Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou detèmine pou nou bay yon temwayaj konplè

Annou detèmine pou nou bay yon temwayaj konplè

Annou detèmine pou nou bay yon temwayaj konplè

“ Li te òdone nou tou pou nou preche pèp la e pou nou bay yon temwayaj konplè. ” — TRA. 10:42, NW.

1. Lè Pyè t ap pale ak Kònèy la, sou ki misyon li te mete aksan ?

YON ofisye nan lame italyen an te rasanble fanmi l ak zanmi l pou yon evènman ki te pote yon kokenn chanjman nan relasyon ki te egziste ant Bondye ak lèzòm. Ofisye sa a ki te gen lakrentif pou Bondye te rele Kònèy. Apot Pyè te fè gwoup moun sa a konnen apot yo te jwenn lòd pou yo ‘ preche pèp la e pou yo bay yon temwayaj konplè ’ konsènan Jezi. Temwayaj Pyè a te bay anpil bèl rezilta. Moun ki pa t Juif e ki pa t sikonsi yo te resevwa lespri Bondye, yo te batize e yo te vin gen posiblite pou yo vin wa avèk Jezi nan syèl la. Ala yon bèl rezilta Pyè te jwenn lefètke li te bay temwayaj konplè nan okazyon sa a. — Tra. 10:22, 34-48.

2. Kòman nou fè konnen se pa 12 apot yo sèlman ki te gen misyon pou yo bay temwayaj ?

2 Pyè te bay temwayaj sa a nan ane 36 epòk nou an. Anviwon dezan anvan sa, gen yon moun ki te opoze ak kretyen yo anpil ki te viv yon eksperyans ki te chanje lavi l. Moun sa a se te Sol, moun Tas. Li te sou wout pou l al Damas lè Jezi te fè l wè glwa l e li te di l : “ Antre lavil la. Se la y’a di ou sa ou gen pou fè. ” Jezi te bay Anànyas, yon disip li, asirans Sol t ap gen pou l bay “ moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la ” temwayaj. (Li Travay 9:3-6, 13-20.) Lè Anànyas t al jwenn Sol, men sa l te di l : “ Bondye zansèt nou yo chwazi ou [...]. Paske, devan tout moun, ou va yon temwen pou li. ” ​(Tra. 22:12-16 ; Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Èske Sol, yo te vin konnen sou non Pòl annapre, te pran misyon li te genyen pou l bay temwayaj la oserye ?

Li te bay yon temwayaj konplè

3. a) Sou ki sa n ap plis konsantre nou kounye a ? b) Ki jan ansyen Efèz yo te reyaji lè yo te resevwa mesaj Pòl te voye ba yo a, e ki bèl egzanp yo kite pou nou ?

3 Li t ap vrèman enteresan pou nou etidye an detay tout sa Pòl te fè apre sa, men pou kounye a, annou konsantre nou sou yon diskou ki nan chapit 20 liv Travay la, yon diskou li te bay nan zòn ane 56 epòk nou an. Pòl te bay diskou sa a prèske nan fen twazyèm vwayaj misyonè l la. Lè l te rive Milè, yon waf nan lanmè Eje, li te voye chèche ansyen ki te nan kongregasyon Efèz la. Gen anviwon 50 kilomèt ki separe Efèz ak Milè, men, vwayaj la te pi long toujou paske wout yo te gen yon bann koub ladan yo. Nou ka imajine ki jan ansyen Efèz yo dwe te kontan lè yo te resevwa mesaj Pòl te voye ba yo a. (Konpare ak Pwovèb 10:28.) Sepandan, yo te gen pou yo fè kèk aranjman pou yo te ka fè vwayaj la pou y al Milè. Petèt kèk ladan yo te oblije pran konje nan travay yo oswa yo te oblije fèmen biznis yo. Jodi a, anpil kretyen fè menm bagay la yon fason pou yo pa manke menm yon sesyon nan kongrè distri yo ki fèt chak ane.

4. Ki sa Pòl te fè pandan kèk ane li te pase Efèz yo ?

4 Ki sa w panse Pòl te fè pandan twa oswa kat jou li te pase Milè ap tann ansyen yo ? Si se te ou, ki sa w t ap fè ? (Konpare ak Travay 17:16, 17.) Pawòl Pòl te di ansyen Efèz yo ban nou yon ti limyè sou kesyon an. Li te pale konsènan fason l ap viv depi kèk ane, san wete lè l te vin Efèz anvan sa. (Li Travay 20:18-21.) Avèk asirans, li te di : “ Nou byen konnen ki jan, depi premye jou mwen te mete pye m nan distri Azi a [...], m te bay yon temwayaj konplè. ” ​(NW) Wi, Pòl te detèmine pou l akonpli misyon Jezi te ba li a. Ki jan l te fè sa nan Efèz ? Youn nan fason li te fè sa, se lè li t al kote li te konnen li t ap jwenn anpil Juif pou l preche. Lik fè konnen lè Pòl te Efèz nan zòn ane 52-55 epòk nou an, li te ‘ pale nan sinagòg la avèk anpil konviksyon ’. Lè Juif yo te kòmanse ‘ fè tèt di e yo te refize kwè ’, Pòl t al preche lòt moun. Li te chanje zòn, men li te rete nan vil la. Konsa, li te bay ni Juif ni Grèk ki te nan gwo vil sa a temwayaj. — Tra. 19:1, 8, 9.

5, 6. Ki sa k fè nou sèten lè Pòl te preche kay an kay la, se enkwayan l te preche ?

5 Antretan, kèk nan moun ki te vin kretyen yo te vin kalifye pou yo vin ansyen, e se ak ansyen sa yo Pòl te pale lè l te Milè. Li te fè yo sonje metòd li te itilize a. Men sa l te di yo : “ Nou konnen kòman mwen pa t kache anyen. An piblik epi de kay an kay, mwen anonse nou epi mwen anseye nou tout bagay ki pou byen nou. ” Nan epòk pa nou an, gen kèk moun ki fè konprann la a Pòl t ap pale konsènan vizit pastoral li te fè moun ki te kwayan yo. Men, se pa sa. Lè li te di li te konn anseye ‘ an piblik epi kay an kay ’ la, li t ap pale prensipalman konsènan travay evanjelizasyon li te konn fè pami moun ki pa kwayan. Sa parèt klè nan pawòl li te di annapre yo. Li te di : “ Ni pou Jwif, ni pou Grèk, mwen pwoklame repantans nan Bondye ak lafwa nan Senyè nou an, Jezi KrisLi klè, Pòl te bay enkwayan yo temwayaj, paske yo te bezwen repanti e yo te bezwen mete lafwa yo nan Jezi. — Tra. 20:20, 21, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.

6 Men sa yon biblis te di konsènan Travay 20:20 nan yon analiz detaye li te fè sou Ekriti grèk kretyen yo : “ Pòl te pase twazan Efèz. Li te vizite chak grenn kay. Omwen li te preche tout moun (vèsè 26). Se la baz biblik pou predikasyon kay an kay la ak reyinyon piblik yo soti. ” Kit se toutbon Pòl te vizite chak grenn kay youn apre lòt, jan biblis sa a fè konprann nan, kit se pa t sa l te fè, sa ki esansyèl la, sèke Pòl pa t vle ansyen Efèz yo bliye fason li te bay temwayaj ak rezilta li te jwenn. Men sa Lik fè konnen : “ Tout moun ki te rete nan pwovens Lazi a, jwif kou moun lòt nasyon yo, yo tout te tande pawòl Seyè a. ” ​(Tra. 19:10). Men, kòman “ tout ” moun ann Azi te fè tande, e ki sa sa vle di pou nou anrapò ak travay predikasyon nou an ?

7. Ki jan, petèt, predikasyon Pòl la te rive jwenn moun li pa t preche dirèkteman ?

7 Lefètke Pòl t ap preche an piblik e kay an kay, anpil moun te tande mesaj li a. Èske w panse tout moun ki te tande mesaj la te rete Efèz, san pa t genyen ladan yo ki te deplase al yon lòt kote swa poutèt biznis yo, swa pou yo ka toupre fanmi yo, oswa pou yo kite gwo vil sa a pou y al viv yon kote ki pi trankil ? Sa t ap trè difisil. Jodi a, anpil moun deplase pou menm rezon sa yo ; petèt ou menm tou ou te fè sa. Epitou, nan epòk sa a, moun te soti nan lòt peyi vin vizite Efèz swa pou aktivite sosyal swa pou aktivite komèsyal. Pandan yo te nan vil sa a, petèt yo te rankontre Pòl oswa yo te tande l k ap preche. Ki sa yo t ap fè lè yo tounen lakay yo ? Moun ki te aksepte laverite yo t ap preche lòt moun. Gen lòt petèt ki pa t vin kwayan, men li posib pou yo te pale de sa yo te tande pandan yo te Efèz. Se sa k fè fanmi yo, vwazen yo oswa kliyan yo te ka tande laverite, e petèt kèk nan yo te aksepte l. (Konpare ak Mak 5:14.) Ki sa sa montre sou efè temwayaj ou bay kapab genyen ?

8. Ki jan, petèt moun nan tout distri Azi a te fè tande laverite ?

8 Anrapò ak travay predikasyon li te fè anvan sa nan vil Efèz, li te ekri pou l di ‘ gen yon gwo pòt ki mennen nan aktivite ki te ouvri pou li ’. (1 Kor. 16:8, 9, NW.) Ki pòt sa a, e nan ki sans li te ouvri pou li ? Pòl te kontinye travay predikasyon l lan nan Efèz, sa te pèmèt bon nouvèl la gaye. Ann pran Kolòs, Lawodise ak Yerapolis, twa vil ki pa t bò lanmè. Pòl pa t janm vizite vil sa yo, poutan, bon nouvèl la te rive ladan yo. Epafras se moun zòn sa yo l te ye (Kol. 2:1 ; 4:12, 13). Èske se tande Epafras te tande Pòl ap bay temwayaj nan Efèz ki fè li te vin kretyen ? Bib la pa di anyen sou sa. Sepandan, lè Epafras t ap simaye verite a nan zòn kote l moun nan, petèt se Pòl li te reprezante (Kol. 1:7). Li posib tou pou mesaj la te rive nan vil tankou Filadèlfi, Sad ak Tiyati pandan ane Pòl t ap bay temwayaj nan Efèz yo.

9. a) Ki sa Pòl te vle rive fè ak tout kè l ? b) Ki sa tèks pou ane 2009 la di ?

9 Se sa k fè, ansyen Efèz yo te gen anpil rezon pou yo te aksepte kòmantè Pòl la : “ Mwen pa bay nanm mwen okenn enpòtans, kòmsi li te gen valè pou mwen, depi m rive tèmine kous mwen ak ministè sa a mwen resevwa nan men Seyè a, Jezi : bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl bonte Bondye moun pa merite a. ” Se nan vèsè sa a nou jwenn tèks pou ane 2009 la. Se yon tèks ankourajan k ap motive nou nan travay n ap fè a. Li di : ‘ Bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl la. ’ — Tra. 20:24, NW.

Nou bay temwayaj konplè jodi a

10. Kòman nou fè konnen nou menm tou nou gen pou nou bay yon temwayaj konplè ?

10 Apa apot yo, gen lòt moun ki t ap gen pou yo suiv lòd ki te bay ‘ pou yo preche pèp la e pou yo bay yon temwayaj konplè ’. Apre Jezi te fin resisite, lè l t ap pale ak disip yo, petèt 500 ladan yo, ki te reyini nan Galile, li te ba yo lòd sa a : “ Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. ” Lòd sa a aplikab pou tout vrè kretyen jodi a, jan rès pawòl Jezi yo montre sa. Men sa l te di : “ Epi gade ! mwen avèk nou toule jou jis nan konklizyon sistèm nan. ” ​(NW) — Mat. 28:19, 20.

11. Ki travay enpòtan yo rekonèt Temwen Jewova yo ap fè ?

11 Kretyen ki zele yo kontinye obeyi kòmandman sa a e yo fè gwo efò pou yo ‘ bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl la ’. Metòd prensipal nou itilize a se metòd Pòl te di ansyen Efèz yo : predikasyon kay an kay. Men sa David Stewart Jr. te di konsènan travay predikasyon ki fèt yon fason efikas nan yon liv li te pibliye an 2007 : “ Metòd Temwen Jewova yo itilize pou yo ankouraje manm yo patisipe nan travay misyonè a pi efikas pase ankourajman lòt relijyon yo ap bay manm legliz yo [lè yo kanpe sou chè yo] pou pouse yo patisipe nan travay sa a. Anpil Temwen Jewova renmen aktivite pataje kwayans yo ak lòt moun nan. ” Ki rezilta yo jwenn ? Men sa l di ankò : “ An 1999, nan yon sondaj mwen te fè nan de gwo kapital ann Ewòp delès, se sèlman 2 oswa 4 pousan nan moun mwen te entèwoje yo ki di misyonè nan Legliz sen dènye jou yo, sètadi ‘ Mòmon ’ yo, te pale avèk yo. [Men,] gen plis pase 70 pousan moun ki di Temwen Jewova yo deja pale dirèkteman avèk yo, e genyen ladan yo ki di sa fèt plizyè fwa. ”

12. a) Poukisa nou vizite moun yo nan tèritwa nou “ plizyè fwa ” ? b) Èske w ka rakonte eksperyans kote yon moun te vin chanje atitid parapò ak mesaj la ?

12 Petèt, moun nan zòn bò lakay ou ka di menm bagay la tou. Li pwobab ou te bay koutmen pa w nan sans sa a. Etan w ap “ pale dirèkteman ” ak moun yo nan ministè kay an kay la, ou pale ak gason, ak fi e ak jèn. Gen kèk ki ka pa koute w malgre w abòde yo “ plizyè fwa ”. Gen lòt ki ka tande w pandan yon ti tan tou kout lè w li yon vèsè oswa lè w pataje yon panse nan Bib la avèk yo. Men, gen lòt moun ou reyisi bay yon bonjan temwayaj, e yo byen reyaji. Li posib pou nou rankontre tout sitiyasyon sa yo pandan n ap ‘ bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl la ’. Sandout, ou konn sa deja, gen anpil moun ki pa twò enterese malgre nou pale avèk yo “ plizyè fwa ”, men ki te vin chanje. Petèt gen yon bagay ki te rive yo, oswa ki te rive yon moun yo renmen, ki te fè yo vin dispoze koute laverite. E kounye a, yo se frè nou ak sè nou. Poutèt sa, pa lage, menmsi sa fè yon ti tan depi w pa rankontre moun ki enterese. Nou pa atann tout moun ap vin nan laverite. Men, Bondye atann pou nou kontinye bay yon temwayaj konplè avèk zèl e avèk dilijans.

Nou ka jwenn rezilta san nou pa konnen

13. Ki jan temwayaj nou bay la kapab pote rezilta san nou pa konnen ?

13 Travay predikasyon Pòl la pa t gen efè sèlman sou moun li te ede vin kretyen dirèkteman yo. Se menm bagay la pou nou tou. Nou patisipe regilyèman nan travay predikasyon kay an kay la e nou preche kantite moun nou kapab. Nou pale konsènan bon nouvèl la ak vwazen nou, kòlèg travay nou, kamarad lekòl nou ak fanmi nou. Èske nou konnen tout rezilta sa bay ? Nou ka jwenn bon rezilta tousuit avèk kèk moun. Gen lòt moun, semans verite a kapab rete ap dòmi pou yon ti tan nan kè yo anvan li pran rasin epi li grandi. E menmsi sa pa rive, moun nou pale avèk yo kapab pale ak lòt moun konsènan sa nou te di yo, konsènan kwayans nou ak fason nou aji. Wi, li posib pou moun nou te pale avèk yo pèmèt semans lan pouse nan bon tè lòt kote san yo pa panse sa.

14, 15. Ki rezilta temwayaj yon frè te bay ?

14 Ann pran yon sèl egzanp. Annou konsidere sa k te pase Ryan ak madanm li, Mandi, k ap viv an Florid, Ozetazini. Ryan te preche yon kòlèg travay li yon fason enfòmèl. Fason Ryan abiye ak fason li pale te enpresyone mesye sa a ki te yon Endou. Nan konvèsasyon Ryan te genyen avèk mesye a, Ryan te pale konsènan rezirèksyon ak kondisyon mò yo. Yon jou swa nan mwa janvye, mesye sa a te mande madanm li, ki rele Jodi, sa l konnen konsènan Temwen Jewova yo. Jodi se te yon katolik, e li di sèl sa li konnen sou Temwen Jewova yo, sèke yo “ preche pòt an pòt ”. Sa te pouse Jodi al tape “ Temwen Jewova ” sou yon sit rechèch sou Entènèt, e sit sa a te voye l sou sit nou an www.watchtower.org. Pandan plizyè mwa, Jodi te li piblikasyon nou yo sou sit Entènèt nou an, li te li Labib ak lòt atik ki te enterese l.

15 Pandan tan sa a, Jodi rankontre ak Mandi. Yo toule de se enfimyè. Mandi te byen kontan reponn kesyon Jodi te genyen yo. Yon ti tan apre, yo te gen yon konvèsasyon Jodi rele yon konvèsasyon “ soti Adan rive Amagedòn ”. Jodi te aksepte pou yo vin etidye Labib avè l lakay li. Anvan lontan li te kòmanse ale nan Sal Wayòm nan. Ann oktòb, Jodi te vin yon pwoklamatris ki poko batize, e an fevriye, li te batize. Men sa li ekri : “ Lefètke mwen gen laverite kounye a, mwen gen anpil kè kontan e mwen jwenn satisfaksyon nan lavi m. ”

16. Ki jan eksperyans yon frè te fè an Florid ankouraje nou fè efò pou nou bay yon temwayaj konplè ?

16 Ryan pa t panse temwayaj li te bay yon mesye t ap mennen yon lòt moun nan laverite. Nan ka pa l, li te wè ki rezilta li te vin jwenn lefètke l te gen detèminasyon pou l “ bay yon temwayaj konplè ”. Men, sa ka rive ou preche nan yon kay, nan travay ou, nan lekòl ou oswa yon lòt fason enfòmèl, epi san w pa menm konnen, temwayaj sa a vin ouvri pòt pou simaye laverite bay lòt moun. Menm jan Pòl pa t konnen ki sa temwayaj li a te akonpli nan “ distri Azi ”, menm jan an tou, ou pa janm konnen tout bon rezilta temwayaj konplè ou bay kapab genyen. (Li Travay 23:11 ; 28:23.) Donk, li enpòtan anpil pou w kontinye bay temwayaj.

17. Ki detèminasyon w pou ane 2009 la ?

17 Pandan ane 2009 la, se pou nou tout pran misyon nou genyen pou nou preche a oserye, e n ap fè sa kay an kay ak lòt fason ankò. Konsa, n ap kapab gen menm santiman ak Pòl ki te di : “ Mwen pa bay nanm mwen okenn enpòtans, kòmsi li te gen valè pou mwen, depi m rive tèmine kous mwen ak ministè sa a mwen resevwa nan men Seyè a, Jezi : bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl bonte Bondye moun pa merite a. ”

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan apot Pyè, apot Pòl ak lòt moun nan premye syèk la te bay yon temwayaj konplè ?

• Ki sa k fè predikasyon nou an ka bay plis rezilta pase sa nou konnen ?

• Ki tèks n ap gen pou ane 2009 la, e sa k fè w santi li apwopriye ?

[Kesyon]

[Antrefilè nan paj 19]

Men tèks pou ane 2009 la : ‘ Bay yon temwayaj konplè konsènan bon nouvèl la. ’ — Tra. 20:24.

[Foto nan paj 17]

Ansyen Efèz yo te konnen Pòl te gen abitid preche kay an kay.

[Foto nan paj 18]

Lè nou bay yon temwayaj konplè, ki rezilta sa ka genyen ?