Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w ta dwe ensiste sou preferans ou ?

Èske w ta dwe ensiste sou preferans ou ?

Èske w ta dwe ensiste sou preferans ou ?

DE TIMOUN piti ap jwe ansanm. Youn ladan yo rale yon jwèt li li renmen anpil nan men lòt la, e li di l byen fò : “ Ban m  ! ” Lèzòm enpafè kòmanse demontre yon konpòtman egoyis depi yo toupiti (Jen. 8:21 ; Wom. 3:23). Anplis, monn nan an jeneral ankouraje moun yo pou yo gen yon atitid egoyis. Si nou vle evite atitid sa a, nou dwe lite anpil kont tandans nou genyen pou nou egoyis. Si nou pa fè sa, l ap fasil pou nou fè lòt moun trebiche e pou nou deranje relasyon nou avèk Jewova. — Wom. 7:21-23.

Apot Pòl ankouraje nou konsidere efè aksyon nou genyen sou lòt moun. Men sa l te ekri : “ Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay ki bay avantaj. Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay ki edifye moun. ” Li te di tou : “ Veye pou nou pa [...] lakòz [lòt moun] trebiche. ” ​(1 Kor. 10:23, 32, NW). Kidonk, nan kesyon preferans pèsonèl, li saj pou nou mande tèt nou : ‘ Èske m dispoze pase sou dwa m pou m prezève lapè nan kongregasyon an ? Èske m prè pou m konfòme m ak prensip Bib la, menm lè sa difisil ? ’

Lè n ap chwazi travay

Pifò moun konsidere chwazi yon travay se yon desizyon pèsonèl ki pa gen gwo efè sou lòt moun, oubyen menm ki pa gen efè ditou sou lòt moun. Men, annou egzamine egzanp yon biznismann k ap viv nan yon ti vil ann Amerik disid. Tout moun te konnen l kòm yon moun ki jwe aza e kòm yon tafyatè. Sepandan, kòm li t ap etidye Labib avèk Temwen Jewova yo, li te fè pwogrè espirityèl e li te chanje lavi l (2 Kor. 7:1). Lè l te fè konnen li enterese preche avèk kongregasyon an, yon ansyen te ankouraje l, avèk tak, pou l reflechi sou kalite travay li te genyen an. Pandan yon tan, se li menm ki te pi gwo distribitè kleren nan vil la. Yo sèvi ak kleren pou fè anpil bagay, men nan zòn sa a, yo te abitye melanje l ak lòt bwason ki pa gen alkòl nan objektif pou moun bwè l pou yo sou.

Mesye a te vin konprann si l ap preche pandan li kontinye ap vann yon pwodui konsa, kongregasyon an t ap vin gen yon move repitasyon, e sa te ka kraze relasyon l genyen avèk Bondye. Malgre li te gen yon gwo fanmi pou l okipe, li te sispann vann kleren. Kounye a, li vann tout kalite bagay ki fèt ak papye pou l pran swen fanmi l. Kounye a, mesye sa a batize, e madanm li ak de nan senk pitit li yo batize tou. Y ap preche bon nouvèl la avèk zèl e avèk franchiz.

Lè n ap chwazi zanmi

Èske fè zanmi ak moun ki pa gen menm kwayans avèk nou se senpleman yon kesyon chwa pèsonèl, oubyen èske gen prensip biblik ki pale sou sa ? Gen yon sè ki te vle ale nan yon fèt avèk yon jèn gason ki pa t yon vrè kretyen. Malgre yo te avèti l sou danje sa reprezante, li te panse se dwa l pou l al nan fèt la, e vrèmanvre, li t ale. Yon ti tan apre l fin rive nan fèt la, yo te ba l yon bwason yo te melanje avèk yon kalman ki fò anpil. Li te pase plizyè èdtan ap dòmi. Lè l resi leve, li rann li kont swadizan zanmi l lan te vyole l. — Konpare ak Jenèz 34:2.

Byenke yon bagay konsa pa toujou rive lè nou frekante moun ki pa kwayan, Labib avèti nou sou sa. Men sa li di : ‘ Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w’a vin gen konesans. Men si ou fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm. ’ ​(Pwo. 13:20). Pa gen dout nan sa, lè nou chwazi move zanmi, nou mete tèt nou an danje. Men sa Pwovèb 22:3 di : “ Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa. ” Zanmi nou kapab enfliyanse nou e yo kapab deranje relasyon nou ak Bondye. — 1 Kor. 15:33 ; Jak 4:4.

Nan abiman nou ak aparans nou

Vire tounen mòd yo chanje. Men, prensip biblik ki gen rapò ak abiman nou e ak aparans nou pa chanje. Pòl te konseye kretyèn yo pou yo “ fè bèl ak tèt yo nan yon teni ki byen ranje, avèk modesti e avèk bonsans ”. Se yon prensip ki aplike pou frè yo tou (1 Tim. 2:9, NW). Pòl pa t ap ankouraje moun pou yo abiye yon fason ki senp depase, nitou li pa t di tout kretyen dwe gen menm gou. Si se sa, ki sa modesti ye menm ? Gen yon diksyonè ki defini modesti konsa : “ Se lè yon moun san awogans oswa li san ògèy [...], li abiye yon fason ki kòrèk, li pale yon fason ki kòrèk oswa li gen yon konduit ki kòrèk. ”

Nou dwe mande tèt nou : ‘ Onètman, èske m ka di mwen modès si m ap ensiste sou dwa m genyen pou m abiye yon fason ki fè tout je brake sou mwen ? Èske fason m abiye bay yon move mesaj sou kalite moun mwen ye oswa sou prensip moral k ap dirije lavi m ? ’ Nou ka evite bay lòt moun ‘ okazyon pou yo trebiche ’ nan sans sa a lè nou “ enterese, pa sèlman nan zafè pa nou, men tou, nan zafè pa lòt moun ”. — 2 Kor. 6:3, NW ; Fil. 2:4, NW.

Nan zafè biznis

Yon lè, te gen yon kesyon enpòtan ki te soulve nan kongregasyon Korent lan anrapò ak kèk aksyon malonèt ki te fèt. Men sa Pòl te ekri anrapò ak sa : “ Poukisa nou pa asepte soufri lenjistis pito ? Poukisa nou pa kite yo piye nou pito ? ” Li te konseye kretyen yo pou yo dispoze sibi yon pèt olye yo rele frè yo lajistis (1 Kor. 6:1-7). Gen yon frè Ozetazini ki te pran konsèy sa a oserye. Li menm ak patwon l, ki te yon kretyen tou, pa t wè bagay yo menm jan paske yo pa t dakò sou kantite kòb patwon an te dwe l pou travay li te fè. De frè yo te suiv prensip biblik yo, yo te rankontre plizyè fwa, men, yo pa t rive jwenn yon solisyon. Finalman, yo pote kesyon an “ devan kongregasyon an ”, sa vle di devan ansyen yo. — Mat. 18:15-17, NW.

Malerezman, yo pa t rive rezoud pwoblèm nan toujou. Apre anpil lapriyè, frè ki te anplwaye a te deside pèdi pifò nan lajan li panse yo te dwe peye l la. Poukisa ? Men sa li di apre sa : “ Pwoblèm sa a te fè m pèdi jwa m e li te pran anpil nan tan m, tan mwen ta ka pase nan aktivite espirityèl. ” Apre frè a te fin pran desizyon sa a, li te jwenn jwa l ankò e li te santi Jewova te beni sèvis li.

Menm nan bagay ki toupiti

Lè nou pa ensiste sou preferans nou, sa fè nou jwenn benediksyon nan bagay ki toupiti tou. Nan premye jou yon kongrè distri, gen yon koup pyonye ki te rive byen bonè nan kongrè a e ki te chwazi plas pou yo chita. Pandan pwogram kongrè a t ap kòmanse, gen yon fanmi ki te gen plizyè timoun ki t ap prese antre kote kongrè a t ap fèt la, e kote sa a te gentan chaje ak moun. Lè koup pyonye a remake fanmi an t ap chèche yon kote ki apwopriye pou yo chita, yo te ba yo plas yo a. Sa te pèmèt tout fanmi an chita ansanm. Kèk jou apre kongrè a, koup pyonye sa a te resevwa yon lèt remèsiman fanmi sa a te voye ba yo. Nan lèt la, yo te esplike kòman yo te dekouraje lè yo wè yo te rive anreta nan kongrè a. Men, dekourajman yo te genyen an pa t dire lontan paske yo te vin santi yo nan lajwa akoz jantiyès koup pyonye a. Yo te santi yo gen rekonesans tou pou aksyon koup la te fè a.

Lè okazyon an prezante, annou dispoze pase sou preferans nou pou byen lòt moun. Lè nou demontre yon lanmou ki pa “ chèche pwòp enterè l ”, nou kenbe lapè nan kongregasyon an e n ap viv nan lapè ak pwochen nou an jeneral (1 Kor. 13:5). Men, sa k pi enpòtan toujou, sèke nou prezève amitye nou avèk Jewova.

[Foto nan paj 20]

Èske w dispoze pase sou preferans ou anrapò ak stil rad w ap met sou ou ?

[Foto nan paj 20, 21]

Èske w dispoze bay frè w plas ou ?