Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Jak la ak nan liv Pyè yo

Pwen enteresan ki nan liv Jak la ak nan liv Pyè yo

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Jak la ak nan liv Pyè yo

PRÈSKE 30 an apre Pannkòt ane 33 epòk nou an, disip Jak, yon frè Jezi kot manman, te ekri “ douz tribi ” Izrayèl espirityèl la yon lèt (Jak 1:1, NW). Objektif Jak se te pou l ankouraje yo pou yo kenbe lafwa yo fèm e pou yo montre yo gen andirans nan eprèv yo t ap sibi yo. Li te ba yo konsèy tou pou l korije move sitiyasyon ki te egziste nan kongregasyon yo.

Yon ti tan anvan anperè women Newon te kòmanse kanpay pèsekisyon l lan kont kretyen yo nan ane 64 epòk nou an, apot Pyè te ekri kretyen yo premye lèt li a pou l ankouraje yo kenbe lafwa yo fèm. Li te ekri dezyèm lèt li a yon ti tan apre l te fin ekri premye a. Ladan l, li ankouraje kretyen yo pou yo obeyi Pawòl Bondye a e li avèti yo konsènan jou Jewova a. Vrèmanvre, nou kapab tire pwofi lè nou egzamine mesaj ki nan liv Jak la e nan liv Pyè yo. — Ebre 4:12.

SE MOUN KI “ MANDE ” BONDYE SAJÈS “ AK LAFWA ” BONDYE BAY SAJÈS

(Jak 1:1–5:20)

Men sa disip Jak ekri : “ Byennere moun ki kontinye andire eprèv, paske, lè l vin yon moun yo apwouve, l ap resevwa kouwòn lavi a ”. Se moun ki “ kontinye mande ” Jewova sajès “ ak lafwa ” Jewova ap bay sajès pou yo ka andire eprèv yo rankontre. — Jak 1:5-8, 12, NW.

Moun ki “ vin anseyan ” tou nan kongregasyon an bezwen gen lafwa ak sajès. Apre Jak fin pale konsènan lang nan ki se yon “ manm ki piti ” nan kò a men ki kapab “ sal tout kò a ” nèt, li bay avètisman kont yon seri tandans ki gen nan monn nan ki ka kraze relasyon yon moun genyen ak Bondye. Li te pale tou konsènan sa yon moun ki malad nan domèn espirityèl ka fè pou l rejwenn sante espirityèl li. — Jak 3:1, 5, 6 ; 5:14, 15, NW.

Kesyon biblik ak tout repons :

2:13 — Nan ki sans “ mizèrikòd pote laviktwa sou jijman ” ​(NW? Lè nou gen pou nou rann kont devan Bondye, li egzamine pou l wè si nou aji avèk mizèrikòd avèk lòt moun e li padone nou sou baz sakrifis Pitit li a, sètadi ranson an (Wom. 14:12). Èske se pa yon rezon ki fè nou dwe fè mizèrikòd vin yon kalite ki trèzenpòtan nan lavi nou ?

4:5 — Ki vèsè Jak site la a ? Jak pa site okenn vèsè la a. Sepandan, li posib pou pawòl enspire sa yo baze sou ide jeneral ki nan kèk vèsè tankou Jenèz 6:5 ; 8:21 ; Pwovèb 21:10 ak Galat 5:17.

5:20 — Yon “ moun ki fè yon pechè retounen sot nan move chemen l ye a ” ​(NW), nanm ki moun l ap sove anba lanmò ? Lè yon kretyen ede yon moun ki t ap fè sa ki mal sispann fè sa ki mal, li sove nanm moun sa a ki repanti a pou moun sa a pa mouri sou plan espirityèl, e petèt menm pou l pa detwi pou toutan. Konsa, moun ki ede moun ki t ap peche a ede l “ kouvri yon pakèt peche ” ​(NW).

Leson pou nou jodi a :

1:14, 15. Lè yon moun gen move dezi, se sa ki kapab fè li peche. Se sa k fè nou pa dwe kontinye reflechi sou move dezi nou genyen. Olye de sa, nou bezwen “ kontinye reflechi ” sou bagay k ap bati nou e nou bezwen ranpli lespri nou ak kè nou ak bagay sa yo. — Fil. 4:8, NW.

2:8, 9. Si yon moun “ nan paspouki ” ​(NW), l ap aji yon fason ki kontrè ak “ lwa wa a ” (NW) ki se lanmou. Se sa k fè vrè kretyen yo pa dwe nan paspouki.

2:14-26. Nou “ sove grasa lafwa ”, ‘ sa pa sot nan travay nou fè ’ ki gen rapò ak Lalwa Moyiz la oswa ki gen rapò ak sa nou fè antanke kretyen. Lafwa nou genyen an pa ta dwe nan bouch sèlman (Efe. 2:8, 9, NW ; Jan 3:16). Li ta dwe pouse nou aji ann amoni ak volonte Bondye.

3:13-17. Se sèten, “ sajès ki sot anwo a ” ​(NW) siperyè “ sa ki sot sou tè a, sa ki sot nan tandans lachè a, sa ki nan demon yo ” ​(NW). Nou dwe ‘ kontinye chèche sajès Bondye a menm jan nou ta chèche trezò ki kache ’. — Pwo. 2:1-5, NW.

3:18. “ Moun k ap fè lapè yo ap simen semans ” ​(NW) bon nouvèl Wayòm nan “ nan lapè ” ​(NW). Li enpòtan pou nou pasifik, pou nou pa moun ki awogan oswa moun ki renmen fè kont.

“ RETE SOLID NAN LAFWA ”

(1 Pyè 1:1–5:14)

Pyè fè kretyen parèy li yo sonje “ esperans ki vivan ” yo genyen an se pou y al viv nan syèl la. Li di yo : “ Nou menm, nou se ‘ yon ras yo chwazi, yon klas prèt k ap sèvi kòm wa, yon nasyon ki sen. ’ ” Apre li fin ba yo konsèy byen presi ki gen rapò ak soumisyon, men sa li di yo : “ Se pou nou tout gen menm panse, pou nou montre nou gen senpati, pou nou gen afeksyon pou frè yo, pou nou gen kè sansib, pou nou gen imilite. ” — 1 Pyè 1:3, 4 ; 2:9 ; 3:8, NW.

Lefètke ‘ lafen [sistèm juif la] te vin pi pre ’, Pyè te konseye frè yo pou yo ‘ gen bonsans, pou yo vijilan e pou yo pa neglije lapriyè ’. Apre sa li di yo : “ Kenbe tèt nou anplas. Se pou nou veyatif [...]. Kenbe tèt ak [Satan], rete solid nan lafwa. ” — 1 Pyè 4:7 ; 5:8, 9, NW.

Kesyon biblik ak tout repons :

3:20-22 — Ki jan batèm sove nou ? Li nesesè pou moun ki vle sove yo batize. Sepandan, se pa batèm nan poukont pa l k ap sove nou. Delivrans nou se “ grasa rezirèksyon Jezi Kris ” ​(NW). Yon kandida pou batèm dwe kwè li posib pou li sove sèlman paske Jezi te bay tèt li an sakrifis, li te resisite, li “ adwat Bondye ” ​(NW) e li gen tout otorite sou moun ki vivan ak sou moun ki mouri. Batèm moun gen ki lafwa nan Jezi Kris yo koresponn ak ‘ uit nanm ki te rive sove nan dlo a ’ ​(NW).

4:6 — Ki ‘ moun sa yo ki te mouri yo te anonse yo bon nouvèl la tou ’ ? Moun sa yo se moun ki ‘ te mouri nan fot yo ak nan peche yo ’, sètadi ki te mouri espirityèlman anvan yo te tande bon nouvèl la (Efe. 2:1, NW). Sepandan, apre yo fin met lafwa yo nan bon nouvèl la, yo vin “ viv ” ​(NW) sou plan espirityèl.

Leson pou nou jodi a :

1:7. Pou lafwa nou gen anpil valè, li dwe pase anba eprèv, sa vle di li dwe pase anba tès pou kalite l parèt. Vrèmanvre, yon lafwa solid konsa ap “ fè nanm nan rete vivan ”. (Ebre 10:39.) Lè lafwa nou jwenn eprèv, nou dwe kenbe fèm.

1:10-12. Zanj yo te vle egzamine verite espirityèl pwofon pwofèt Bondye nan tan lontan yo te ekri konsènan kongregasyon kretyen wen yo e yo te vle konprann yo. Sepandan, verite sa yo te vin klè sèlman lè Jewova te kòmanse itilize kongregasyon sa a (Efe. 3:10). Èske nou pa ta dwe fè efò pou nou fouye “ bagay pwofon Bondye yo ” menm jan ak zanj yo ? — 1 Kor. 2:10, NW.

2:21. Menm jan ak modèl nou an, Jezi Kris, nou ta dwe dispoze soufri jiska lamò pou nou soutni souvrènte Jewova.

5:6, 7. Lè nou lage enkyetid nou sou Jewova, li ede nou kontinye mete vrè adorasyon an nan premye plas nan lavi nou olye pou n ap enkyete nou depase limit konsènan sa demen ap pote. — Mat. 6:33, 34.

“ JOU JEWOVA A AP VINI ”

(2 Pyè 1:1–3:18)

Men sa Pyè ekri : “ Se pa t janm volonte lòm ki fè vin gen pwofesi, men yon seri moun te pale pawòl ki soti nan Bondye, pandan lespri sen t ap gide yo. ” Lè nou suiv pwofesi ki nan Pawòl Bondye a, sa kapab pwoteje nou kont “ fo anseyan ” e kont lòt moun ki kapab kòwonp nou. — 2 Pyè 1:21 ; 2:1-3, NW.

Men avètisman Pyè bay : “ Nan dènye jou yo, ap gen mokè k ap moke nou, y ap aji selon dezi pa yo. ” Sepandan, li te di : “ Jou Jewova a ap vini tankou yon vòlè. ” Pyè fini lèt li a avèk bon konsèy pou moun k ap “ tann jou Jewova a ”. — 2 Pyè 3:3, 10-12, NW.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:19 — Kiyès ki “ etwal dimanten ” an (NW), ki lè l leve, e ki jan nou fè konnen sa fèt deja ? “ Etwal dimaten ” an se Jezi Kris lè l rive nan pouvwa l antanke Wa nan Wayòm Bondye a (Rev. 22:16). An 1914, Jezi te leve antanke Wa devan tout kreyasyon an, konsa li te anonse yon nouvo jou ki kòmanse. Transfigirasyon Jezi a te montre davans glwa li t apral genyen lè li ta resevwa pouvwa antanke Wa. Li montre nou kapab fè pwofesi Bondye bay nan Pawòl li a konfyans. Lè nou egzamine pwofesi sa yo, yo klere kè nou e yo fè nou konnen “ etwal dimaten ” an leve deja.

2:4 — Ki sa “ Tata ” ​(NW) a ye, e ki lè yo te voye zanj rebèl yo ladan l ? Tata se yon sitiyasyon ki konparab ak sitiyasyon moun ki nan prizonye. Se zanj sèlman yo voye la, yo pa voye moun la. Zanj ki ladan l yo nan yon fènwa pwès kote yo pa konn anyen sou bèl objektif Jewova genyen yo, ni yo pa gen okenn espwa pou lavni. Bondye te voye zanj dezobeyisan yo nan Tata nan epòk Noye a. Y ap rete nan sitiyasyon imilyan sa a, jiskaske jou a rive pou yo jwenn destriksyon yo.

3:17 — De ki sa Pyè t ap pale lè l te di “ nou konn sa davans ” ​(NW? Pyè t ap pale de konesans li te genyen alavans sou evènman ki te gen pou fèt alvni, konesans li menm ak lòt ekriven biblik te vin genyen paske Bondye te enspire yo. Lefètke konesans kretyen yo te genyen an pa t san limit, li pa t fè yo konnen tout detay sou evènman ki te gen pou fèt alavni yo. Se sèlman yon ide jeneral yo te vin genyen sou sa yo te kapab atann ki pral fèt.

Leson pou nou jodi a :

1:2, 5-7. Lè nou fè efò pou nou kiltive kalite tankou lafwa, andirans atachman pou Bondye, nonsèlman sa ap ede nou gen plis “ konesans egzak sou Bondye e sou Jezi ” ​(NW), men tou, sa ‘ ap anpeche nou rete san nou pa fè anyen oswa san nou pa pwodui anrapò ak konesans ’ sa a. — 2 Pyè 1:8, (NW).

1:12-15. Pou nou “ kanpe fèm nan verite ” a, n ap toujou bezwen rapèl, tankou rapèl nou resevwa lè nou asiste reyinyon kongregasyon yo, lè nou fè etid pèsonèl nou e lè nou li Labib.

2:2. Nou ta dwe fè atansyon pou konduit nou pa fè moun pale ni Jewova ni òganizasyon l lan mal. — Wom. 2:24.

2:4-9. Lè nou konsidere sa Jewova te fè nan tan lontan, nou kapab sèten li “ konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou li yo anba eprèv, men, moun ki enjis yo, li konnen ki jan pou l rezève yo pou jou jijman an pou l elimine yo ” ​(NW).

2:10-13. Byenke “ moun ki onorab yo ” ​(NW), sètadi ansyen yo, enpafè e yo kapab fè erè pafwa, nou pa dwe pale yo mal. — Ebre 13:7, 17.

3:2-4, 12. Lè nou byen egzamine ‘ pawòl pwofèt ki sen yo te deja di yo ak kòmandman Seyè a, Sovè a ’ ​(NW), sa ap ede nou rete konsantre sou jou Jewova a ki toupre.

3:11-14. Antanke moun ‘ k ap tann prezans jou Jewova a e ki toujou kenbe l nan lespri nou ’ ​(NW), 1) se pou nou “ gen yon konduit ki sen ” ​(NW), sa vle di pou nou rete pwòp fizikman, mantalman, moralman ak espiriyèlman, 2) se pou nou fè anpil aksyon ki montre nou “ gen atachman pou Bondye ” ​(NW), tankou preche bon nouvèl Wayòm nan epi fè disip, 3) se pou konduit nou ak pèsonalite nou rete “ san tach ”(NW), san nou pa kite monn nan kòwonp yo, 4) se pou nou “ san defo ”, pou nou gen bon mobil nan tout sa n ap fè e 5) se pou nou anpè ni ak Bondye, ni ak kretyen parèy nou, ni ak pwochen nou an jeneral.