Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘ Se pou peche nou kifè yo te mete san Sèvitè Jewova a deyò ’

‘ Se pou peche nou kifè yo te mete san Sèvitè Jewova a deyò ’

‘ Se pou peche nou kifè yo te mete san Sèvitè Jewova a deyò ’

“ Se pou peche nou kifè yo te mete san l’ deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l’ anba kou konsa. [...] Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon. ” — IZA. 53:5.

1. Ki sa nou ta dwe sonje lè n ap selebre Memoryal la, e ki pwofesi k ap ede nou fè sa ?

NOU selebre Memoryal la pou nou sonje lanmò Kris e pou nou sonje tout sa lanmò l ak rezirèksyon l akonpli. Memoryal la raple nou souvrènte Jewova gen pou l jistifye, non l gen pou l sangtifye e objektif li gen pou l reyalize. Delivrans limanite fè pati objektif sa a. Petèt pa gen okenn lòt pwofesi nan Bib la ki pi byen dekri sakrifis Kris la ak sa l akonpli pase pwofesi nou jwenn nan Izayi 53:3-12 la. Izayi te predi soufrans Sèvitè a e li te bay yon seri detay presi sou lanmò Kris e sou benediksyon lanmò l t apral pote ni pou frè l yo ki wen ak lespri ni pou “ lòt mouton ” l yo. — Jan 10:16.

2. Ki sa pwofesi Izayi a pwouve, e ki efè sa ap genyen sou nou ?

2 Sèt syèk anvan Jezi te fèt sou tè a, Jewova te enspire Izayi pou l ekri yon pwofesi konsènan Sèvitè li chwazi a ki t ap rete fidèl devan l malgre li t ap gen pou l pase anba gwo eprèv. Lefètke Jewova te bay pwofesi sa a, sa pwouve li te gen yon konfyans total Pitit li a t ap rete fidèl. Pandan n ap egzamine pwofesi sa a, n ap vin gen plis rekonesans nan kè nou pou Jewova e pou Jezi Kris, e lafwa nou ap vin pi solid.

Yo te “ meprize l ” tankou “ li pa t vo anyen ”

3. Pou ki rezon Juif yo te dwe byen akeyi Jezi, men, ki jan yo te resevwa l ?

3 Li Izayi 53:3. Imajine ki sa sa te koute sèl Pitit Bondye fè a pou l kite lajwa li te genyen lè l t ap sèvi bò kot Papa l e pou l vin bay vi l kòm sakrifis sou tè a pou l delivre limanite anba peche ak lanmò (Fil. 2:5-8) ! Li te fè sakrifis sa a nan objektif pou lèzòm ka jwenn padon toutbon pou peche yo, paske sakrifis bèt moun yo te konn ofri Bondye sou Lalwa Moyiz la te sèlman anonse sakrifis sa a (Ebre 10:1-4). Èske Juif yo ki t ap tann Mesi yo te pwomèt la pa t dwe byen akeyi Jezi epi ba l onè (Jan 6:14) ? Olye yo te fè sa, yo te “ meprize ” ​(NW) Jezi e yo “ te konsidere l tankou li pa t vo anyen ” ​(NW), jan Izayi te predi sa. Men sa apot Jan te ekri : “ Li vin nan peyi l’ ; men tout moun nan peyi l’ pa t’ resevwa li. ” ​(Jan 1:11). Apot Pyè te di Juif yo : “ Bondye zansèt nou yo, te glorifye Jezi, Sèvitè l la, nou te livre bay Pilat e nou te renye l devan Pilat lè l te deside lage l la. Wi, nou te renye nonm sa a ki sen e ki jis. ” — Tra. 3:13, 14, NW.

4. Nan ki sans Jezi te konn maladi ?

4 Izayi te predi tou Jezi t ap gen “ pou l konn maladi ”. Pandan ministè Jezi sou tè a, li te konn fatige kèk fwa, men, pa gen okenn kote yo fè konnen li te konn malad (Jan 4:6). Men, li te konn maladi moun li te preche yo te genyen. Li te gen pitye pou yo e li te geri anpil nan yo (Mak 1:32-34). Konsa, Jezi te akonpli pwofesi ki di : “ Se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t’ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l’. ” — Iza. 53:4a ; Mat. 8:16, 17.

Tankou yon moun “ Bondye [...] kraze ”

5. Ki jan anpil Juif te konsidere lanmò Jezi, e poukisa sa dwe te fè l soufri plis toujou ?

5 Li Izayi 53:4b. Anpil nan moun ki t ap viv nan menm epòk ak Jezi yo pa t konprann rezon ki fè l te soufri e li te mouri. Yo te konprann se Bondye ki te pini l, kòmsi Bondye te frape l ak yon vye maladi (Mat. 27:38-44). Juif yo te akize Jezi kòmkwa li te blasfeme Bondye (Mak 14:61-64 ; Jan 10:33). Natirèlman, Jezi pa t ni yon pechè ni yon blasfematè. Men kòm li te renmen Papa l anpil, antanke Sèvitè Jewova, sa dwe te fè l soufri plis toujou lè l te wè yo t apral touye l paske yo te di li te blasfeme Jewova. Malgre sa, li te dispoze fè volonte Jewova avèk imilite. — Mat. 26:39.

6, 7. Nan ki sans Jewova te “ kraze ” Sèvitè fidèl li a, e poukisa sa te fè l “ plezi ” ?

6 Nou konprann sa k fè pwofesi Izayi a te di lòt moun t ap konsidere Kris kòm yon moun “ Bondye [...] kraze ”, men nou ka sezi lè nou wè pwofesi a di : “ Jewova li menm pran plezi kraze l. ” ​(Iza. 53:10, NW). Piske Jewova te di : ‘ Men sèvitè m [...] mwen chwazi a, moun ki fè m’ plezi anpil la ”, kòman l te ka fè “ pran plezi kraze l ” ? (Iza. 42:1.) Nan ki sans nou ka di sa te fè Jewova plezi ?

7 Pou nou konprann pati sa a nan pwofesi a, nou pa dwe bliye lè Satan te defye souvrènte Jewova a, li te mete fidelite tout sèvitè l yo an dout, ni sa yo ki nan syèl la, ni sa yo ki sou tè a (Jòb 1:9-11 ; 2:3-5). Lefètke Jezi te rete fidèl jiska lamò, se te pi bon repons defi Satan an te ka jwenn. Konsa, byenke Jewova te kite ènmi l yo touye Kris, pa gen okenn dout li te soufri lè l te wè y ap touye Sèvitè li chwazi a. Men, lè Jewova te wè fidelite san fay Pitit li a, sa te fè l plezi anpil (Pwo. 27:11). Anplis, lefètke li te konnen ki byenfè lanmò Pitit li a t apral pote pou moun ki repanti yo, sa te fè kè l kontan anpil. — Lik 15:7.

“ Se pou peche nou kifè yo te mete san l’ deyò ”

8, 9. a) Nan ki sans yo te ‘ mete san Jezi deyò pou peche nou ’ ? b) Ki jan Pyè montre sa te fèt vre ?

8 Li Izayi 53:6. Menm jan ak mouton ki pèdi, lèzòm pechè t ap mache toupatou ap chèche delivrans anba maladi ak lanmò yo te eritye nan men Adan an (1 Pyè 2:25). Etandone tout desandan Adan yo enpafè, pa gen youn ki te ka rachte sa Adan te pèdi a (Sòm 49:7). Men, grasa gwo lanmou Jewova genyen an, “ chatiman ki pou te tonbe sou nou an, [Jewova] fè l’ tonbe ” sou Pitit li renmen anpil la, Sèvitè li te chwazi a. Lefètke Kris te aksepte pou yo “ met san l deyò ” e pou yo ‘ kraze l pou mechanste nou ’, li te pote peche nou yo sou poto a e li te mouri nan plas nou.

9 Men sa apot Pyè te ekri : “ Se pou sa menm Bondye te rele nou, paske Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye. Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. ” Apre sa, Pyè te site pwofesi Izayi a, li di : “ Li te kite yo maltrete l’ pou l’ te ka geri nou. ” ​(1 Pyè 2:21, 24 ; Iza. 53:5). Sa te ouvri wout pou nou menm pechè te rekonsilye ak Bondye, jan Pyè di sa annapre : “ Kris la [...] mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p’ap janm mouri ankò. Li menm ki t’ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t’ap mache dwat yo, pou l’ te ka mennen nou bay Bondye. ” — 1 Pyè 3:18.

“ Tankou yon ti mouton y’ap mennen labatwa ”

10. a) Ki fason Jan Batis te pale de Jezi ? b) Sa k pwouve pawòl Jan te di yo te egzak ?

10 Li Izayi 53:7, 8. Lè Jan Batis te wè Jezi k ap pwoche, li te di : “ Men ti mouton Bondye a k’ap wete peche moun sou tout latè. ” ​(Jan 1:29). Lè Jan te pale de Jezi kòm etan Timouton an, petèt se pawòl ki nan Izayi 53:7 yo li te gen nan lespri l. Vèsè sa a di Jezi te “ tankou yon ti mouton y’ap mennen labatwa ”. Men sa Izayi te di konsènan Jezi : “ Se li menm menm ki te bay tèt li pou l’ mouri. ” ​(Iza. 53:12). N ap remake, nan nuit Jezi te etabli selebrasyon Memoryal la, li te bay 11 apot fidèl li yo yon koup diven e li te di : “ Sa [reprezante] san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo. ” — Mat. 26:28.

11, 12. a) Lefètke Izarak te aksepte pou yo ofri l kòm sakrifis, ki sa sa montre anrapò ak sakrifis Kris la ? b) Ki sa nou ta dwe sonje anrapò ak Jewova, Gran Abraram nan, lè n ap selebre Memoryal la ?

11 Menm jan ak Izarak, Jezi te aksepte pou Jewova ofri l kòm yon sakrifis sou yon lotèl senbolik ki reprezante volonte L (Jen. 22:1, 2, 9-13 ; Ebre 10:5-10). Se vre Izarak te aksepte pou yo sakrifye l, men se Abraram ki t apral ofri sakrifis la (Ebre 11:17). Menm jan an tou, Jezi te aksepte mouri, men se Jewova ki te pran dispozisyon pou l bay ranson an. Sakrifis Pitit Bondye a se te yon fason Bondye te demontre gwo lanmou li genyen pou limanite.

12 Jezi te di : “ Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p’ap pèdi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an. ” ​(Jan 3:16). Apot Pòl te ekri : “ Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil ; paske nou t’ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou. ” ​(Wom. 5:8). Kidonk, se vre nou onore Kris lè nou selebre lanmò l, men, nou pa ta dwe janm bliye se Jewova, Gran Abraram nan, ki te rann dispozisyon sa a posib, anpalan de ranson an. Nou selebre Memoryal la pou nou ka ba l glwa.

Sèvitè a “ fè yo konsidere anpil moun kòm moun ki jis ”

13, 14. Ki jan Sèvitè Jewova a vin fè Jewova “ konsidere anpil moun kòm moun ki jis ” ?

13 Li Izayi 53:11, 12. Men sa Jewova te di konsènan Sèvitè l li chwazi a : ‘ Sèvitè m ki jis la ap fè yo konsidere anpil moun kòm moun ki jis. ’ ​(NW) Nan ki sans ? Fen vèsè 12 la ban nou yon ide sou repons lan, li di : “ [Sèvitè a] entèvni pou pechè yo. ” ​(NW) Tout desandan Adan yo fèt tou pechè, e se sa k fè yo resevwa “ salè peche peye ” a, sa vle di, lanmò (Wom. 5:12 ; 6:23, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Li te nesesè pou lèzòm pechè rekonsilye avèk Jewova. Nan chapit 53 pwofesi Izayi a, yo byen esplike nan ki sans Jezi “ entèvni ”, sa vle di li entèsede pou limanite ki pechè. Men sa vèsè a di : “ Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon. ”— Iza. 53:5.

14 Lefètke Kris te pote peche nou yo sou do l e li te mouri pou nou, li fè Jewova “ konsidere anpil moun kòm moun ki jis ”. Pòl te ekri : “ Bondye te twouve l bon pou tout bagay nèt abite nan li [Kris], e li sèvi avè l pou l rekonsilye tout lòt bagay yo avèk li menm, kit se bagay ki sou tè a, kit se bagay ki nan syèl la, lè l fè lapè grasa san Kris ki te vèse sou poto soufrans lan. ” — Kol. 1:19, 20, NW.

15. a) “ Bagay ki nan syèl la ” Pòl pale de yo a, kiyès yo ye ? b) Ki moun sèlman ki gen dwa manje pen an e ki gen dwa bwè diven an nan Memoryal la, e poukisa ?

15 “ Bagay ki nan syèl la ” ki rekonsilye avèk Jewova grasa san Kris ki te koule a se kretyen ki wen ak lespri yo. Yo gen pou yo dirije avèk Kris nan syèl la. Kretyen yo ‘ rele pou y al nan syèl la ’, yo deklare yo “ jis pou [yo jwenn] lavi ”. (Ebre 3:1 ; Wom. 5:1, 18.) Apre sa, Jewova aksepte yo kòm pitit espirityèl li. Lespri sen ba yo temwayaj ‘ y ap resevwa pòsyon pa yo nan menm eritaj ak Kris ’. Yo te rele yo pou yo vin wa e pou yo vin prèt nan Wayòm li an ki nan syèl la (Wom. 8:15-17 ; Rev. 5:9, 10). Yo vin fè pati Izrayèl espirityèl la, “ Izrayèl Bondye a ”, e yo patisipe nan “ nouvo alyans ” lan (Jer. 31:31-34 ; Gal. 6:16). Antanke manm nouvo alyans lan, yo gen dwa manje pen an e yo gen dwa bwè diven wouj la nan Memoryal la. Se konsènan koup diven sa a Jezi te di : “ Gode sa a, [reprezante] nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m’ ki koule pou nou an li siyen l’. ” — Lik 22:20.

16. Ki sa “ bagay ki sou tè a ” ye, e nan ki sans Jewova konsidere yo kòm jis ?

16 “ Bagay ki sou tè a ” se lòt mouton Kris yo, sètadi moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan. Sèvitè Jewova chwazi a bay moun sa yo posiblite pou Jewova konsidere yo kòm moun ki jis tou. Piske yo gen lafwa nan sakrifis Kris te bay kòm ranson an, yo “ te lave rad yo e yo te blanchi yo nan san Timouton an ”, Jewova deklare yo jis antanke zanmi l, piske yo pa fè pati moun ki pitit espirityèl li. Li ba yo bèl esperans pou yo pase “ gwo tribilasyon an ” vivan (Rev. 7:9, 10, 14, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman ; Jak 2:23). Kòm lòt mouton sa yo pa fè pati nouvo alyans lan, yo pa gen esperans pou y al viv nan syèl, se sa k fè yo pa manje pen an e yo pa bwè diven an nan Memoryal la. Men, yo asiste Memoryal la avèk respè.

Se grasa Jewova ak Sèvitè li apwouve a !

17. Ki jan etid nou sot fè sou pwofesi Izayi yo ki santre sou Sèvitè a ede nou prepare lespri nou pou Memoryal la ?

17 Egzamen sa a nou sot fè sou pwofesi Izayi yo ki santre sou Sèvitè a se te yon bon fason pou nou prepare lespri nou pou Memoryal lanmò Kris la. Sa te ban nou posiblite pou nou “ fikse je nou sou Jezi, Li menm k ap dirije lafwa nou, Li menm k ap fè lafwa nou vin pafè ”. (Ebre 12:2, NW.) Nou te aprann Pitit Bondye a pa t rebèl. Kontrèman ak Satan, lè Jewova anseye l, li pran plezi nan sa. Li rekonèt Jewova kòm Souvren Seyè a. Nou te wè tou, pandan ministè Jezi sou tè a, li te demontre konpasyon pou moun li te preche yo lè l te geri anpil ladan yo, ni nan domèn fizik ni nan domèn espirityèl. Konsa, li te demontre sa l pral fè nan nouvo sistèm nan, antanke Wa Bondye chwazi a, lè l pral “ mete jistis toupatou sou latè ”. (Iza. 42:4.) Lè nou konsidere zèl li te demontre nan preche Wayòm nan, antanke “ yon limyè pou nasyon yo ”, sa fè moun k ap suiv li yo sonje se pou yo preche bon nouvèl la avèk zèl toupatou sou tè a. — Iza. 42:6.

18. Sa k fè pwofesi Izayi a fè nou gen anpil rekonesans nan kè nou pou Jewova e pou Sèvitè fidèl li a ?

18 Pwofesi Izayi a fè nou konprann pi byen tou gwo sakrifis Jewova te fè lè l te voye Pitit li renmen anpil la vin sou tè a pou l soufri e pou l mouri pou nou. Jewova pa t pran plezi nan soufrans Pitit li a, men li te pran plezi pou l wè jan Jezi te montre yon fidelite san fay jiskaske li mouri. Menm jan ak Jewova, nou ta dwe kontan lè nou konsidere tout sa Jezi te fè pou l pwouve Satan se yon mantè e pou l sangtifye non Jewova. Konsa, li jistifye dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren. Mete sou sa, Kris te pote peche nou yo sou do l e li te mouri pou nou. Konsa, li te vin posib pou ti twoupo a, frè Kris ki wen ak lespri yo, ansanm ak lòt mouton yo vin jis nan je Jewova. Pandan n ap reyini ansanm pou Memoryal la, nou swete pou nou gen anpil rekonesans nan kè nou pou Jewova e pou Sèvitè fidèl li a.

Revizyon

• Nan ki sans Jewova te ‘ pran plezi kraze ’ Pitit li a ?

• Nan ki sans yo te ‘ mete san Jezi deyò pou peche nou ’ ?

• Ki jan Sèvitè a “ fè [Jewova] konsidere anpil moun kòm moun ki jis ”?

• Ki jan etid nou sot fè sou pwofesi Izayi yo ki santre sou Sèvitè a ede nou prepare lespri nou pou Memoryal la ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 26]

“ Yo te meprize l, e yo te konsidere l tankou li pa t vo anyen. ”

[Foto nan paj 28]

“ Li te aksepte pou nanm li mouri. ”

[Foto nan paj 29]

“ Lòt mouton ” yo asiste Memoryal la avèk respè.