Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sa kèk dokiman kineyifòm montre konsènan Labib

Sa kèk dokiman kineyifòm montre konsènan Labib

Sa kèk dokiman kineyifòm montre konsènan Labib

APRE Jewova te fin konfonn lang moun Babèl yo, te gen plizyè fòm ekriti ki te vin devlope. Moun ki t ap viv Mezopotami yo, tankou Simeryen yo ak Babilonyen yo, te konn sèvi ak yon fòm ekriti yo rele kineyifòm. Mo sa a sot nan yon mo laten ki siyifi “ ki gen fòm yon kwen ”. Li fè referans ak mak ki gen fòm triyang yo te fè sou ajil ki yon ti jan mouye ak yon enstriman yo te itilize pou fòm ekriti sa a.

Akeyològ yo te dekouvri yon seri tèks ki fèt nan ekriti kineyifòm nan ki pale de moun oubyen de evènman yo pale de yo nan Bib la. Ki sa nou konnen sou ansyen fòm ekriti sa a ? E ki prèv tèks sa yo bay ki montre nou ka fè Bib la konfyans ?

Dokiman yo te dekouvri

Espesyalis yo panse okòmansman sistèm ekriti yo te itilize an Mezopotami an se te yon seri senbòl oubyen yon seri imaj ki te reprezante yon mo oubyen yon ide. Pa egzanp, okòmansman, siy ki te pou bèf la te sanble ak tèt yon bèf. Ofiramezi tan t ap pase, te vin gen plis nesesite pou yo ekri yon seri enfòmasyon, e se konsa fòm ekriti kineyifòm nan te vin devlope. Selon yon liv, “ lè sa a, te vin gen siy ki reprezante mo yo ak silab yo. Yo te ka mete kèk nan siy sa yo ansanm pou yo reprezante diferan silab ki gen nan yon mo ”. (NIV Archaeological Study Bible.) Finalman, te vin gen anviwon 200 siy nan sistèm kineyifòm nan. “ Sa te pèmèt sistèm sa a vrèman reprezante fason moun pale, avèk tout konpleksite ki gen nan mo vokabilè yo ak nan gramè yo. ”

Rive nan epòk Abraram nan, sètadi nan zòn ane 2000 anvan epòk nou an, ekriti kineyifòm nan te gentan byen devlope. Pandan 20 syèk ki te vini apre yo, gen anviwon 15 lang ki te adopte sistèm ekriti sa a. Plis pase 99 pousan tèks ki ekri nan ekriti kineyifòm yo te jwenn yo, se sou moso ajil plat yo te ekri yo. Pandan 150 ane ki pase yo, yo te jwenn anpil nan moso ajil plat sa yo nan yon seri kote tankou Ou, Ouwouk, Babilòn, Nimwoud, Nipou, Achou, Niniv, Mari, Ebla, Ougarit ak Amana. Selon yon ouvraj, “ espesyalis yo panse yo deja dekouvri ant yon milyon a de milyon moso ajil plat ki gen ekriti kineyifòm sou yo, e chak ane, yo jwenn anviwon 25 000 lòt ”. (Archaeology Odyssey)

Moun ki espesyalis nan ekriti kineyifòm nan k ap tradui tout tèks sa yo gen yon gwo chay sou do yo. Selon yon estimasyon yo fè, “ se sèlman yon dizyèm nan tèks kineyifòm yo yo gentan li nan epòk nou an ”.

Sa k te ede yo rive konprann tèks kineyifòm yo, se lefètke yo te dekouvri yon seri tèks kineyifòm ki te ekri swa an de lang, swa an twa lang. Espesyalis yo te dekouvri dokiman sa yo te gen menm enfòmasyon an ki te ekri nan plizyè lang, men, toujou nan fòm ekriti kineyifòm nan. Yon bagay tou ki te ede yo konprann tèks kineyifòm yo, se lefètke yo te rive wè souvan yo repete yon seri non, tit ak ras yon seri dirijan e menm yon seri ekspresyon moun yo te itilize pou yo fè lwanj pou tèt yo.

Nan zòn ane 1850 yo, espesyalis yo te vin kapab li, nan sistèm ekriti kineyifòm nan, lang yo te konn itilize pou yo fè komès nan Mwayen Oryan an, sètadi lang Akadyen oswa lang asiro-babilonyen an. Men ki esplikasyon nou jwenn nan yon ansiklopedi : “ Yonfwa yo te fin konprann sistèm kineyifòm lang Akadyen an, li te sèvi kòm modèl pou yo te ka entèprete lòt lang ki te ekri an kineyifòm. ” ​(Encyclopædia Britannica). Ki rapò dokiman sa yo genyen ak Labib ?

Sa yo jwenn nan dokiman sa yo ki ann akò ak Labib

Labib fè konnen gen yon seri wa kananeyen ki te dirije Jerizalèm pou jis David te pran l nan zòn ane 1070 anvan epòk nou an (Joz. 10:1 ; 2 Sam. 5:4-9). Men, gen kèk biblis ki pa t kwè sa. An 1887, gen yon peyizàn ki te dekouvri yon moso ajil plat nan zòn Amana, ann Ejip. Avèk letan, yo te jwenn anviwon 380 tèks nan zòn sa a. Espesyalis yo te vin reyalize tèks sa yo se te yon seri lèt kèk dirijan Ejip (Amenofis III ak Akenaton) ak kèk wa kananeyen te ekri youn lòt. Sis nan lèt sa yo se Abdi Eba, yon dirijan Jerizalèm ki te voye yo.

Men sa yon jounal fè konnen : “ Moso ajil plat yo te jwenn Amana yo pale byen klè de Jerizalèm kòm yon vil e non pa kòm yon gwo pwopriyete. E li pale tou ‘ de pozisyon Abdi Eba kòm [...] yon gouvènè ki te gen yon kay Jerizalèm e ki te mete 50 sòlda ejipsyen nan vil la pou pwoteje vil la. Sa montre Jerizalèm se te yon ti wayòm ki te bati sou yon mòn. ” Men sa menm jounal sa a di annapre : “ Pa gen dout, selon lèt yo te jwenn Amana yo, te gen yon vil ki te egziste la, ki te yon gwo vil pou epòk la. ” ​(Biblical Archaeology Review).

Non yo jwenn nan dokiman Asiryen yo ak nan dokiman Babilonyen yo

Asiryen yo, e annapre, Babilonyen yo, te ekri istwa yo sou moso ajil plat, men tou sou silenn, sou pris e sou moniman. Se sa k fè lè kèk espesyalis te rive konprann fòm ekriti kineyifòm nan nan lang Akadyen an, yo te dekouvri gen non yo site nan kèk nan tèks sa yo ki nan Bib la tou.

Selon yon liv : “ An 1870, nan diskou Doktè Samuel Birch te pwononse devan Sosyete akeyoloji biblik la ki te fèk fòme, [nan yon seri tèks kineyifòm], li te idantifye [non] wa Ebre sa yo : Omri, Ahab, Yewou, Azarya, [...] Menayèm, Peka, Ocheya, Izkiya ak Manase, ansanm ak wa Asiryen sa yo : Tiglat-Pilezè [...] [III], Sagon, Senakerib, Esaradòn ak Asoubanipal, ak siryen sa yo : Bennadad, Azayèl ak Retsin. ” ​(The Bible in the British Museum).

Gen yon lòt liv ki konpare sa Labib di sou istwa Izrayèl e sou istwa Jida ak tèks kineyifòm ki te ekri nan tan lontan yo. Ki sa konparezon sa a te demontre ? Men sa liv la di : “ Antou yo site 15 oswa 16 wa Jida ak Izrayèl nan dokiman ki sot nan lòt peyi ki te ekri nan epòk la, e non yo bay yo ak epòk yo bay ki site nan [liv] Wa yo [ki nan Bib la], se egzakteman menm sa ki site nan dokiman sa yo. Pa gen yon sèl wa yo mansyone nan yon epòk ki diferan ak sa Bib la di, ni tou pa gen yon wa yo site nan dokiman sa yo ki pa site nan liv Wa yo. ” ​(The Bible and Radiocarbon Dating).

Gen yon tèks kineyifòm anpil moun konnen yo te jwenn an 1879. Yo rele l silenn Siris la. Li fè konnen apre Siris te fin pran Babilòn an 539 anvan epòk nou an, li te fè tout moun ki te kaptif yo retounen nan peyi yo, selon politik li te genyen. Pami moun ki te benefisye sa, te gen Juif yo (Ezra 1:1-4). Nan 19yèm syèk la, gen anpil biblis ki pa t kwè sa Labib di sou dekrè Siris la. Sepandan, dokiman kineyifòm ki te fèt nan epòk Pès yo, ki te gen silenn Siris la ladan yo, ban nou prèv konvenkan ki montre sa Labib di sou dekrè sa a se laverite.

An 1883, yo te dekouvri yon achiv ki te gen anviwon 700 tèks ladan l, ki te ekri nan ekriti kineyifòm nan, nan yon zòn ki rele Nipou, toupre Babilòn. Pami 2 500 non yo te site ladan l yo, anviwon 70 ladan yo se te non kèk moun ki te Juif. Selon yon istoryen ki rele Edwin Yamauchi, sanble moun sa yo se moun ki t ap “ fè kontra, moun ki te ajan, moun ki te temwen, ki te pèseptè e ki te ofisye nan lakou wayal la ”. Sa montre gen Juif ki te kontinye mennen aktivite sa yo toupre Babilòn nan peryòd sa a. Se yon pwen ki enpòtan, paske li kore yon pwofesi nan Bib la ki te di byenke gen “ yon rès ” Izrayelit ki t ap retounen Jide sot ann egzil nan peyi Asiri ak nan Babilòn, gen anpil nan yo ki pa t ap tounen. — Iza. 10:21, 22.

Pandan premye milenè ki te pase anvan epòk nou an, yo te konn sèvi ni ak fòm ekriti kineyifòm nan, ni ak fòm ekriti alfabetik la. Sepandan, rive yon lè, Asiryen yo ak Babilonyen yo te sispann sèvi ak fòm ekriti kineyifòm nan pou yo sèvi ak fòm ekriti alfabetik la.

Gen plizyè santèn milye moso ajil plat yo poko etidye ki nan mize. Sa espesyalis yo deja rive konprann yo bay yon bèl temwayaj ki montre nou ka fè Labib konfyans. E nou pa janm konnen, lòt tèks yo poko etidye yo kapab gen anpil lòt bagay ladan yo ki pral pwouve nou ka fè Labib konfyans plis toujou.

[Liy kredi pou foto nan paj 21]

Nou pran foto sa a avèk pèmisyon British Museum