Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Nan Neyemya 8:10, Jewova te di Juif yo pou yo “ manje manje ki gra ” ​(NW), poutan, nan Levitik 3:17, Lalwa te di : “ Piga nou janm manje [...] grès. ” Ki rapò ki genyen ant de pawòl sa yo ?

Nan lang orijinal la, mo ki nan Neyemya 8:10 la, mo lè yo tradui l yo mete “ manje ki gra ” pou li a diferan ak mo ki nan Levitik 3:17 la, mo lè yo tradui l yo mete “ grès ” pou li a. Mo ebre ḥélèv yo mete “ grès ” pou yo tradui l nan Levitik 3:17 la ka fè referans ni ak grès bèt ni ak grès moun (Lev. 3:3 ; Jij 3:22). Kontèks vèsè 17 la montre Izrayelit yo pa t dwe manje kouch grès ki te antoure ni trip ni ren bèt yo t ap ofri kòm sakrifis yo, ni tou yo pa t dwe manje grès ki sou wonyon yo paske “ tout grès la se pou Seyè a li ye ”. (Lev. 3:14-16.) Kidonk, yo pa t gendwa manje grès bèt yo te ofri kòm sakrifis bay Jewova yo.

Yon lòt bò, mo lè yo tradui l yo mete “ manje ki gra ” pou li nan Neyemya 8:10 la se mashemannim. Se sèl kote mo sa a parèt nan Ekriti ebrayik yo. Li soti nan vèb shamén ki vle di “ gra oswa vin gra ”. Jeneralman, sanble non ki gen rapò ak vèb sa a vle di pwosperite ak byennèt. (Konpare ak Izayi 25:6.) Youn nan non yo plis konn itilize ki sot nan vèb sa a se mo shèmèn nan, e souvan yo mete “ luil ” pou yo tradui l. Se konsa yo tradui l tou nan ekspresyon “ luil doliv ” la (Det. 8:8 ; Lev. 24:2). Mo mashemannim yo itilize nan Neyemya 8:10 la sanble fè referans ak manje yo te prepare ak anpil luil, e petèt manje sa yo te ka gen vyann ladan yo ki gen yon ti grès sou yo san se pa t kouch grès ki nan bèt la.

Izrayelit yo pa t gen dwa manje kouch grès ki nan bèt yo, men yo te ka manje manje ki gen grès, manje ki gou. Gen kèk bagay yo te konn kuit avèk grès, pa egzanp gato ki fèt ak sereyal. Se pa t avèk grès bèt, men avèk luil, e souvan se te luil doliv (Lev. 2:7). Se sa k fè Étude perspicace des Écritures esplike “ manje ki gra ” nan ka sa a “ fè referans ak bèl pòsyon, ak manje ki pa t ni mèg ni sèch, men ki gen luil, san wete bon ti manje yo te fè ak luil vejetal ”.

Nòmalman, kretyen yo dwe sonje entèdiksyon pou moun pa manje grès la se nan Lalwa yo te jwenn li. Yo pa sou Lalwa, sa vle di tou yo pa anba sa Lalwa te mande anrapò ak sakrifis bèt yo. — Wom. 3:20 ; 7:4, 6 ; 10:4 ; Kol. 2:16, 17.