonbe nan tantasyon ‘ pou nou bon ak tèt nou ’. Nou gen lafwa nan pawòl li te di disip wen li yo nan premye syèk la pou l te ba yo asirans l ap avèk yo. Men sa l te di yo : “ Mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba. ” ​(Mat. 28:20). Kidonk, annou sèvi ak tan nou ak kapasite nou nan sèvis sakre a toutotan nou kapab. Tank n ap fè sa, n ap demontre nou gen konfyans Jewova ap prezève nou pandan gwo tribilasyon an oswa l ap reban nou lavi nan monn nouvo a (Ebre 6:10). Konsa, n ap demontre ki enpòtans kado sa a, sètadi lavi, gen pou nou.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan Jezi te demontre li dispoze sèvi Bondye ak lèzòm yon fason ki estrawòdinè ?

• Poukisa nou ta dwe bliye tèt nou, e ki jan nou ka fè sa ?

• Nan Izrayèl tan lontan an, ki sèl kalite sakrifis Jewova te aksepte, e ki jan sa ede nou jodi a ?

• Ki jan nou ka sèvi ak tan nou yon fason ki saj ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 26]

Jezi te toujou fè sa ki fè Bondye plezi.

[Foto nan paj 28]

Izrayelit ki te gen rekonesans pou Bondye yo te bay tout yo menm pou yo soutni vrè adorasyon an.

[Foto nan paj 29]

Nou fè Bondye plezi lè nou sèvi ak tan nou yon fason ki saj.