Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Men chemen an. Mache ladan l ”

“ Men chemen an. Mache ladan l ”

“ Men chemen an. Mache ladan l ”

Istwa Emilia Pederson

Dapre Ruth E. Pappas

MANMAN m, Emilia Pederson, te fèt an 1878. Malgre li te vin pwofesè, sa l te vle toutbon, se pase tout vi l ap ede lòt moun pwoche kot Bondye. Yon bagay ki montre sa, se yon gwo gwo malèt li te gen lakay la. Nou te rete nan yon ti vil nan Minesota ki rele Jasper, Ozetazini. Li te gen gwo malèt sa a pou l te ka pote afè l ale Lachin, peyi kote l te vle ale kòm misyonè a. Men, lè manman l vin mouri, li te oblije bay vag sou objektif sa a pou l te ka rete nan kay la pou l okipe frè ak sè l yo ki te pi piti pase l. An 1907, li te marye avèk Theodore Holien. Yo te fè sèt pitit, e mwen se dènye nan sèt pitit yo. Mwen fèt 2 desanm 1925.

Manman m te gen plizyè kesyon sou Labib, e avèk senserite, li te chèche jwenn repons yo. Youn nan kesyon sa yo te gen rapò ak ansèyman ki fè kwè lanfè se yon kote ki plen dife, yon kote yo toumante mechan yo . Lè te gen yon responsab nan Legliz literyen an ki t ap vizite zòn nan, manman m te mande l ki vèsè nan Bib la ki kore ansèyman sa a. Kòm repons, li te di manman m sa pa enpòtan pou nou konnen ki sa Labib di sou sa, sa ki enpòtan, sèke nou dwe anseye gen yon lanfè dife kote yo toumante moun.

Bezwen espirityèl li yo te konble

Nan kòmansman ane 1900 yo, Emma, yon sè manman m, te ale Northfield, nan Minesota, pou l aprann mizik. Li te rete lakay pwofesè l la, Milius Christianson, e madanm mesye sa a te yon Etidyan Labib. Se konsa yo te rele Temwen Jewova yo nan epòk la. Emma te fè madanm mesye a konnen li gen yon sè l ki toujou ap li Labib. Sa pa t pran lontan pou madan Christianson ekri manman m yon lèt kote l reponn kesyon l te genyen sou Labib.

Yon jou, yon Etidyan Labib ki rele Lora Oathout, ki te soti nan yon vil ki rele Sioux Falls (Dakota di Sid) nan tren, te vin preche nan Jasper. Manman m te etidye piblikasyon biblik li te kite nan men l yo e an 1915, manman m te kòmanse pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun, li te ba yo piblikasyon Lora te ba li pou l bay moun yo.

An 1916, manman m te tande Charles Taze Russell t ap nan yon kongrè ki t ap fèt nan Sioux City, nan Iowa. Li te vle ale. Men, li te gentan gen senk timoun. Marvin, ki te pi piti, te gen senk mwa sèlman. Malgre sa, li te pran tout timoun yo, e li te fè 160 kilomèt nan tren pou l al Sioux City pou l te ka asiste kongrè a. Li te tande diskou frè Russell te bay yo, li te wè “ Foto-Dram Kreyasyon an ” e li te batize. Kou l tounen lakay li, li ekri yon atik sou kongrè a ki te parèt nan yon jounal ki rele Jasper Journal.

An 1922, manman m te pami 18 000 moun ki te asiste kongrè ki te fèt Cedar Point, nan Ohio a. Apre kongrè sa a, li pa t janm sispann pwoklame Wayòm Bondye a. Egzanp li te toujou ankouraje nou pou nou koute konsèy ki di : “ Men chemen an. Mache ladan l. ” — Iza. 30:21, NW.

Predikasyon Wayòm nan te pote fwi

Nan kòmansman ane 1920 yo, manman m ak papa m t al rete nan yon kay ki te andeyò vil Jasper. Papa m te gen yon biznis k ap mache byen e li te gen yon gwo fanmi sou kont li. Li te konn etidye Labib, men, li pa t konn fè sa anpil, jan manman m te konn fè sa. Sepandan, li te soutni travay predikasyon an ak tout kè l e li te renmen akeyi siveyan itineran yo lakay nou. Alepòk, yo te rele yo pèlren. Souvan, lè siveyan yo t ap bay diskou lakay la, te konn gen anviwon san moun ki vin asiste. Yo te plen salon an, salamanje a ak chanm nan, e yo te oblije kwense kò yo.

Lè m te gen anviwon sèt an, gen yon matant mwen ki rele Lettie ki te rele lakay la e li te fè konnen gen de vwazen l, Ed Larson ak madanm li, ki te vle etidye Labib. Yo te aksepte verite biblik yo byen vit, e annapre, yo te envite Martha Van Daalen, yon vwazin yo ki gen uit pitit, pou l asiste etid la. Martha ansanm ak tout fanmi l te vin Etidyan Labib tou *.

Pandan tan sa a, Gordon Kammerud, yon jèn gason ki pa t rete twò lwen nou, te kòmanse travay ak papa m. Gen moun ki te di Gordon : “ Fè atansyon ak pitit fi patwon an. Yo nan yon relijyon ki dwòl. ” Malgre sa, Gordon te kòmanse etidye Labib e li pa t pran tan pou l gen konviksyon li te jwenn laverite. Li te batize twa mwa apre. Manman l ak papa l te vin kwayan tou. Konsa, nou twa fanmi sa yo te vin bon zanmi : fanmi Holien, fanmi Kammerud ak fanmi Van Daalen.

Yon seri kongrè ki te fòtifye l

Manman m te tèlman jwenn ankourajman nan kongrè ki te fèt nan Cedar Point lan, li pa t janm rate yon kongrè apre sa. Se sa k fè souvni danfans mwen genyen se vwayaj long nou te konn fè pou n al nan rasanbleman sa yo. Kongrè ki te fèt nan Columbus, Ohio, an 1931 an te enpòtan anpil paske se lè sa a nou te adopte non Temwen Jewova a (Iza. 43:10-12). Mwen sonje tou kongrè ki te fèt an 1935 nan Wachintonn Disi a, kote yo te bay yon diskou estrawòdinè anpil moun pap janm bliye sou idantite “ gwo foul ” yo pale de li nan liv Revelasyon an (Rev. 7:9). Lilian ak Eunice, de nan sè m yo, te pami plis pase 800 moun ki te batize lè sa a.

Fanmi an te vwayaje al nan kongrè ki te fèt Columbus, nan Ohio, an 1937, nan Seattle, nan Wachintonn, an 1938 ak nan vil Nouyòk, an 1939. Fanmi Van Daalen, fanmi Kammerud ak lòt moun ankò te ale ansanm avèk nou, e nou te fè aranjman pou nou dòmi sou wout la. Eunice te marye ak Leo Van Daalen an 1940, e yo te vin pyonye. Lilian te marye avèk Gordon Kammerud nan menm ane a, e yo menm tou yo te vin pyonye.

Kongrè ki te fèt Senlwi, nan Misouri, an 1941 an te espesyal. Lè sa a, te gen plizyè milye jèn ki te resevwa liv Enfants an. Kongrè sa a te chanje lavi m. Yon ti tan apre, nan jou ki te 1ye septanm 1941, mwen menm ansanm ak Marvin, frè m, ak Joyce, madanm li, nou te vin pyonye. Mwen te gen 15 an lè sa a.

Nan zòn nou an, ki te yon zòn agrikòl, li te difisil pou tout frè yo ale nan kongrè yo paske souvan kongrè yo te konn fèt nan epòk rekòt. Se sa k fè apre kongrè yo, nou te konn fè revizyon sou sa nou te aprann nan kongrè yo nan lakou lakay la pou moun ki pa t gen posiblite ale yo. Te gen anpil kè kontan nan rasanbleman sa yo.

Lekòl Gileyad ak asiyasyon nan peyi etranje

An fevriye 1943, yo te ouvè Lekòl Gileyad pou fòme pyonye yo pou sèvis misyonè. Te gen sis moun nan fanmi Vann Daalen ki te asiste premye klas lekòl sa a. Se te Emil, Arthur, Homer ak Leo, kat frè, epi Donald, yon kouzen yo, ansanm ak Eunice, sè m, ki te madanm Leo. Lè nou t ap di yo orevwa, nou te kontan, men anmenmtan, nou te tris paske nou pa t konnen ki lè nou t ap wè yo ankò. Apre yo fin gradye, yo te asiyen yo toule sis Pòtoriko, kote te gen mwens pase yon douzèn Temwen nan epòk la.

Yon ane apre, Lilian ak Gordon ansanm ak Marvin ak Joyce te asiste twazyèm klas Gileyad la. Yo menm tou yo te voye yo Pòtoriko. Epi an septanm 1944, mwen te asiste katriyèm klas Gileyad la. Mwen te gen 18 an. Apre mwen te fin gradye an fevriye 1945, yo te voye m Pòtoriko, menm kote ak frè ak sè m yo. Se te yon eksperyans ki te vrèman nouvo pou mwen. Malgre se te yon defi pou nou te aprann espayòl, sa pa t pran lontan pou kèk nan nou te gentan gen plis pase 20 etid biblik. Jewova te beni travay nou te fè. Jodi a, gen anviwon 25 000 Temwen nan Pòtoriko.

Malè ki te frape fanmi nou

An 1950, Leo ak Eunice te vin gen yon pitit yo te rele Mark e yo te deside rete Pòtoriko. An 1952, yo te fè pwojè pou yo pran vakans pou yo vizite fanmi yo nan peyi yo. Nan jou ki te 11 avril la, yo te pran avyon pou yo kite Pòtoriko. Malerezman, yon ti tan apre avyon an fin dekole, li tonbe nan lanmè. Leo ak Eunice te mouri. Yo te jwenn Mark, ki te gen dezan, ap flote sou dlo a. Youn nan moun ki te chape yo te mete l nan yon kano sovtaj e yo te fè respirasyon atifisyèl pou li, konsa, li te sove *.

Senkan apre, nan jou ki te 7 mas 1957 la, manman m ak papa m te nan wout pou yo ale nan Sal Wayòm nan, lè machin yo a te pran yon pann kawotchou. Pandan papa m te kanpe sou bò lari a ap chanje wou a, gen yon machin ki pase e ki frape l. Li mouri menm kote a. Te gen apeprè 600 moun ki te asiste antèman an, e moun nan zòn nan, ki te respekte papa m anpil, te jwenn yon bèl temwayaj.

Lòt asiyasyon

Yon ti tan anvan papa m mouri, mwen te resevwa asiyasyon pou m al sèvi ann Ajantin. Mwen te rive nan vil Mendoza ki nan pye mòn Lèzann, ann out 1957. An 1958, yo te asiyen George Pappas ann Ajantin. Li te gradye nan 30yèm klas Gileyad la. George avè m te vin bon zanmi e nou te marye an avril 1960. Manman m mouri an 1961, li te gen 83 an. Li te mache nan chemen vrè adorasyon an avèk fidelite e li te ede anpil anpil moun fè menm bagay la.

Pandan dizan, mwen menm ak George te pase nan plizyè mezon misyonè kote nou te travay bò kote plizyè lòt misyonè. Apre sa, nou te pase setan nan sèvis itineran. An 1975, nou te tounen Ozetazini pou nou ede kèk manm fanmi nou ki te malad. An 1980, yo te envite mari m pou l sèvi kòm siveyan sikonskripsyon nan tèritwa kote yo pale espayòl. Lè sa a, te gen apeprè 600 kongregasyon ki pale espayòl Ozetazini. Pandan 26 an, nou te vizite anpil ladan yo e nou te wè kantite kongregasyon sa yo ogmante pou rive plis pase 3 000 kongregasyon.

Yo mache nan “ chemen an ”

Manman m te kontan wè gen kèk jèn nan fanmi an ki antre nan sèvis aplentan. Pa egzanp, Carol, yon pitit fi Ester, gran sè m, te vin pyonye an 1953. Li te marye avèk Dennis Trumbore, e depi lè a, yo nan sèvis aplentan. Lòt pitit fi Estè a, Lois, marye avèk Wendell Jensen. Yo te asiste 41yèm klas Lekòl Gileyad la e yo te sèvi kòm misyonè nan peyi Nijerya pandan 15 an. Ruth La Londe, sè Leo a, ak Curtiss, mari l, te adopte Mark, ki te gen paran l mouri nan aksidan avyon an, e se yo ki te leve l. Mark ak madanm li, Lavonne, pyonye depi plizyè ane, e yo leve kat timoun nan “ chemen an ”. — Iza. 30:21.

Pami frè m ak sè m yo, sèl moun ki toujou vivan kounye a se Orlen. Li gen anviwon 95 an. Li toujou ap sèvi Jewova avèk fidelite. Mwen menm ak George toujou nan sèvis aplentan e kè nou kontan.

Sa manman m kite

Mwen gen youn nan byen manman m te renmen anpil yo : biwo l la. Se papa m ki te ba li l kòm kado maryaj. Nan youn nan tiwa yo, li gen yon ansyen albòm kote l te mete lèt ak atik jounal li te ekri pou l te bay bonjan temwayaj pou Wayòm nan. Kèk nan bagay sa yo la depi nan kòmansman ane 1900 yo. Gen lòt lèt nan biwo a tou, tankou lèt pitit manman m ki te misyonè yo te ekri l. Li te renmen lèt sa yo anpil. Mwen pran plezi pou m li yo e pou m reli yo. Lèt li te konn voye pou nou yo te toujou ankourajan e yo te chaje ak panse ki pozitif. Manman m pa t janm rive reyalize rèv li te genyen pou l misyonè a. Men, zèl li te genyen pou sèvis misyonè a te touche anpil moun nan plizyè jenerasyon apre l. Se pa ti tann m ap tann pou tout fanmi an reyini ansanm ak manman m ak papa m sou tè a ki pral tounen yon paradi ! — Rev. 21:3, 4.

[Nòt anban paj]

^ § 13 Gade Toudegad 15 septanm 1983, paj 27-30 (fransè). Ladan l, n ap jwenn byografi Emil Van Daalen.

^ § 24 Gade Réveillez-vous ! 22 jen 1952, paj 3-4 (anglè).

[Foto nan paj 17]

Emilia Pederson

[Foto nan paj 18]

1916 : dèyè : manman m ak papa m (papa m kenbe Marvin) ; devan, soti agoch al adwat : Orlen, Ester, Lilian, Mildred.

[Foto nan paj 19]

Leo ak Eunice, yon ti tan anvan yo mouri.

[Foto nan paj 20]

1950 : soti agoch al adwat, dèyè : Ester, Mildred, Lilian, Eunice, Ruth ; devan : Orlen, manman m, papa m ak Marvin.

[Foto nan paj 20]

George ak Ruth Pappas nan sèvis sikonskripsyon an, an 2001.