Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou byen nou Jewova veye sou nou

Se pou byen nou Jewova veye sou nou

Se pou byen nou Jewova veye sou nou

“ Je [Jewova] ap pwonmennen sou tout tè a pou l ka montre fòs li an favè moun kè yo konplè pou li. ” — 2 KWO. 16:9, NW.

1. Poukisa Jewova egzamine nou ?

JEWOVA se yon Papa ki pafè. Li tèlman byen konnen nou, li konnen “ tou sa k’ap pase nan tèt [nou] ”. (1 Kwo. 28:9.) Sepandan, li pa egzamine nou senpleman nan entansyon pou l chèche sa k pa bon nan nou (Sòm 11:4 ; 130:3). Depreferans, avèk amou, li vle pwoteje nou kont kèlkeswa bagay ki ta ka kraze relasyon nou avèk li oubyen ki ka fè nou pèdi esperans nou genyen pou nou jwenn lavi etènèl la. — Sòm 25:8-10, 12, 13.

2. Anvè kiyès Jewova demontre fòs li ?

2 Jewova Toupisan e li wè tout bagay. Se sa k fè li ka ede moun ki sensè yo kèlkeswa lè yo rele l e li ka ede yo lè yo nan eprèv. Men sa nou li nan 2 Kwonik 16:9 : “ Je [Jewova] ap pwonmennen sou tout tè a pou l ka montre fòs li an favè moun kè yo konplè pou li. ” ​(NW) N ap remake Jewova sèvi ak fòs li an favè moun ki sèvi l ak yon kè ki konplè oubyen ak tout kè yo, sètadi ak yon kè ki pwòp e ki gen bon mobil. Li pa enterese konsa nan moun k ap chèche twonpe lòt moun oubyen ki ipokrit. — Joz. 7:1, 20, 21, 25 ; Pwo. 1:23-33.

Annou mache avèk Bondye

3, 4. Ki sa “ mache byen ak Bondye ” vle di, e ki egzanp nou jwenn nan Bib la ki ede nou konprann sa ?

3 Anpil moun pa ka kwè Kreyatè linivè a ki gran anpil ap pèmèt lèzòm mache avè l nan yon sans espirityèl. Sepandan, se egzakteman sa Jewova ta renmen nou fè. Nan tan biblik yo, Enòk avèk Noye te “ mache byen ak Bondye ”. (Jen. 5:24 ; 6:9.) Labib di Moyiz ‘ pa t’ chanje lide menm, li te aji kòmsi l te wè Bondye moun pa ka wè a ’. (Ebre 11:27.) Wa David te mache avèk imilite avèk Papa l ki nan syèl la. Men sa l te di : “ Paske [Jewova] toujou bò kote m’. Anyen pa ka brannen m’. ” — Sòm 16:8.

4 Se vre, nou pa kapab kenbe men Jewova literalman pou nou mache avè l. Sepandan, nou ka fè sa nan yon sans senbolik. Ki jan ? Men sa salmis Asaf te ekri : “ Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m’ pou m’ pa tonbe. Ou ban m’ konsèy pou m’ pa pèdi chemen m’. ” ​(Sòm 73:23, 24). Donk, nou kapab mache avèk Jewova lè nou suiv konsèy li ban nou, konsèy nou jwenn prensipalman nan Pawòl li te fè ekri a e pa mwayen “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. — Mat. 24:45, NW ; 2 Tim. 3:16.

5. Nan ki sans Jewova toujou ap veye sou moun ki fidèl yo menm jan ak yon papa ki renmen pitit li, e ki santiman sa ta dwe fè nou gen pou li ?

5 Lefètke Jewova renmen moun k ap mache avèk li yo, li toujou ap veye sou yo. Menm jan ak yon papa ki renmen pitit li, li pwoteje yo e li anseye yo. Men sa l di : “ M’a louvri lespri ou sou anpil bagay. M’a moutre ou chemen pou ou swiv la. M’a ba ou bon konsèy. M’ap voye je sou ou. ” ​(Sòm 32:8). Poze tèt ou kesyon sa yo : ‘ Èske m wè tèt mwen k ap mache avèk Jewova kòmsi se men nan men ? Èske m prete atansyon ak sajès li e èske m konnen l ap veye sou mwen avèk amou ? Lefètke m konnen li la, èske sa enfliyanse fason m panse, sa m ap di ak sa m ap fè ? E lè mwen fè yon peche, èske m rekonèt Bondye se pa yon Papa ki di e ki sevè, men se yon Papa ki plen lanmou, ki gen mizèrikòd e ki vle ede moun ki repanti yo retounen vin gen bon relasyon avèk li ? ’ — Sòm 51:17.

6. Ki avantaj Jewova genyen sou paran nou yo ?

6 Pafwa, Jewova ka ban nou èd menm anvan nou pran yon move chemen. Pa egzanp, li ka wè kè nou ki gen tandans pou l trèt ka kòmanse anvi yon seri bagay ki pa kòrèk (Jer. 17:9). Nan yon sitiyasyon konsa, li ka aji pi bonè pase paran nou yo paske li gen kapasite pou l wè anndan fon kè nou e pou l egzamine panse nou genyen ki pi sekrè yo (Sòm 11:4 ; 139:4 ; Jer. 17:10). Annou konsidere fason Bondye te reyaji devan yon sitiyasyon ki te pase nan lavi Bawouk, sekretè pwofèt Jeremi an ki te bon zanmi l.

Yon vrè Papa pou Bawouk

7, 8. a) Kiyès Bawouk te ye, e ki dezi li te kòmanse gen nan kè l ki pa t kòrèk ? b) Ki jan Jewova te demontre li gen sousi pou Bawouk menm jan yon papa gen sousi pou pitit li ?

7 Bawouk se te yon eskrib pwofesyonèl ki te sèvi fidèlman bò kote Jeremi nan yon asiyasyon ki te vin difisil. Asiyasyon sa a se te pwoklame mesaj jijman Jewova yo bay Jida (Jer. 1:18, 19). Rive yon lè, Bawouk, ki petèt te sot nan yon gran fanmi, te kòmanse chèche “ gwo bagay ” ​(NW) pou tèt li. Petèt, li te kòmanse vin gen anbisyon oubyen li te kòmanse gen dezi pou l rich. Kèlkeswa jan sa te ye, Jewova te wè etadespri danjere sa a te kòmanse devlope nan kè Bawouk. Rapidman, Jewova te pran sitiyasyon an an men. Men sa l te di Bawouk pa mwayen Jeremi : “ Ou te di : Ala devenn pou mwen ! Seyè a mete lafliksyon sou traka m’ te genyen deja. Mwen bouke plenn, mwen pa jwenn yon ti soulajman menm ! ” Apre sa, men sa Bondye di l : “ Ou kontinye ap chèche gwo bagay pou tèt ou. Pa kontinye chèche. ” ​(NW) — Jer. 45:1-5.

8 Byenke Jewova te fèm avèk Bawouk, li pa t reyaji avèk kòlè, men, li te reyaji tankou yon papa ki gen sousi pou pitit li. Li klè, Bondye te wè se pa paske Bawouk te gen yon kè ki mechan oubyen ki gen twonpri ladan l ki fè li te vle bagay sa yo. Anplis, Jewova te konnen Jerizalèm ak Jida te rive nan dènye jou yo e li pa t vle pou Bawouk te trebiche nan moman kritik sa a. Se sa k fè pou Bondye te fè sèvitè l la pran tèt li, li te fè l sonje Li t apral ‘ voye yon malè sou tout moun ’. Li te di Bawouk tou si l aji avèk sajès, l ap rete an vi (Jer. 45:5). Se kòmsi Bondye te di l : ‘ Se pou w reyalis Bawouk. Pa bliye sa k pral rive Jida ak Jerizalèm talè konsa paske y ap pratike sa k mal. Ret fidèl epi w ap jwenn lavi. M ap pwoteje w. ’ Pa gen dout nan sa, Jewova te touche kè Bawouk, paske l te byen reyaji. Bawouk te chape nan destriksyon Jerizalèm, yon destriksyon ki te fèt anviwon 17 an annapre.

9. Ki repons ou ta bay pou kesyon ki nan paragraf la ?

9 Pandan w ap reflechi sou sa k te rive Bawouk la, poze tèt ou kesyon ki vin apre yo epi reflechi sou vèsè biblik yo : Ki sa fason Jewova te boule ak Bawouk la aprann nou sou li e sou fason l konsidere moun k ap sèvi l yo ? (Li Ebre 12:9.) Ki leson nou ka tire nan konsèy Bondye te bay Bawouk la e nan reyaksyon Bawouk te genyen an lè nou konsidere tan difisil n ap viv ladan l lan ? (Li Lik 21:34-36.) Menm jan ak Jeremi, ki jan ansyen yo ka imite Jewova nan demontre yo enterese nan moun k ap sèvi l yo ? — Li Galat 6:1.

Pitit la demontre li gen lanmou menm jan ak Papa l

10. Ki jan Jezi ekipe pou pozisyon l genyen antanke Chèf kongregasyon an ?

10 Nan epòk anvan epòk kretyen an, Jewova te montre lanmou l pa mwayen pwofèt li yo e pa mwayen lòt sèvitè fidèl li yo. Jodi a, nou plis wè lanmou sa a atravè Jezi Kris, Chèf kongregasyon an (Efe. 1:22, 23). Se sa k fè, nan liv Revelasyon an, yo dekri Jezi kòm yon ti mouton ki gen “ sèt je nan tèt li : sèt Lespri Bondye te voye toupatou sou latè ”. (Rev. 5:6.) Vrèman, piske Jezi te ranpli avèk lespri sen, li te gen disènman yon fason ki pafè. Li menm tou li wè sa nou ye nan fon kè nou, e pa gen anyen li pa wè.

11. Ki wòl Kris la ranpli, e ki jan fason l aji avèk nou sanble ak fason Papa l aji avèk nou ?

11 Sepandan, menm jan ak Jewova, Jezi pa yon polisye ki nan syèl la. Li egzamine nou avèk amou. Youn nan tit Jezi genyen se “ Papa ki la pou tout tan an ”. Sa fè nou sonje wòl li gen pou l ranpli nan kesyon bay tout moun ki gen lafwa nan li yo lavi etènèl (Iza. 9:6). Anplis, piske Kris se Chèf kongregasyon an, li kapab pouse kretyen ki gen matirite espirityèl, ki byen dispoze ede frè ak sè yo, sitou ansyen yo, pou yo rekonfòte oswa pou yo konseye moun nan kongregasyon an ki bezwen èd. — 1 Tes. 5:14 ; 2 Tim. 4:1, 2.

12. a) Ki sa lèt Jezi te voye bay sèt kongregasyon ki nan Azi Minè yo aprann nou sou li ? b) Ki jan ansyen yo reflete atitid Kris genyen parapò ak twoupo Bondye a ?

12 Bonjan enterè Kris gen pou twoupo a parèt nan lèt yo te voye bay ansyen nan sèt kongregasyon ki nan Azi Minè yo (Rev. 2:1–3:22). Nan lèt sa yo, nonsèlman Jezi te fè konnen li te konn sa k ap pase nan chak kongregasyon, men tou, li te fè konnen ki jan l gen sousi pou disip li yo. Jodi a, gen plis rezon toujou pou se konsa sa ye, paske se “ nan jou Seyè a ” vizyon sa a ap reyalize * (Rev. 1:10, NW). Byen souvan, Jezi sèvi ak ansyen yo ki se bèje espirityèl nan kongregasyon an pou l montre lanmou l pou kongregasyon an. Li kapab pouse “ gason kòm kado ” sa yo pou yo konsole moun nan kongregasyon an, pou yo ankouraje yo oubyen pou yo ba yo konsèy lè sa nesesè. (Efe. 4:8, NW ; Tra. 20:28 ; li Izayi 32:1, 2.) Èske w konsidere efò yo fè yo kòm yon fason Kris demontre li enterese nan ou pèsonèlman ?

Nou ka jwenn èd nan bon moman

13-15. Ki jan Bondye ka chwazi reponn priyè nou yo ? Bay kèk egzanp.

13 Èske w te janm priye Jewova ak tout fòs ou pou w mande l èd, epi l te voye yon kretyen ki gen matirite vin vizite w pou l ankouraje w (Jak 5:14-16) ? Oubyen, petèt ou te jwenn èd ou te bezwen an nan yon diskou yo te bay nan yon reyinyon oubyen nan yon bagay ou te li nan youn nan piblikasyon nou yo. Souvan, se konsa Jewova reponn priyè nou yo. Pa egzanp, yon sè te pwoche kote yon ansyen ki te fin bay yon diskou. Sè sa a te sibi yon gwo enjistis kèk tan anvan sa. Olye pou l te plenyen sou sa, li te fè frè a konnen jan l te apresye kèk pwen biblik li te mansyone nan diskou a. Pwen sa yo te touche sitiyasyon l lan e yo te rekonfòte l anpil. Se pa ti kontan li te kontan dèske l te asiste reyinyon sa a.

14 Anrapò ak èd nou ka jwenn grasa lapriyè, annou konsidere egzanp twa prizonye ki te aprann laverite pandan yo te nan prizon e ki te vin pwoklamatè ki poko batize. Akoz yon aksyon vyolan ki te fèt nan prizon an, yo te bay prizonye yo yon seri restriksyon. Prizonye yo te fache e yo te antre an rebelyon. Pou yo te demontre sa, yo te deside pou pèsonn pa remèt asyèt yo nan demen maten lè yo fin manje. Twa pwoklamatè yo te devan yon pwoblèm. Yo pa t konn sa pou yo fè. Si yo te revòlte tou, yo t ap dezobeyi konsèy ki nan Women 13:1 an. Sepandan, si yo pa ta mete ak lòt prizonye yo, yo te gentan konnen yo t ap fache e yo t ap fè yo peye sa.

15 Byenke youn pa t ka pale ak lòt, yo toule twa te priye Jewova pou l ba yo sajès. Nan demen, yo toule twa te reyalize yo te pran egzakteman menm desizyon : yo t ap annik pa al manje. Konsa, piske yo pa t pran manje, lè gad yo te retounen pou yo te pran asyèt yo, twa mesye sa yo pa t gen asyèt pou yo remèt. Ala kontan yo te kontan dèske Moun ki ‘ tande lapriyè ’ a te toupre yo ! — Sòm 65:2.

Yo gen konfyans lè y ap gade lavni

16. Ki jan travay predikasyon an demontre sousi Jewova gen pou moun ki tankou mouton yo ?

16 Travay predikasyon mondyal la se yon lòt prèv ki montre sousi Jewova gen pou moun sensè yo, kèlkeswa kote yo rete (Jen. 18:25). Souvan, Jewova kapab sèvi avèk zanj li yo pou l dirije sèvitè l yo pou y al jwenn moun ki tankou mouton yo, menmsi moun sa yo ap viv nan zòn kote yo poko preche bon nouvèl la (Rev. 14:6, 7). Pa egzanp, Bondye te itilize yon zanj pou l te dirije Filip, yon evanjelizatè nan premye syèk la, pou l al rankontre yon fonksyonè etyopyen pou l ede l konprann Ekriti yo. Ki rezilta sa te bay ? Mesye a te aksepte bon nouvèl la, li te vin yon disip Jezi e li te batize *. — Jan 10:14 ; Tra. 8:26-39.

17. Poukisa nou pa ta dwe enkyete nou depase limit konsènan lavni ?

17 Tank sistèm sa a ap vanse pou l rive nan bout li, se tank “ doulè ” yo te anonse yo ap kontinye ogmante (Mat. 24:8, Bib Kreyòl La). Pa egzanp pri manje kapab monte anpil paske gen plis moun ki bezwen manje e pa gen ase manje, akoz move tan oubyen akoz enstabilite nan domèn ekonomik. Li ka vin pi difisil pou moun jwenn travay, e moun k ap travay yo ka jwenn presyon pou yo pase plis tan ap travay. Kèlkeswa sa k ka rive, tout moun ki mete bagay espirityèl yo an premye e ki gen ‘ je yo an bon eta ’, sa vle di ki gen je senp, pa bezwen enkyete yo depase limit. Yo konnen Bondye renmen yo e l ap pran swen yo (Mat. 6:22-34). Pa egzanp, annou gade ki jan Jewova te bay Jeremi sa l te bezwen nan moman Jerizalèm te toupre pou l detwi an 607 anvan epòk nou an.

18. Ki jan Jewova te demontre li renmen Jeremi pandan syèj Jerizalèm nan ?

18 Babilonyen yo te mete yon syèj toutotou Jerizalèm. Nan dènye moman syèj sa a, yo te mete Jeremi nan prizon yon kote yo te rele Lakou Gad la. Ki jan l t ap fè jwenn manje ? Si l te lib, li t ap ka al chèche manje l poukont li. Men, li te depann de lòt moun, e pifò nan moun sa yo te rayi l. Malgre sa, Jeremi pa t mete konfyans li nan moun, li te mete konfyans li nan Bondye ki te pwomèt li t ap pran swen l. Èske Jewova te reyalize pawòl li ? Sètènman ! Chak jou, li te veye pou Jeremi resevwa ‘ yon pen jouk jou pa t gen pen ankò nan lavil la ’. (Jer. 37:21.) Jeremi, Bawouk, Ebèd-melèk ak lòt moun ankò te chape nan moman sa a ki te gen gwo grangou, maladi ak lanmò. — Jer. 38:2 ; 39:15-18.

19. Ki sa nou ta dwe pran detèminasyon pou nou fè tank n ap antre pi fon nan tan lafen an ?

19 Se vre, “ Bondye veye sou moun k’ap mache dwat devan l. Li tande yo lè y’ap lapriyè nan pye l’ ”. (1 Pyè 3:12.) Èske w kontan dèske Papa w ki nan syèl la ap veye sou ou ? Èske w santi w an sekirite lefètke w konnen l ap veye sou ou pou byen w ? Se sa k fè ou dwe pran detèminasyon pou w kontinye mache avèk Bondye kèlkeswa sa k ta ka rive alavni. Nou ka gen asirans antanke Papa nou, Jewova ap toujou veye sou tout moun ki fidèl devan l yo. — Sòm 32:8 ; li Izayi 41:13.

[Nòt anba paj]

^ § 12 Byenke lèt sa yo se pou disip wen yo prensipalman, prensip ki ladan yo itil pou tout sèvitè Bondye yo.

^ § 16 Nou ka jwenn yon lòt egzanp anrapò ak direksyon Jewova bay nan Travay 16:6-10. Nan vèsè sa yo, nou wè “ Sentespri pa t’ kite ” Pòl ak moun ki te akonpaye l yo preche ann Azi ak nan Bitini. Depreferans, yo te jwenn lòd pou yo preche nan Masedwàn, yon kote ki te gen anpil moun enb ki te byen reyaji devan travay evanjelizasyon yo t ap fè a.

Èske w ka esplike ?

• Ki jan nou ka montre n ap “ mache byen ak Bondye ” ?

• Ki jan Jewova te montre li renmen Bawouk ?

• Antanke Chèf kongregasyon an, ki jan Jezi te montre li gen menm kalite ak Papa l ?

• Ki jan nou ka montre nou gen konfyans nan Bondye nan tan difisil sa yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 9]

Menm jan Jeremi te fè pou Bawouk, se konsa ansyen yo imite Jewova nan demontre yo enterese nan lòt moun.

[Foto nan paj 10]

Ki jan Jewova ka ban nou èd nan bon moman ?