Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Revelasyon an — I

Pwen enteresan ki nan liv Revelasyon an — I

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Revelasyon an — I

PANDAN apot Jan, ki te granmoun, te nan prizon nan zile Patmòs, li te resevwa 16 vizyon. Nan vizyon sa yo, li te wè sa Jewova Dye ak Jezi Kris t apral akonpli diran jou Seyè a, yon peryòd tan ki kòmanse lè Wayòm Bondye a te etabli an 1914 e k ap rive nan fen Rèy mil an Kris la. Jan te ekri liv Revelasyon an ozanviwon ane 96 epòk nou an. Nan liv sa a, li bay yon deskripsyon vivan sou vizyon li resevwa yo.

Kounye a, ann egzamine kèk pwen enteresan nou jwenn nan Revelasyon 1:1–12:17. Chapit sa yo kouvri sèt premye vizyon Jan te resevwa yo. Vizyon sa yo ta dwe enterese nou paske yo montre nou sa k ap pase nan monn nan kounye a e yo montre nou ki aksyon Jewova pral fè talè konsa. Moun ki li sa yo esplike nan vizyon sa yo e ki mete lafwa yo ladan yo jwenn rekonfò ak ankourajman toutbonvre. — Ebre 4:12.

“ TIMOUTON AN ” OUVRI SIS NAN SÈT SELE YO

(Rev. 1:1–7:17)

Toudabò, Jan wè Jezi Kris ki glorifye e Jan resevwa plizyè mesaj pou l ekri nan ‘ yon woulo epi pou l voye l bay sèt kongregasyon yo ’. (Rev. 1:10, 11.) Ansuit, Jan wè yon twòn ki nan plas li nan syèl la. Moun ki te chita sou twòn nan gen yon woulo nan men dwat li ki gen sèt sele sou li. Sèl moun ki te ka “ louvri liv la ” se te “ Lyon ki soti nan fanmi Jida a ”, sètadi ‘ yon ti Mouton ki gen sèt kòn ak sèt je nan tèt li ’. — Rev. 4:2 ; 5:1, 2, 5, 6.

Twazyèm vizyon an montre nou sa k pase lè “ Timouton an ” ouvri sis premye sele yo youn apre lòt. Lè li fin ouvri sizyèm sele a, gen yon gwo tranblemanntè ki fèt, epi gran jou kòlè a rive (Rev. 6:1, 12, 17). Men, nan vizyon ki vin apre a, yo prezante ‘ kat zanj ki kenbe kat van tè a ’ jiskaske yo fin mete so sou 144 000 moun yo. E gen “ yon gwo foul ” moun yo pa mete so sou yo ki “ kanpe devan twòn nan e devan Timouton an ”. — Rev. 7:1, 9, NW.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:4 ; 3:1 ; 4:5 ; 5:6 — Ki sa ekspresyon “ sèt espri yo ” montre ? Chif sèt la siyifi yon bagay ki konplè selon pwennvi Bondye. Donk, mesaj yo te voye bay “ sèt kongregasyon yo ” aplikab pou tout pèp Bondye a ki nan plis pase 100 000 kongregasyon sou tè a (Rev. 1:11, 20, NW). Piske Jewova bay lespri sen selon sa l vle akonpli, ekspresyon “ sèt espri yo ” montre li bay tout kantite lespri ki nesesè pou ede moun k ap egzamine pwofesi yo konprann yo e pou moun sa yo jwenn benediksyon. Atravè tout liv Revelasyon an, sanble yo prezante evènman yo ak lide yo pa sèt, yon gwoup apre lòt. Chif sèt ki la a siyifi yon bagay ki konplè. E vrèmanvre, liv sa a montre “ sekrè sakre Bondye a ” pral rive “ nan bout li ”, sa vle di l ap fin akonpli nèt. — Rev. 10:7, NW.

1:8, 17 — Kiyès ki pote tit “ Alfa a ak Omega a ” ak tit “ Premye a ak Dènye a ” ​(NW? Se Jewova ki pote tit “ Alfa a ak Omega a ”. Tit sa a montre pa t gen lòt Dye toupisan anvan Jewova e pap janm gen lòt apre li. Se li ki “ kòmansman an ak lafen an ”. (Rev. 21:6 ; 22:13.) Byenke nan Revelasyon 22:13, yo pale de Jewova kòm “ premye a ak dènye a ”, sa vle di, kòm moun ki pa gen pèsonn anvan l e ki pap gen pèsonn apre l, nan kontèks Revelasyon chapit 1 an, yo sèvi ak tit “ Premye a ak Dènye a ” pou deziyen Jezi. Se paske li se premye moun Jewova resisite pou l gen lavi antanke espri imòtèl e li se dènye moun Jewova resisite dirèkteman antanke espri imòtèl. — Kol. 1:18.

2:7 — Ki sa “ paradi Bondye a ”(NW) ye ? Piske se pou kretyen wen yo yo di pawòl sa yo, nan vèsè sa a, paradi a dwe gen rapò ak kote yo pral viv nan syèl la bò kote Bondye. Kretyen wen yo ki fidèl pral jwenn yon rekonpans, sètadi posiblite pou yo manje “ nan pyebwa lavi a ”. Konsa, y ap vin imòtèl. — 1 Kor. 15:53.

3:7 — Ki lè Jezi te resevwa “ kle David la ” ​(NW), e ki jan li sèvi ak kle sa a ? Lè Jezi te batize nan ane 29 epòk nou an, lè sa a, li te vin moun Bondye chwazi pou l vin Wa ki soti nan fanmi David la. Men, se nan ane 33 epòk nou an Bondye te elve l mete sou bò dwat li nan syèl la e li te ba li kle David la. Se konsa, Jezi te resevwa tout privilèj ki makònen ak Wayòm David la. Depi lè sa a, Jezi ap itilize kle sa a ki ouvri pòt sou yon pakèt privilèj anrapò ak Wayòm nan. Nan ane 1919, Jezi te bay klas “ esklav fidèl ki prevwayan an ” responsablite ‘ kle kay David la ’ lè l te etabli l sou “ tout byen l ”. — Iza. 22:22 ; Mat. 24:45, 47, NW.

3:12 — Ki “ non tounèf ” ​(NW) Jezi genyen ? Non sa a gen rapò ak nouvo pozisyon ansanm ak privilèj Jezi vin genyen yo (Fil. 2:9-11). Menmsi pa gen okenn lòt moun ki konnen non sa a jan Jezi konnen l lan, Jezi ekri l sou frè l yo ki fidèl ki nan syèl la, e sa fè yo vin gen yon relasyon ki sere avèk li (Rev. 19:12). Li menm pataje privilèj li genyen yo avèk yo.

Leson pou nou jodi a :

1:3. Piske “ tan fikse a [tan pou Bondye egzekite jijman l yo sou monn Satan an] pre ” ​(NW), li vrèman ijan pou nou konprann mesaj ki gen nan liv Revelasyon an e pou nou aji ann amoni ak mesaj sa a.

3:17, 18. Pou nou rich nan domèn espirityèl, nou bezwen achte “ lò yo pirifye nan dife ” ​(NW) nan men Jezi. Sa vle di, nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou rich nan bèl zèv (1 Tim. 6:17-19). Nou bezwen mete “ rad blan ” sou nou, sa k ap montre nou se disip Kris, e nou bezwen sèvi ak yon “ remèd je ”, tankou konsèy nou jwenn nan Toudegad yo, pou n ka gen disènman nan domèn espirityèl. — Rev. 19:8.

7:13, 14. Vennkat ansyen yo reprezante 144 000 yo ki nan glwa yo nan syèl la, kote y ap sèvi nonsèlman kòm wa, men tou, kòm prèt. Nan yon sans senbolik, prèt ann Izrayèl nan tan lontan yo te jwe wòl vennkat ansyen yo ap jwe kounye a, e David te òganize prèt sa yo an 24 divizyon. Se youn nan ansyen sa yo ki te di Jan kiyès gwo foul moun nan ye. Se sa k fè rezirèksyon kretyen wen yo dwe te kòmanse yon ti tan anvan 1935. Poukisa ? Paske se nan ane sa a sèvitè Bondye ki wen yo ki sou tè a te idantifye gwo foul la. — Lik 22:28-30 ; Rev. 4:4 ; 7:9.

LÈ YO OUVRI SETYÈM SELE A, GEN SÈT TWONPÈT KI SONNEN

(Rev. 8:1–12:17)

Timouton an ouvri setyèm sele a. Yo bay sèt zanj sèt twonpèt. Lè sis nan zanj yo sonnen twonpèt pa yo, yo anonse mesaj jijman sou “ yon tyè ” nan moun ki nan monn nan, sètadi sou lakretyente (Rev. 8:1, 2, 7-12 ; 9:15, 18, NW). Se sa Jan te wè nan senkyèm vizyon li te resevwa a. Men, li patisipe nan vizyon ki vin apre a kote li manje ti woulo a e li mezire sangtyè tanp lan. Apre setyèm twonpèt la fin sonnen, gen vwa ki anonse pawòl nou pral site la yo avèk fòs : “ Wayòm monn nan vin tounen wayòm Seyè nou an ak Kris li a. ” — Rev. 10:10 ; 11:1, 15, NW.

Setyèm vizyon an devlope sa yo te di nan Revelasyon 11:15, 17 yo. Yo wè yon gwo siy nan syèl la : yon madanm ki fè yon pitit gason. Yo mete Dyab la deyò nan syèl la. Li fache kont madanm nan ki nan syèl la, e sa fè l al “ goumen avèk lòt pitit ” li yo. — Rev. 12:1, 5, 9, 17.

Kesyon biblik ak tout repons :

8:1-5 — Sa k fè te gen yon silans nan syèl la, e ki sa yo te voye jete sou tè a apre sa ? Nan sans senbolik, te gen yon silans ki te fèt nan syèl la, yon fason pou yo te ka tande “ priyè tout sen yo ” ​(Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman) ki sou tè a. Sa te fèt nan fen Premye Gè mondyal la. Kretyen wen yo pa t monte nan syèl la nan fen tan nasyon yo, jan anpil ladan yo te panse sa t ap fèt. Pandan lagè a, bagay yo te difisil pou yo. Se sa k fè yo te priye avèk tout kè yo nan moman sa a pou yo jwenn direksyon. Kòm repons pou priyè sa yo, zanj lan te voye yon dife senbolik sou tè a ki te chofe kretyen wen yo pou yo ogmante aktivite espirityèl yo. Byenke yo pa t anpil, yo te kòmanse yon kanpay predikasyon mondyal kote yo te pale anpil de Wayòm nan. Konsa, yo te limen yon dife nan lakretyente. Avètisman biblik yo te bay yo te sonnen tankou loray e verite biblik yo te bay la te briye tankou zèklè. Yo te souke fo relijyon an jis nan fondasyon l, menm jan ak yon tranblemanntè ki souke yon kay.

8:6-12 ; 9:1, 13 ; 11:15 — Ki lè sèt zanj yo te pare pou yo sonnen twonpèt yo, e ki lè e ki jan yo te sonnen twonpèt yo ? Soti nan ane 1919 pou rive nan ane 1922, zanj yo t ap prepare yo pou yo sonnen twonpèt yo. Sa te mande pou yo bay manm klas Jan an ki sou tè a direksyon, anpalan de manm ki te rejwenn fòs yo. Nan moman sa a, kretyen wen sa yo t ap travay pou yo reyòganize travay predikasyon an e pou yo mete kèk enprimri ak ekipman sou pye ki t ap pèmèt yo enprime plis piblikasyon (Rev. 12:13, 14). Son twonpèt yo reprezante pwoklamasyon jijman Jewova yo kont monn Satan an, pwoklamasyon pèp Bondye a ap fè an kolaborasyon avèk zanj yo. Sa te kòmanse patikilyèman avèk kongrè ki te fèt nan Cedar Point, nan Ohio, an 1922 e sa ap kontinye pou rive jis nan gwo tribilasyon an.

8:13 ; 9:12 ; 11:14 — Nan ki sans son twa dènye twonpèt yo anonse “ malè ” ? Byenke son kat premye twonpèt yo se pwoklamasyon ki fè konnen lakretyente mouri nan domèn espirityèl, twa dènye son twonpèt yo se malè yo ye piske yo gen rapò ak kèk evènman byen presi. Senkyèm son an gen rapò ak lè pèp Bondye a te soti nan “ twou labim nan ”, sètadi moman kote yo pa t aktif la, nan ane 1919 (Rev. 9:1, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Li gen rapò tou ak travay predikasyon an k ap fèt avèk pèsistans, ki vin tankou yon maladi mòtèl k ap toumante lakretyente. Sizyèm son an gen rapò ak gwo atak kavalye yo ap mennen e ak kanpay predikasyon k ap fèt nan monn nan depi 1922. Dènye son an gen rapò ak nesans Wayòm Mesi a.

Leson pou nou jodi a :

9:10, 19. Deklarasyon ki baze sou Bib la nou jwenn nan piblikasyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” fyab e yo gen yon mesaj ki tankou pikan (Mat. 24:45, NW). Nan vizyon an, Jan te wè krikèt ki te “ gen menm ke ak eskòpyon, ak yon pikan nan pwent ke a ”. Apre sa, li wè cheval ki gen kavalye sou yo e “ baton ke yo menm te sanble ak sèpan ”. Toule de ke sa yo reprezante mesaj la ki tankou pikan. Poukisa ? Paske piblikasyon sa yo bay moun yo avètisman konsènan ‘ jou kote [Jewova] ap vin tire revanj ’ lan (Iza. 61:2). Annou mete kouraj sou nou lè n ap distribye piblikasyon sa yo e annou fè sa avèk zèl.

9:20, 21. Gen anpil moun ki gen imilite ki byen reyaji devan mesaj n ap preche a k ap viv nan nasyon kote pifò moun yo pa kretyen. Sepandan, nou pa atann moun ki pa anba dominasyon lakretyente yo, moun yo pale de yo kòm “ rès moun sou latè yo ”, pral konvèti an mas. Sepandan, n ap pèsevere nan ministè a.

12:15, 16. “ Tè a ”, sètadi bagay ki gen nan sistèm Satan an, oswa gouvènman k ap dirije nan divès peyi, soutni libète moun genyen pou yo adore. Apati ane 1940 yo, gouvènman sa yo te ‘ louvri bouch yo, yo vale tout dlo [pèsekisyon] ki t’ap soti nan bouch dragon an ’. Anfèt, lè Jewova chwazi fè sa, li ka enfliyanse otorite ki nan gouvènman yo pou yo akonpli volonte l. Se sa k fè li apwopriye pou Pwovèb 21:1 (NW) di : “ Kè yon wa se tankou kouran dlo nan men Jewova. Li dirije l tout kote sa fè l plezi. ” Sa ta dwe ranfòse lafwa nou nan Bondye.