Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou pa pèdi tan pou nou ede yo retounen !

Annou pa pèdi tan pou nou ede yo retounen !

Annou pa pèdi tan pou nou ede yo retounen !

“ Ki moun pou n’ al jwenn ? Se ou menm ki gen pawòl k’ap bay lavi ki p’ap janm fini an. ” — JAN 6:68.

1. Ki sa Pyè te di lè anpil nan moun ki t ap suiv Jezi yo te kite Jezi ?

YON lè, anpil nan moun ki t ap suiv Jezi Kris yo te rejte yon ansèyman li te bay e yo te kite l. Apre sa, li te poze apot li yo kesyon sa a : “ Nou menm, nou pa vle ale tou ? ” Men sa Pyè te reponn li : “ Seyè, ki moun pou n’ al jwenn ? Se ou menm ki gen pawòl k’ap bay lavi ki p’ap janm fini an. ” ​(Jan 6:51-69). Yo pa t gen okenn lòt kote pou y ale. Relijyon jidayis la pa t “ gen pawòl k’ap bay lavi ki p’ap janm fini an ”. E pa gen dout nan sa, jodi a, Gran Babilòn nan, anpi mondyal fo relijyon an, pa gen pawòl konsa tou. Se sa k fè, nenpòt moun ki kite twoupo Bondye a, men, ki ta renmen fè Jewova plezi, dwe ‘ leve soti nan dòmi ’ epi retounen nan twoupo a. — Wom. 13:11.

2. Ki sa nou ta dwe gen nan lespri nou anrapò ak bagay konfidansyèl, bagay se yon komite disiplin relijye ki ta dwe regle l ?

2 Jewova te demontre li enterese nan mouton ki te pèdi ann Izrayèl yo. (Li Ezekyèl 34:15, 16.) Menm jan an tou, ansyen yo dispoze ede mouton ki kite twoupo Bondye a e yo dwe fè sa. Si yo mande yon pwoklamatè pou l etidye ak yon moun ki inaktif ki bezwen èd, ki sa pwoklamatè sa a dwe fè si l aprann moun nan te fè yon peche grav ? Li pa ta dwe bay moun nan okenn konsèy sou yon bagay konfidansyèl li ta rakonte, yon bagay se yon komite disiplin relijye ki ta dwe regle l. Olye de sa, li ta dwe konseye l pale ak ansyen yo. Si moun nan pa fè sa, pwoklamatè a dwe fè ansyen yo konnen sitiyasyon an. — Lev. 5:1 ; Gal. 6:1.

3. Ki jan mesye ki te gen 100 mouton an te reyaji lè l te jwenn mouton l te pèdi a ?

3 Nan atik anvan an, nou te pale de yon egzanp Jezi te bay anrapò ak yon mesye ki te gen 100 mouton. Lè gen youn nan mouton l yo ki te pèdi, li te kite 99 lòt yo pou l al chèche grenn mouton ki te pèdi a. Se pa ti kontan mesye sa a te kontan lè l te jwenn mouton sa a (Lik 15:4-7) ! Nou menm tou, nou gen yon jwa konsa lè youn nan mouton Bondye yo ki te kite twoupo a retounen ladan l. Sandout, lanmou pouse ansyen yo ak lòt moun nan kongregasyon an vizite moun sa a ki inaktif la. Yo vizite l paske yo ta renmen pou l retounen nan twoupo a pou l jwenn èd Bondye, pwoteksyon l ak benediksyon l (Det. 33:27 ; Sòm 91:14 ; Pwo. 10:22). Si yo ta gen posiblite ede yon moun nan sans sa a, ki sa pou yo fè ?

4. Ki sa nou kapab konprann nan Galat 6:2, 5 ?

4 Petèt yo kapab ankouraje moun nan retounen nan kongregasyon an lè yo montre l Jewova renmen mouton l yo e li mande yo fè sèlman bagay yo ka fè. Pami bagay sa yo, gen li Labib, asiste reyinyon yo ak preche bon nouvèl Wayòm nan. Li ka bon pou yo li Galat 6:2, 5 avè l pou yo montre l antanke kretyen, youn kapab ede lòt pote fado yo, men, “ chak moun gen chay pa yo pou yo pote ”, sa vle di chak moun gen responsablite pa yo nan domèn espirityèl. Okenn moun pa ka fidèl devan Bondye pou nou.

Èske se “ traka lavi ” a ki fè yo vin inaktif ?

5, 6. a) Poukisa li enpòtan pou nou byen koute kretyen inaktif yo lè y ap di nou sa yo santi ? b) Ki jan ou kapab fè pou w ede inaktif yo wè frekante yo pa frekante pèp Bondye a pa nan avantaj yo ?

5 Pou ansyen yo ak lòt pwoklamatè ki gen matirite yo kapab ede kretyen parèy yo ki inaktif, yo bezwen byen koute yo lè y ap di sa yo santi. Annou sipoze ou se yon ansyen, w ap vizite yon koup marye ki vin inaktif akoz “ traka lavi ” a (Lik 21:34). Petèt se pwoblèm ekonomik ak responsablite familyal ki te fè yo vin ralanti sou aktivite espirityèl yo ofiramezi e yo te vin inaktif. Petèt yo ka di yo bezwen yon ti poz, men, ou ka montre yo solisyon an se pa kite kongregasyon. (Li Pwovèb 18:1.) Avèk tak, ou kapab poze yo kesyon sa yo : “ Èske nou santi nou gen plis kè kontan depi lè nou pa asiste reyinyon yo ? Èske lavi fanmi nou vin pi bon ? Èske nou santi n gen lajwa yon moun genyen lè l mete konfyans li nan Jewova ? ” — Ney. 8:10.

6 Lè nou reflechi sou kesyon sa yo avèk inaktif yo, sa ka ede yo wè se paske yo pa frekante kongregasyon an ki fè yo pèdi espirityalite yo ak kè kontan yo te genyen an (Mat. 5:3 ; Ebre 10:24, 25). Li ka menm posib pou w ede yo konprann yon rezon ki fè yo manke lajwa se paske yo pa preche bon nouvèl la ankò (Mat. 28:19, 20). Kidonk, ki sa li ta saj pou yo fè ?

7. Ki sa nou kapab ankouraje moun ki kite twoupo a fè ?

7 Men sa Jezi te di : “ Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou [...]. Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan ; konsa n’a gen fòs pou n’ chape anba tou sa ki gen pou rive. ” ​(Lik 21:34-36). Nou kapab ankouraje moun ki kite twoupo a priye pou yo jwenn lespri sen ak èd Bondye si yo vle rejwenn kè kontan yo te genyen lontan an. Nou kapab ankouraje yo tou pou yo aji ann amoni ak priyè yo fè. — Lik 11:13.

Èske se trebiche li te trebiche ?

8, 9. Ki jan yon ansyen ka rezone ak yon moun ki te trebiche ?

8 Piske nou enpafè, konn gen pwoblèm pèsonalite antre nou. E sa ka fè yon moun trebiche. Gen moun ki te trebiche paske yon moun yo respekte nan kongregasyon an te aji yon move fason. Si sa te afekte yon moun opwen li vin inaktif, ansyen k ap vizite l la kapab fè l konprann Jewova pa konn fè moun trebiche. Se sa k fè yon moun pa gen rezon pou l kraze relasyon li genyen ak Jewova e pou l kite pèp li a. Okontrè, li ta dwe kontinye sèvi Bondye e li ta dwe gen konfyans “ Bondye k’ap jije tout moun sou tè a ” konnen sa k rive a e li kapab rezoud pwoblèm nan (Jen. 18:25 ; Kol. 3:23-25). Si yon moun bite e li tonbe, li pap rete atè a nèt san l pa chèche leve.

9 Yon ansyen k ap fè efò pou l ede yon inaktif retounen nan twoupo a kapab esplike l, ofiramezi tan ap pase, gen moun ki konn vin wè sa k te fè yo trebiche a pa gen enpòtans ankò. An reyalite, sitiyasyon ki te fè yo sispann sèvi Bondye a ka pa menm egziste ankò. Si yon moun trebiche akoz yon disiplin yo te ba li, meditasyon ak lapriyè ka ede l wè swa li te vrèman antò, swa li te antò nan yon sèten degre. Sa ka ede l wè tou li pa t dwe kite disiplin sa a fè l trebiche. — Sòm 119:165 ; Ebre 12:5-13.

Èske li te gen pwoblèm ak yon ansèyman ki fè l vin inaktif ?

10, 11. Lè n ap chèche ede yon moun ki rejte yon esplikasyon yo bay sou yon ansèyman biblik, ki rezònman nou ka fè avè l ki kapab efikas ?

10 Gen moun ki ka kite twoupo Bondye a paske yo pa t dakò ak yon esplikasyon yo bay sou yon ansèyman ki nan Bib la. Bondye te delivre Izrayelit yo nan esklavaj ann Ejip, men, “ yo [te] bliye sa l’ te fè pou yo ” e yo “ pa t’ tann li fin fè pou yo sa l’ te gen nan lide l’ ” la (Sòm 106:13). Li ka bon pou nou fè yon moun ki inaktif sonje “ esklav fidèl ki prevwayan an ” ap ban nou bon kalite manje espirityèl (Mat. 24:45, NW). Se grasa li moun nan te aprann laverite. Kidonk, poukisa pou l pa ta pran detèminasyon pou l rekòmanse mache nan laverite ? — 2 Jan 4.

11 Lè yon ansyen ap fè efò pou l ede yon moun ki kite twoupo Bondye a, li ka pale l de disip ki te kite Jezi paske yo rejte youn nan ansèyman l yo (Jan 6:53, 66). Lefètke yo te kraze relasyon yo te genyen ak Kris e ak disip fidèl yo, yo te pèdi espirityalite yo ansanm ak kè kontan yo te genyen. Èske moun ki sispann frekante kongregasyon an jwenn yon lòt kote ki gen anpil manje espirityèl tankou kongregasyon kretyen an ? Non. Paske pa gen lòt kote konsa !

Èske se akoz yon peche grav ?

12, 13. Si yon moun ki te kite twoupo a fè konnen li te fè yon peche grav, ki jan yo kapab ede l ?

12 Gen moun ki sispann preche e ki sispann asiste reyinyon yo paske yo te komèt yon peche grav. Yo ka panse si yo di ansyen yo peche yo fè a, y ap eskominye yo. Poutan, yon bagay yo bezwen konnen, sèke yo pap mete yo deyò nan kongregasyon an si yo pa kontinye fè peche a e si yo repanti ak tout kè yo (2 Kor. 7:10, 11). Depreferans, y ap kontan akeyi yo nan kongregasyon an lè yo retounen ladan l, e ansyen yo ap ba yo èd yo bezwen nan domèn espirityèl.

13 Si w se yon pwoklamatè ki gen matirite e yo ba w ede yon moun ki inaktif, ki sa w ta dwe fè si l fè w konnen li te fè yon peche grav ? Jan nou te di sa anvan an, olye pou w antre pi fon nan sa l ap di w la, ankouraje l pou l al pale sa ak ansyen yo. Si l pa vle fè sa, w ap montre ou gen sousi pou non Jewova ak byennèt espirityèl kongregasyon an, si w aji ann amoni ak enstriksyon Bondye bay sou kesyon sa yo. (Li Levitik 5:1.) Ansyen yo konnen jan pou yo ede moun ki vle retounen nan twoupo a e ki vle viv ann akò ak volonte Bondye. Li ka nesesè pou yo bay moun nan disiplin avèk amou (Ebre 12:7-11). Si l rekonèt li te peche kont Bondye, li sispann fè peche a e li repanti toutbonvre, ansyen yo ap ede l e l ap ka jwenn padon nan men Jewova. — Iza. 1:18 ; 55:7 ; Jak 5:13-16.

Te gen lajwa lefètke yon pitit gason te retounen

14. Rakonte egzanp Jezi te bay sou pitit gason gaspiyè a ak pwòp mo pa w.

14 Moun yo bay ede yon mouton ki kite twoupo a ka pale l de egzanp Jezi te bay nan Lik 15:11-24 la. Nan parabòl sa a, yo pale de yon jenòm ki gaspiye yon eritaj li te genyen nan debòch. Finalman, li te vin rayi vi debòch li t ap mennen an. Li te tonbe nan grangou, li te sonje fanmi l e li te deside l ap tounen lakay li. Efektivman, li te tounen lakay li. Depi byen lwen, papa a wè l ap vini, li kouri al rankontre l, li pase men nan kou l e li anbrase l avèk tandrès. Papa a te kontan anpil. Si w reflechi sou egzanp sa a avèk yon moun ki te kite twoupo a, sa kapab ankouraje l retounen ladan l. Piske sistèm sa a pral detwi talè konsa, li ta dwe prese retounen nan kongregasyon an.

15. Poukisa gen moun ki kite kongregasyon an ?

15 Anpil moun ki kite kongregasyon an pa ale egzakteman menm jan ak pitit gason gaspiyè a. Gen moun ki ale tikras pa tikras tankou yon bato ki sou lanmè, epi dlo lanmè a rale l lwen rivaj la ofiramezi. Gen lòt moun ki vin tèlman gen tètchaje akoz traka yo genyen, yo neglije bagay espirityèl yo. Gen lòt tou ki trebiche akoz yon manm kongregasyon an oswa paske yo pa dakò ak yon ansèyman biblik. Gen kèk tou ki tonbe nan konduit ki pa ann akò ak Ekriti yo. Men, konsèy nou te bay pou chak ka sa yo ka pèmèt ou ede yon moun ki kite twoupo a pou youn nan rezon sa yo, oswa pou yon lòt rezon ankò, retounen nan twoupo a anvan twò ta bare l.

“ M kontan ou tounen, pitit gason m ! ”

16-18. a) Ki jan yon ansyen te ede yon frè ki te inaktif pandan lontan ? b) Ki sa k fè frè sa a te vin inaktif, ki jan yo te ede l e ki jan kongregasyon an te resevwa l ?

16 Gen yon ansyen ki te di : “ Kolèj ansyen nan kongregasyon nou an enterese anpil nan vizite moun ki inaktif yo. Mwen sonje yon frè mwen te etidye avè l e m te ede I konn laverite. Li te vin inaktif pandan 25 an e li te nan yon sitiyasyon ki te difisil anpil. Se sa k fè mwen te esplike l ki jan lè l aplike prensip biblik yo, sa kapab ede l. Kèk tan apre, li te kòmanse vin nan Sal Wayòm nan e li te dakò pou yo fè yon etid avè l yon fason pou l te ka jwenn èd pou l ranfòse detèminasyon l genyen pou l retounen nan twoupo a. ”

17 Ki sa k te fè frè sa a vin inaktif ? Men sa l di : “ Mwen te kòmanse bay bagay monn nan plis atansyon pase bagay espirityèl yo. Ansuit, mwen te sispann etidye, mwen te sispann patisipe nan ministè a e mwen te sispann asiste reyinyon yo. San m pa rann mwen kont mwen te sispann frekante kongregasyon an. Men, ansyen sa a te ede m retounen nan kongregasyon an grasa enterè sensè li te montre li gen pou mwen. ” Apre frè sa a te fin aksepte pou yo fè etid Labib, pwoblèm li yo te kòmanse diminye. Men sa l di ankò : “ Mwen vin wè sa m te manke nan lavi m, se lanmou ak direksyon nou jwenn nan men Jewova e nan òganizasyon l lan. ”

18 Ki jan yo te resevwa frè sa a nan kongregasyon an ? Men sa l di : “ Mwen santi m tankou pitit gason gaspiyè Jezi Kris te pale a. Men sa youn nan sè aje yo ki la depi 30 an e ki kenbe djanm nan laverite te di m : ‘ M kontan ou tounen, pitit gason m ! ’ Sa l te di m nan te vrèman touche kè m. Mwen te santi m vrèman lakay mwen. Mwen vrèman apresye lanmou ansyen sa a ansanm ak tout kongregasyon an te montre pou mwen, jan yo te kontan wè m, pasyans yo te montre anvè m ak jan yo enterese nan mwen. Lanmou yo gen pou Jewova ak lanmou yo gen pou pwochen yo te ede m anpil pou m retounen nan twoupo a. ”

Annou ankouraje yo pou yo aji san pèdi tan

19, 20. Ki jan nou kapab ankouraje moun ki inaktif yo pou yo retounen nan twoupo a san pèdi tan, e ki jan nou ka montre yo Bondye pa mande nou fè plis pase sa nou kapab fè ?

19 N ap viv nan dènye jou yo, e lafen sistèm ki la kounye a prèt pou rive. Se sa k fè nou bezwen ankouraje moun ki inaktif yo pou yo asiste reyinyon yo san pèdi tan. Fè yo sonje Satan ap chèche kraze relasyon yo genyen ak Bondye e l ap chèche fè yo konprann se lè yo kite vrè adorasyon an y ap jwenn soulajman anba fado y ap pote nan lavi a. Ba yo asirans se sèlman si yon moun se yon disip Jezi ki fidèl, li kapab rejwenn fòs. — Li Matye 11:28-30.

20 Fè moun ki inaktif yo sonje Bondye atann pou nou fè sa nou kapab fè. Lè yo t ap kritike Mari, yon sè Laza, poutèt li te vide yon luil pafen ki te koute chè sou tèt Jezi yon ti tan anvan Jezi te mouri, men sa Jezi te di : ‘ Kite l’ an repo. [...] Li fè sa l’ te kapab. ’ ​(Mak 14:6-8). Jezi te fè elòj tou pou vèv malerèz la ki te fè yon ti ofrann nan tanp lan. Vèv sa a tou te fè sa l te kapab (Lik 21:1-4). Pifò nan nou kapab asiste reyinyon yo e nou kapab patisipe nan travay preche bon nouvèl Wayòm nan. Grasa èd Jewova, gen anpil moun ki inaktif kounye a ki pral kapab reprann aktivite sa yo talè konsa.

21, 22. Ki asirans ou kapab bay moun ki retounen vin jwenn Jewova yo ?

21 Si gen mouton ki te kite twoupo a ki pè retounen pami frè yo, ou kapab fè yo sonje lajwa ki te genyen lè pitit gason gaspiyè a te retounen lakay li. Moun ki retounen nan kongregasyon an fè gen menm lajwa sa a ladan l. Ankouraje yo pou yo aji san pèdi tan pou yo montre yo opoze ak Dyab la e pou yo pwoche bò kote Bondye. — Jak 4:7, 8.

22 Kongregasyon an ap akeyi moun ki retounen vin jwenn Jewova yo ak kè kontan (Lam. 3:40). Pa gen dout nan sa, eksperyans yo te fè lontan nan sèvis Bondye a te fè yo jwenn anpil lajwa. Alavni, moun ki retounen nan twoupo Bondye a san pèdi tan pral jwenn yon pakèt benediksyon !

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan ou kapab ede yon kretyen ki trebiche e ki vin inaktif ?

• Ki rezònman nou kapab fè ak yon moun ki kite twoupo Bondye a paske li te gen pwennvi pèsonèl li sou yon ansèyman ?

• Ki jan nou ka rive ede yon moun ki ezite retounen nan kongregasyon an ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Lè yon kretyen parèy ou ki vin inaktif ap di sa l santi, se pou w pran san w pou w koute l.

[Foto nan paj 15]

Lè yon moun ki inaktif reflechi sou egzanp pitit gason gaspiyè Jezi te bay la, sa ka ede l retounen nan twoupo a.