Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou apresye wòl san parèy Jezi jwe nan objektif Bondye a

Annou apresye wòl san parèy Jezi jwe nan objektif Bondye a

Annou apresye wòl san parèy Jezi jwe nan objektif Bondye a

“ Mwen se chemen an, mwen se verite a, mwen se lavi a. Pèsonn pa ka ale kote Papa a, si li pa pase pa mwen menm. ” — JAN 14:6, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.

1, 2. Poukisa nou ta dwe enterese egzamine wòl san parèy Jezi jwe nan objektif Bondye a ?

DEPI lontan, anpil moun toujou fè gwo efò pou yo diferan parapò ak lòt moun ki bò kote yo, men se pa anpil nan yo ki reyisi. Gen mwens moun toujou ki kapab di pa gen tankou yo. Poutan, Jezi Kris, Pitit Bondye a, se yon moun ki san parèy nan anpil sans.

2 Ki sa k fè wòl san parèy Jezi jwe a ta dwe enterese nou ? Se paske wòl sa a gen rapò ak relasyon nou genyen avèk Jewova, Papa nou ki nan syèl la. Men sa Jezi te di : “ Mwen se chemen an, mwen se verite a, mwen se lavi a. Pèsonn pa ka ale kote Papa a, si li pa pase pa mwen menm. ” ​(Jan 14:6, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman ; 17:3). Annou egzamine kèk domèn kote Jezi san parèy. Konsa, n ap vin konprann wòl li jwe nan objektif Bondye a pi byen e n ap apresye wòl sa a plis.

“ Sèl Pitit Bondye fè a ”

3, 4. a) Sa k fè nou ka di Jezi pa gen parèy antanke sèl Pitit Bondye fè a ? b) Nan ki sans wòl Jezi te jwe nan kreyasyon an se yon wòl san parèy ?

3 Jezi pa senpleman “ yon pitit Bondye ”, jan Satan te di sa lè l t ap tante l la (Mat. 4:3, 6, NW). Avèk rezon, yo rele Jezi “ sèl Pitit Bondye fè a ”. (Jan 3:16, 18, NW.) Ekspresyon grèk yo mete “ sèl [Pitit Bondye] fè a ” pou yo tradui l la, se yon ekspresyon ki siyifi “ poukont li nan yon kategori, li menm sèl ” oswa “ san parèy ”. Jewova gen plizyè santèn milyon pitit espirityèl. Nan ka sa a, nan ki sans se Jezi ki “ poukont li nan yon kategori ” ?

4 Jezi san parèy nan sans se sèl li menm Papa l te kreye dirèkteman. Li se premye pitit. Anfèt, “ se li ki fèt an premye nan tout kreyasyon an ”. (Kol. 1:15, NW.) Li se “ kòmansman kreyasyon Bondye a ”. (Rev. 3:14, NW.) Sèl Pitit sa a Bondye te fè a te jwe yon wòl san parèy nan kreyasyon an tou. Se pa li ki Kreyatè a, sa vle di se pa li ki sous kreyasyon an. Men, Jewova te sèvi avè l pou l kreye tout lòt bagay. (Li Jan 1:3.) Men sa apot Pòl te ekri : “ Se yon sèl Bondye ki genyen : se Papa a. Se li ki fè tout bagay, e se pou li nou ye. E, se yon sèl Senyè ki genyen : se Jezi Kris. Se grasa li tout bagay fèt, e se grasa li nou fèt. ” — 1 Kor. 8:6, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.

5. Ki jan Ekriti yo montre Jezi san parèy nan plizyè sans ankò ?

5 Jezi pa gen parèy nan anpil lòt sans ankò. Ekriti yo ba li anpil tit ki montre wòl san parèy li jwe nan objektif Bondye. Annou egzamine senk lòt tit yo ba li nan Ekriti grèk kretyen yo *.

“ Pawòl la ”

6. Sa k fè li apwopriye pou yo rele Jezi “ Pawòl la ” ?

6 Li Jan 1:14. Poukisa yo rele Jezi “ Pawòl la ” oswa Logos nan lang grèk la ? Tit sa a fè nou konnen yon fonksyon li te ranpli depi apre yo te fin kreye lòt kreyati entèlijan yo. Jewova te sèvi ak Pitit li a pou l bay lòt kreyati espirityèl yo enfòmasyon ak enstriksyon, e li te menm konn sèvi avè l pou l pote mesaj li yo bay lèzòm sou tè a. Pawòl Jezi te di Juif ki t ap koute l yo montre aklè li se Pawòl la, sètadi Pòtpawòl Bondye a. Men sa l te di yo : “ Bagay m’ap moutre nou la a, se pa nan mwen yo soti. Yo soti nan Bondye ki voye m’ lan. Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m’ap moutre yo soti nan Bondye osinon si se pawòl pa m’ m’ap pale. ” ​(Jan 7:16, 17). Jezi kontinye gen tit “ Pawòl Bondye a ” menm apre l fin retounen nan laglwa l te gen nan syèl la. — Rev. 19:11, 13, 16.

7. Ki jan nou ka imite imilite Jezi te demontre nan wòl li jwe antanke “ Pawòl la ” ?

7 Fè yon ti reflechi sou sa tit sa a montre konsènan Jezi. Malgre se li ki pi saj nan tout kreyati Jewova fè yo, li pa konte sou pwòp sajès pa l. Li fè konnen se Papa l ki ba l enstriksyon. Se sou Jewova li toujou atire atansyon, se pa sou tèt li (Jan 12:50). Ala yon bèl egzanp pou nou imite ! Nou menm tou, Bondye ban nou yon gwo privilèj pou nou “ pote yon bon nouvèl ” la bay moun yo (Wom. 10:15). Lè nou konprann bèl egzanp imilite Jezi kite pou nou an, sa ta dwe pouse nou evite pale selon nou menm. Lè n ap bay mesaj ki nan Ekriti yo ki bay lavi a, nou pap “ ale pi lwen pase sa ki ekri ”. — 1 Kor. 4:6, NW.

“ Amèn nan ”

8, 9. a) Ki sa mo “ amèn ” nan vle di, e poukisa yo rele Jezi “ Amèn nan ” ? b) Ki jan Jezi te ranpli wòl li antanke “ Amèn nan ” ?

8 Li Revelasyon 3:14. Poukisa yo rele Jezi “ Amèn nan ” ​(NW) ? Mo yo mete “ amèn ” pou yo tradui l la se yon transliterasyon, sa vle di se mo lang ebre a menm yo mete nan alfabè kreyòl la. E mo sa a vle di “ se pou sa fèt konsa ” oswa “ sètènman ”. Li soti nan yon mo ebre ki vle di “ fidèl ” oswa “ merite konfyans ”. Yo itilize menm mo sa a pou yo pale de fidelite Jewova (Det. 7:9 ; Iza. 49:7). Kidonk, nan ki sans Jezi san parèy lè yo pale de li kòm “ Amèn nan ” ? Gade ki repons 2 Korentyen 1:19, 20 (NW) bay : ‘ Pitit Bondye a, Jezi Kris, yo te preche nou an, pa t tounen Wi pou l vin tounen Non. Nan ka pa l, Wi vin tounen Wi. Paske kèlkeswa kantite pwomès Bondye fè, yo vin tounen Wi pa mwayen li. Kidonk, se grasa li yo di Bondye Amèn pou laglwa. ’

9 Jezi jwe wòl “ Amèn ” pou tout pwomès Bondye yo. Lavi san defo li te mennen sou tè a, san wete lanmò l ki se yon sakrifis, fè li vin posib pou tout pwomès Jewova Dye yo akonpli toutbonvre. Rete Jezi te rete fidèl la pwouve tou akizasyon Satan nou jwenn nan liv Jòb la se yon fo akizasyon. Satan te fè konprann sèvitè Jewova yo t ap nye L depi yo ta nan bezwen, yo ta nan soufrans e yo ta nan eprèv (Jòb 1:6-12 ; 2:2-7). Pami tout kreyati Bondye yo, se sèl premye Pitit la ki ta ka bay pi bon repons pou akizasyon sa a. Mete sou sa, Jezi te bay pi bèl prèv la pou soutni Papa l nan reponn pi gwo kesyon anrapò ak dwa Jewova genyen antanke Souvren tout linivè a.

10. Ki jan nou ka imite Jezi ki jwe yon wòl san parèy antanke “ Amèn nan ” ?

10 Ki jan nou ka imite Jezi ki jwe yon wòl san parèy antanke “ Amèn nan ” ? Se lè nou rete fidèl ak Jewova e nou soutni souvrènte inivèsèl li a. Lè nou fè sa, n ap byen reyaji devan konsèy nou jwenn nan Pwovèb 27:11 lan ki di : “ Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m’ kontan. Konsa, m’a ka reponn moun k’ap kritike m’ ” nan.

“ Medyatè yon nouvo alyans ”

11, 12. Ki jan wòl Jezi jwe antanke Medyatè a se yon wòl san parèy ?

11 Li 1 Timote 2:5, 6. Jezi se “ sèl medyatè ki genyen ant Bondye ak lèzòm ”. Li se “ medyatè yon nouvo alyans ”. (Ebre 9:15 ; 12:24, NW.) Men, yo pale de Moyiz tou antanke medyatè alyans Lalwa a (Gal. 3:19). Kidonk, nan ki sans wòl Jezi jwe antanke Medyatè a san parèy ?

12 Mo orijinal yo mete “ medyatè ” pou yo tradui l la, se yon mo ki gen rapò ak lalwa. Li montre Jezi se Medyatè legal (oswa, nan yon sans, avoka) nouvo alyans lan ki fè “ Izrayèl Bondye a ”, yon nouvo nasyon, vin egziste (Gal. 6:16, NW). Nasyon sa a gen ladan l kretyen ki wen ak lespri yo. Se yo menm ki se “ yon klas prèt k ap sèvi kòm wa ” nan syèl la (1 Pyè 2:9, NW ; Egz. 19:6). Alyans Lalwa a, ki te gen Moyiz kòm medyatè l, pa t kapab pwodui yon nasyon konsa.

13. Ki sa wòl Jezi jwe antanke Medyatè a gen ladan l ?

13 Ki sa wòl Jezi jwe antanke Medyatè a gen ladan l ? Jewova te aplike valè san Jezi genyen an pou moun ki vin fè pati nouvo alyans lan. Konsa, yon fason legal, li konsidere yo kòm moun ki jis (Wom. 3:24 ; Ebre 9:15). Lè sa a, li vin kapab konsidere yo kòm moun ki merite antre nan nouvo alyans lan. Li te fè sa nan objektif pou yo vin wa ak prèt nan syèl la. Antanke Medyatè yo, Jezi ede yo rete pwòp devan Bondye. — Ebre 2:16.

14. Poukisa tout kretyen ta dwe vrèman apresye wòl Jezi jwe antanke Medyatè a, kèlkeswa esperans yo genyen ?

14 E moun ki pa fè pati nouvo alyans lan, ki pa pral viv nan syèl la e ki gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan, ki jan alyans sa a ede yo ? Byenke yo pa fè pati nouvo alyans lan, yo jwenn byenfè grasa li. Bondye padone peche yo e li deklare yo jis antanke zanmi l (Jak 2:23 ; 1 Jan 2:1, 2). Kit nou gen esperans pou n al viv nan syèl la, kit nou gen esperans pou nou viv sou tè a, nou tout gen bonjan rezon pou nou apresye wòl Jezi jwe antanke Medyatè nouvo alyans lan.

Gran Prèt

15. Kòman wòl Jezi jwe antanke Gran Prèt la diferan parapò ak wòl tout lòt gran prèt yo te jwe ?

15 Nan tan lontan, te gen anpil gason ki te sèvi kòm gran prèt, poutan wòl Jezi jwe antanke Gran Prèt la vrèman san parèy. Kòman sa ? Men sa Pòl esplike : “ Li pa bezwen ap ofri chak jou yon bann bèt pou yo touye pou peche pa l’ yo anvan, epi pou peche pèp la apre sa. Li pa nan sa li menm. Li fè yon sèl ofrann fini ak sa lè li te ofri tèt li a. Dapre lalwa Moyiz la, se moun ki poko bon nèt [“ ki gen feblès ”, NW] yo te mete sèvi granprèt. Men, dapre pawòl sèman Bondye a, pawòl ki vin lontan apre lalwa a, moun Bondye mete granprèt la, se Pitit li a ki te vin bon nèt [“ ki pafè ”, NW] sou tout pwen pou tout tan. ” — Ebre 7:27, 28 *.

16. Poukisa sakrifis Jezi a se yon sakrifis ki vrèman san parèy ?

16 Jezi te yon moun pafè, li te egzakteman menm jan Adan te ye anvan Adan te peche (1 Kor. 15:45). Antanke moun pafè, Jezi se sèl moun sou tè a ki te kapab ofri yon sakrifis ki pafè, ki konplè, yon sakrifis yo pa t ap bezwen fè ankò. Sou Lalwa Moyiz la, se chak jou yo te konn ofri sakrifis. Kidonk, tout sakrifis sa yo ak tout sèvis prèt yo te konn fè se te yon senp lonbray sa Jezi te gen pou l akonpli (Ebre 8:5 ; 10:1). Konsa, piske Jezi kapab akonpli plis bagay lontan pase sa tout lòt gran prèt yo te ka akonpli e piske l ap sèvi nètale antanke Gran Prèt, wòl li genyen kòm Gran Prèt la san parèy.

17. Poukisa nou dwe gen rekonesans pou wòl Jezi jwe antanke Gran Prèt la, e kòman nou ka montre sa ?

17 Nou bezwen èd Jezi antanke Gran Prèt pou Bondye kapab konsidere nou kòm moun ki jis. Ala yon kokenn Gran Prèt nou genyen ! “ Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pa t’ janm fè okenn peche. ” ​(Ebre 4:15). Vrèman, si nou konn sa e si nou gen rekonesans pou sa, sa ap pouse nou pou nou ‘ pa viv pou tèt nou ankò, men pou moun ki te mouri pou nou an ’. — 2 Kor. 5:14, 15 ; Lik 9:23.

“ Desandans ” yo te anonse a

18. Ki pwofesi Bondye te bay apre Adan te fin peche, e ki sa Bib la te vin revele konsènan pwofesi sa a ?

18 Nan jaden Edenn nan, lè limanite sanble te pèdi tout bagay, sètadi bonjan relasyon avèk Bondye, lavi etènèl, kè kontan ak paradi a, Jewova Dye te predi li t ap bay yon Sovè. Li te pale de Sovè sa a kòm “ desandans ” lan (Jen. 3:15, NW). Pandan plizyè syèk, se de desandans sa a yon kantite pwofesi biblik te pale. Li t ap desandan Abraram, Izarak ak Jakòb. Li te gen pou l soti nan fanmi David tou. — Jen. 21:12 ; 22:16-18 ; 28:14 ; 2 Sam. 7:12-16.

19, 20. a) Ki moun ki desandans yo te pwomèt la ? b) Sa k fè nou ka di apa Jezi gen lòt moun ki fè pati desandans yo te anonse a ?

19 Ki moun desandans sa a yo te pwomèt la ye ? Nou jwenn repons kesyon sa a nan Galat 3:16. (Li l.) Men, pi devan nan menm chapit sa a, men sa apot Pòl di kretyen wen yo ankò : “ Si ou se moun Kris la, enben ou se pitit pitit [“ desandans ”, NW] Abraram. Ou gen pou resevwa eritaj Bondye te pwomèt la. ” ​(Gal. 3:29). Piske Kris se desandans yo te pwomèt la, kòman fè gen lòt moun ki vin fè pati desandans sa a ansanm ak li ?

20 Gen plizyè milyon moun ki fè konprann yo se desandans Abraram. Genyen menm ki aji kòm pwofèt. Gen kèk relijyon ki fè konprann pwofèt yo genyen yo se desandans Abraram, e sa gen anpil enpòtans pou yo. Men, èske tout moun sa yo se desandans yo te pwomèt la ? Non. Apot Pòl, ki te anba enspirasyon, montre se pa tout desandan Abraram ki ka di yo se desandans yo te pwomèt la. Jewova pa t sèvi ak desandan lòt pitit Abraram yo pou l beni limanite. Desandans ki t ap gen pou bay benediksyon an t ap soti nan Izarak sèlman (Ebre 11:18). Finalman, Bib la montre nou se sèlman yon gason, Jezi Kris, ki soti nan fanmi Abraram, ki prensipal desandans yo te pwomèt la *. Tout lòt moun ki vin fòme pati segondè desandans Abraram nan vin fè pati desandans lan paske yo “ se moun Kris la ”. Wi, wòl Jezi jwe nan akonpli pwofesi sa a se yon wòl ki vrèman san parèy.

21. Ki sa ou apresye nan fason Jezi jwe wòl san parèy li genyen nan objektif Jewova a ?

21 Ki sa ti analiz sa a nou sot fè sou wòl san parèy Jezi jwe nan objektif Jewova genyen an aprann nou ? Depi lè Bondye te fin kreye sèl Pitit li a, Pitit sa a toujou san parèy. Se li sèl ki nan kategori l la. Men, sèl Pitit Bondye sa a yo te vin konnen kòm Jezi a te toujou aji ann amoni ak volonte Papa l e li pa t janm chèche glwa pou tèt li (Jan 5:41 ; 8:50). Ala yon bèl egzanp li kite pou nou jodi a ! Menm jan ak Jezi, se pou nou fikse objektif pou nou “ fè [...] tout [bagay] pou glwa Bondye ”. — 1 Kor. 10:31, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Gen kèk nan tit sa yo ki parèt avèk atik defini grèk la. Selon yon biblis, atik la montre, “ nan yon sans ”, moun ki gen tit la “ nan yon kategori poukont li ”.

^ § 15 Selon yon biblis, mo lè yo tradui l ki bay ekspresyon “ fini ak sa ” a gen yon ide enpòtan ladan l ki “ fè konprann Kris te mouri toutbonvre e lanmò sa a san parèy ”.

^ § 20 Menm lè Juif yo nan premye syèk la te panse se yo menm, antanke desandan Abraram, ki te pèp Bondye chwazi a, yo te kanmenm ap tann yon moun ki pou vini antanke Mesi a, sètadi Kris la. — Jan 1:25 ; 7:41, 42 ; 8:39-41.

Èske nou sonje ?

• Apati diferan tit yo bay Jezi yo, ki sa w te aprann konsènan wòl san parèy li jwe a ? (Gade kare a.)

• Ki jan w ka imite egzanp sèl Pitit Jewova a ki san parèy ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 15]

Kèk nan tit Jezi genyen yo ki montre wòl san parèy li jwe nan objektif Bondye a

Sèl Pitit Bondye fè a (Jan 1:3). Jezi se sèl kreyati Papa l te fè dirèkteman.

Pawòl la (Jan 1:14). Jewova sèvi ak Pitit li a kòm yon Pòtpawòl pou l bay lòt kreyati yo enfòmasyon ak enstriksyon.

Amèn nan (Rev. 3:14). Fason Jezi te viv sou tè a ki te san repwòch, ki gen ladan l lanmò l ki se yon sakrifis, ban nou garanti tout pwomès Jewova Dye yo ap reyalize e li fè li posib pou yo reyalize.

Medyatè nouvo alyans lan (1 Tim. 2: 5, 6). Se grasa Jezi, antanke Medyatè legal, yon nouvo nasyon te pran nesans. Nouvo nasyon sa a se “ Izrayèl Bondye a ”, ki gen ladan l kretyen ki pral fòme “ yon klas prèt k ap sèvi kòm wa ” nan syèl la. — Gal. 6:16 ; 1 Pyè 2:9, NW.

Gran Prèt la (Ebre 7:27, 28). Sèl moun sou tè a ki te kapab ofri yon sakrifis ki pafè, yon sakrifis yo pap janm bezwen ofri ankò, se Jezi. Li ka lave peche nou yo e li ka libere nou anba konsekans peche a ki se lanmò.

Desandans yo te pwomèt la (Jen. 3:15). Se yon sèl moun ki pati prensipal desandans yo te anonse ki te gen pou vini an. Moun sa a se Jezi Kris. Tout lòt moun ki vin tounen pati segondè desandans Abraram nan annapre “ se moun Kris ” yo ye. — Gal. 3:29.