Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Vin swiv mwen ”

“ Vin swiv mwen ”

“ Vin swiv mwen ”

“ Si yon moun vle mache dèyè m’, se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje [poto soufrans li] sou zèpòl li chak jou, epi swiv mwen. ” — LIK 9:23.

1, 2. a) Ki bèl envitasyon Jezi te fè ? b) Ki jan w te reponn envitasyon l lan ?

LÈ JEZI te prèske fini ministè l sou tè a, li t al preche nan Pere, yon rejyon ki pa lòtbò rivyè Jouden an, nan nòdès Jide. Gen yon jèn gason ki te pwoche bò kote l ki te mande l sa l ta dwe fè pou l gen lavi etènèl. Lè Jezi te fin asire l jèn gason an se yon moun ki te suiv kòmandman Lwa Moyiz la avèk fidelite, li te fè l yon kokenn envitasyon. Li te di l : “ Ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen. ” ​(Mak 10:21). Imajine sa, Jezi, sèl Pitit Bondye Trèwo a te fè a, envite yon moun suiv li !

2 Jèn gason sa a pa t aksepte envitasyon an, men, gen lòt moun ki te aksepte l. Yon ti tan anvan sa, Jezi te di Filip : “ Swiv mwen. ” ​(Jan 1:43). Filip te aksepte, e li te vin yon apot apre sa. Jezi te fè Matye menm envitasyon an, e li menm tou, li te aksepte l (Mat. 9:9 ; 10:2-4). Anfèt, Jezi te lanse menm envitasyon sa a bay tout moun ki renmen jistis lè l te di : “ Si yon moun vle mache dèyè m’, se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje [poto soufrans li] sou zèpòl li chak jou, epi swiv mwen [nètale]. ” ​(Lik 9:23). Se sa k fè, nenpòt moun kapab suiv Jezi, depi moun nan vle fè sa toutbon. Èske w vle fè sa ? Pifò nan nou deja aksepte bèl envitasyon Jezi te fè a. E lè nou nan ministè a, nou menm tou nou fè lòt moun envitasyon sa a.

3. Ki sa ki ka ede nou pou nou pa pèdi chemen k ap fè nou suiv Jezi a ?

3 Malerezman, gen kèk moun ki te montre yo enterese nan verite ki nan Bib la ki pa kontinye etidye Labib. Yo vin ralanti, e finalman, yo “ pèdi chemen ” ki t ap fè yo suiv Jezi a (Ebre 2:1). Ki jan nou ka evite tonbe nan pyèj sa a ? Li ta bon pou nou poze tèt nou kesyon sa yo : ‘ Pou ki rezon m te chwazi suiv Jezi ? Ki sa sa vle di pou yon moun suiv Jezi ? ’ Lè nou kenbe repons de kesyon sa yo nan lespri nou, sa ap ede nou kenbe detèminasyon nou genyen pou nou rete fèm sou bèl chemen nou te chwazi a. Sa ap ede nou tou pou nou ankouraje lòt moun suiv Jezi.

Poukisa nou dwe suiv Jezi ?

4, 5. Sa k fè Jezi kalifye pou l dirije nou ?

4 Pwofèt Jeremi te di : “ Seyè, mwen konnen pèsonn pa mèt tèt yo, pèsonn pa ka kontwole kote yo prale. ” ​(Jer. 10:23). Listwa pwouve pawòl sa yo se verite. Li vin pi klè chak jou lèzòm enpafè pa ka dirije tèt yo avèk siksè. Nou te aksepte envitasyon Jezi fè nou pou nou suiv li a paske nou te aprann li kalifye pou l dirije nou yon fason okenn moun sou tè a pa kapab fè sa. Annou egzamine kèk bagay ki fè Jezi kalifye.

5 Premyèman, se Jewova menm ki te chwazi Jezi kòm Mesi, Lidè a. Apre Kreyatè nou an, ki moun ki pi byen konnen kiyès pou l mete kòm Lidè nou ? Dezyèmman, Jezi gen yon seri bèl kalite, e nou ka imite yo. (Li Izayi 11:2, 3.) Li se yon egzanp ki pafè (1 Pyè 2:21). Twazyèmman, Jezi sousye l anpil de moun k ap suiv li yo, e li te montre sa lè l te bay lavi l pou yo. (Li Jan 10:14, 15.) Li demontre li se yon bèje ki gen sousi pou nou lefètke li ede nou mennen yon vi ki fè nou jwenn kè kontan depi kounye a e k ap pèmèt nou jwenn yon avni etènèl ki bèl anpil (Jan 10:10, 11 ; Rev. 7:16, 17). Se pou rezon sa yo ak lòt ankò ki fè desizyon nou te pran pou nou suiv Jezi a se yon desizyon ki saj. Men, ki sa sa mande pou yon moun suiv Jezi ?

6. Pou nou suiv Jezi, ki sa sa mande ?

6 Pou nou suiv Jezi, sa mande plis pase annik di nou se kretyen. Gen anviwon de milya moun jodi a ki di se kretyen yo ye, men aksyon yo fè demontre yo se moun “ k’ ap fè sa ki mal ”. (Li Matye 7:21-23.) Lè nou jwenn moun ki enterese nan envitasyon Jezi te fè pou yo suiv li a, nou esplike yo vrè kretyen yo suiv ansèyman Jezi ak egzanp li nan tout aspè nan lavi yo, e yo fè sa chak jou. Ann egzamine kèk bagay nou konnen konsènan Jezi pou nou ka konprann sa suiv li vle di.

Annou imite sajès Jezi

7, 8. a) Ki sa sajès ye, e sa k fè Jezi gen anpil sajès konsa ? b) Ki jan Jezi te demontre li gen sajès, e ki jan nou ka imite l ?

7 Jezi te demontre li gen anpil kalite ki estrawòdinè, men n ap egzamine kat ladan yo sèlman : sajès li, imilite l, zèl li ak lanmou l. Premyèman, annou egzamine sajès li, sa vle di kapasite li genyen pou l sèvi ak konesans li ak konpreyansyon l genyen yon fason ki itil. Men sa apot Pòl te ekri : “ Se nan [Jezi], tout richès sajès ak tout richès konesans kache. ” ​(Kol. 2:3, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Ki kote Jezi te jwenn sajès sa a ? Men sa l te di : “ Se sèlman sa Papa a moutre m’ mwen di. ” ​(Jan 8:28). Se Jewova ki sous sajès sa a. Se sa k fè nou pa sezi wè jan Jezi te gen bonsans.

8 Pa egzanp, Jezi te sèvi ak bonsans li nan fason li te chwazi mennen lavi l. Li te chwazi mennen yon vi senp, kote li te konsantre sou yon sèl bagay : fè volonte Bondye. Avèk sajès, li te bay tout tan l ak tout enèji l pou l fè enterè Wayòm nan vanse. Nou suiv egzanp Jezi lè nou fè tout efò nou pou nou kenbe ‘ je nou senp ’ e nou pa mare pye nou ak yon seri bagay ki pa nesesè, k ap souse enèji nou e k ap pran tout atansyon nou (Mat. 6:22, NW). Gen anpil kretyen ki senplifye lavi yo dekwa pou yo pase plis tan nan ministè a, e gen ladan yo ki vin gen posiblite antre nan sèvis pyonye. Si w se youn pami moun sa yo, ou merite anpil felisitasyon. Lè nou “ chèche wayòm Bondye a [...] an premye ”, sa ban nou anpil kè kontan ak anpil satisfaksyon. — Mat. 6:33, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.

Annou montre nou enb menm jan ak Jezi

9, 10. Ki jan Jezi te demontre li gen imilite ?

9 Dezyèm aspè nan pèsonalite Jezi n ap egzamine se imilite l. Lè yo bay moun ki enpafè pouvwa, souvan sa fè yo vin santi yo se yon pakèt afè. Ala diferan Jezi te diferan ! Malgre li jwe yon wòl esansyèl nan akonplisman objektif Jewova, li pa t menm gen yon ti tras ògèy lakay li. E yo ankouraje nou pou nou imite l nan sans sa a. Men sa apot Pòl te ekri : “ Menm etadespri ki te nan Kris Jezi a, kenbe l nan nou tou. Byenke li te egziste nan menm fòm ak Bondye, li pa t anvizaje fè yon dappiyanp sou pozisyon Bondye, sa vle di pou l ta egal avè l. Non, li te pito kite fòm li te genyen an, li te pran fòm yon esklav e li te vin tankou lèzòm. ” ​(Fil. 2:5-7, NW). Ki sa sa te mande ?

10 Jezi te gen yon kokenn privilèj pou l abite ansanm ak Papa l nan syèl la, e byenke li te renmen sa anpil, li te aksepte “ kite fòm li te genyen an ” ak tout kè l. Bondye te transfere lavi l nan vant yon jèn fi juif ki te vyèj. Li te devlope anndan vant jèn fi sa a pandan nèf mwa jiskaske li fèt kòm yon tibebe ki san defans nan fanmi Jozèf, yon senp bòs chapant. E se la li te grandi e li te vin yon adolesan. Li te san peche. Poutan, toutpandan l t ap grandi, li te soumèt li devan paran l ki te enpafè (Lik 2:51, 52). Sa se yon imilite estrawòdinè !

11. Nan ki domèn nou ka demontre nou gen imilite menm jan ak Jezi ?

11 Nou demontre nou gen imilite menm jan ak Jezi lè nou aksepte fè travay ki parèt rabesan yo ak tout kè nou. Pa egzanp, annou konsidere misyon nou genyen pou nou preche bon nouvèl la. Yon travay konsa ka parèt rabesan, sitou si moun n ap preche yo endiferan, si yo pase nou nan rizib oswa yo opoze ak nou. Men, lè nou pèsiste nan travay predikasyon an, nou ede lòt moun aksepte envitasyon Jezi fè yo pou yo suiv li a. Konsa, nou ede yo sove lavi yo. (Li 2 Timote 4:1-5.) Yon lòt egzanp nou kapab konsidere se netwayaj Sal Wayòm nan. Sa ka mande pou nou fè yon seri travay tankou jete fatra ki nan poubèl yo, pase mòp ak netwaye twalèt yo. Tout travay sa yo ka parèt rabesan. Poutan, nou konnen netwaye Sal Wayòm nou an, ki se sant vrè adorasyon an nan zòn nan, fè pati sèvis sakre n ap bay Bondye a. Lè nou dispoze fè travay ki parèt rabesan, nou demontre nou gen imilite, e konsa nou suiv tras Kris.

Annou montre nou zele menm jan ak Jezi

12, 13. a) Ki jan Jezi te demontre li gen zèl nan ministè l, e ki sa ki te motive l ? b) Ki sa k ap motive nou pou nou montre nou zele nan ministè a ?

12 Annou egzamine zèl Jezi te genyen nan ministè a. Jezi te fè anpil bagay pandan l te sou tè a. Depi lè l te timoun, li pwobab li te konn travay ak papa adoptif li, Jozèf, ki te yon bòs chapant. Jezi te fè mirak pandan ministè l. Pa egzanp, li te geri malad e li te leve moun ki mouri. Men, travay prensipal li se te preche bon nouvèl la epi anseye moun ki te dispoze koute l yo (Mat. 4:23). Antanke moun k ap suiv li, nou gen menm travay la pou nou fè. Ki jan nou ka suiv egzanp li ? Toudabò, nou kapab devlope menm etadespri avè l.

13 Avantou, se lanmou Jezi gen pou Bondye ki te pouse l preche moun yo e ki te pouse l anseye yo. Men tou, Jezi te renmen verite li t ap anseye yo. Verite sa yo se te tankou trezò ki presye anpil pou li, e li te chofe pou l pataje yo ak lòt moun. Nou menm tou, antanke anseyan, nou santi nou menm jan an. Fè yon ti reflechi sou kèk nan verite sa yo ki gen anpil valè nou deja aprann nan Pawòl Bondye a. Nou konnen kesyon ki te soulve anrapò ak souvrènte inivèsèl la e nou konnen ki jan li pral regle. Nou byen konprann sa Labib anseye sou kondisyon mò yo ak benediksyon n ap jwenn nan monn nouvo Bondye a. Kit verite sa yo nouvo pou nou paske nou fèk aprann yo, kit nou aprann yo depi lontan, yo pa janm pèdi valè, e yo se trezò ki presye anpil. (Li Matye 13:52.) Lè nou preche ak tout kè nou e avèk antouzyas, nou fè lòt moun vin renmen sa Jewova anseye yo menm jan avèk nou.

14. Ki jan nou ka imite fason Jezi te anseye a ?

14 Annou note tou fason Jezi te anseye moun. Li te toujou atire atansyon moun k ap koute l yo sou Ekriti yo. Souvan, lè l ap kòmanse pale de yon pwen enpòtan, li te konn di : “ Men sa ki ekri. ” ​(Mat. 4:4 ; 21:13). Nan pawòl li yo ki ekri nan Bib la, li site kèk pasaj ki soti nan plis pase mwatye nan liv ki nan Ekriti ebrayik yo swa yon fason dirèk, swa yon fason endirèk. Menm jan ak Jezi, nou sèvi anpil ak Bib la nan ministè nou e nou fè efò pou nou li vèsè yo chak fwa sa posib. Konsa, nou ede moun ki gen kè sensè yo pou yo rann yo kont se panse Bondye n ap anseye, se pa panse pa nou. Se pa ti kontan nou kontan lè yon moun aksepte li yon vèsè nou mande l li nan Bib la ! Nou kontan anpil tou si l aksepte pale avèk nou sou valè Pawòl Bondye a genyen e sou sans li ! E lè li aksepte envitasyon Jezi fè pou l suiv li a, nou vin gen yon jwa ki san limit.

Suiv Jezi mande pou nou renmen pwochen nou

15. Ki kalite estrawòdinè Jezi genyen, e ki efè kalite sa a ka gen sou nou lè nou reflechi sou li ?

15 Dènye aspè nan pèsonalite Jezi nou pral egzamine se aspè ki pi touchan an : lanmou l genyen pou lèzòm. Apot Pòl te ekri : “ Lanmou Kris la genyen an oblije nou. ” ​(2 Kor. 5:14, NW). Lè nou reflechi sou lanmou Jezi genyen pou lèzòm an jeneral e pou nou chak an patikilye, sa touche kè nou e nou santi nou oblije suiv egzanp li.

16, 17. Ki diferan fason Jezi te demontre lanmou pou lòt moun ?

16 Ki jan Jezi te demontre li gen lanmou pou lòt moun ? Li te bay nanm li volontèman pou limanite. Se pi gwo fason li te demontre lanmou l (Jan 15:13). Men, Jezi te demontre lanmou l lòt fason ankò pandan ministè l. Pa egzanp, li te gen pitye pou moun ki t ap soufri. Sa te fè l mal anpil lè l te wè Mari ak lòt moun yo ki t ap kriye e ki te nan lapenn akoz Laza te mouri. Sa te tèlman fè Jezi mal, li te “ kriye ” malgre li pa t apral pran lontan pou l resisite Laza. — Jan 11:32-35.

17 Lè Jezi te fèk kòmanse ministè l sou tè a, gen yon moun ki te gen lèp ki te pwoche bò kote l e ki te di l : “ Si ou vle, ou kapab geri mwen. ” Ki jan Jezi te reyaji ? Selon istwa sa a : “ Kè Jezi fè l’ mal. ” E lè sa a li fè yon bagay estrawòdinè. “ Li lonje men l’, li manyen nonm lan, li di li : Wi, mwen vle ou geri. Menm lè a, lalèp la kite l’, li geri. ” Sou Lalwa Moyiz la, yo te konsidere moun ki gen lèp yo kòm moun ki kontamine, e pa gen dout nan sa, Jezi te kapab geri mesye a san l pa manyen l. Poutan, lè Jezi t ap geri mesye a, li te touche l. Konsa, li te pèmèt li santi yon moun manyen l. Petèt, te gen plizyè ane depi yon moun pa t fè sa. Ala yon bèl jès konpasyon ! — Mak 1:40-42.

18. Ki jan nou ka montre nou “ gen menm santiman yonn pou lòt ” ?

18 Antanke moun k ap suiv Kris, Labib ankouraje nou pou nou demontre lanmou lè nou “ gen menm santiman yonn pou lòt ”. (1 Pyè 3:8.) Li ka pa fasil pou nou konprann sa yon kwayan parèy nou santi lè l ap soufri akoz yon maladi li oblije viv avè l, oswa akoz yon gwo depresyon, sitou si nou menm nou pa t janm gen pwoblèm sa yo. Poutan, Jezi te mete l nan plas moun ki te malad yo kwak li menm li pa t janm malad. Ki jan nou ka aprann mete nou nan plas lòt moun menm jan ak Jezi ? Se lè nou koute moun k ap soufri yo avèk pasyans lè y ap di nou sa k nan kè yo. Epitou, nou ka mande tèt nou : ‘ Ki jan m t ap santi m si m te nan plas li ? ’ Si nou fè efò pou nou vin sansib devan sa lòt moun santi, n ap plis kapab “ konsole moun ki dekouraje yo ”. (1 Tes. 5:14, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.) Konsa, n ap suiv Jezi.

19. Nan ki diferan sans egzanp Jezi a gen efè sou nou ?

19 Sa vrèman enteresan pou nou etidye pawòl Jezi yo ak aksyon l yo ! Plis nou aprann konnen l, se plis nou vle vin menm jan avè l e se plis nou vle ede lòt moun pou yo fè menm bagay la. Kidonk, depi kounye a e pou toutan, annou pran plezi pou nou suiv Wa nou an !

Èske nou ka esplike ?

• Kòman nou ka demontre nou gen sajès, menm jan Jezi te demontre sa ?

• Ki diferan fason nou ka demontre imilite ?

• Ki jan nou ka montre nou zele nan ministè a ?

• Ki diferan fason nou ka imite Jezi nan fason nou demontre lanmou pou pwochen nou ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 5]

YON LIV K AP EDE NOU IMITE KRIS

Liv “ Vin suiv mwen ” an se yon liv ki gen 192 paj ki te soti nan kongrè distri ki te fèt an 2007 la. Yo fè liv sa a pou ede kretyen yo fikse atansyon yo sou Jezi, an patikilye, sou kalite l yo ak aksyon l yo. Apre de chapit ki sèvi kòm entwodiksyon yo, premye seksyon an bay yon ide jeneral sou bèl kalite Jezi genyen tankou imilite l, kouraj li, sajès li, obeyisans li ak andirans li.

Apre sa, nou jwenn diferan seksyon ki pale de aktivite Jezi antanke anseyan e antanke pwoklamatè bon nouvèl la. Yo pale tou de kèk fason Jezi te demontre aklè li gen anpil lanmou. Nan tout liv la, yo prezante enfòmasyon yo yon fason pou ede kretyen yo imite Jezi.

Nou gen konfyans liv sa a pral pouse nou tout pou nou egzamine tèt nou e pou nou mande tèt nou : ‘ Èske m ap suiv Jezi toutbon ? Ki jan m ka suiv li pi byen ? ’ Anplis, l ap ede ‘ tout moun ki nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl ’ yo pou yo vin disip Kris. — Tra. 13:48.

[Foto nan paj 4]

Jezi te aksepte vin sou tè a pou l fèt kòm yon tibebe. Ki kalite li te bezwen pou sa ?

[Foto nan paj 6]

Sa k ap motive nou pou nou zele nan ministè a ?