Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason nou kapab jwenn lajwa nan travay fè disip la

Fason nou kapab jwenn lajwa nan travay fè disip la

Fason nou kapab jwenn lajwa nan travay fè disip la

“ Ale fè disip. ” — MAT. 28:19.

1-3. a) Ki jan anpil moun santi yo lefètke yo gen opòtinite pou yo kondui etid biblik ? b) Ki kesyon nou pral egzamine ?

GEN yon sè k ap sèvi nan yon gwoup ki pale Indi, Ozetazini, ki ekri : “ Pandan 11 semèn ki sot pase yo, mwen te etidye Labib avèk yon fanmi ki soti Pakistan. Natirèlman, mwen menm ak fanmi sa a vin zanmi. Dlo koule nan je m lè m sonje, talè konsa, yo gen pou yo tounen Pakistan. Nou pap rewè ankò e sa fè m mal. Men se pa pou sa sèlman m kriye, mwen kriye tou paske mwen te jwenn lajwa pandan m t ap anseye yo verite sou Jewova. ”

2 Èske w te gen posiblite, menm jan ak sè sa a, pou w goute lajwa yon moun genyen lè l ap etidye Labib ak yon lòt moun ? Jezi ak disip li yo nan premye syèk la te jwenn anpil lajwa nan travay fè disip la. Lè 70 disip Jezi te fòme yo te tounen vin jwenn li avèk yon rapò ki te fè kè yo kontan, ‘ Jezi te nan lajwa tou, grasa Lespri a ’. (Lik 10:17-21, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.) Se menm bagay la tou jodi a, anpil moun jwenn anpil kè kontan nan travay fè disip la. E kòm prèv, an 2007, pwoklamatè yo te kontan travay di pou yo kondui apeprè sis milyon edmi etid biblik chak mwa.

3 Men, gen kèk pwoklamatè ki poko konn plezi ki genyen nan kondui yon etid biblik. Gen lòt petèt, ki gen lontan depi yo pa kondui yon etid. Ki pwoblèm nou ka rankontre nan efò n ap fè pou nou kondui yon etid biblik ? Ki jan nou ka rive venk pwoblèm sa yo ? E ki byenfè n ap jwenn lè nou fè tout sa nou kapab pou nou obeyi kòmandman Jezi te bay lè l te di “ ale fè disip ” la ? — Mat. 28:19.

Pwoblèm ki ka fè nou pèdi lajwa nou

4, 5. a) Ki jan anpil moun reyaji kèk kote sou tè a ? b) Ki difikilte pwoklamatè yo rankontre kèk lòt kote ?

4 Gen kèk kote sou tè a, moun yo aksepte piblikasyon nou yo avèk anpresman e yo byen kontan pou nou etidye Labib avèk yo. Men sa yon koup ki soti ann Ostrali e ki t ap sèvi nan peyi Zanbi pou yon ti tan te ekri : “ Sa yo rakonte sou peyi Zanbi yo se vre. Peyi sa a se yon paradi pou predikasyon. Se yon bagay ki estrawòdinè lè n ap preche nan lari ! Moun yo vin pale avèk nou, gen moun ki menm konn mande kèk nimewo peryodik an patikilye. ” Nan youn nan ane ki sot pase yo, frè ak sè nan Zanbi yo te kondui plis pase 200 000 etid biblik, sa vle di, an mwayèn, chak pwoklamatè te gen plis pase yon etid biblik.

5 Men gen lòt kote, li ka difisil pou pwoklamatè yo plase piblikasyon e pou yo kondui etid biblik regilyèman. Sa k fè sa ? Se paske, souvan, pifò moun yo pa lakay yo lè pwoklamatè yo pase, e moun yo jwenn lakay yo konn pa enterese nan relijyon. Petèt yo te leve nan yon fanmi ki pa t bay relijyon enpòtans oswa relijyon ba yo degoutans akoz ipokrizi ki gen nan fo relijyon yo. Gen anpil moun fo bèje yo maltrete nan domèn espirityèl, sètadi yo fè moun sa yo depafini e moun sa yo gaye tankou mouton ki san bèje (Mat. 9:36). Nou kapab konprann sa k fè moun sa yo gendwa pa vle pale de Labib.

6. Ki limit kèk pwoklamatè kapab genyen ?

6 Gen kèk pwoklamatè fidèl k ap fè fas ak yon lòt difikilte ki kapab fè yo pèdi jwa yo. Byenke gen yon lè yo te trè aktif nan travay fè disip la, kounye a, maladi oswa laj fè yo ralanti. Epitou, gen limit nou genyen, se nou menm ki bay tèt nou yo. Pa egzanp, èske w santi w manke kalifye pou w kondui yon etid biblik ? Petèt ou santi w menm jan ak Moyiz lè Jewova te ba l lòd pou l al pale ak Farawon. Men sa Moyiz te di l : “ Eskize m’ wi, Seyè. Men, mwen pa ka pale fasil. Se pa bagay jòdi a non. Menm koulye a, [...] anyen pa chanje. ” ​(Egz. 4:10). Gen yon lòt santiman ki mache avèk santiman nou genyen kòmkwa nou pa kalifye a : se pè nou kapab pè paske nou panse nou pap kapab ede yon moun vin yon disip. Nou ka enkyete pou sa paske nou panse nou pa anseyan ki pi kalifye a. Donk, pou evite sa, nou ka prefere pa kondui yon etid. Ki jan nou ka rive venk difikilte sa yo ?

Annou prepare kè nou

7. Ki sa ki te motive Jezi akonpli ministè l ?

7 Yon premye bagay pou nou fè ki ka ede nou se prepare kè nou. Jezi te di : “ Sa k nan kè yon nonm, se sa k soti nan bouch li. ” ​(Lik 6:45). Sa ki te motive Jezi pou l akonpli ministè l se te yon enterè sensè li te genyen pou byennèt lòt moun. Pa egzanp, lè l t ap gade ki jan Juif parèy li yo te pòv nan domèn espirityèl, ‘ kè l’ te fè l’ mal pou yo ’. Li te di disip li yo : “ Rekòt la anpil [...]. Mande mèt jaden an pou li voye travayè nan jaden l’ lan. ” — Mat. 9:36-38.

8. a) Sou ki sa l ap bon pou nou reflechi ? b) Ki sa nou ka aprann nan sa yon etidyan Labib te di ?

8 Pandan n ap patisipe nan travay fè disip la, l ap bon pou nou reflechi seryezman sou tout byenfè nou jwenn paske yon moun te pran tan etidye avèk nou. Reflechi tou sou moun n ap rankontre nan ministè a e kòman moun sa yo pral jwenn byenfè lefètke yo koute mesaj nou pote a. Men sa yon fi te ekri filyal peyi kote l ap viv la : “ Mwen ta renmen di nou ki jan mwen gen rekonesans pou Temwen ki vin etidye avè m lakay mwen yo. Mwen panse pafwa yo dwe bouke avè m paske mwen poze anpil kesyon e mwen toujou fè yo rete pi lontan pase tan nou te fikse a. Men, yo gen pasyans avè m e yo kontan pataje sa yo konnen yo. Mwen remèsye Jewova ak Jezi poutèt moun sa yo te antre nan lavi m. ”

9. Sou ki sa Jezi te konsantre l, e ki jan nou ka imite l ?

9 Natirèlman, se pa tout moun ki te byen reyaji devan efò Jezi te fè pou l ede yo (Mat. 23:37). Gen kèk moun ki te suiv li pandan yon ti tan, men ki te vin pa aksepte ansèyman l yo ankò e ki pa t “ mache avè l’ ankò ”. (Jan 6:66.) Sepandan, Jezi pa t kite reyaksyon negatif kèk moun te genyen fè l santi mesaj li a pa gen valè. Malgre anpil nan semans Jezi te simen yo pa t bay rezilta, li te konsantre l sou byen li t ap fè pou moun yo. Li te wè jaden yo te blan pou rekòt la e li te jwenn anpil jwa nan patisipe nan rekòt sa a. (Li Jan 4:35, 36.) Menm jan ak Jezi, olye nou konsantre nou sou pati nan jaden an ki pa bay rannman, anpalan de moun ki pa vle koute yo, èske l pa t ap pi bon pou nou konsantre nou sou moun ki kapab vin disip Jezi yo ki konparab ak fwi nou kapab rekòlte yo ? Annou wè ki jan nou ka kenbe etadespri pozitif sa a.

Simen nan objektif pou w rekòlte

10, 11. Ki sa w ka fè pou w kontinye gen lajwa ?

10 Lè yon kiltivatè ap simen, li fè sa nan objektif pou l rekòlte. Menm jan an tou, nou dwe preche nan objektif pou nou kòmanse etid biblik. Men, e si w patisipe nan ministè a regilyèman, epoutan ou mal pou w jwenn moun lakay yo oswa petèt ou pa janm ka jwenn moun ou te pran randevou avèk yo pou w vizite yo ? Sa kapab dekouraje w. Èske w ta dwe sispann preche kay an kay pou sa ? Jamè ! Jiska prezan, se grasa metòd predikasyon sa a nou rive kontakte anpil moun pou premye fwa. Se yon metòd ki gen lontan depi y ap sèvi avè l e ki efikas.

11 Men, pou w ka kontinye gen lajwa, èske w pa ta ka itilize lòt metòd pou w preche ? Petèt ou ka chèche lòt fason pou w jwenn moun yo. Pa egzanp, èske w eseye preche nan lari oswa kote moun yo travay yo ? Èske w pa ta ka kontakte moun yo nan telefòn ? Oswa, èske w ka eseye jwenn nimewo telefòn moun ou te pataje mesaj la avèk yo deja pou w ka ret an kontak avèk yo ? Lè w pèsevere nan ministè a e lè w aprann adapte mesaj Wayòm nan ak chak moun ou rankontre, w ap jwenn moun k ap byen reyaji devan mesaj la, e sa ap ba w kè kontan.

Sa nou dwe fè lè nou jwenn moun ki pa enterese

12. Ki sa nou ka fè si gen anpil moun nan tèritwa nou ki sanble pa enterese nan mesaj nou an ?

12 E si gen anpil moun nan tèritwa w la ki pa enterese nan relijyon ? Èske w pa ta kapab kòmanse konvèsasyon w yo avèk yon sijè ki enterese yo ? Men sa apot Pòl te ekri kretyen Korent yo : “ Avèk jwif yo, mwen vin tankou jwif [...]. Avèk moun ki san lalwa, mwen vin tankou moun ki san lalwa [...]. Men, malgre sa, mwen menm, mwen pa san lwa Bondye. ” Ki sa ki te motive Pòl pou l aji konsa ? Li di : “ Mwen vin tout bagay pou tout moun, dekwa pou tout jan mwen ka sove kèk. ” ​(1 Kor. 9:20-22, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Menm jan ak Pòl, èske nou pa ta ka chèche sijè k ap enterese moun ki nan tèritwa nou yo ? Gen anpil moun ki pa enterese nan relijyon, men ki ta renmen amelyore fason y ap viv nan fanmi yo. Petèt tou genyen k ap chèche bay lavi yo yon sans. Èske nou pa ta ka prezante moun sa yo mesaj Wayòm nan yon fason k ap fè yo enterese ladan l ?

13, 14. Ki jan nou ka fè pou nou vin gen plis lajwa nan travay fè disip la ?

13 De jou an jou, gen plis pwoklamatè ki ogmante lajwa yo nan travay fè disip la, menm nan zòn kote pifò moun sanble pa enterese nan mesaj nou an. Kòman yo rive fè sa ? Yo aprann yon lòt lang. Gen yon mari ak madanm li ki nan swasantèn yo ki te aprann gen plizyè milye etidyan chinwa ansanm ak fanmi yo k ap viv nan tèritwa kongregasyon yo a. Men sa mari a di : “ Sa te ankouraje nou aprann chinwa. Nou te oblije pase tan chak jou ap etidye lang nan, e kòm rezilta, nou te kondui anpil etid biblik avèk chinwa ki te nan zòn nou an. ”

14 Menmsi w pa gen posiblite aprann yon lòt lang, ou ka byen sèvi ak bwochi Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations an lè w rankontre moun ki pale lòt lang. An jeneral, w ap kapab jwenn piblikasyon nan lang moun sa yo pale a. Natirèlman, sa mande plis tan ak plis efò pou w rive kominike avèk moun ki pale yon lòt lang e ki gen yon lòt kilti. Men, pa bliye prensip nou jwenn nan Pawòl Bondye a ki di : “ Moun ki simen anpil va rekòlte anpil. ” — 2 Kor. 9:6.

Se tout kongregasyon an ki gen yon wòl pou l jwe

15, 16. a) Poukisa nou kapab di se tout kongregasyon an ki ede yon moun vin yon disip ? b) Ki wòl moun ki granmoun yo jwe ?

15 Sepandan, pou yon moun fè disip, sa pa depann de efò pa l sèlman. Sa depann de tout kongregasyon an. Sa k fè sa ? Men sa Jezi te di : “ Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye. ” ​(Jan 13:35). E se vre, lè etidyan yo asiste reyinyon, souvan lanmou frè yo demontre nan reyinyon sa yo fè bèl enpresyon sou yo. Men sa yon etidyan te ekri : “ Mwen renmen asiste reyinyon yo anpil. Moun yo tèlman akeyi m byen ! ” Jezi te di moun ki vin disip li yo ap jwenn opozisyon nan fanmi yo. (Li Matye 10:35-37.) Men, li te pwomèt tou yo t ap jwenn anpil ‘ frè, sè, manman ak pitit ’ nan kongregasyon an. — Mak 10:30.

16 Frè ak sè nou yo ki granmoun, an patikilye, jwe yon wòl esansyèl pou ede etidyan yo pwogrese. Nan ki sans ? Menm lè kèk frè ak sè aje pa kapab kondui yon etid biblik, kòmantè ankourajan yo fè nan reyinyon kongregasyon an fòtifye lafwa tout moun k ap koute yo. Repitasyon yo genyen kòm moun k ap mache “ nan chemen jistis ” la fè kongregasyon an vin pi bèl toujou, e sa atire moun ki sensè yo nan òganizasyon Bondye a. — Pwo. 16:31.

Fason pou nou venk krent nou genyen yo

17. Si nou santi nou pa kalifye pou nou kondui etid biblik, ki sa nou ka fè pou nou venk santiman sa a ?

17 E si w santi w pa kalifye pou w kondui yon etid biblik ? Petèt w ap sonje Jewova te ede Moyiz. Li te ba li lespri sen l e li te ba l yon patnè, Arawon, frè l (Egz. 4:10-17). Jezi te pwomèt lespri Bondye t ap soutni nou nan travay predikasyon an (Tra. 1:8). Anplis, li te voye disip yo preche de pa de (Lik 10:1). Kidonk, si w santi kondui etid biblik se yon defi pou ou, priye pou lespri Bondye ka ba w sajès epi chèche yon patnè predikasyon ki ka ede w gen konfyans nan tèt ou e ki gen eksperyans ki kapab itil ou. Lafwa w ap vin pi solid si w sonje se moun òdinè Jewova te chwazi itilize pou fè kokenn travay sa a, “ moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb ”. — 1 Kor. 1:26-29.

18. Ki sa nou ka fè pou nou venk krent nou genyen paske nou panse nou pap kapab rive ede yon moun k ap etidye Labib vin yon disip ?

18 Petèt nou pè paske nou panse nou pap kapab rive ede yon moun k ap etidye Labib vin yon disip. Ki sa k kapab ede nou venk krent sa a ? L ap bon pou nou sonje sa : fè yon disip se pa menm bagay ak fè manje. Paske pou yon manje bon oswa pou l pa bon, an prensip, sa depann de yon sèl moun : moun k ap fè manje a. Men, pou yon moun vin yon disip, sa pa depann de nou sèlman. Jewova fè pi gwo travay la paske se li ki atire moun nan vin jwenn li (Jan 6:44). Nou menm ak lòt moun yo nan kongregasyon an fè sa nou kapab, nou sèvi ak ladrès nou genyen pou nou anseye yon fason pou nou ede etidyan an pwogrese. (Li 2 Timote 2:15.) Etidyan an li menm, li bezwen aji ann amoni ak sa l aprann nan (Mat. 7:24-27). Lè yon moun nou t ap etidye Labib avè l sispann fè etid la, sa kapab yon desepsyon pou nou. Nou ta renmen moun k ap etidye Labib yo fè bon chwa a, sepandan, chak moun gen pou l “ rann Bondye kont pou tèt pa [l] ”. — Wom. 14:12.

Ki byenfè n ap jwenn ?

19-21. a) Ki byenfè nou jwenn lè nou kondui etid biblik ? b) Ki jan Jewova konsidere tout moun ki patisipe nan travay predikasyon an ?

19 Lè nou kondui etid biblik, sa ede nou rete konsantre sou objektif nou ki se chèche Wayòm nan an premye. Epitou, sa grave verite ki gen nan Pawòl Bondye a pi fon nan lespri nou ak nan kè nou. Sa k fè sa ? Men sa yon pyonye ki rele Barak esplike : “ Lè w ap kondui etid biblik, ou oblije vin yon pi bon etidyan Pawòl Bondye a. Mwen rann mwen kont mwen dwe ranfòse konviksyon m nan kwayans mwen yo anvan pou m anseye yon lòt moun kòrèkteman. ”

20 Si w pap kondui yon etid biblik, èske sa vle di Bondye pa bay sèvis ou a valè ? Pinga w janm panse sa ! Jewova gen anpil apresyasyon pou efò w ap fè pou w ba l louwanj. Tout moun ki patisipe nan travay predikasyon an se “ konpayon travay Bondye ”. Men, lè n ap kondui yon etid biblik e nou wè ki jan Bondye fè grenn nou simen yo grandi, sa ajoute sou lajwa nou (1 Kor. 3:6, 9, NW). Gen yon pyonye ki rele Amy ki di : “ Lè w wè yon etidyan w ap pwogrese, ou vin gen yon gwo rekonesans pou Jewova ki itilize w pou l bay moun sa a yon kokenn kado, sètadi opòtinite pou l konn Jewova e pou l jwenn lavi etènèl. ”

21 Lè nou fè sa nou kapab pou nou kòmanse etid biblik e pou nou kondui yo, sa ede nou rete konsantre sou sèvis n ap bay Bondye kounye a e sa ranfòse esperans nou genyen pou nou antre nan monn nouvo a. Grasa èd Jewova, nou kapab ede moun ki koute nou yo pou yo sove. (Li 1 Timote 4:16.) Se pa ti kontan n ap kontan si nou rive fè sa !

Èske nou sonje ?

• Ki pwoblèm ki kapab anpeche kèk moun kondui etid biblik ?

• Ki sa nou ka fè si anpil moun nan tèritwa nou sanble pa enterese nan mesaj n ap preche a ?

• Ki byenfè nou jwenn lè nou kondui etid biblik ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 9]

Èske w itilize lòt metòd pou w preche yon fason pou w ka jwenn moun ki sensè yo ?