Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou kite pawòl Jezi yo enfliyanse fason nou panse

Annou kite pawòl Jezi yo enfliyanse fason nou panse

Annou kite pawòl Jezi yo enfliyanse fason nou panse

“ Moun Bondye voye a, se pawòl Bondye l’ap pale. ” — JAN 3:34.

1, 2. Ak ki sa nou ka konpare pawòl Jezi te di nan Sèmon sou montay la, e poukisa nou ka di Sèmon an te chita sou “ pawòl Bondye ” ?

YOUN nan pi gwo dyaman ki egziste se yon dyaman 530 kara moun konnen ki rele Etwal Afrik. Vrèmanvre, se yon dyaman ki gen anpil valè ! Men, trezò nou jwenn nan domèn espirityèl nan pawòl Jezi te di nan Sèmon sou montay la gen plis valè lontan pase dyaman sa a. Nou pa etone aprann sa, paske se Jewova ki sous pawòl Kris te di yo ! Men sa Labib di konsènan Jezi : “ Moun Bondye voye a, se pawòl Bondye l’ap pale. ” — Jan 3:34-36.

2 Petèt Sèmon sou montay la te dire mwens pase 30 minit, malgre sa, an 21 fwa Jezi site pawòl ki nan uit liv nan Ekriti ebrayik yo. Kidonk, Sèmon sa a chita byen fèm sou “ pawòl Bondye ”. Kounye a, annou wè ki jan nou ka aplike kèk nan pawòl ki gen anpil valè nou jwenn nan kokennchenn diskou Pitit Bondye renmen anpil la te bay la.

“ Al fè lapè ak frè w la anvan ”

3. Ki konsèy Jezi te bay disip li yo apre l te fin avèti yo pou yo pa fache ak frè yo ?

3 Antanke kretyen, nou gen kè kontan e nou pasifik paske nou gen lespri sen Bondye, e lajwa ak lapè fè pati fwi lespri sa a (Gal. 5:22, 23). Jezi pa t vle pou disip li yo pèdi lapè ak lajwa yo te genyen, se sa k fè li te avèti yo pou yo pa rete fache ak frè yo pandan lontan paske sa ta kapab lakòz yo pèdi lavi yo. (Li Matye 5:21, 22.) Apre sa, men sa l te di : “ Kidonk, si w ap pote ofrann ou sou lotèl epi lè w rive la, ou sonje frè w la gen yon bagay kont ou, kite ofrann ou an la devan lotèl la, epi al fè lapè ak frè w la anvan, e apre sa, lè w retounen, fè ofrann ou an. ” — Mat. 5:23, 24, NW.

4, 5. a) De ki “ ofrann ” Jezi te pale nan Matye 5:23, 24 ? b) Nan ki pwen sa enpòtan pou nou fè lapè ak yon frè nou nou te fè fache ?

4 “ Ofrann ” Jezi te pale a se te nenpòt ofrann yon moun te ka prezante nan tanp lan ki te nan Jerizalèm. Pa egzanp, sakrifis bèt yo te enpòtan paske yo te fè pati adorasyon pèp Jewova a t ap ba li. Men, Jezi te mete aksan sou yon bagay ki te gen plis enpòtans lontan pase yo : fè lapè ak yon frè nou nou te fè fache anvan nou fè yon ofrann bay Bondye.

5 Ki leson nou ka tire nan pawòl Jezi yo ? Leson nou ka tire sèke fason nou aji ak lòt moun gen yon efè dirèk sou relasyon nou ak Jewova (1 Jan 4:20). Anfèt, nan tan lontan, si yon moun pa t byen boule ak pwochen li, ofrann li yo pa t ap gen okenn valè pou Bondye. — Li Mika 6:6-8.

Imilite enpòtan

6, 7. Poukisa nou bezwen gen imilite lè n ap fè efò pou nou fè lapè ak yon frè nou nou te fè fache ?

6 Lè n al fè lapè ak yon frè nou nou te fè fache, sa kapab teste imilite nou. Moun ki enb yo pa nan diskite ak kwayan parèy yo pou yo fè dwa yo pase. Si yo fè sa, sa ap kreye yon sitiyasyon dezagreyab, menm jan ak sitiyasyon ki te egziste nan tan lontan pami kretyen Korent yo. Anrapò ak sitiyasyon sa a, apot Pòl te di yon bagay ki fè nou reflechi. Men sa l te di : “ Si nou ka gen pwose yonn ak lòt, sa deja moutre jan nou pa bon menm. Poukisa nou pa asepte soufri lenjistis pito ? Poukisa nou pa kite yo piye nou pito ? ” — 1 Kor. 6:7.

7 Jezi pa t vle di pou nou ale kot frè nou an nan objektif pou nou konvenk li se nou ki gen rezon e li menm li gen tò. Objektif nou se ta dwe pou nou tounen vin gen relasyon pezib nou te gen avè l la ankò. Pou nou ka fè lapè, nou dwe di sa nou santi avèk senserite. Nou dwe rekonèt tou nou te blese santiman lòt moun nan. E si nou te fè yon erè, se seten n ap bezwen mande l padon avèk imilite.

‘ Si se grenn je dwat ou ki fè w tonbe nan peche ’

8. Rezime pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 5:29, 30 lan.

8 Jezi te bay bonjan konsèy sou moralite nan Sèmon sou montay la. Li te konnen kò nou ki enpafè kapab gen yon move enfliyans sou nou. Se sa k fè Jezi te di : “ Si se grenn je dwat ou ki [...] fè ou tonbe nan peche, rache l voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl manm nan kò ou, pase pou yo voye tout kò ou nèt jete nan [Jeyèn]. Si se men dwat ou ki [...] fè ou tonbe nan peche, koupe l voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl nan manm ou yo, pase pou tout kò a nèt al nan [Jeyèn]. ” — Mat. 5:29, 30.

9. Nan ki sans “ je ” nou ak “ men ” nou ka fè nou “ tonbe nan peche ” ?

9 “ Je ” Jezi te pale de li a reprezante pouvwa oswa kapasite nou genyen pou nou konsantre atansyon nou sou yon bagay, e “ men ” an gen rapò ak sa nou fè ak men nou. Si nou pa fè atansyon, pati sa yo ki nan kò nou kapab fè nou “ tonbe nan peche ” e yo kapab fè nou sispann “ mache byen ak Bondye ”. (Jen. 5:22 ; 6:9). Lè nou jwenn tantasyon pou nou dezobeyi Jewova, nou bezwen aji yon fason fèm. Se kòmsi nan yon sans, nou ta rache yon je nou oswa nou ta koupe yon men nou jete.

10, 11. Ki sa ki ka ede nou evite imoralite seksyèl ?

10 Ki jan nou ka fè pou nou anpeche je nou rete sou bagay ki imoral ? Men sa Jòb, yon moun ki te gen lakrentif pou Bondye, te di : “ Mwen te fè yon alyans ak je m, donk, kòman m ta fè ap plede gade yon fi ki vyèj ? ” ​(Jòb 31:1, NW). Jòb se te yon mesye marye ki te gen detèminasyon pou l pa vyole lwa moral Bondye yo. Se menm atitid la nou ta dwe genyen tou, kit nou marye, kit nou selibatè. Pou nou evite imoralite seksyèl, nou dwe kite lespri sen Bondye gide nou, paske li bay moun ki renmen Bondye yo metriz. — Gal. 5:22-25.

11 Pou nou evite imoralite seksyèl, li ta bon pou nou mande tèt nou : ‘ Èske m kite je m fè m anvi li bagay imoral ki nan liv oswa anvi gade yo, èske m kite je m fè m anvi gade bagay ki imoral nan televizyon oswa sou Entènèt ? ’ Se pou nou sonje tou pawòl Jak, yon disip Jezi, te di yo : “ Lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k’ap rale l, k’ap pouse li. Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò. ” ​(Jak 1:14, 15). An reyalite, si yon moun ki vwe lavi l bay Bondye kontinye “ gade ” yon lòt moun avèk ide imoral, moun sa a bezwen pote gwo chanjman nan li menm. Lè l fè chanjman sa yo, se kòmsi li ta rache yon je l voye jete. — Li Matye 5:27, 28.

12. Ki konsèy Pòl te bay ki kapab ede nou lite kont dezi imoral ?

12 Si nou sèvi ak men nou yon fason ki pa kòrèk, sa ka fè nou vyole prensip moral Jewova yo yon fason ki grav. Kidonk, nou ta dwe detèmine pou nou rete pwòp nan domèn moral. Se sa k fè nou ta dwe suiv konsèy Pòl te bay la. Li te di : “ Se pou nou fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak fònikasyon, konduit ki pa pwòp, apeti seksyèl, anvi nuizib, ak konvwatiz, ki se idolatri. ” ​(Kol. 3:5, NW). Ekspresyon “ fè [...] mouri ” yo itilize la a mete aksan sou dispozisyon fèm nou dwe pran pou nou lite kont dezi lachè ki imoral yo.

13, 14. Poukisa li nesesè pou nou pa panse e pou nou pa aji yon fason ki imoral ?

13 Pou yon moun sove lavi l, li ka aksepte fè yon operasyon kote yo koupe yon manm li. Nan yon sans senbolik, li nesesè pou nou “ voye ” yon je nou ak yon men nou “ jete ” pou nou pa panse e pou nou pa aji yon fason ki imoral, paske sa ta ka fè nou pèdi favè Bondye. Sèl mwayen nou genyen pou nou chape anba destriksyon etènèl la, sa vle di Jeyèn nan, se rete pwòp nan lespri nou, nan domèn moral ak nan domèn espirityèl.

14 Akoz peche nou eritye a e akoz enpèfeksyon, nou bezwen fè efò pou nou rete pwòp nan domèn moral. Pòl te di : “ Mwen aji di ak kò m, mwen kenbe l kout, pou mwen menm yo pa voye m jete apre mwen fin moutre lòt yo sa pou yo fè. ” ​(1 Kor. 9:27). Kidonk, se pou nou detèmine pou nou aplike konsèy Jezi te bay sou moralite a e pou nou pa janm aji yon fason ki montre nou manke rekonesans pou sakrifis ranson li te bay la. — Mat. 20:28 ; Ebre 6:4-6.

“ Bay ”

15, 16. a) Ki jan Jezi te kite yon bon egzanp pou nou nan kesyon bay la ? b) Ki sa pawòl Jezi te di nan Lik 6:38 la vle di ?

15 Pawòl Jezi te di yo ak egzanp pafè li te kite a ankouraje nou pou nou dispoze bay. Li te demontre li se yon moun ki donan anpil lè l te vin sou tè a pou byen limanite ki enpafè. (Li 2 Korentyen 8:9.) Jezi te aksepte kite glwa li te gen nan syèl la pou l vin sou tè a antanke yon imen e pou l bay lavi l pou lèzòm enpafè. Kèk nan moun sa yo t ap gen pou yo posede trezò nan syèl la antanke moun ki eritye ansanm ak Jezi nan Wayòm nan (Wom. 8:16, 17). Lè Jezi te di pawòl nou jwenn pi ba yo, se ankouraje li t ap ankouraje nou pou nou donan.

16 “ Bay, epi yo va ban nou tou. Y a vide yon bon mezi nan [...] rad nou, byen foule, byen souke, plen ap tonbe. Paske, nan mezi nou mezire a, se ladan l y ap mezire pou nou tou. ” ​(Lik 6:38, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Ekspresyon ‘ vide nan rad ’ la fè referans ak yon abitid kèk machann te genyen. Moun ki t ap achte a te konn ranje rad li ki te gwo anpil e ki te mare ak yon senti, yon fason pou pati ki anlè a te ka fòme yon pòch. Se pòch sa a machann yo te konn plen lè moun yo vin achte. Lè nou renmen bay, lòt moun ap ban nou yon bon mezi tou lè nou nan bezwen. — Ekl. 11:2.

17. Ki jan Jewova te bay pi gwo egzanp nan kesyon bay la, e ki sa nou kapab bay k ap fè nou jwenn lajwa ?

17 Jewova renmen moun ki bay ak kè kontan e li rekonpanse yo. Li menm li te bay pi gwo egzanp nan domèn sa a, lè l te bay sèl Pitit li fè a, konsa “ tout moun ki [...] mete konfyans yo nan [Pitit sa a] p’ap pèdi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an ”. (Jan 3:16.) Men sa Pòl te ekri : “ Moun ki simen anpil va rekòlte anpil. Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa règrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan. ” ​(2 Kor. 9:6, 7). Lè nou bay tan nou, fòs nou ak sa nou genyen nan domèn materyèl pou nou fè vrè adorasyon an avanse, se sèten, sa fè nou jwenn lajwa ak anpil rekonpans. — Li Pwovèb 19:17 ; Lik 16:9.

“ Pa sonnen twonpèt devan w ”

18. Ki sa k ka fè nou pa jwenn “ okenn rekonpans ” nan men Papa nou ki nan syèl la ?

18 “ Fè atansyon pou nou pa pratike jistis nou devan lèzòm pou nou fè yo wè nou. Si nou fè sa, nou pap jwenn okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la. ” ​(Mat. 6:1, NW). Lè Jezi te itilize mo “ jistis ” la, li te vle pale de konduit ki konfòm ak volonte Bondye. Li pa t vle di nou pa ta dwe janm fè aksyon ki fè Bondye plezi an piblik, paske li te di disip li yo se pou ‘ limyè yo klere devan tout moun ’. (Mat. 5:14-16.) Men, nou pap jwenn “ okenn rekonpans ” nan men Papa nou ki nan syèl la si n ap fè yon seri bagay jis “ pou nou fè [moun] wè nou ” e pou yo admire nou, tankou yon aktè ki sou yon sèn. Si se sa ki pouse nou aji, nou pap gen yon relasyon sere sere ak Bondye, nitou nou pap jwenn benediksyon Wayòm nan pral pote yo, benediksyon ki pap janm fini.

19, 20. a) Ki sa Jezi te vle di lè l te di nou pa bezwen ‘ sonnen yon twonpèt ’ lè n ap fè “ don mizèrikòd ” ? b) Ki jan n ap fè pou men goch nou pa konnen sa men dwat nou ap fè ?

19 Si nou panse yon fason ki kòrèk, n ap suiv avètisman Jezi te bay la : “ Se sa ki fè tou, lè w’ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy [“ fè don mizèrikòd ”, NW], ou pa bezwen fè tout moun wè sa [“ pa sonnen twonpèt devan w ”, NW], tankou ipokrit yo fè l nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m’ap di nou la a, se vre wi : Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. ” ​(Mat. 6:2). “ Don mizèrikòd ” yo se te don yo te konn bay pou ede moun ki nan bezwen. (Li Izayi 58:6, 7.) Jezi ak apot li yo te gen yon kès toutespre pou yo ede moun ki pòv yo (Jan 12:5-8 ; 13:29). Etandone se pa toutbon moun te konn sonnen twonpèt lè y ap bay pòv, li klè lè Jezi te di nou pa ta dwe “ sonnen twonpèt ” devan nou lè n ap fè “ don mizèrikòd ”, li te itilize sa yo rele yon ipèbòl, sa vle di li te egzajere sa l t ap di a pou l te ranfòse ide a. Kontrèman ak Farizyen yo, nou pa dwe fè reklam lè n ap fè kalite don sa yo. Jezi te rele Farizyen yo ipokrit paske yo t ap fè reklam “ nan sinagòg ak nan lari ” pou fè moun konnen y ap fè charite. Ipokrit sa yo te “ tou jwenn rekonpans yo ”. Yo te jwenn louwanj nan men lèzòm, e petèt yo te konn jwenn plas devan nan sinagòg yo bò kot raben ki te popilè yo. Se sa ase yo te jwenn kòm rekonpans, paske Jewova pa t ba yo anyen (Mat. 23:6). Nan ka sa a, kòman disip Jezi yo te dwe aji ? Jezi te di yo ki fason pou yo aji, e sa konsène nou tou.

20 “ Men, lè n ap fè charite [“ don mizèrikòd ”, NW], se pa pou men goch nou konnen sa men dwat la ap fè. Konsa, charite w la va yon sekrè. E, Papa ou ki wè nan sekrè, li menm, la remèt ou sa. ” ​(Mat. 6:3, 4, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Jeneralman, nou travay ak toule de men nou. Kidonk, pou nou pa kite men goch nou konnen sa men dwat nou ap fè, sa mande pou nou pa fè reklam lè n ap bay. Menm moun ki pwòch avèk nou, menm jan men goch nou pwòch ak men dwat nou, pa bezwen konnen.

21. Ki jan Sila ki “ wè nan sekrè ” a ap remèt nou sa nou fè ?

21 Si nou pa vante tèt nou lè n ap bay, “ don mizèrikòd ” nou yo ap fèt an sekrè. Lè sa a, Papa nou “ ki wè nan sekrè ” a ap remèt nou sa. Etandone Papa nou abite nan syèl la e li envizib, li rete “ sekrè ” pou lèzòm (Jan 1:18). Pami bagay, Jewova, Sila ki “ wè nan sekrè ” a, ap ban nou, l ap pèmèt nou gen yon relasyon sere sere avè l, l ap padone peche nou yo e l ap ban nou lavi etènèl (Pwo. 3:32 ; Jan 17:3 ; Efe. 1:7). Bagay sa yo pi bon lontan pase louwanj lèzòm kapab fè pou nou !

Annou bay pawòl sa yo anpil valè

22, 23. Poukisa nou ta dwe bay pawòl Jezi yo anpil valè ?

22 Vrèmanvre, Sèmon sou montay la chaje ak trezò espirityèl ki gen anpil valè. Pèsonn pa ka nye sèmon sa a gen yon seri pawòl estrawòdinè ki ka ban nou lajwa menm nan monn twouble nou ladan l lan. Wi, n ap gen kè kontan si nou bay pawòl Jezi yo anpil valè e si nou kite yo enfliyanse fason nou panse ak fason nou viv.

23 Tout moun ki “ tande ” e ki “ fè ” sa Jezi te anseye yo ap jwenn benediksyon. (Li Matye 7:24, 25.) Kidonk, annou pran detèminasyon pou nou obeyi konsèy Jezi bay yo. Nan dènye atik ki nan seri atik sa yo, n ap egzamine plis bagay toujou Jezi te di nan Sèmon sou montay la.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa li enpòtan pou n al fè lapè ak yon frè nou nou te fè fache ?

• Ki jan nou ka anpeche “ je dwat ” nou fè nou tonbe nan peche ?

• Ki jan nou ta dwe konsidere kesyon bay la ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 11]

Ala bon sa bon lè n “ al fè lapè ” ak yon kretyen parèy nou nou te fè fache !

[Foto nan paj 13]

Jewova beni moun ki bay ak kè kontan.