Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske pawòl Jezi yo enfliyanse fason w priye ?

Èske pawòl Jezi yo enfliyanse fason w priye ?

Èske pawòl Jezi yo enfliyanse fason w priye ?

“ Lè Jezi fin di pawòl sa yo, foul moun yo te sezi tande sa l t’ap moutre yo. ” — MAT. 7:28.

1, 2. Poukisa foul moun yo te sezi wè fason Jezi te anseye ?

LI BON pou nou aksepte pawòl Jezi Kris, sèl Pitit Bondye fè a, te di yo e pou nou aplike yo nan lavi nou. Se sèten, li pa t pale menm jan ak okenn lòt moun. Se sa k fè moun yo te sezi wè fason li te anseye nan Sèmon sou montay la. — Li Matye 7:28, 29.

2 Pitit Jewova a pa t anseye menm jan ak eskrib yo, yo menm ki te konn baze diskou yo t ap fè sou ansèyman lèzòm. Kris li menm te anseye “ tankou yon moun ki [gen] otorite ” paske sa l t ap anseye yo te soti nan Bondye (Jan 12:50). Donk, annou wè ki jan pawòl Jezi te di nan Sèmon sou montay la kapab gen yon enfliyans sou fason nou priye, paske yo ta dwe gen yon enfliyans sou nou nan domèn sa a.

Pinga w janm priye menm jan ak ipokrit yo

3. Bay ide prensipal nou jwenn nan pawòl Jezi te di nan Matye 6:5 yo.

3 Lapriyè se yon aspè enpòtan nan adorasyon n ap bay Bondye a. Nou dwe priye Jewova regilyèman. Men, pawòl Jezi te di nan Sèmon sou montay la ta dwe gen yon enfliyans sou fason nou priye. Men sa l te di : “ Lè n’ap lapriyè, pa fè tankou ipokrit yo ki renmen kanpe nan mitan sinagòg ak nan pwent kalfou pou yo lapriyè. Yo fè sa pou moun kapab wè yo. Sa m’ap di nou la a, se vre wi : Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. ” — Mat. 6:5.

4-6. a) Poukisa Farizyen yo te renmen “ kanpe nan mitan sinagòg ak nan pwent kalfou ” pou yo lapriyè ? b) Ki jan ipokrit sa yo te “ tou jwenn rekonpans yo ” ?

4 Lè disip Jezi yo t ap priye, yo pa t dwe imite Farizyen yo ki te “ ipokrit ”, ki te kwè yo jis e ki t ap chèche fè lòt moun wè yo kòm moun k ap sèvi Bondye (Mat. 23:13-32). Mesye ipokrit sa yo te renmen “ kanpe nan mitan sinagòg ak nan pwent kalfou ” pou yo priye. Poukisa ? Yo te konn fè sa pou “ moun kapab wè yo ”. Juif nan premye syèk la te konn priye ansanm lè yo rasanble pou yo prezante olokos nan tanp lan (sa te fèt ozanviwon nevè nan maten e ozanviwon twazè nan apremidi). Anpil moun ki rete Jerizalèm te konn priye ansanm ak foul moun ki t ap adore nan tanp lan. Gen Juif ki zele nan relijyon yo ki te konn priye souvan de fwa pa jou pandan yo “ kanpe nan mitan sinagòg ” yo. — Konpare ak Lik 18:11, 13.

5 Piske anpil moun te lwen tanp lan oswa yo te lwen yon sinagòg lè yo t ap fè priyè nou sot pale yo, yo te ka priye nenpòt kote yo ye nan moman sa yo. Gen moun ki te renmen lè yo “ nan pwent kalfou ” yo nan moman priyè yo paske yo te vle pou moun k ap pase nan kafou yo “ wè yo ”. Ipokrit sa yo te konn “ lapriyè byen long pou [yo] parèt pi bon ” nan je moun k ap gade yo (Lik 20:47). Nou pa ta dwe gen atitid sa a.

6 Jezi te di ipokrit sa yo “ tou jwenn rekonpans yo ”. Sa yo t ap chèche ak tout fòs yo, se fè lòt moun ba yo valè epi fè yo fè lwanj pou yo. Se sèlman sa yo te jwenn kòm rekonpans, paske Jewova pa t reponn priyè ipokrit yo t ap fè. Sepandan, li t ap reponn priyè vrè disip Kris yo. Jezi te montre pwen sa a annapre.

7. Ki sa Jezi te vle di lè l te bay konsèy pou nou antre nan “ chanm ” nou pou nou priye a ?

7 “ Ou menm, lè w’ap lapriyè, antre nan chanm ou. Fèmen pòt ou. Lapriyè Papa ou ki la pou kont li avè ou. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou” ​(Mat. 6:6). Lefètke Jezi te bay konsèy pou yon moun antre nan chanm li e pou l fèmen pòt li pou l priye, sa pa vle di yon frè pa ka reprezante kongregasyon an nan lapriyè. Jezi te bay konsèy sa a pito pou l te ankouraje moun yo pou yo pa priye an piblik nan objektif pou yo atire atansyon sou yo e pou yo resevwa lwanj. Si nou gen privilèj pou nou reprezante pèp Bondye a nan lapriyè, nou ta dwe sonje sa. Anplis, annou aplike yon lòt konsèy Jezi te bay anrapò ak lapriyè.

8. Selon Matye 6:7, ki sa nou dwe veye pou nou pa fè lè n ap priye ?

8 “ Lè w’ap lapriyè, pa plede repete yon bann pawòl pou gremesi. Se konsa moun lòt nasyon yo fè. Yo mete nan tèt yo Bondye va tande yo si yo pale anpil. ” ​(Mat. 6:7). La a, Jezi te site yon lòt bagay moun konn fè lè y ap priye ki pa bon : se repetisyon. Li pa t vle di nou pa dwe janm repete demann ak remèsiman ki soti nan kè nou lè n ap priye. Pandan Jezi te nan jaden Jetsemane, nan lannuit anvan l mouri a, li te “ fè menm lapriyè a ” plizyè fwa. — Mak 14:32-39.

9, 10. Sa k fè nou pa ta dwe plede repete yon bann pawòl nan priyè n ap fè yo ?

9 Li t ap mal pou nou imite fason ‘ moun nasyon yo ’ ap plede repete menm pawòl yo lè y ap priye. Yo “ plede repete ” yon pakèt fraz yo aprann pakè e ki gen yon pakèt pawòl ki pa nesesè. Sa pa t itil sèvitè Baal yo anyen lè yo t ap plede rele non fo dye sa a “ depi nan maten rive vè midi. Yo t’ap di : Baal o ! Reponn nou non ! ” ​(1 Wa 18:26). Jodi a, gen plizyè milyon moun k ap plede repete yon bann pawòl nan priyè y ap fè e yo met nan tèt yo “ Bondye va tande yo ”. Sepandan, Jezi ede nou konprann lè nou “ pale anpil ” nan yon priyè, nou fè l byen long e nou plede repete menm pawòl yo, sa pa gen valè nan je Jewova. Jezi te di lòt pawòl ankò.

10 “ Piga nou fè tankou moun sa yo. Paske, Papa nou tou konnen sa nou bezwen anvan menm nou mande li. ” ​(Mat. 6:8). Gen anpil chèf relijye juif ki te konn priye menm jan ak moun ki pa t Juif yo. Yo te konn di yon bann pawòl lè y ap priye. Yon aspè ki enpòtan nan vrè adorasyon an, sèke priyè moun ki vrèman ap adore Bondye yo ap fè soti nan fon kè yo. Nan priyè sa yo, yo fè louwanj pou Bondye, yo remèsye l e yo fè l demann (Fil. 4:6). Sepandan, sa t ap mal pou nou ta ap plede repete menm pawòl yo paske nou panse se sa k ap fè Bondye tande priyè nou fè l pou nou di l sa nou bezwen. Lè n ap priye, nou ta dwe sonje n ap pale ak Sila ‘ ki konnen sa nou bezwen anvan menm nou mande l li ’.

11. Ki sa nou ta dwe sonje si nou gen privilèj pou nou fè priyè an piblik ?

11 Sa Jezi te di sou priyè Bondye pa aksepte yo ta dwe fè nou sonje ni yon langaj entelektyèl ni yon pakèt pawòl yon moun ka di lè l ap priye pa enpresyone Bondye. Nou ta dwe konprann tou lè n ap fè yon priyè an piblik, se pa yon okazyon pou nou chèche enpresyone moun k ap koute nou yo, ni nou pa ta dwe fè moun yo ap mande tèt yo ki lè priyè sa a ap fini pou yo di “ amèn ”. Selon pawòl Jezi te di nan Sèmon sou montay la, li pa t ap bon tou pou yon moun sèvi ak lapriyè pou l bay oditwa a yon enfòmasyon oswa pou l ba yo konsèy.

Jezi aprann nou fason pou nou priye

12. Ki jan nou ka esplike demann Jezi te fè Jewova lè l te di l : “ Se pou non w sangtifye ” ?

12 Nonsèlman Jezi te bay disip li yo avètisman pou yo pa mal sèvi ak gwo privilèj yo genyen pou yo priye Bondye a, men tou, li te aprann yo ki jan pou yo priye. (Li Matye 6:9-13.) Priyè Jezi te bay kòm modèl la se pa yon priyè nou bezwen chèche aprann pakè nan objektif pou nou plede resite l, men, li se yon modèl ki montre fason nou kapab fè priyè pa nou. Pa egzanp, nan kòmansman priyè sa a, Jezi bay Bondye premye plas, lè l di : “ Papa nou ki nan syèl la, se pou non w sangtifye. ” ​(Mat. 6:9, NW). Nou kapab rele Jewova “ Papa nou ” paske li se Kreyatè nou ki rete “ nan syèl la ” anlè tè a (Det. 32:6 ; 2 Kwo. 6:21 ; Tra. 17:24, 28). Mo “ nou ” an fè nou sonje gen lòt kwayan parèy nou ki gen relasyon sere sere avèk Bondye tou. Lè nou di “ se pou non w sangtifye ”, se yon demann nou fè Jewova pou l aji pou l sangtifye non l lè l retire tout akizasyon yo te mete sou non sa a pou sal li depi nan rebelyon ki te fèt nan jaden Edenn nan. Pou Jewova reponn priyè sa a, li pral efase mechanste ki gen sou tè a. Konsa, l ap sangtifye non l. — Eze. 36:23.

13. a) Ki jan demann Jezi te fè Bondye pou l “ vin tabli gouvènman ” l lan pral reyalize ? b) Ki sa k pral fèt pou volonte Bondye fèt sou tè a ?

13 “ Vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l nan syèl la. ” ​(Mat. 6:10). Ann amoni ak demann sa a ki nan priyè Jezi te bay kòm modèl la, nou ta dwe sonje “ gouvènman ” sa a se Wayòm ki nan syèl la, yon Wayòm yo bay Kris dirije ansanm ak ‘ moun Bondye ’ yo ki resisite (Dàn. 7:13, 14, 18 ; Iza. 9:6, 7). Lè nou priye Bondye pou l “ vin tabli ” gouvènman sa a, se mande nou mande l pou Wayòm li an vin debarase latè ak tout moun ki kont fason l dirije a. Sa pral fèt talè konsa. Lè sa a, pral gen yon paradi sou tout tè a kote ap gen jistis, lapè ak pwosperite (Sòm 72:1-15 ; Dàn. 2:44 ; 2 Pyè 3:13). Volonte Jewova ap fèt nan syèl la kounye a. Lè nou mande Bondye pou l fè l fèt sou tè a, se mande nou mande l pou l akonpli objektif li genyen pou planèt nou an. Ann amoni ak objektif sa a, l ap retire moun ki opoze ak li yo sou tè a, menm jan li te fè sa nan tan lontan. — Li Sòm 83:1, 2, 13-18.

14. Poukisa li apwopriye pou nou mande Bondye ‘ ban nou manje nou bezwen jodi a ’ ?

14 “ Manje nou bezwen an, ban nou l jòdi a. ” ​(Mat. 6:11 ; Lik 11:3). Lè nou mande sa nan priyè nou yo, se mande nou mande Bondye pou l ban nou sa ki nesesè pou ‘ jou ’ n ap priye l la. Sa montre nou mete lafwa nou nan Jewova pou l pran swen nou chak jou. Nou pa mande l pou l ban nou plis manje pase sa nou bezwen. Demann sa a nou fè Bondye pou bezwen nou gen chak jou yo ka fè nou sonje Bondye te bay Izrayelit yo lòd pou chak moun nan mitan yo te ranmase lamàn nan selon “ mezi li bezwen pou jounen ” an. — Egz. 16:4.

15. Esplike ki sa nou mande Bondye lè nou mande l pou l “ padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal ”.

15 Nan priyè Jezi te bay kòm modèl la, li atire atansyon nou sou yon bagay nou dwe fè. Men sa l di : “ Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal. ” ​(Mat. 6:12). Evanjil Lik la montre “ sa nou fè ki mal ” yo se “ peche ” nou yo (Lik 11:4). Se sèlman si nou “ padonnen ” moun ki peche kont nou nou kapab atann pou Jewova padone peche pa nou yo. (Li Matye 6:14, 15.) Nou ta dwe padone lòt moun san fòse. — Efe. 4:32 ; Kol. 3:13.

16. Ki jan pou nou konprann demann nou fè Bondye pou l pa fè nou tonbe nan tantasyon e pou l delivre nou anba mechan an ?

16 “ Pa fè nou tonbe nan tantasyon, men delivre nou anba mechan an. ” ​(Mat. 6:13, NW). Ki jan pou nou konprann de demann sa yo, ki makònen youn ak lòt, nou jwenn nan priyè Jezi te bay kòm modèl la ? Yon bagay ki sèten : Jewova pap pase nou anba tantasyon pou l fè nou peche. (Li Jak 1:13.) Se Satan, “ mechan an ”, ki “ Tantatè a ”. (Mat. 4:3, NW.) Sepandan, Labib pale de kèk bagay Bondye pèmèt rive kòmsi se li ki te fè yo rive (Rit 1:20, 21 ; Ekl. 11:5). Donk, lè nou mande Jewova pou l “ pa fè nou tonbe nan tantasyon ”, se mande nou mande l pou l pa kite nou tonbe lè nou jwenn tantasyon pou nou dezobeyi l. E lè nou mande l pou l “ delivre nou anba mechan an ”, se mande nou mande l pou l pa kite Satan venk nou. An reyalite, nou kapab gen konfyans ‘ Bondye p’ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte ’. — Li 1 Korentyen 10:13.

‘ Kontinye mande, kontinye chèche e kontinye frape ’

17, 18. Ki sa sa vle di pou nou ‘ kontinye mande, pou nou kontinye chèche e pou nou kontinye frape ’ ?

17 Apot Pòl te bay lòt kwayan parèy li yo egzòtasyon sa a : “ Pa janm sispann lapriyè. ” ​(Wom. 12:12). Jezi te bay yon kòmandman konsa lè l te di pawòl sa yo : “ Kontinye mande, e y ap ban nou. Kontinye chèche, e n ap jwenn. Kontinye frape, e y ap ouvri pou nou. Paske tout moun ki mande ap resevwa, tout moun ki chèche ap jwenn e tout moun ki frape, y ap ouvri pou li. ” ​(Mat. 7:7, 8, NW). Li bon pou nou “ kontinye mande ” bagay ki ann amoni ak volonte Bondye. Ann amoni ak pawòl Jezi yo, men sa apot Jan te ekri : “ Sa a se konfyans nou genyen nan [Bondye] : Si nou mande li yon bagay ki nan volonte li, li koute nou. ” — 1 Jan 5:14, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.

18 Jezi te konseye nou pou nou ‘ kontinye mande e pou nou kontinye chèche ’. Sa vle di nou ta dwe priye ak tout fòs nou e nou pa ta dwe sispann fè sa. Li nesesè tou pou nou “ kontinye frape ” pou nou jwenn Wayòm nan e pou nou jwenn benediksyon, byenfè ak rekonpans l ap bay yo. Men, èske nou ka gen konfyans Bondye ap reponn priyè nou yo ? Wi, nou kapab gen konfyans sa a, si nou rete fidèl devan Jewova. Men sa Kris te di : “ Paske tout moun ki mande ap resevwa, tout moun ki chèche ap jwenn e tout moun ki frape, y ap ouvri pou li. ” Sèvitè Jewova yo fè anpil eksperyans ki demontre yo Bondye vrèman ‘ tande lè yo lapriyè l ’. — Sòm 65:2.

19, 20. Selon pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 7:9-11 yo, ki jan Jewova sanble ak yon papa ki renmen pitit li ?

19 Jezi te konpare Bondye ak yon papa ki renmen pitit li e ki ba yo bon bagay. Imajine ou te la lè Jezi t ap bay Sèmon sou montay la epi ou t ap koute l lè l ap di : “ Eske gen yonn nan nou ki va bay pitit li yon wòch si li mande l yon pen ? Eske la ba li yon koulèv si pitit li mande l yon pwason ? Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la p’ap ban nou bon bagay lè nou mande li ? ” — Mat. 7:9-11.

20 Menmsi yon papa “ mechan ” akoz peche li eritye a, men, li gen afeksyon natirèl pou pitit li. Li pap twonpe pitit li pou l ba l sa k pa bon, okontrè, l ap chèche ba li “ bon bagay ”. Menm jan yon papa sou tè a ta fè, Papa nou ki nan syèl la ban nou “ bon bagay ”. Pa egzanp, li ban nou lespri sen l (Lik 11:13). Lespri sen kapab ban nou fòs pou nou fè sèvis Jewova a yon fason ki fè l plezi. Se Jewova ki fè nou ‘ tout pi bèl favè, e ki ban nou tout pi bon kado nou resevwa ’. — Jak 1:17.

Annou kontinye tire pwofi nan pawòl Jezi yo

21, 22. Ki sa ki fè Sèmon sou montay la estrawòdinè, e ki sa w santi lè w ap li pawòl Jezi te di ladan l yo ?

21 Vrèman, Sèmon sou montay la se pi gwo diskou ki te fèt sou tè a. Li estrawòdinè pou tout sa li anseye nou nan domèn espirityèl e pou jan li klè. Jan pwen nou te trete nan seri atik sa yo montre sa, nou kapab tire anpil pwofi nan konsèy ki gen nan sèmon sa a si nou aplike yo. Pawòl sa yo Jezi te di yo kapab amelyore lavi nou kounye a e yo kapab fè nou gen yon avni k ap ban nou kè kontan.

22 Nan atik sa yo, nou te egzamine sèlman kèk nan bon ansèyman Jezi te bay nan Sèmon sou montay la. Sa pa etone nou lefètke moun ki t ap koute Jezi lè l t ap bay diskou sa a “ te sezi tande sa l t’ap moutre yo ”. (Mat. 7:28.) Pa gen dout nan sa, se menm reyaksyon sa a n ap genyen tou lè nou ranpli lespri nou ak kè nou ak pawòl sa yo Jezi Kris, gran Anseyan an, te di ansanm ak lòt bèl pawòl ankò li te di.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sa Jezi te di konsènan priyè ipokrit yon seri moun te konn fè ?

• Poukisa nou pa ta dwe plede repete yon bann pawòl lè n ap priye ?

• Ki sa Jezi te mande nan priyè li te bay kòm modèl la ?

• Ki jan nou kapab ‘ kontinye mande, nou kapab kontinye chèche e nou kapab kontinye frape ’ ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 15]

Jezi te kondane ipokrit yo ki te konn priye sèlman nan objektif pou moun tande yo e pou yo wè yo.

[Foto nan paj 17]

Èske w konn poukisa li apwopriye pou nou priye pou nou jwenn manje chak jou ?