Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Vrèmanvre, non sa a se non ki pi gran e ki pi sen an ”

“ Vrèmanvre, non sa a se non ki pi gran e ki pi sen an ”

“ Vrèmanvre, non sa a se non ki pi gran e ki pi sen an ”

Se Nicholas, moun vil Cusa, ki te di pawòl sa yo nan yon sèmon li te bay nan ane 1430 *. Se yon mesye ki te enterese nan anpil bagay. Pa egzanp, li te etidye Grèk, Ebre, filozofi, teyoloji, matematik ak astwonomi. Lè l te gen 22 an, li te vin gen yon doktora nan lwa ki gen nan legliz katolik women an. Nan ane 1448, yo te nome l kadinal.

Gen anviwon 550 an depi Nicholas Cusa te fonde yon mezon retrèt pou granmoun nan vil Kues. Vil sa a rele Bernkastel-Kues kounye a. Li twouve l nan yon distans anviwon 130 km nan sid vil Bonn, ann Almay. Aktyèlman, se bibliyotèk Cusa a ki nan kay sa a. Li gen 310 maniskri ladan l. Youn nan maniskri sa yo rele Kodèks Cusanus 220. Se ladan l nou jwenn sèmon Nicholas Cusa te fè nan ane 1430 lan. Nan sèmon sa a ki rele In principio erat verbum (Okòmansman Pawòl la te la), Nicholas Cusa sèvi ak Iehoua ki se fòm laten non Jewova a *. Nan paj 56 la, nou jwenn fraz nou pral site la a ki gen rapò ak non Bondye : “ Se Bondye ki bay tèt li non an. Se Tetragram nan, sètadi kat lèt ki reprezante non Bondye a [...]. Vrèmanvre, non sa a se non ki pi gran e ki pi sen an. ” Non Bondye parèt nan tèks orijinal Ekriti ebrayik yo. Deklarasyon Nicholas Cusa te fè a tonbe daplon ak sa. — Egz. 6:3.

Kodèks sa a, ki la depi nan kòmansman 15yèm syèk la, se youn nan dokiman ki pi ansyen ki egziste kote yo mete “ Iehoua ” pou yo tradui Tetragram nan. Se yon prèv anplis ki montre pandan plizyè syèk, pifò moun ki t ap tradui non Bondye te itilize diferan fòm non an ki sanble ak mo “ Jewova ” a.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Yo te konnen Nicholas Cusa tou sou plizyè lòt non tankou Nikolaus Cryfts (Krebs), Nicolaus Cusanus ak Nikolaus von Kues. Kues se non alman vil Cusa, yon vil ki ann Almay, e se la l te fèt.

^ § 3 Objektif sèmon sa a se te pou apiye doktrin Trinite a.

[Foto nan paj 16]

Bibliyotèk Cusa a.