Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w se yon ‘ moun ki byen jere favè san parèy Bondye a ’ ?

Èske w se yon ‘ moun ki byen jere favè san parèy Bondye a ’ ?

Èske w se yon ‘ moun ki byen jere favè san parèy Bondye a ’ ?

“ Nan lanmou fratènèl, se pou nou gen yon afeksyon ki gen tandrès youn pou lòt. Se pou nou pran devan nan onore youn lòt. ” — WOM. 12:10, NW.

1. Ki asirans Pawòl Bondye a ban nou ?

PAWÒL BONDYE a toujou ban nou asirans Jewova ap ede nou lè nou dekouraje oswa lè nou nan gwo lapenn. Pa egzanp, gade pawòl rekonfòtan yon salmis te di : “ [Jewova] ap soutni tout moun k’ ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj. ” Salmis la te di ankò : “ L’ ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouraj. L’ ap geri moun ki blese yo. ” ​(Sòm 145:14 ; 147:3). Anplis, men sa Papa nou ki nan syèl la di : “ Mwen menm, Jewova Bondye w la, m ap pran men dwat ou, Sila a ki di w : ‘ Ou pa bezwen pè. Mwen menm, m ap ede w. ’ ” — Iza. 41:13, NW.

2. Ki jan Jewova soutni sèvitè l yo ?

2 Men, ki jan Jewova ka ‘ pran men nou ’, alòske se nan syèl la li rete ? Ki jan li ka ‘ ban nou kouraj lè nou nan lafliksyon ’ akoz pwoblèm nou rankontre yo ? Jewova Dye ede nou divès fason. Pa egzanp, li bay sèvitè l yo “ pisans ki depase sa ki nòmal la ” pa mwayen lespri sen l (2 Kor. 4:7, NW ; Jan 14:16, 17). Anplis, sèvitè Bondye yo santi mesaj ki nan Bib la, Pawòl Bondye enspire a, fòtifye yo (Ebre 4:12). Èske gen yon lòt fason ankò Jewova fòtifye nou ? Nou jwenn repons lan nan liv 1 Pyè a.

‘ Bondye demontre li fè nou yon favè san parèy divès fason ’

3. a) Ki sa apot Pyè te di konsènan eprèv nou ka jwenn ? b) Sou ki sa Pyè pale nan dènye pati premye lèt li a ?

3 Apot Pyè te ekri yon lèt voye bay kretyen ki wen ak lespri sen yo pou l te di yo yo gen bonjan rezon pou yo gen lajwa paske yo gen yon gwo rekonpans k ap tann yo. Apre sa, li te di yo : “ Kounye a li nesesè pou nou jwenn lapenn anba divès eprèv pou yon ti moman. ” ​(1 Pyè 1:1-6, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Remake Pyè itilize mo “ divès ” la nan vèsè sa a. Sa montre eprèv nou jwenn yo pa menm. Sepandan, Pyè pa ret la, li pa kite frè yo ap mande tèt yo si y ap ka fè fas ak divès kalite eprèv y ap jwenn yo. Depreferans, li montre kretyen yo kapab gen asirans Jewova ap ede yo fè fas ak chak eprèv yo rankontre, kèlkeswa kalite eprèv la. Pyè bay asirans sa a nan dènye pati lèt la kote li pale sou sijè ki gen rapò ak ‘ tout bagay ki prèt pou fini ’ yo. — 1 Pyè 4:7.

4. Poukisa pawòl Pyè di nan 1 Pyè 4:10 yo rekonfòte nou ?

4 Men sa Pyè te di : “ Selon sa chak moun resevwa kòm don, se pou yo itilize l pou youn sèvi lòt, tankou moun k ap byen jere favè san parèy Bondye a, yon favè li demontre divès fason. ” ​(1 Pyè 4:10, NW). La ankò, Pyè itilize mo “ divès ” la. Anfèt, li vle di nou : ‘ Eprèv yo vini divès fason, men, Bondye demontre favè l ki san parèy divès fason. ’ Poukisa pawòl sa yo rekonfòte nou ? Yo rekonfòte nou paske yo montre kèlkeswa kalite eprèv nou rankontre a, Bondye ap toujou jwenn yon fason pou l demontre favè l ki san parèy anvè nou, yon fason k ap ede nou andire. Men, èske w te remake nan pawòl Pyè yo ki jan Jewova demontre favè l ki san parèy la anvè nou ? Pou l fè sa, li sèvi ak konpayon kretyen nou yo.

Se “ pou youn sèvi lòt ”

5. a) Ki sa chak kretyen ta dwe fè ? b) Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou ?

5 Men sa Pyè te di tout moun nan kongregasyon an : “ Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. ” E apre sa, li ajoute : “ Selon sa chak moun resevwa kòm don, se pou yo itilize l pou youn sèvi lòt. ” ​(1 Pyè 4:8, 10). Donk, nou chak nan kongregasyon an dwe fòtifye frè nou yo. Jewova konfye nou yon bagay ki gen anpil valè, e li mande nou pou nou pataje l ak lòt moun. Se ki sa l ye ? Pyè di se “ yon don ”. Ki don sa a ? Ki jan nou ka “ itilize l pou youn sèvi lòt ” ?

6. Site kèk don Jewova bay kretyen yo.

6 Men sa Pawòl Bondye a di : “ Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo soti. ” ​(Jak 1:17). Vrèmanvre, tout kado Jewova bay pèp li a se fason li demontre li fè yo yon favè ki san parèy. Youn nan don estrawòdinè Jewova ban nou se lespri sen. Lespri sen ede nou kiltive kalite ki soti nan Bondye tankou lanmou, bonte ak dousè. Kalite sa yo pouse nou demontre yon afeksyon ki soti nan kè nou pou frè nou yo e yo fè nou dispoze ede yo. Lespri sen ede nou jwenn lòt bon kado ankò. Pa egzanp, li ede nou jwenn konesans e li ede nou jwenn vrè sajès la (1 Kor. 2:10-16 ; Gal. 5:22, 23). Anfèt, tout fòs nou genyen, tout kapasite nou ak tout talan nou, se don nou kapab itilize pou nou louwe Papa nou ki nan syèl la e pou nou onore l. Bondye mande nou pou nou sèvi ak kapasite nou yo e ak kalite nou yo yon fason pou nou demontre favè Bondye ki san parèy la anvè kwayan parèy nou yo.

Ki jan nou kapab “ itilize l pou youn sèvi lòt ” ?

7. a) Ki sa ekspresyon “ selon sa chak moun resevwa ” a montre ? b) Ki kesyon nou kapab poze tèt nou, e poukisa ?

7 Men sa Pyè di ankò anrapò ak don nou resevwa yo : “ Selon sa chak moun resevwa kòm don, se pou yo itilize l. ” Ekspresyon “ selon sa chak moun resevwa ” a montre nou kalite ak kapasite nou genyen yo kapab diferan e nou ka pa genyen yo nan menm nivo. Kèlkeswa kado nou resevwa a, nou dwe “ itilize l [sètadi don espesyal sa a] pou youn sèvi lòt ”. Anplis, ekspresyon “ itilize l [...] tankou moun k ap byen jere ” a se yon lòd. Se poutèt sa, nou ta dwe poze tèt nou kesyon sa yo : ‘ Èske vrèman mwen itilize don m resevwa yo pou m fòtifye kwayan parèy mwen yo ? ’ ​(Konpare ak 1 Timote 5:9, 10.) ‘ Oswa èske mwen plis itilize kapasite Jewova ban mwen yo nan avantaj pa m, petèt pou m chèche gen richès oswa pou m chèche gen prestij nan monn nan ? ’ ​(1 Kor. 4:7). Si nou itilize don nou genyen yo pou nou “ youn sèvi lòt ”, n ap fè kè Jewova kontan. — Pwo. 19:17 ; li Ebre 13:16.

8, 9. a) Bay kèk fason kretyen yo nan lemonnantye sèvi lòt kwayan parèy yo. b) Ki jan frè ak sè nan kongregasyon w lan ede youn lòt ?

8 Nan Pawòl Bondye a, nou jwenn divès fason premye kretyen yo te konn sèvi youn lòt. (Li Women 15:25, 26 ; 2 Timote 1:16-18.) Menm jan an tou, jodi a, vrè kretyen yo suiv ak tout kè yo kòmandman ki mande pou yo itilize don yo genyen pou yo ede lòt kwayan parèy yo. Annou konsidere kèk fason yo fè sa.

9 Anpil frè pase anpil tan chak mwa ap prepare patisipasyon yo gen nan reyinyon yo. Lè yo nan reyinyon yo, yo pataje enfòmasyon espirityèl ki gen anpil valè yo te jwenn nan etid Labib yo fè yo ak tout kongregasyon an. E pawòl sajès yo di yo ankouraje kongregasyon an andire (1 Tim. 5:17). Gen anpil frè ak sè ki gen repitasyon moun ki toujou boule ak kwayan parèy yo yon fason ki montre yo gen afeksyon ak konsiderasyon pou yo (Wom. 12:15). Genyen ki vizite moun ki deprime e yo priye avèk yo (1 Tes. 5:14). Gen lòt ki pran tan pou yo ekri bèl ti pawòl k ap ankouraje lòt kretyen yo konnen k ap fè fas ak kèk eprèv. Gen lòt ankò ki ede moun ki gen andikap fizik asiste reyinyon kongregasyon an. Gen plizyè milye Temwen ki pote sekou bay lòt kwayan parèy yo, ki ede yo rebati kay yo katastwòf natirèl te kraze. Konsa, frè ak sè sa yo demontre yo gen lanmou ak bonte pou lòt kwayan sa yo e yo ba yo yon èd ki vrèman itil. Tout sa yo se fason frè ak sè nou yo demontre “ favè san parèy Bondye a, yon favè li demontre divès fason ”. — Li 1 Pyè 4:11.

Kiyès ladan yo ki pi enpòtan ?

10. a) Bay de aspè ki gen nan sèvis Bondye a Pòl te bay anpil enpòtans. b) Ki jan nou imite Pòl jodi a ?

10 Sèvitè Bondye yo pa sèlman gen yon don pou yo sèvi lòt kwayan parèy yo, men tou, yo gen yon mesaj pou yo anonse pwochen yo. Apot Pòl te konnen sèvis l ap bay Jewova a gen de aspè sa yo ladan l. Se sa k fè lè l te ekri kongregasyon Efèz la, li te di l “ Bondye ba [l] jere favè san parèy li a ” nan enterè yo (Efe. 3:2, NW). Sepandan, li te di tou : “ [Bondye] fè m’ konfyans, li ban mwen bon nouvèl li a pou m’ anonse. ” ​(1 Tes. 2:4). Menm jan ak Pòl, nou menm tou nou gen misyon pou nou preche bon nouvèl Wayòm Bondye a. Lè nou patisipe avèk zèl nan travay predikasyon an, nou fè tout sa nou kapab pou nou imite egzanp Pòl, yon pwoklamatè bon nouvèl la ki pa t janm bouke preche (Tra. 20:20, 21 ; 1 Kor. 11:1). Predikasyon Wayòm nan kapab sove lavi moun yo. Men, anmenmtan, nou montre nou imite Pòl lè nou chèche okazyon pou nou “ pataje kèk don espirityèl ” avèk lòt kwayan parèy nou yo. — Li Women 1:11, 12 ; 10:13-15.

11. Ki jan nou dwe konsidere misyon nou genyen pou nou preche a ak responsablite nou genyen pou nou ankouraje frè nou yo ?

11 Kiyès nan de aktivite sa yo ki pi enpòtan pou kretyen yo ? Yon zwazo gen de zèl, men kiyès nan de zèl sa yo ki pi enpòtan ? Repons lan klè. Pou yon zwazo vole kòrèkteman, li bezwen toule de zèl li yo. Menm jan an tou, pou nou ka konplè antanke kretyen, nou bezwen patisipe nan toule de aspè sa yo ki gen nan sèvis n ap bay Bondye a. Se sa k fè nou pa pran misyon nou genyen pou nou preche a ak responsablite nou genyen pou nou ankouraje kwayan parèy nou yo kòm de bagay ki pa gen rapò youn ak lòt. Okontrè, menm jan ak apot Pyè ak apot Pòl, nou konsidere de responsablite sa yo kòm de bagay ki mache ansanm. Ki jan yo mache ansanm ?

12. Ki jan Jewova itilize nou antanke enstriman ki nan men l ?

12 Antanke evanjelizatè, nou sèvi ak kapasite nou genyen pou nou anseye pou nou eseye touche kè moun n ap preche mesaj Wayòm Bondye a, yon mesaj k ap ankouraje yo. Konsa, nou fè sa nou kapab pou nou ede yo vin disip Kris. Men tou, nou itilize tout kapasite nou genyen ak lòt don nou yo pou nou ka fòtifye kwayan parèy nou yo. Nou fè sa lè nou di yo pawòl ki ankourajan e lè nou fè aksyon ki nan enterè yo. Lè nou aji konsa, nou demontre favè san parèy Bondye bay la (Pwo. 3:27 ; 12:25). Konsa, nou fè sa nou kapab pou nou ede yo toujou rete disip Kris. Nan toule de aktivite sa yo, sètadi preche moun yo epi chèche fason pou nou “ youn sèvi lòt ” nan kongregasyon an, nou gen yon kokenn privilèj pou nou kite Jewova itilize nou antanke enstriman ki nan men l. — Gal. 6:10.

“ Se pou nou gen yon afeksyon ki gen tandrès youn pou lòt ”

13. Ki sa k ap rive si nou sispann ‘ sèvi youn lòt ’ ?

13 Pòl te ankouraje kwayan parèy li yo konsa : “ Nan lanmou fratènèl, se pou nou gen yon afeksyon ki gen tandrès youn pou lòt. Se pou nou pran devan nan onore youn lòt. ” ​(Wom. 12:10). An reyalite, lè nou gen afeksyon pou frè nou, sa pouse nou sèvi yo ak tout kè nou tankou moun ki byen jere favè san parèy Bondye a. Nou konnen si Satan reyisi fè nou sispann ‘ sèvi youn lòt ’, l ap rive febli inite nou genyen an (Kol. 3:14). E si nou ta pèdi inite nou genyen an, sa t ap fè nou pèdi zèl nou nan travay predikasyon an. Satan konnen li sèlman bezwen fè nou neglije youn nan fasèt nan sèvis nou an pou l fè nou sanble ak yon zwazo ki pèdi yon zèl. Konsa, l ap anpeche nou sèvi Jewova jan nou dwe sèvi l la.

14. Kiyès ki jwenn byenfè lè nou “ youn sèvi lòt ” ? Bay yon egzanp.

14 Lè nou “ youn sèvi lòt ”, se pa moun nou demontre favè san parèy Bondye anvè yo a ki jwenn byenfè sèlman, men, nou menm tou ki demontre l la, nou jwenn byenfè (Pwo. 11:25). Annou pran egzanp yon koup k ap viv nan Ilinwa, Ozetazini. Mari a rele Ryan e madanm nan rele Roni. Lè yo te aprann siklòn Katrina te detwi plizyè santèn kay Temwen Jewova parèy yo, lanmou fratènèl te pouse yo kite travay yo, kite lakay yo epi achte yon ti kay ki te pou yon lòt moun ki fèt pou yo remòke l ak yon machin. Yo te repare l pou yo ka rete ladan l e yo te vwayaje 1 400 km avè l pou y al Lwizyàn. Yo te fè plis pase ennan la e yo te bay tan yo, fòs yo, lajan yo ak kapasite yo pou yo ede frè yo. Ryan, ki gen 29 an, di : “ Lefètke mwen te patisipe nan travay pote sekou a, sa te fè m vin pi pwòch Bondye. Mwen te wè fason Jewova pran swen pèp li a. ” Men sa l di ankò : “ Lefètke m t ap travay ak yon seri frè ki pi aje pase m, mwen te aprann anpil sou fason pou m pran swen frè yo. Mwen te reyalize tou nou menm ki pi jèn nou gen anpil travay nou ka fè nan òganizasyon Jewova a. ” Roni, ki gen 25 an, di : “ Mwen kontan lefètke mwen te kapab ede lòt moun. Mwen santi m gen yon kontantman mwen pa t janm gen nan lavi m anvan sa. Mwen konnen nan ane k ap vini yo, bèl eksperyans sa a ap kontinye fè m jwenn byenfè. ”

15. Ki bonjan rezon nou genyen pou nou kontinye sèvi youn lòt tankou moun k ap byen jere favè san parèy Bondye a ?

15 Vrèmanvre, lè moun ki kwayan yo obeyi kòmandman Bondye bay pou yo preche bon nouvèl la e pou yo ankouraje lòt kwayan parèy yo, sa pote benediksyon pou tout moun. Moun nou ede yo vin pi fò nan domèn espirityèl e nou menm nou jwenn yon lajwa yon moun jwenn sèlman lè l bay (Tra. 20:35). Lè moun nan kongregasyon an pran ka youn lòt avèk amou, kongregasyon an, antanke gwoup, vin gen plis lanmou ladan l. Anplis de sa, lanmou ak afeksyon nou demontre nou gen youn pou lòt fè lòt moun wè byen klè nou se vrè kretyen. Men sa Jezi te di : “ Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye. ” ​(Jan 13:35). Sa k pi enpòtan toujou, sèke nou bay Jewova, Papa nou ki chaje lanmou an, glwa, paske, antanke sèvitè l ki sou tè a, nou imite l, li menm ki dispoze fòtifye moun ki nan bezwen. Se sa k fè nou gen bonjan rezon pou nou itilize don nou genyen “ pou youn sèvi lòt, tankou moun k ap byen jere favè san parèy Bondye a, yon favè li demontre divès fason ”. Èske w dispoze kontinye fè sa ? — Li Ebre 6:10.

Èske nou sonje ?

• Ki fason Jewova fòtifye sèvitè l yo ?

• Ki don Jewova konfye nou ?

• Bay kèk fason nou kapab sèvi kwayan parèy nou yo.

• Ki sa k ap pouse nou kontinye itilize don nou genyen pou nou “ youn sèvi lòt ” la ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Èske w itilize “ don ” w genyen pou w sèvi lòt moun oswa ou itilize l pou w fè tèt ou plezi ?

[Foto nan paj 15]

Nou preche bon nouvèl la e nou soutni lòt kretyen parèy nou yo.

[Foto nan paj 16]

Moun ki patisipe nan travay pote sekou yo merite felisitasyon pou espri sakrifis yo demontre.