Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Men Sèvitè ki fè Jewova plezi anpil la !

Men Sèvitè ki fè Jewova plezi anpil la !

Men Sèvitè ki fè Jewova plezi anpil la !

“ Men Sèvitè [...] ki fè m’ plezi anpil la ! ” — IZA. 42:1.

1. Toutpandan Memoryal la ap pwoche, ki sa yo ankouraje moun ki fè pati pèp Jewova a fè, e poukisa ?

TOUTPANDAN dat nou pral komemore jou lanmò Kris la ap pwoche, l ap bon pou nou menm ki fè pati pèp Bondye a, nou koute konsèy apot Pòl te bay lè l te di pou nou “ fikse je nou sou Jezi, Li menm k ap dirije lafwa nou, Li menm k ap fè lafwa nou vin pafè ”. Apre sa, Pòl di se pou nou “ reflechi seryezman sou moun sa a ki te andire jan de pawòl sa yo pechè yo t ap di kont li, pawòl ki kont pwòp enterè yo, pou nou pa fatige e pou nanm nou pa faya ”. (Ebre 12:2, 3, NW.) Si kretyen wen yo ak lòt mouton yo, ki se konpayon yo, reflechi seryezman sou fason Kris te montre li fidèl jis nan pwen pou li bay lavi l an sakrifis, sa ap ede yo kontinye sèvi Jewova avèk fidelite san ‘ nanm yo pa faya ’. — Konpare ak Galat 6:9.

2. Ki sa nou ka aprann nan pwofesi Izayi yo ki gen rapò ak Pitit Bondye a ?

2 Jewova te enspire pwofèt Izayi pou l bay yon seri pwofesi ki gen rapò dirèk ak Kris Jezi, Pitit li a. Pwofesi sa yo ap ede nou “ fikse je nou sou Jezi, Li menm k ap dirije lafwa nou, Li menm k ap fè lafwa nou vin pafè ” *. Yo pote limyè sou pèsonalite l, sou soufrans li t apral jwenn, e yo fè nou konnen Jewova t apral elve l pou l vin Wa nou e pou l vin Sovè nou. Y ap ede nou pi byen konprann Memoryal la. Ane sa a n ap selebre l nan jou k ap jedi 9 avril, apre solèy la fin kouche.

Yo idantifye Sèvitè a

3, 4. a) Nan liv Izayi a, lè yo itilize mo “ sèvitè ” a, de kiyès y ap pale ? b) Ki jan Bib la idantifye Sèvitè yo pale de li nan chapit 42, 49, 50, 52 ak 53 liv Izayi a ?

3 Mo “ sèvitè ” a parèt anpil fwa nan liv Izayi a. Gen kèk kote se pou pwofèt la yo mete l (Iza. 20:3 ; 44:26). Gen lòt kote se tout nasyon Izrayèl la, sètadi Jakòb, li reprezante (Iza. 41:8, 9 ; 44:1, 2, 21). Men, de kiyès y ap pale nan Izayi chapit 42, 49, 50, 52 ak 53 yo, kote nou jwenn yon seri pwofesi estrawòdinè konsènan Sèvitè a ? Ekriti grèk kretyen yo ede nou idantifye aklè Sèvitè Jewova yo dekri nan chapit sa yo. Yon bagay ki enteresan, sèke fonksyonè etyopyen yo pale de li nan liv Travay la t ap li youn nan pwofesi sa yo lè lespri sen te dirije Filip, evanjelizatè a, pou l pwoche bò kote l. Apre fonksyonè sa a te fin li pasaj nou jwenn nan Bib la, nan Izayi chapit 53:7, 8, men sa li te mande Filip : ‘ Di m’ non, de ki moun pwofèt la ap pale konsa : de tèt pa l’ osinon de yon lòt moun ? ’ Filip pa t pèdi tan pou l esplike l pwofèt la t ap pale de Mesi a, Jezi. — Tra. 8:26-35.

4 Pandan Jezi te yon tibebe toujou, te gen yon nonm jis yo rele Simeyon ki te gen lespri sen sou li ki te di “ tipitit la ”, anpalan de Jezi, t ap “ yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen [Bondye] ”, jan sa te predi nan Izayi 42:6 ak 49:6 (Lik 2:25-32). Anplis, pwofesi nou jwenn nan Izayi 50:6-9 la te anonse tretman imilyan yo te bay Jezi nan nuit yo te jije l la (Mat. 26:67 ; Lik 22:63). Apre Pannkòt ane 33 epòk nou an, apot Pyè te idantifye Jezi kòm “ sèvitè ” Jewova a (Iza. 52:13 ; 53:11 ; li Travay 3:13, 26). Ki sa nou ka aprann nan pwofesi sa yo ki gen rapò ak Mesi a ?

Jewova fòme Sèvitè l la

5. Ki fòmasyon Sèvitè a te jwenn ?

5 Gen youn nan pwofesi Izayi te bay konsènan sèvitè Bondye a ki montre jan Jewova ak premye Pitit li te fè a te gen yon relasyon ki sere lè Pitit sa a t ap viv nan syèl la anvan li te vin sou tè a. (Li Izayi 50:4-9.) Sèvitè a fè konnen Jewova te kontinye ba l fòmasyon. Men sa li di : “ Li reveye zòrèy mwen pou m ka tande menm jan ak moun ki resevwa ansèyman [“ disip ”, nòt anba paj]. ” ​(Iza. 50:4, NW). Pandan tout tan sa a, Sèvitè Jewova a te koute Jewova, Papa l, pou l te ka aprann nan men l. Li te vin yon disip li ki te soumèt anba l. Ala yon privilèj san parèy sa ye pou yon moun jwenn fòmasyon nan men Kreyatè linivè a !

6. Ki jan Sèvitè sa a te montre li soumèt li nèt devan Papa l ?

6 Nan pwofesi sa a, Sèvitè a pale de Papa l kòm “ Jewova [...] Souvren Seyè a ”. Sa montre li te konnen Jewova se Souvren linivè a, sa ki yon verite fondamantal. Pawòl nou pral site la yo montre jan li te soumèt li nèt devan Papa l. Men sa li di : “ Se Jewova menm, Souvren Seyè a, ki ouvri zòrèy mwen, e mwen menm, bò kote pa m, mwen pa t fè rèd. Mwen pa t vire nan sans kontrè. ” ​(Iza. 50:5, NW). Li “ te vin yon ouvriye abil bò kote [Jewova] ” e li te patisipe nan kreyasyon linivè vizib la ak nan kreyasyon lòm. Antanke “ Ouvriye abil ” la, Pitit Bondye a te “ rejwi devan [Jewova] toutan ”, li te ‘ rejwi konsènan pati ki ka pwodui sou tè l fè a, e li te santi yon atachman pou pitit lèzòm yo ’. — Pwo. 8:22-31, NW.

7. Ki sa ki montre Sèvitè a te gen konfyans Papa l t ap soutni l nan eprèv li yo ?

7 Fòmasyon sa a Sèvitè a te resevwa a ansanm ak atachman li genyen pou pitit lèzòm yo te prepare l pou l sipòte gwo tribilasyon lè l te vin sou tè a. Li te kontinye pran plezi fè volonte Papa l menm lè li te jwenn gwo pèsekisyon (Sòm 40:8 ; Mat. 26:42 ; Jan 6:38). Pandan tout eprèv Jezi te rankontre sou tè a, li te gen konfyans Papa l te avè l e li t ap soutni l. Jan pwofesi Izayi a te anonse sa, Jezi te kapab di : “ Sila ki deklare m jis la toupre. Kiyès ki ka konbat mwen ? [...] Gade, Jewova, Souvren Seyè a, ap ede m. ” ​(Iza. 50:8, 9, NW). Jan yon lòt pwofesi Izayi montre sa, Jewova te ede Sèvitè fidèl li a toutbonvre pandan ministè l sou tè a.

Ministè Sèvitè a te akonpli sou tè a

8. Ki sa ki pwouve Jezi se moun Jewova te “ chwazi a ”, jan Izayi 42:1 te anonse sa ?

8 Men sa Labib rakonte ki te rive lè Jezi t ap batize nan ane 29 epòk nou an : “ Sentespri a desann sou li [...]. Yon vwa soti nan syèl la, li di : Ou se Pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m’ kontan anpil. ” ​(Lik 3:21, 22). Konsa, Jewova te idantifye aklè moun li te “ chwazi a ”, moun yo pale de li nan pwofesi Izayi a. (Li Izayi 42:1-7.) Pandan ministè Jezi sou tè a, pwofesi sa a te akonpli sou li yon fason estrawòdinè. Nan Evanjil Matye ekri a, li site pawòl nou jwenn nan Izayi 42:1-4 yo e li fè konnen pawòl sa yo akonpli sou Jezi. — Mat. 12:15-21.

9, 10. a) Ki jan Jezi te akonpli Izayi 42:3 nan ministè l ? b) Ki jan Jezi te “ pote jistis ” lè l te sou tè a, e ki lè li pral “ mete jistis toupatou sou latè ” ?

9 Chèf relijye juif yo te meprize moun ki soti nan mas pèp la (Jan 7:47-49). Yo te konn maltrete yo. Se sa k fè moun sa yo te konparab ak “ wozo ki abime ” oswa ak “ mèch an len ” ki limen e dife a prèske mouri. Yon lòt bò, Jezi li menm te trete moun ki pòv e ki aflije yo avèk konpasyon (Mat. 9:35, 36). Li te ba yo yon envitasyon ki montre li gen anpil bonte. Men sa li te di yo : “ Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m’a soulaje nou. ” ​(Mat. 11:28). Anplis, Jezi te “ pote jistis ” lefètke li te anseye prensip Jewova yo konsènan sa ki byen ak sa ki mal (Iza. 42:3, NW). Li te montre li enpòtan pou nou rezonab e pou nou gen mizèrikòd lè n ap aplike prensip Bondye yo (Mat. 23:23). Li te demontre tou li se yon moun ki jis, ki pa gen patipri. Se sa k fè li te preche ni moun ki rich ni moun ki pòv. — Mat. 11:5 ; Lik 18:18-23.

10 Pwofesi Izayi a te anonse tou moun Jewova t ap “ chwazi a ” t ap “ mete jistis toupatou sou latè ”. (Iza. 42:4.) Antanke Wa nan Wayòm Bondye a, li pral fè sa talè konsa lè li pral detwi tout lòt wayòm yo e li pral ranplase yo ak dominasyon pa l la, yon dominasyon ki jis. Lè sa a, li pral etabli yon monn nouvo “ kote se bagay ki dwat devan Bondye ase k’ap fèt ”. — 2 Pyè 3:13 ; Dàn. 2:44.

“ Yon limyè ” ak “ yon alyans ”

11. Nan premye syèk la, nan ki sans Jezi te “ yon limyè pou nasyon yo ”, e ki jan li kontinye aji antanke “ limyè pou nasyon yo ” jodi a ?

11 Ann amoni ak sa ki nan Izayi 42:6 (NW), Jezi te montre li se vrèman “ yon limyè pou nasyon yo ”. Pandan ministè li sou tè a, li te pote limyè espirityèl pou Juif yo an premye (Mat. 15:24 ; Tra. 3:26). Sepandan, men ki jan li te pale de tèt li : “ Se mwen menm ki limyè k’ap klere tout moun ki sou latè. ” ​(Jan 8:12). Li te vin limyè ni pou Juif yo ni pou moun lòt nasyon yo nonsèlman paske li te pote limyè espirityèl pou yo, men tou, paske li te bay vi pafè li te genyen an kòm ranson pou limanite (Mat. 20:28). Apre rezirèksyon li, li te bay disip li yo lòd pou yo vin temwen l “ jouk nan dènye bout latè ”. (Tra. 1:8.) Pandan ministè Pòl ak Banabas, yo te site ekspresyon “ limyè pou nasyon yo ” e yo te fè konnen li gen rapò ak travay predikasyon yo t ap fè pami moun ki pa Juif yo (Tra. 13:46-48 ; konpare ak Izayi 49:6). Frè Jezi yo ki wen ansanm ak konpayon yo genyen yo kontinye ap fè travay gaye limyè espirityèl la sou tè a jodi a e yo kontinye ap ede moun met lafwa yo nan Jezi, “ limyè pou nasyon yo ”.

12. Ki jan Jewova te fè Sèvitè l la “ vin yon alyans pou pèp la ” ?

12 Nan menm pwofesi sa a, men sa Jewova di Sèvitè li chwazi a : “ M ap pwoteje w e m ap fè w vin yon alyans pou pèp la. ” ​(Iza. 42:6, NW). Lè Jezi te sou tè a, Satan te pèsiste nan efò li t ap fè pou l detwi Jezi e pou l anpeche l akonpli ministè l. Sepandan, Jewova te pwoteje l jiskaske lè a te rive pou l mouri (Mat. 2:13 ; Jan 7:30). Apre sa, Jewova resisite l e li fè l vin yon alyans, oswa pwomès, pou lèzòm. Pwomès sa a te bay asirans Sèvitè fidèl Bondye a t ap toujou “ yon limyè pou nasyon yo ” pou l libere moun ki nan fènwa espirityèl yo. — Li Izayi 49:8, 9 *.

13. Pandan ministè Jezi, ki jan li te libere moun “ ki nan kacho kote ki fè nwa a ”, e ki jan li kontinye fè sa jodi a ?

13 Ann amoni ak pwomès sa a, Sèvitè Jewova chwazi a t ap gen pou l “ louvri je avèg yo ”, pou l “ fè prizonye yo soti nan prizon ” e pou l “ libere sa ki nan kacho kote ki fè nwa a ”. (Iza. 42:7.) Jezi te fè sa pandan ministè l lè li te devwale tradisyon relijye ki te fo e li te preche bon nouvèl Wayòm nan (Mat. 15:3 ; Lik 8:1). Konsa, li te delivre Juif ki te vin disip li yo anba esklavaj espirityèl (Jan 8:31, 32). Menm jan an tou, Jezi delivre plizyè milyon moun ki pa Juif anba esklavaj espirityèl. Li bay disip li yo lòd pou y al “ fè disip pami moun tout nasyon ”. Anplis, li pwomèt l ap ‘ avèk yo toulejou jis nan konklizyon sistèm nan ’. (Mat. 28:19, 20, NW.) Kote Jezi Kris ye nan syèl la, se li menm k ap dirije travay predikasyon an nan lemonnantye.

Jewova leve “ Sèvitè ” l la mete byen wo

14, 15. Poukisa Jewova te leve Sèvitè l la mete byen wo, e ki jan li te fè sa ?

14 Men sa Jewova te di nan yon lòt pwofesi ki gen rapò ak Sèvitè l la, Mesi a : “ Gade, sèvitè m nan ap aji avèk klèvwayans. L ap nan yon gwo pozisyon, e se sèten y ap leve l mete byen wo e y ap glorifye l anpil. ” ​(Iza. 52:13, NW). Piske Pitit Jewova a te soumèt fidèlman anba souvrènte l e li te kenbe fidelite l menm lè li te anba gwo eprèv, Jewova te leve l mete byen wo.

15 Konsènan Jezi, apot Pyè te di se li “ ki moute nan syèl la, ki chita sou bò dwat Bondye kote l’ap domennen sou tout zanj yo, sou tout chèf yo ak sou tout otorite yo ”. (1 Pyè 3:22.) Menm jan an tou, men sa apot Pòl te ekri konsènan li : “ Li rabese tèt li. [...] Li soumèt devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou [yon poto soufrans]. Se poutèt sa, Bondye leve l’ mete chita kote ki pi wo a. Li ba li yon non ki pi gran pase tout lòt non. Konsa, tou sa ki nan syèl la, tou sa ki sou tè a ak anba tè a, yo tout va mete jenou yo atè devan Jezi pa respè pou non Bondye te ba li a. Tout moun va rekonèt Jezikri se Seyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a. ” — Fil. 2:8-11.

16. Ki jan Jewova te glorifye Jezi anpil an 1914, e ki sa Jezi akonpli depi lè sa a ?

16 An 1914, Jewova te leve Jezi mete pi wo toujou. Li te “ glorifye ” l “ anpil ” lè l li te mete l Wa nan Wayòm li an (Sòm 2:6 ; Dàn. 7:13, 14). Depi lè sa a, Kris kòmanse “ gouvène nan mitan ènmi [l] yo ”. (Sòm 110:2, NW) Toudabò, li te venk Satan ak demon l yo. Li te pimpe yo sot nan syèl la vin nan vwazinaj tè a (Rev. 12:7-12). Apre sa, antanke Gran Siris la, li te sove rès kretyen wen yo ki sou tè a, sètadi frè l yo, anba men “ Gran Babilòn nan ”. (Rev. 18:2, NW ; Iza. 44:28.) Se Kris k ap dirije travay predikasyon k ap fèt sou tout tè a. Grasa travay sa a, li rasanble “ rès ” frè espirityèl li yo ak plizyè milyon lòt moun ki fè pati “ lòt mouton ” yo ki se konpayon fidèl “ ti twoupo ” a. — Rev. 12:17, NW ; Jan 10:16 ; Lik 12:32, NW.

17. Ki sa nou sot aprann nan etid nou sot fè sou pwofesi Izayi a konsènan “ sèvitè ” a ?

17 Apre nou fin etidye pwofesi estrawòdinè sa yo ki nan liv Izayi a, se sèten nou vin gen plis rekonesans pou Jezi Kris, Wa nou an, Sovè nou an. Pandan li t ap akonpli ministè l sou tè a, li te soumèt li tankou yon pitit soumèt li devan papa l. Se sèten fòmasyon li te resevwa nan men Papa l anvan l te vin sou tè a te ede l nan sans sa a. Grasa travay li te fè nan ministè l sou tè a e grasa travay predikasyon an l ap dirije jis jounen jodi a, li demontre li se “ limyè pou nasyon yo ”. Kòm nou pral wè sa apre, gen yon lòt pwofesi yo te bay konsènan Mesi a, Sèvitè a. Pwofesi sa a te anonse jan li te gen pou l soufri e jan li te gen pou l bay lavi l pou nou. Toutpandan Memoryal la ap pwoche, nou ta dwe “ reflechi seryezman ” sou bagay sa yo. — Ebre 12:2, 3.

[Nòt anba paj]

^ § 2 W ap jwenn pwofesi sa yo nan Izayi 42:1-7 ; 49:1-12 ; 50:4-9 ak nan Izayi 52:13–53:12.

^ § 12 Pou nou jwenn plis enfòmasyon konsènan pwofesi ki nan Izayi 49:1-12 la, gade nan liv La prophétie d’Isaïe, lumière pour tous les humains II, paj 136-145.

Revizyon

• Kiyès ki “ sèvitè ” yo pale de li nan pwofesi Izayi yo, e ki jan nou fè konn sa ?

• Ki fòmasyon Sèvitè a te resevwa nan men Jewova ?

• Nan ki sans Jezi se “ yon limyè pou nasyon yo ” ?

• Ki jan Jewova te leve Sèvitè a mete byen wo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 21]

Filip te montre aklè se Jezi, Mesi a, ki “ sèvitè ” yo pale de li nan liv Izayi a.

[Foto nan paj 23]

Antanke Sèvitè Jewova chwazi, Jezi te montre li gen konpasyon pou moun ki pòv e ki aflije yo.

[Foto nan paj 24]

Papa Jezi te leve l mete byen wo e li te mete l Wa nan Wayòm li an.