Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Antèman kretyen yo : yo fèt ak diyite, yo senp e yo fè Bondye plezi

Antèman kretyen yo : yo fèt ak diyite, yo senp e yo fè Bondye plezi

Antèman kretyen yo : yo fèt ak diyite, yo senp e yo fè Bondye plezi

TOUT kote se rèl. Moun yo gen anpil lapenn. Fanmi mò a ki abiye ak rad nwa ap rele, y ap lage kò yo atè san kontwòl, tèlman yo nan lapenn. Yon lòt bò, gen moun k ap danse, y ap souke kò yo pandan gen yon mizik byen cho k ap jwe. Gen lòt moun toujou k ap manje, k ap fete e k ap ri byen fò. Gen kèk moun ki kouche atè tèlman yo sou ak diven ak byè y ap bay. Nan ki okazyon y ap fè tout bagay sa yo ? Gen kèk kote sou tè a, sa nou sot di la yo se bagay ki konn pase lè gen antèman. Plizyè santèn moun rasanble pou yo di mò a orevwa.

Gen anpil Temwen Jewova k ap viv nan zòn kote fanmi yo ak vwazen yo se moun ki kwè nan sipèstisyon anpil e ki pè mò anpil. Gen plizyè milyon moun ki kwè lè yon moun mouri, li vin tounen yon espri pami espri zansèt yo e li kapab ede moun ki vivan yo oswa li kapab fè yo mal. E gen anpil bagay moun gen abitid fè lè y ap fè antèman ki gen rapò dirèk ak kwayans sa a. Natirèlman, se yon bagay ki nòmal pou nou tris lè yon moun mouri. Nan plizyè okazyon, Jezi ak disip li yo te tris lè yo te gen moun pa yo mouri (Jan 11:33-35, 38 ; Tra 8:2 ; 9:39). Poutan, yo pa t janm montre yo te nan tristès yon fason egzajere, jan moun yo te konn fè sa nan epòk pa yo a (Lik 23:27, 28 ; 1 Tes. 4:13). Poukisa ? Youn nan rezon yo, se paske yo te konnen laverite sou lanmò.

Labib di aklè : “ Moun vivan yo konnen yo gen pou yo mouri. Men moun mouri yo pa konn anyen. [...] Tout santiman yo te gen nan kè yo pou moun yo te renmen, pou moun yo te rayi, pou bagay yo te anvi, tou sa disparèt avèk yo. [...] Kote ou prale a, nan peyi kote mò yo ye a, nanpwen travay pou ou fè, pa gen lide ki pou mache nan tèt ou, pa gen konesans, pa gen bon konprann. ” ​(Ekl. 9:5, 6, 10). Vèsè biblik sa yo ki enspire montre klè, lè yon moun mouri, li pa konnen anyen ankò. Li pa kapab reflechi, li pa ka santi anyen, li pa ka ni kominike ni konprann anyen. Lefètke nou menm kretyen nou konprann verite biblik enpòtan sa a, ki efè sa ta dwe genyen sou fason nou fè antèman ?

“ Pa manyen bagay ki pa pwòp ”

Kèlkeswa ras oswa kilti Temwen Jewova yo, yo pa pran pa ditou nan okenn koutim ki gen rapò ak kwayans ki fè konprann mò yo kontinye ap viv e yo ka gen enfliyans sou moun ki vivan. Koutim tankou veye, fèt yo fè apre antèman, anivèsè lanmò, sakrifis pou mò a ak tout tradisyon mari oubyen madanm mò a suiv, tout se bagay ki pa pwòp e ki pa fè Bondye plezi paske yo gen rapò ak ansèyman ki pa biblik, ki soti nan demon yo e ki fè kwè nanm yon moun oswa espri l pa mouri (Eze. 18:4). Vrè kretyen yo “ pa ka ap manje sou ‘ tab Jewova ’ epi pou y ap manje sou tab demon ” yo, kidonk, yo pa patisipe nan koutim sa yo (1 Kor. 10:21, NW). Yo obeyi kòmandman ki di : “ Soti nan mitan yo ! [...] Pa manyen bagay ki pa pwòp. ” ​(2 Kor. 6:17, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). Men, li pa toujou fasil pou nou pran yon pozisyon konsa parapò ak koutim sa yo.

Ann Afrik ak anpil lòt kote ankò, anpil moun kwè si yo pa respekte koutim sa yo, espri zansèt yo ap fache. Moun yo panse lè yon moun pa suiv koutim sa yo, se derespekte li derespekte zansèt yo, e sa ka fè espri yo modi tout kominote a oswa sa ka pote malè. Anpil Temwen Jewova jwenn moun kritike yo paske yo refize suiv koutim sa yo ki gen rapò ak antèman e ki pa ann amoni ak Labib. Moun nan zòn kote y ap viv la oswa fanmi yo konn joure yo e yo konn nye yo. Yo akize kèk Temwen kòmkwa yo pa sosyal e yo derespekte mò yo. Pafwa, gen moun ki pa kwayan ki konn pran òganizasyon antèman yon kretyen an men kareman. Nan ka sa a, kòman nou ka evite gen pwoblèm avèk moun sa yo ki ensiste pou yo suiv koutim antèman ki pa fè Bondye plezi yo ? E, sa k pi enpòtan an, ki sa nou ka fè pou nou rete lwen seremoni ak pratik ki pa pwòp ki kapab deranje relasyon nou avèk Jewova ?

Fè tout moun konnen pozisyon w aklè

Gen kèk kote sou tè a kote li nòmal pou chèf tribi yo ak fanmi yon moun di mo pa yo nan desizyon k ap pran pou antèman moun nan. Yon kretyen ki fidèl dwe fè konnen yon fason ki klè se Temwen Jewova yo k ap òganize antèman l e k ap fè l selon prensip biblik yo (2 Kor. 6:14-16). Pa gen anyen nan antèman yon kretyen ki ta dwe twouble konsyans lòt kwayan ki la yo oswa ki ta dwe fè lòt moun trebiche, anpalan de moun ki konnen kwayans ak ansèyman nou yo anrapò ak mò.

Lè yo mande yon moun ki reprezante kongregasyon an pou l òganize yon antèman, ansyen yo kapab bay kèk sijesyon ki itil e yo kapab ede kwayan ki andèy yo wè ki prensip biblik ki aplikab pou antèman, yon fason pou tout bagay k ap fèt nan antèman an fèt ann amoni ak direksyon nou jwenn nan Bib la. Si gen moun ki pa kwayan ki vle antre pratik ki pa pwòp nan seremoni an, li esansyèl pou nou esplike yo, yon fason fèm e avèk kran, pozisyon nou antanke kretyen, men, n ap fè sa avèk dousè e avèk respè (1 Pyè 3:15). Men, e si gen fanmi nou ki pa kwayan ki kontinye ensiste pou yo fè yon seri bagay ki pa pwòp nan antèman an ? Lè sa a, moun ki kwayan nan fanmi an kapab deside pou yo kite antèman an (1 Kor. 10:20). Lè sa rive, yo ka fè yon diskou pou sikonstans lan nan Sal Wayòm nan oswa yon lòt kote ki apwopriye yon fason pou yo pataje “ konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo ” avèk moun yo ki vrèman tris akoz lanmò moun yo te renmen an (Wom. 15:4, NW). Menmsi kò a pa la, yon dispozisyon konsa se yon dispozisyon ki diy e ki toutafè akseptab (Det. 34:5, 6, 8). Lè moun ki pa kwayan yo aji konsa nan yon antèman, sa ka fè gen plis strès ak plis tristès, men, nou ka jwenn konsolasyon lè nou sonje Bondye pap manke pa remake detèminasyon nou genyen pou nou fè sa ki dwat, li menm ki kapab ban nou “ pisans ki depase sa ki nòmal la ”. — 2 Kor. 4:7, NW.

Ekri sa w vle ki pou fèt

Lè yon moun mete alekri enstriksyon anrapò ak fason li vle pou antèman l fèt, li pi fasil pou yo rezone ak fanmi moun sa a ki pa Temwen, etandone yo ka pi fasil respekte volonte moun ki mouri a. Men detay enpòtan nou bezwen mete nan enstriksyon yo : kòman yo ta dwe fè antèman an, ki kote li ta dwe fèt e ki moun ki ta dwe gen tout otorite pou òganize l (Jen. 50:5). Lè moun ki fè dokiman an siyen l e lè gen temwen ki siyen l tou, dokiman sa a gen plis valè. Moun ki gen disènman ak sajès ki baze sou prensip biblik yo k ap planifye avni yo konnen yo pa bezwen tann se lè yo fin granmoun nèt oswa lè yo nan dènye faz yon maladi pou yo mete volonte yo alekri. — Pwo. 22:3 ; Ekl. 9:12.

Gen kèk moun ki pa alèz pou yo fè yon dokiman konsa kote yo ekri enstriksyon sa yo. Men, lè nou fè sa, sa montre nou se kretyen ki gen matirite e nou gen lanmou ki pouse nou sousye nou de lòt moun (Fil. 2:4). Li pi bon lontan pou nou regle bagay sa yo pèsonèlman olye pou nou kite se fanmi nou k ap deja nan lapenn ki pou fè sa. Gen moun ki kapab ba yo presyon pou yo aksepte pratik ki pa pwòp, yon seri pratik moun ki mouri a pa t ni kwè ladan yo ni dakò avèk yo.

Fè antèman an senp

Anpil kote ann Afrik, anpil moun kwè yo dwe fè yon gwo antèman e li dwe enpresyone moun dekwa pou espri zansèt yo pa fache. Gen lòt moun ki sèvi ak antèman yo kòm yon okazyon pou yo fè “ egzibisyon ” pou yo montre lòt moun nivo sosyal yo ak nivo ekonomik yo (1 Jan 2:16). Yo pase anpil tan, yo fè anpil efò e yo depanse anpil kòb pou yo bay mò a yon “ bèl antèman ”. Pou yo ka atire plis moun posib vin nan antèman an, yo konn mete yon seri gwo postè moun ki mouri a plizyè kote, yon fason pou yo fè tout moun konnen gen yon antèman. Yo bay fè mayo ki gen foto moun ki mouri a sou yo pou yo distribye bay moun ki nan lapenn yo pou yo mete. Yo achte sèkèy ki konplike e ki chè pou yo ka fè wè. Nan yon peyi ann Afrik, gen moun ki menm rive bay fè sèkèy ki sanble ak machin, avyon, bato oswa ak lòt bagay ki ka montre yo rich, yo gen enpòtans e yo nan liks. Yo konn retire mò a nan sèkèy la e yo ekspoze l sou yon kabann yo dekore toutespre pou okazyon an. Si se yon fi ki mouri, yo konn mete yon rad maryaj blan sou li avèk anpil bijou, pèl ak makiyaj. Èske li t ap apwopriye pou yon moun k ap sèvi Bondye ta patisipe nan mòd pratik sa yo ?

Kretyen ki gen matirite yo konprann se yon bagay ki saj pou yo pa aji menm jan ak moun ki pa konn prensip Bondye yo e ki pa bay prensip li yo regle anyen pou yo. Nou konnen koutim ak pratik kote moun yo fè estravagans e ki pa ann amoni ak prensip Bib la ‘ pa soti nan Bondye, men yo soti nan monn nan k ap pase ’. (1 Jan 2:15-17, NW.) Nou dwe pran anpil prekosyon pou nou pa vin gen lespri konpetisyon nan eseye fè yon bagay n ap òganize parèt pi bon pase pa lòt moun, paske lespri konpetisyon pa pou kretyen (Gal. 5:26). Eksperyans montre lè krent egzajere pou mò se yon pati enpòtan nan kilti ak aktivite sosyal yon zòn, souvan moun yo fè gwo antèman ki difisil pou yo sipèvize, e konsa, yo kapab pèdi kontwòl sa k ap fèt yo byen vit. Lè moun ki pa kwayan yo ap onore mò yo, li fasil pou yo tonbe nan fè sa k pa sa. Nan antèman sa yo, kapab gen gwo rèl kote moun yo pa kontwole tèt yo ankò, yo ka anbrase mò a, yo ka pale avè l kòmsi li vivan e yo ka mete kòb oswa lòt bagay sou li. Si bagay sa yo ta rive nan antèman yon kretyen, sa t ap lage gwo dezonè sou non Jewova e sou pèp li a. — 1 Pyè 1:14-16.

Lefètke nou konnen nan ki kondisyon mò yo ye toutbon, sa ta dwe ban nou kouraj pou nou fè antèman nou yo yon fason ki pa gen okenn tras lespri monn nan (Efe. 4:17-19). Malgre Jezi se moun ki te pi enpòtan ki te pase sou tè a, yo te fè yon antèman senp pou li ki pa t atire atansyon moun (Jan 19:40-42). Moun ki gen “ panse Kris ” pa twouve yon antèman ki senp se yon dezonè (1 Kor. 2:16, NW). Se sèten, lè antèman yon kretyen fèt byen senp, se pi bon fason pou nou evite pratik ki pa pwòp selon Labib nan antèman an e se pi bon fason pou moman an kapab pase kalm, avèk diyite, pou l kòrèk e pou l apwopriye pou moun ki renmen Bondye.

Èske ta dwe gen rejwisans ?

Petèt se yon koutim pou fanmi mò a, vwazen l ak anpil lòt moun rasanble apre antèman an pou yo fete e pou yo mete mizik byen fò pou yo danse. Souvan fèt sa yo ki fèt apre antèman yo se okazyon pou moun bwè anpil e pou yo fè imoralite. Gen kèk moun ki fè konprann fèt sa yo se yon fason pou retire tristès lanmò a. Gen lòt ki panse yo tou senpleman fè pati kilti yo. Men, gen anpil moun ki kwè fèt sa yo nesesè pou onore mò a, pou ba l louwanj e pou pèmèt nanm li al jwenn zansèt li yo.

Vrè kretyen yo twouve konsèy sa a nou jwenn nan Bib la se yon konsèy ki saj : “ Pito yon moun nan lapenn pase pou l gen kè kontan. Lapenn rale figi ou, men l’ap louvri lespri ou. ” ​(Ekl. 7:3). Anplis, yo konnen ki byenfè y ap jwenn lè yo reflechi sou jan lavi a kout e sou esperans rezirèksyon an. An reyalite, pou moun ki gen yon relasyon pèsonèl sere avèk Jewova, ‘ jou yo mouri a pi bon pase jou yo fèt la ’. (Ekl. 7:1.) Kidonk, kòm nou konnen fèt ki fèt apre antèman yo gen rapò ak kwayans ki makònen ak movèzespri e konn gen imoralite ladan yo, sa fè li pi apwopriye toujou pou yon kretyen pa òganize yon fèt konsa e pou l pa menm asiste youn. Si nou ta an konpayi moun sa yo k ap chèche plezi, nou pa t ap montre respè ni pou Bondye ni pou konsyans moun k ap adore Jewova ansanm avèk nou yo.

Fè lòt moun wè ou diferan

Se pa ti rekonesan nou rekonesan dèske nou libere anba krent egzajere pou mò, yon krent anpil moun ki nan fènwa espirityèl genyen (Jan 8:32) ! Antanke “ pitit limyè ”, lè nou gen lapenn ak tristès, nou montre sa yon fason ki demontre nou gen limyè nan domèn espirityèl, yon fason ki modès, ki demontre respè e ki tanpere paske nou gen esperans rezirèksyon an, yon esperans ki sèten (Efe. 5:8 ; Jan 5:28, 29). Yon esperans konsa ap ede nou evite montre nou gen lapenn yon fason egzajere jan nou wè sa fèt souvan pami moun ki “ pa gen espwa ” yo (1 Tes. 4:13). Esperans sa a ap ban nou kouraj pou nou pran yon pozisyon fèm pou adorasyon ki pwòp la e pou nou pa tonbe nan krent lòm. — 1 Pyè 3:13, 14.

Lè nou toujou obeyi prensip biblik yo, sa ap bay lòt moun posiblite pou yo ‘ wè diferans ki genyen ant moun k’ap sèvi Bondye ak moun ki p’ap sèvi l ’. (Mal. 3:18.) Yon jou, lanmò pap la ankò (Rev. 21:4). Pandan n ap tann pou bèl pwomès sa a reyalize, nou swete pou Jewova jwenn nou san tach, san pa gen anyen pou l repwoche nou e pou l jwenn nou separe nèt ni ak monn mechan sa a ni ak pratik li yo ki dezonore Bondye. — 2 Pyè 3:14.

[Foto nan paj 30]

Li saj pou nou mete alekri fason nou vle pou antèman nou fèt.

[Foto nan paj 31]

Antèman kretyen yo ta dwe senp e yo ta dwe fèt ak diyite.