Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa w dwe kenbe entegrite w ?

Poukisa w dwe kenbe entegrite w ?

Poukisa w dwe kenbe entegrite w ?

“ O Jewova, jije m [...] selon entegrite m. ” — SÒM 7:8, NW.

1, 2. Site kèk sitiyasyon nou rankontre souvan ki reprezante yon defi pou entegrite nou antanke kretyen.

IMAJINE twa sitiyasyon. Gen kèk nan kamarad lekòl yon ti gason k ap pase l nan rizib. Y ap eseye pwovoke l pou yo fè l pèdi metriz li, petèt pou yo fè l joure yo oswa pou yo goumen avè l. Èske l ap reponn oswa èske l ap kontwole tèt li e l ap vire l ale ? Gen yon mari ki poukont li k ap fè kèk rechèch sou Entènèt. Gen yon fenèt k ap fè reklam pou yon sit pònografik ki parèt sou ekran òdinatè a. Èske l ap tonbe nan tantasyon pou l al sou sit sa a oswa èske li pa prale ? Pandan yon sè ap pale ak kèk lòt sè, konvèsasyon an vire e yo kòmanse ap pale yon lòt sè nan kongregasyon an mal. Èske l ap patisipe nan tripotay la oswa èske l ap eseye chanje konvèsasyon an ?

2 Byenke twa sitiyasyon sa yo diferan, yo gen yon bagay ki sanble. Nan toule twa ka sa yo, moun yo gen yon lit yo dwe mennen pou yo kenbe entegrite yo antanke kretyen. Èske w sonje pou w kenbe entegrite w lè w ap fè fas ak enkyetid ou genyen, lè w ap chèche reponn ak bezwen ou genyen e lè w ap eseye atenn objektif ou fikse nan lavi a ? Nan lavi moun ap mennen chak jou, yo reflechi sou aparans yo, sou sante yo, sou difikilte yo genyen pou yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv, sou bon ak move moman yo jwenn nan amitye yo, e petèt menm nan relasyon santimantal yo genyen. Bagay sa yo kapab okipe lespri nou anpil. Men, ki sa ki plis enterese Jewova lè l ap sonde kè nou (Sòm 139:23, 24) ? Se entegrite nou.

3. Ki chwa Jewova kite nou fè, e ki sa nou pral egzamine nan atik sa a ?

3 Jewova, Moun ki bay ‘ tout pi bèl favè ak tout pi bon kado a ’, bay nou chak yon kantite kado (Jak 1:17). Grasa li, nou gen yon seri kado tankou kò nou, sèvo nou, ti moso sante ak yon pakèt kapasite (1 Kor. 4:7). Men, Jewova pa fòse nou demontre entegrite. Li kite nou chwazi si n ap devlope kalite sa a oswa si nou pap devlope l (Det. 30:19). Kidonk, annou egzamine ki sa entegrite ye. Apre sa, n ap egzamine twa rezon ki fè kalite sa a enpòtan anpil.

Ki sa entegrite ye ?

4. Ki sa entegrite gen ladan l, e ki sa nou ka aprann nan lwa Jewova te bay anrapò ak sakrifis bèt yo ?

4 Sanble anpil moun gen yon ide vag sou entegrite. Pou anpil moun, yon moun demontre entegrite, lè l onèt. Onètete se yon kalite ki enpòtan, men, se sèlman yon aspè li ye nan entegrite a. Selon jan yo sèvi ak mo entegrite a nan Bib la, li vle di pou nou konplè nan domèn moralite oswa pou nou san defo. Rasin mo ebre ki gen rapò ak “ entegrite ” a vle di san defo, pa manke anyen oswa san repwòch. Yo sèvi ak youn nan mo sa yo anrapò ak sakrifis bèt yo te konn ofri Jewova. Se sèlman si yon bèt te san defo Jewova te aksepte yo ofri l li an sakrifis. (Li Levitik 22:19, 20.) Jewova te reprimande, yon fason sevè, moun ki te ofri bèt ki bwete, ki malad oswa ki avèg kòm sakrifis paske yo te dezobeyi enstriksyon li te bay sou sa. — Mal. 1:6-8.

5, 6. a) Bay kèk egzanp ki montre souvan nou apresye bagay ki pa manke anyen oswa bagay ki konplè. b) Èske lèzòm dwe pafè pou yo kenbe entegrite yo ? Esplike.

5 Li nòmal pou moun apresye bagay ki pa manke anyen oswa bagay ki konplè e pou yo chèche bagay sa yo. Pa egzanp, imajine yon moun k ap fè koleksyon liv e ki resi jwenn yon liv ki gen anpil valè li t ap chèche depi lontan. Men, li rann li kont liv la manke anpil paj ki enpòtan. Li ka tèlman desi, li remete liv la kote l te pran l lan. Oubyen imajine yon fi k ap mache sou yon plaj epi k ap ranmase kokiyaj vag lanmè a bwote sou plaj la. Li tèlman wè kokiyaj yo bèl, li tèlman wè tout kalite kokiyaj, tanzantan, li bese pou l egzamine youn. Kiyès l ap pran ? Sa k pa kase yo, ki rete entak. Menm jan an tou, Bondye ap chèche moun ki konplè pou sèvi l. — 2 Kwo. 16:9.

6 Men, ou ka ap mande tèt ou si nou pa dwe pafè pou nou gen entegrite. Akoz peche ak enpèfeksyon, nou ka gen tandans panse nou tankou yon liv ki manke paj oswa yon kokiyaj ki kase. Èske w konn santi w konsa pafwa ? Ou mèt gen asirans Jewova pa atann pou nou pafè. Li pa janm atann pou nou fè plis pase sa nou ka fè * (Sòm 103:14 ; Jak 3:2). Men, li atann pou nou kenbe entegrite nou. Kidonk, èske gen yon diferans ant pèfeksyon ak entegrite ? Wi. Ann pran yon egzanp : yon jèn gason renmen yon jèn fi li pral marye avè l. Natirèlman, li pa t ap janm ka atann pou fi a pa gen defo menm. Men, li nòmal pou l atann jèn fi a renmen l ak tout kè l, sa vle di se li menm sèlman pou l renmen. Menm jan an tou, Jewova se “ yon Bondye ki egzije yon atachman san pataj ”. (Egz. 20:5, NW.) Li pa atann pou nou pafè, men, li atann pou nou renmen l ak tout kè nou e pou nou adore li menm sèlman.

7, 8. a) Ki egzanp Jezi bay anrapò ak entegrite ? b) Selon Ekriti yo, ki jan nou demontre nou gen entegrite ?

7 Petèt nou sonje repons Jezi te bay lè yo te mande l ki kòmandman nan Lalwa ki pi enpòtan. (Li Mak 12:28-30.) Jezi pa t sèlman bay repons lan, men, li te viv ann amoni ak repons li te bay la. Li te bay pi bon egzanp moun ki renmen Jewova ak tout lespri li, ak tout kè li, ak tout nanm li e ak tout fòs li. Li te montre se pa pawòl yon moun di ki demontre entegrite l, men se bèl aksyon li fè ak bon mobil ki demontre sa. Pou nou kenbe entegrite nou, sa mande pou nou suiv tras Jezi. — 1 Pyè 2:21.

8 Kidonk, selon Ekriti yo, nou demontre nou gen entegrite lè nou gen yon atachman sensè sèlman pou Jewova Dye ki nan syèl la, nou fè volonte l ak tout kè nou e nou devwe pou nou soutni objektif li. Kenbe entegrite nou vle di prensipal objektif nou nan lavi a se chèche fè Jewova Dye plezi. Nan lavi a, se sa ki priyorite pa l ki dwe priyorite nou. Annou egzamine twa rezon ki fè sa vrèman enpòtan.

1. Entegrite nou parapò ak kesyon souvrènte a

9. Ki jan entegrite nou chak gen rapò ak kesyon souvrènte inivèsèl la ?

9 Souvrènte Jewova pa depann de entegrite nou. Souvrènte Jewova jis, li la pou letan e pou letènite e li inivèsèl. Se konsa sa ap toujou ye, kèlkeswa sa nenpòt nan kreyati l yo di oswa yo fè. Sepandan, yo atake souvrènte Bondye ni nan syèl la ni sou tè a. Se sa k fè li nesesè pou Bondye jistifye dwa li genyen pou l dirije, sa vle di pou l pwouve tout kreyati ki entèlijan yo fason l dirije a bon, li jis, e li dirije avèk amou. Antanke Temwen Jewova, nou renmen pale konsènan souvrènte Jewova ak tout moun ki vle tande nou. Men, kòman nou ka pran pozisyon pa nou nan kesyon sa a ? Kòman nou demontre se Jewova nou chwazi kòm Souvren nou ? Se lè nou kenbe entegrite nou.

10. Ki akizasyon Satan te lage sou do lèzòm ki gen rapò ak entegrite yo, e ki jan w ap reyaji devan akizasyon sa a ?

10 Annou egzamine ki jan entegrite nou montre se Jewova nou chwazi kòm Souvren nou. Anfèt, Satan te pretann pa gen okenn moun k ap soutni souvrènte Jewova, pa gen pèsòn k ap sèvi Jewova san enterè. Men sa li te di Jewova devan yon gwo foul zanj : “ Lavi miyò pase byen ! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l’ pa mouri. ” ​(Jòb 2:4). Remake, Satan pa t lage vèni sou do Jòb sèlman ki te yon nonm jis, men, se tout limanite li te akize. Se sa k fè Bib la rele Satan “ moun [k ap] plede akize frè nou yo ”. (Rev. 12:10.) Li pwovoke Jewova lè l di kretyen yo pap rete fidèl. E ou menm tou ou ladan l. Satan fè konprann w ap kite Jewova pou w ka sove lavi w. Ki jan w santi w devan akizasyon sa yo li lage sou do w ? Èske w pa t ap byen kontan jwenn okazyon pou w pwouve Satan se yon mantè ? Ebyen, se sa menm ou fè lè w kenbe entegrite w.

11, 12. a) Bay kèk egzanp ki montre kòman desizyon n ap pran nan lavi nou toulejou gen rapò ak kesyon entegrite a. b) Poukisa se yon privilèj sa ye pou nou kenbe entegrite nou ?

11 Kidonk, lefètke Satan mete entegrite w an dout, sa vin fè konduit ou genyen chak jou ak chwa w ap fè enpòtan. Ann egzamine ankò twa sitiyasyon nou te pale de yo nan kòmansman an. Ki reyaksyon moun yo ta dwe genyen k ap montre yo kenbe entegrite yo ? Ti gason kamarad lekòl li yo t ap pwovoke l la gendwa anvi reyaji ak tout fòs li, men, li ta dwe sonje konsèy ki di : “ Byenneme, pa tire revanch pou tèt nou. Okontrè, bay kòlè plas pou li aji. Paske, men sa ki ekri : ‘ Se mwen ki pou tire revanch, m ap fè regleman, se sa Senyè di. ’ ” ​(Wom. 12:19, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Ti gason an ta dwe vire l ale. Mesye marye ki te sou Entènèt la te ka gade imaj k ap fè l vin gen dezi seksyèl imoral, men, li ta dwe sonje prensip nou jwenn nan pawòl Jòb yo : “ Mwen te fè sèman pou m’ pa janm gade yon jenn fi avèk move lide. ” ​(Jòb 31:1). Menm jan an tou, mesye a ta dwe refize kite je l rete sou imaj imoral sa yo, konsa, li t ap rejte yo kòmsi se yon pwazon. Sè ki t ap pale ak lòt sè ki te kòmanse ap fè tripotay yo ta dwe metrize pou l pa patisipe nan sa y ap di yo lè l sonje konsèy ki di : “ Nou chak dwe fè pwochen nou plezi pou byen li epi pou nou ka edifye li. ” ​(Wom. 15:2, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Si l ta antre nan tripotay la, pawòl li yo pa t ap edifye lòt sè yo. Yo t ap sal repitasyon sè yo t ap pale de li a, e sa pa t ap fè Papa l ki nan syèl la plezi. Se sa k fè li ta dwe kontwole lang li e li ta dwe chanje konvèsasyon an.

12 Anfèt, nan chak ka sa yo, si kretyen sa yo ta fè chwa yo dwe fè a, se t ap kòmsi yo ta di : ‘ Se Jewova ki Chèf mwen. Donk, m ap fè tout sa m kapab pou m fè l plezi. ’ Èske se konsa w panse lè w ap fè yon chwa oswa lè w ap pran yon desizyon ? Si se sa w fè, ou mèt konnen w ap ka viv ann akò ak pawòl touchan nou jwenn nan Pwovèb 27:11 yo ki di : “ Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m’ kontan. Konsa, m’a ka reponn moun k’ap kritike m’ [nan]. ” Ala yon bèl privilèj nou genyen pou nou fè kè Bondye kontan ! Èske w pa ta dwe fè tout sa w kapab pou w kenbe entegrite w pou w ka fè kè l kontan ?

2. Entegrite nou sèvi kòm baz jijman Bondye a

13. Kòman pawòl Jòb ak pawòl David yo montre se entegrite nou ki sèvi kòm baz pou Jewova jije nou ?

13 Nou sot wè lè nou kenbe entegrite nou, nou pran pozisyon pou souvrènte Jewova. Kidonk, entegrite nou kapab sèvi kòm baz pou Jewova jije nou. Jòb te byen konprann verite sa a. (Li Jòb 31:6.) Li te konnen Bondye ap peze tout limanite sou yon “ balans ki egzak ”, l ap sèvi ak prensip jistis wo nivo Li yo pou l teste entegrite nou. Nan menm sans lan, David te di : “ Jewova pral bay tout pèp yo santans yo. O Jewova, jije m selon jistis mwen e selon entegrite m. ” Apre sa, li te di : “ Bondye, ki jis, ap sonde kè moun ak ren yo. ” ​(Sòm 7:8, 9, NW). Nou konnen Bondye kapab gade nan pati ki pi fon nan nou yo, anpalan de “ kè ak ren ” senbolik nou yo. Men, nou dwe sonje sa l ap chèche. Jan David te di sa, Jewova jije nou selon entegrite nou.

14. Poukisa nou pa ta dwe janm panse, akoz enpèfeksyon nou ak peche nou, nou pa ka kenbe entegrite nou ?

14 Imajine Jewova Dye k ap sonde kè plizyè milya moun jodi a (1 Kwo. 28:9). Èske w panse li fasil pou l jwenn yon moun ki kenbe entegrite l ann amoni ak prensip kretyen yo ? An verite, se pa yon bagay li jwenn toutan ! Men, nou pa dwe panse nou tèlman gen defo, nou pa ka kenbe entegrite nou. Okontrè, menm jan ak David ak Jòb, menmsi nou enpafè, nou kapab gen asirans Jewova ap wè nou se moun ki kenbe entegrite nou, si nou fè efò nan sans sa a. Pa bliye, se pa paske yon moun pafè ki fè l ap kenbe entegrite l otomatikman. Gen sèlman twa moun pafè ki te pase sou tè a, e gen de ladan yo, Adan ak Èv, ki pa t kenbe entegrite yo. Poutan, gen plizyè milyon moun ki enpafè ki rive fè sa. Ou menm tou ou kapab fè sa.

3. Entegrite nou trèzenpòtan pou n pa pèdi esperans nou genyen an

15. Ki jan David te montre entegrite se yon bagay ki trèzenpòtan pou n pa pèdi esperans nou genyen anrapò ak lavni an ?

15 Entegrite nou sèvi kòm baz pou Jewova jije nou e li trèzenpòtan pou nou gen kalite sa a, si nou pa vle pèdi esperans nou genyen anrapò ak lavni an. David te konnen sa se verite. (Li Sòm 41:12.) Li te cheri espwa li te genyen Bondye t ap soutni l pou toutan. Menm jan ak vrè kretyen yo jodi a, David te gen espwa pou l viv pou toutan e pou l kontinye pwoche kote Jewova Dye plis toujou toutpandan l ap sèvi l. David te konprann li enpòtan pou l kenbe entegrite l si l te vle wè esperans sa a reyalize. Menm jan an tou, Jewova soutni nou, li anseye nou, li gide nou e li beni nou toutotan nou kenbe entegrite nou.

16, 17. a) Poukisa w detèmine pou w toujou kenbe entegrite w ? b) Ki kesyon atik ki vin apre a pral egzamine ?

16 Esperans nou genyen an trèzenpòtan pou nou viv ak kè kontan jodi a. Li ka ban nou lajwa nou bezwen pou nou fè fas ak moman difisil yo. Esperans sa a kapab pwoteje panse nou tou. Sonje, Bib la konpare esperans ak yon kas (1 Tes. 5:8). Menm jan yon kas pwoteje tèt yon sòlda ki nan batay, se konsa tou, esperans nou genyen an pwoteje lespri nou kont panse negatif Satan ap simaye nan monn li an ki prèske rive nan bout li. Alaverite, lavi a san sans pou yon moun lè l pa gen esperans. Nou dwe egzamine tèt nou yon fason onèt, e nou dwe fè sa avèk swen, pou nou wè si nou kenbe entegrite nou, yon fason pou n pa pèdi esperans nou genyen an. Pa bliye, lè w kenbe entegrite w, se soutni w soutni souvrènte Jewova, e konsa w ap asire w esperans ou genyen an ki gen anpil valè, ap vin yon reyalite. Nou swete pou w toujou kenbe entegrite w !

17 Piske entegrite enpòtan anpil konsa, nou dwe egzamine kèk lòt kesyon ki gen rapò avè l. Ki jan nou ka vin gen entegrite ? Ki sa pou nou fè pou nou kenbe entegrite nou ? E ki sa yon moun ka fè si sa ta rive li pa kenbe entegrite l ? Atik ki vin apre a pral reponn kesyon sa yo.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Jezi te di : “ Nou dwe pafè, menm jan Papa nou ki nan syèl la pafè. ” ​(Mat. 5:48, NW). Li klè, Jezi te konnen menm lèzòm enpafè kapab konplè oswa pafè nan yon sans. Nou kapab obeyi kòmandman ki mande nou pou nou renmen lòt moun ak tout kè nou, e konsa n ap fè Bondye plezi. Men, Jewova li menm pafè nan tout sans. Lè y ap pale de li, mo entegrite a gen rapò ak pèfeksyon. — Sòm 18:30.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sa entegrite ye ?

• Ki rapò entegrite nou genyen ak kesyon souvrènte inivèsèl la ?

• Ki jan entegrite nou ap ede nou pou nou pa pèdi esperans nou genyen an ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 5]

Sitiyasyon nou rankontre chak jou nan lavi a kapab teste entegrite nou.