Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan lèt Jan yo ak nan liv Jid la

Pwen enteresan ki nan lèt Jan yo ak nan liv Jid la

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan lèt Jan yo ak nan liv Jid la

SANBLE Jan te ekri twa lèt li yo nan zòn ane 98 epòk nou an pandan l te nan vil Efèz. Lèt sa yo pami liv ki te ekri an dènye nan Ekriti enspire yo. De premye lèt yo ankouraje kretyen yo pou yo kontinye mache nan limyè e pou yo rejte apostazi. Nan twazyèm lèt la, nonsèlman Jan pale de nesesite pou kretyen yo mache nan laverite, men li ankouraje yo tou pou yo kowopere ansanm.

Jid, yon frè Jezi bò kot manman, te ekri lèt li a pandan l nan Palestin, petèt nan zòn ane 65 epòk nou an. Nan lèt sa a, li bay kretyen parèy li yo avètisman kont moun mechan ki te glise kò yo nan kongregasyon an e li ba yo konsèy sou fason pou yo pa tonbe anba move enfliyans. Lè nou pa bliye sa nou jwenn nan twa lèt Jan yo e lè nou pa bliye sa lèt Jid la di, sa ka ede nou rete solid nan lafwa malgre pwoblèm nou ka jwenn. — Ebre 4:12.

KONTINYE MACHE NAN LIMYÈ, NAN LANMOU E AK LAFWA

(1 Jan 1:1–5:21)

Jan te ekri premye lèt li a pou tout kominote frè ki te ann inyon ak Kris yo. Nan lèt sa a, li te bay bonjan konsèy pou ede kretyen yo pran pozisyon kont apostazi pou yo pran pozisyon pou laverite e pou sa ki dwat. Li te montre jan li enpòtan pou yo kontinye mache nan limyè, pou yo kontinye mache nan lanmou e pou yo kontinye mache ak lafwa.

Men sa Jan ekri : “ Si n’ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n’ap viv ansanm yonn ak lòt. ” E piske se nan Bondye lanmou soti, apot la di nou pou nou “ kontinye gen lanmou youn pou lòt ” ​(NW). “ Lanmou pou Bondye ” pouse nou “ obsève kòmandman l yo ” ​(NW), e grasa “ lafwa ” ​(NW) nou gen nan Jewova Dye, nan Pawòl li a e nan Pitit li a, n ap venk monn nan. — 1 Jan 1:7 ; 4:7 ; 5:3, 4.

Kesyon biblik ak tout repons :

2:2 ; 4:10 — Nan ki sans Jezi se yon “ sakrifis ki rekonsilye nou ak Bondye ” ​(NW? Se nan sans Jezi te bay lavi l kòm sakrifis pou l adousi Bondye, sètadi pou l reponn ak sa Bondye mande akoz jistis li ki pafè. Sou baz sakrifis sa a, Bondye kapab demontre mizèrikòd li e li kapab padone peche moun ki mete lafwa yo nan Jezi. — Jan 3:16 ; Wom. 6:23.

2:7, 8, — Ki kòmandman Jan di ki “ ansyen ” e ki “ nouvo ” ​(NW) anmenmtan ? Jan ap pale de kòmandman konsènan lanmou fratènèl la, yon lanmou ki pouse nou fè sakrifis (Jan 13:34). Li di kòmandman sa a “ ansyen ” paske Jezi te bay li plis pase 60 an anvan Bondye te enspire Jan pou l ekri l nan lèt yo. Konsa, moun ki te kwayan yo te genyen l “ depi nan konmansman ” vi yo antanke kretyen an. Kòmandman sa a nouvo tou, nan sans li mande pou nou fè plis pase annik ‘ renmen pwochen nou tankou nou renmen pwòp tèt pa nou ’. Li mande tou pou nou demontre nou gen yon lanmou ki pouse nou fè sakrifis. — Lev. 19:18 ; Jan 15:12, 13.

3:2 — Ki sa ki “ poko parèt aklè ” pou kretyen wen yo, e kiyès yo pral wè “ jan l ye a ” ​(NW? Sa ki poko parèt aklè pou yo se sa yo pral ye lè yo resisite nan syèl la antanke espri (Fil. 3:20, 21). Sepandan, sa yo konnen, sèke “ lè [Bondye] ap parèt aklè, [y] ap vin tankou l, paske [y] ap wè l jan l ye a ”, sa vle di y ap wè “ Espri a ”. — 2 Kor. 3:17, 18, NW.

5:5-8 — Ki jan dlo, san ak lespri te bay temwayaj “ Jezi se Pitit Bondye ” ​(NW? Dlo te bay yon temwayaj paske lè Jezi te batize nan dlo, Jewova li menm te fè konnen li apwouve l kòm Pitit li (Mat. 3:17). San Jezi oswa lavi l li te bay kòm “ yon ranson egalego ” te demontre tou li se Pitit Bondye (1 Tim. 2:5, 6). Ansuit, lespri sen te bay temwayaj Jezi se Pitit Bondye lè l te desann sou li nan moman batèm li, se sa k fè li “ mache nan tout peyi a, li t’ap fè byen, li t’ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan ”. — Jan 1:29-34 ; Tra. 10:38.

Leson pou nou jodi a :

2:9-11 ; 3:15. Si yon kretyen kite kèlkeswa bagay la oswa kèlkeswa moun nan fè l pèdi lanmou fratènèl li genyen an, se nan fènwa espirityèl l ap mache, e se kòmsi l pa konn kote l prale.

KONTINYE “ MACHE NAN LAVERITE ”

(2 Jan 1–13)

Jan kòmanse dezyèm lèt li a ak pawòl sa yo : “ Mwen menm, ansyen an, m ap ekri dam Bondye chwazi a ansanm ak pitit li yo. ” Li fè konnen jan li kontan konnen “ gen kèk nan pitit [li] yo k ap mache nan laverite ”. — 2 Jan 1, 4, NW.

Apre Jan fin bay ankourajman pou nou kiltive lanmou, men sa li ekri : “ Men sa lanmou vle di : se pou nou kontinye mache selon kòmandman l yo. ” Jan bay avètisman tou kont ‘ blofè a ak antikris la ’. — 2 Jan 5-7, NW.

Kesyon biblik ak tout repons :

1, 13 — Kiyès ki “ dam Bondye chwazi a ” ? Petèt Jan t ap pale de yon fi li te rele Kirya, yon mo ki vle di “ dam ” an grèk. Petèt tou se te yon imaj li te itilize pou l pale ak yon kongregasyon, yon fason pou l te ka bwouye pèsekitè yo. Si se ak yon kongregasyon li t ap pale, pitit dam nan se manm kongregasyon sa a e “ pitit sè [l] yo ” ​(NW) se manm yon lòt kongregasyon.

7 — Nan ki sans Jan te di Jezi “ te vini ” ​(NW), e ki jan moun ki blofè yo “ pa rekonèt ” ​(NW) sa ? “ Vini ” sa a se pa lè Jezi te gen pou l vini yon fason envizib la. Depreferans, se lè li te vini nan lachè ak lè Jewova te wenn li kòm Kris la (1 Jan 4:2). Blofè yo pa rekonèt li te vini nan lachè. Petèt yo pa menm admèt li te janm egziste oswa yo pa dakò Jewova te wenn li avèk lespri sen.

Leson pou nou jodi a :

2, 4. Pou nou sove, li esansyèl pou nou konnen “ laverite ” ​(NW), sètadi tout ansèyman kretyen yo ki nan Bib la, e li esansyèl pou nou suiv yo. — 3 Jan 3, 4.

8-11. Si nou pa vle pèdi “ favè san parèy, mizèrikòd ak lapè ki soti nan Bondye Papa a ak nan Jezi Kris ” ​(NW) e si nou pa vle pèdi amitye nou genyen ak konpayon kretyen nou yo, nou ta dwe “ fè atansyon ”ak tèt nou (NW) nan domèn espirityèl e nou ta dwe evite moun ki “ pa rete nan ansèyman Kris la ” ​(NW). — 2 Jan 3.

SE POU NOU VIN “ KONPAYON TRAVAY NAN LAVERITE ”

(3 Jan 1-14)

Jan te ekri twazyèm lèt li a pou zanmi l Gayis. Men sa l te ekri l : “ Pa gen anyen ki fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo kontinye ap mache nan laverite. ” — 3 Jan 4, NW.

Jan felisite Gayis dèske li te montre l “ fidèl nan tout sa [li t ap] fè ” pou l ede frè k ap vizite kongregasyon yo. Men sa apot la di : “ Nou santi se yon devwa pou nou byen resevwa jan de moun sa yo, pou nou ka vin konpayon travay nan laverite. ” — 3 Jan 5-8, NW.

Kesyon biblik ak tout repons :

11 — Poukisa kèk moun gen yon move konduit ? Gen kèk moun ki pa wè Bondye avèk je lafwa yo paske yo manke espirityalite. Piske yo pa ka wè l ak je fizik yo, yo aji kòmsi li menm li pa wè yo. — Eze. 9:9.

14 — Kiyès yo rele “ zanmi ” nan vèsè sa a ? Nan vèsè sa a, ekspresyon “ zanmi ” an vle di plis pase moun ki gen bon relasyon youn ak lòt. Jan sèvi ak mo sa a pou l pale de kwayan menm jan avèk li yo an jeneral.

Leson pou nou jodi a :

4. Moun ki gen matirite espirityèl nan kongregasyon an kontan anpil lè yo wè moun ki nouvo nan kongregasyon an “ kontinye ap mache nan laverite ” ​(NW). E se pa ti kontan paran yo kontan lè yo wè yo reyisi ede pitit yo sèvi Jewova !

5-8. Pami moun ki travay di pou frè ak sè yo poutèt lanmou yo gen pou yo e poutèt lanmou yo gen pou Jewova, nou ka site siveyan itineran yo, misyonè yo, moun k ap sèvi nan Betèl oswa nan biwo filyal yo ak moun ki nan sèvis pyonye yo. Nou ka imite lafwa yo, e yo merite pou nou soutni yo avèk amou.

9-12. Nou ta dwe imite egzanp Demetriyis, yon frè fidèl, tandiske nou pa dwe aji tankou Dyotrefès ki te konn ap mache pale frè yo mal.

“ RETE NAN LANMOU BONDYE ”

(Jid 1-25)

Jid pale de moun ki fofile kò yo nan kongregasyon an. Li di yo “ toujou ap bougonnen, yo toujou ap plenyen sò yo nan lavi a, y ap aji selon pwòp dezi yo, e ak bouch yo, y ap pale pawòl pou yo vante tèt yo, pandan y ap flate moun ”. — Jid 4, 16, NW.

Ki jan kretyen yo ka reziste devan move enfliyans ? Men sa Jid ekri : “ Kanta pou nou menm, byenneme, se pou nou sonje pawòl apot yo, apot Seyè nou an, Jezi Kris, te deja di yo. ” Apre sa, li di : “ Rete nan lanmou Bondye. ” — Jid 17-21, NW.

Kesyon biblik ak tout repons :

3, 4 — Poukisa Jid te ankouraje kretyen yo pou yo “ mennen yon gwo lit pou lafwa ” ​(NW? Se paske ‘ gen kèk moun ki san respè pou Bondye ki te fofile kò yo nan kongregasyon an ’(NW). Mesye sa yo te ‘ pran favè san parèy Bondye a fè l tounen pretèks pou yo lage kò yo nan konduit deregle ’ ​(NW).

20, 21 — Ki jan nou ka “ rete nan lanmou Bondye ” (NW? Pou nou “ rete nan lanmou Bondye ”, gen twa bagay nou ka fè : 1) nou ka fòtifye nou nan “ lafwa nou ki sen anpil ” lè nou etidye Pawòl Bondye a avèk swen e lè nou patisipe avèk zèl nan travay predikasyon an, 2) nou ka priye “ avèk lespri sen ”, sètadi ann amoni ak enfliyans li egzèse e 3) nou ka egzèse lafwa nan sa k fè lavi etènèl la posib, anpalan de sakrifis Jezi Kris te bay kòm ranson an. — Jan 3:16, 36.

Leson pou nou jodi a :

5-7. Èske moun ki mechan yo ka chape anba jijman Jewova ? Selon twa egzanp ki sèvi nou avètisman Jid bay yo, se yon bagay ki enposib.

8-10. Nou ta dwe suiv egzanp Mikayèl akanj lan bay e nou dwe demontre respè pou moun Jewova bay otorite yo.

12. Aposta ki fè kòmsi yo renmen nou yo reprezante yon danje pou nou menm jan wòch ki anba dlo reprezante yon danje pou bato oswa pou moun k ap naje. Fo anseyan sa yo ka sanble donan, sepandan, yo tankou nyaj ki pa gen dlo nan sans yo vid sou plan espirityèl. Menm jan pyebwa ki sèch pa ka bay okenn fwi, moun sa yo pa pote fwi ditou. Y ap tann destriksyon yo menm jan ak pyebwa yo rache nan tè. N ap montre nou saj si nou kouri pou aposta yo.

22, 23. Vrè kretyen yo rayi sa k pa bon. Moun ki gen matirite nan kongregasyon an, espesyalman siveyan yo, ki se moun yo nome, bay “ moun ki gen dout ” ​(NW) yo èd nan domèn espirityèl, yon fason pou pèmèt yo chape anba dife, sa vle di destriksyon etènèl la.

[Foto nan paj 28]

Dlo, lespri ak san te bay temwayaj “ Jezi se Pitit Bondye ”.