Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason pawòl Jezi yo bay kè kontan

Fason pawòl Jezi yo bay kè kontan

Fason pawòl Jezi yo bay kè kontan

“ [Jezi] moute sou yon mòn. [...] Disip li yo pwoche bò kote l. Li tanmen moutre moun yo anpil bagay. ” — MAT. 5:1, 2.

1, 2. a) Nan ki sikonstans Jezi te bay Sèmon sou montay la ? b) Ki sa Jezi te montre nan kòmansman diskou sa a ?

NOU nan ane 31 epòk nou an. Jezi fè yon ti kanpe sou toune predikasyon li t ap fè nan Galile a pou l kapab selebre Pak la nan Jerizalèm (Jan 5:1). Lè l retounen Galile, li pase tout yon nuit ap priye Bondye pou l gide l pou l chwazi 12 apot yo. Nan demen, gen yon foul moun ki rasanble, e Jezi geri moun ki malad pami yo. Apre sa, li monte nan yon mòn, li chita yon kote e li kòmanse anseye disip li yo ak lòt moun ki te la. — Mat. 4:23–5:2 ; Lik 6:12-19.

2 Nan kòmansman diskou sa a Jezi te bay la, yo rele Sèmon sou montay la, li montre yon moun gen kè kontan lè l gen yon bon relasyon avèk Bondye. (Li Matye 5:1-12.) Yon moun ki gen kè kontan ‘ santi l byen. Se kapab yon senp satisfaksyon li santi, men konsa tou, se kapab yon gwo lajwa li santi ’. Jezi te pale de nèf bagay ki ka fè yon moun gen kè kontan. Bagay sa yo li te di yo montre rezon ki fè kretyen yo kontan e yo kapab pèmèt moun jwenn byenfè jodi a, menm jan yo te ede moun jwenn byenfè sa gen prèske 2 000 an. Kounye a, annou egzamine chak nan nèf bagay li te di yo.

“ Moun ki konsyan yo pòv espirityèlman ” yo

3. Ki sa sa vle di pou nou konsyan nou pòv espirityèlman ?

3 “ Byennere moun ki konsyan yo pòv espirityèlman, piske wayòm syèl la se pou yo” ​(Mat. 5:3, NW). “ Moun ki konsyan yo pòv espirityèlman ” yo reyalize yo bezwen èd Bondye ak mizèrikòd li.

4, 5. a) Poukisa moun ki konsyan yo pòv espirityèlman yo byennere ? b) Ki jan nou ka satisfè bezwen espirityèl nou yo ?

4 Moun ki konsyan yo pòv espirityèlman yo byennere, “ piske wayòm syèl la se pou yo ” l ye. Lefètke premye disip yo te aksepte Jezi kòm Mesi a, sa te ba yo posiblite pou yo dirije avè l nan Wayòm Bondye a ki nan syèl la (Lik 22:28-30). Si nou konsyan toutbon nou depann totalman de Bondye e nou gen bezwen nan domèn espirityèl, nou kapab gen kè kontan, kit nou gen esperans pou nou vin yon eritye ansanm ak Kris nan syèl la, kit n ap tann pou nou gen lavi san fen sou tè a ki pral tounen yon paradi anba dominasyon Wayòm nan.

5 Se pa tout moun ki konsyan yo pòv espirityèlman, paske anpil moun manke lafwa e yo pa apresye bagay sakre yo (2 Tes. 3:1, 2 ; Ebre 12:16). Pou nou satisfè bezwen espirityèl nou yo, li nesesè pou nou etidye Labib afon, pou nou zele nan aktivite fè disip la e pou nou asiste reyinyon yo regilyèman. — Mat. 28:19, 20 ; Ebre 10:23-25.

“ Byennere moun ki andèy ” yo

6. Kiyès “ moun ki andèy ” yo ye, e poukisa yo “ byennere ” ?

6 “ Byennere moun ki andèy, piske yo pral jwenn konsolasyon. ” ​(Mat. 5:4, NW). “ Moun ki andèy ” yo se menm kalite moun ak “ moun ki konsyan yo pòv espirityèlman ” yo. Yo pa andèy paske y ap plenn sò yo nan lavi a. Yo andèy poutèt yo se pechè e poutèt kondisyon ki egziste sou tè a akoz enpèfeksyon lèzòm. Poukisa moun ki andèy nan sans sa a “ byennere ” ? Se paske yo gen lafwa nan Bondye e nan Kris e yo jwenn konsolasyon paske yo gen bon relasyon avèk Jewova. — Jan 3:36.

7. Kòman nou ta dwe konsidere bagay ki gen nan monn Satan an ?

7 Èske nou andèy akoz enjistis k ap vale teren nan monn Satan an ? Ki sa nou vrèman panse de sa monn sa a ofri nou ? Apot Jan te ekri : “ Tout sa ki nan monn nan, tankou dezi lachè, dezi je ak egzibisyon yon moun ap fè ak mwayen l genyen pou l viv, yo pa soti nan Papa a. ” ​(1 Jan 2:16, NW). Men, ki sa nou dwe fè si nou santi “ lespri monn nan ”, sa vle di fòs k ap pouse moun ki lwen Bondye yo aji a, kòmanse minen espirityalite nou ? Lè sa a, se pou nou priye Bondye ak tout kè nou, se pou nou etidye Pawòl li a e se pou nou chèche èd nan men ansyen yo. Toutpandan n ap pwoche bò kote Jewova, n ap santi nou jwenn ‘ konsolasyon ’, kèlkeswa rezon ki fè n ap soufri a. — 1 Kor. 2:12, NW ; Sòm 119:52, NW ; Jak 5:14, 15.

Ala byennere “ moun ki gen tanperaman dou yo ” byennere !

8, 9. Ki sa sa vle di pou yon moun gen tanperaman dou, e poukisa moun ki gen tanperaman dou yo byennere ?

8 “ Byennere moun ki gen tanperaman dou yo, piske yo gen pou yo eritye tè a. ” ​(Mat. 5:5, NW). Yon moun ki gen “ tanperaman dou ” oswa ki gen imilite, se pa yon moun ki fèb ni k ap pran pòz li janti (1 Tim. 6:11). Si nou se moun ki gen tanperaman dou, n ap demontre nou gen imilite lè nou fè volonte Jewova e lè nou aksepte direksyon l bay. Si nou gen yon tanperaman ki dou, sa ap parèt tou nan fason nou boule ak kwayan parèy nou yo e ak lòt moun. Yon imilite konsa ann amoni ak konsèy Pòl bay la. — Li Women 12:17-19.

9 Poukisa moun ki gen tanperaman dou yo byennere ? Paske selon Jezi ki gen tanperaman dou, moun ki gen tanperaman dou yo “ gen pou yo eritye tè a ”. Se Jezi menm ki prensipal Eritye tè a (Sòm 2:8 ; Mat. 11:29 ; Ebre 2:8, 9). Men, moun k ap “ gen menm eritaj ak Kris ” yo e ki gen tanperaman dou yo ap eritye tè a tou (Wom. 8:16, 17, NW). Anba dominasyon Wayòm Jezi a, anpil lòt moun ki gen tanperaman dou pral jwenn lavi san fen sou tè a. — Sòm 37:10, 11.

10. Si nou manke dousè, ki sa sa ka anpeche nou jwenn e ki efè sa ka genyen sou relasyon nou ak lòt moun ?

10 Menm jan ak Jezi, nou ta dwe moun ki gen tanperaman dou. Men, e si tout moun konnen nou kòm moun ki belijeran ? Si nou gen yon konpòtman ki agresif oubyen nou renmen fè kont, sa ka fè moun rale kò yo sou nou. Si w se yon frè, e w ta renmen gen responsablite nan kongregasyon an, epi w ta gen yon konpòtman konsa, sa ap fè ou pa kalifye pou w jwenn responsablite nan kongregasyon an (1 Tim. 3:1, 3). Pòl te di Tit pou l kontinye fè kretyen ki nan Krèt yo sonje “ pou yo pa belijeran, pou yo rezonab, pou yo montre yon dousè total anvè tout kalite moun ”. (Tit 3:1, 2, NW.) Lè yon moun gen yon dousè konsa, li se yon benediksyon toutbon pou lòt moun !

Yo swaf “ jistis ”

11-13. a) Ki jan yon moun swaf jistis ? b) Ki jan moun ki swaf jistis yo “ rasazye ” ?

11 “ Byennere moun ki swaf jistis, piske yo gen pou yo rasazye. ” ​(Mat. 5:6, NW). “ Jistis ” Jezi t ap pale la a se yon kalite li ye. Se lè yon moun fè sa k dwat paske li fè volonte Bondye e li obeyi kòmandman l yo. Gen yon salmis ki te di “ se tout tan kè [l t] ap bat, tèlman [li te] anvi konnen ” desizyon jidisyè Bondye yo ki jis (Sòm 119:20). Èske jistis tèlman gen valè nan je nou nou swaf li ?

12 Jezi te di moun ki swaf jistis yo t ap byennere paske yo t ap gen pou yo “ rasazye ”, sa vle di pou yo satisfè nèt. Sa te vin posib apre Pannkòt ane 33 epòk nou an, paske nan moman sa a, lespri sen Jewova te kòmanse “ bay monn nan bonjan prèv [...] konsènan jistis ”. (Jan 16:8, NW.) Bondye te enspire yon seri mesye pa mwayen lespri sen pou yo konpoze Ekriti grèk kretyen yo ki itil anpil pou “ bay disiplin selon prensip Bondye yo ki jis ”. (2 Tim. 3:16, NW.) Yon lòt bagay lespri sen Bondye fè, sèke li pèmèt nou “ abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye e ki konfòm ak sa vrè jistis [la] mande ”. (Efe. 4:24, NW.) Èske li pa rekonfòtan pou nou konnen moun ki repanti e ki chèche jwenn padon pou peche yo sou baz sakrifis Jezi a, Bondye ka konsidere yo kòm moun ki jis ? — Li Women 3:23, 24.

13 Si nou gen esperans pou nou viv sou tè a, n ap kapab satisfè swaf nou genyen nan domèn espirityèl la nèt lè nou gen lavi etènèl sou tè a kote lajistis pral blayi. Antretan, annou pran detèminasyon pou nou viv ann amoni ak prensip Jewova yo. Men sa Jezi te di : “ Kontinye chèche wayòm nan ak jistis [Bondye] an premye. ” ​(Matye 6:33, NW). Si nou fè sa, n ap gen anpil bagay pou nou fè nan sèvis Bondye a e sa ap fè nou gen kè kontan. — 1 Kor. 15:58.

Rezon ki fè “ moun ki gen mizèrikòd ” yo byennere

14, 15. Ki jan nou ka demontre nou gen mizèrikòd, e poukisa “ moun ki gen mizèrikòd ” yo byennere ?

14 “ Byennere moun ki gen mizèrikòd, paske y ap fè yo mizèrikòd. ” ​(Mat. 5:7, NW). “ Moun ki gen mizèrikòd ” yo aji avèk mizèrikòd paske yo gen konpasyon ak pitye pou lòt moun. Jezi te geri yon pakèt moun ki t ap soufri paske li te gen pitye pou yo (Mat. 14:14). Yon moun ka demontre mizèrikòd tou lè l padone moun ki fè l sa ki mal, menm jan Jewova padone moun ki repanti yo avèk mizèrikòd (Egz. 34:6, 7 ; Sòm 103:10). Kidonk, nou kapab demontre mizèrikòd lè nou padone lòt moun e lè nou pale e nou aji avèk bonte pou nou soulaje moun k ap viv nan move kondisyon. Yon bèl fason nou kapab aji avèk mizèrikòd, se lè nou pataje verite ki nan Bib la avèk lòt moun. Jezi te santi l gen pitye pou yon foul moun, e sa te fè l “ tanmen esplike yo anpil bagay ”. — Mak 6:34.

15 Nou gen rezon pou nou dakò ak pawòl sa yo Jezi te di : “ Byennere moun ki gen mizèrikòd, paske y ap fè yo mizèrikòd. ” Si nou trete lòt moun avèk mizèrikòd, sandout yo menm tou y ap anvi trete nou konsa. Petèt, lè Bondye ap jije nou, nou ka pa resevwa yon jijman kondanasyon si nou te konn demontre mizèrikòd pou lòt moun (Jak 2:13). Se sèl moun ki gen mizèrikòd yo k ap jwenn padon pou peche yo e k ap gen lavi etènèl. — Mat. 6:15.

Rezon ki fè “ moun ki gen kè pwòp ” yo byennere

16. Sa sa vle di pou nou gen yon “ kè pwòp ”, e ki jan moun ki gen kalite sa a ap ka “ wè Bondye ” ?

16 “ Byennere moun ki gen kè pwòp, piske y ap wè Bondye. ” ​(Mat. 5:8, NW). Si nou gen “ kè pwòp ”, sa ap parèt nan tout sa nou renmen, nan dezi nou yo e nan sa k motive nou aji. N ap demontre “ yon lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp ”. (1 Tim. 1:5, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.) Lefètke nou gen yon kè ki pwòp, n ap “ wè Bondye ”. Sa pa vle di n ap wè Jewova ak de je nou, paske “ ankenn moun sou latè pa kapab wè figi [Bondye] pou l kontinye ap viv apre sa ”. (Egz. 33:20.) Men, piske Jezi te reflete pèsonalite Bondye yon fason ki pafè, li te kapab di : “ Moun ki wè m, li wè Papa a. ” ​(Jan 14:7-9). Antanke adoratè Jewova sou tè a, nou kapab “ wè Bondye ” lè nou wè sa l fè pou nou (Jòb 42:5). Kanta pou kretyen wen yo y ap wè Bondye toutbonvre, lè yo resisite pou yo viv nan syèl la antanke espri, kote y ap wè Papa yo ki nan syèl la fasafas. — 1 Jan 3:2.

17. Si nou gen yon kè ki pwòp, ki efè sa ap gen sou nou ?

17 Lè yon moun gen yon kè ki pwòp, li pwòp ni nan domèn moral ni nan domèn espirityèl. Se sa k fè li pap ret ap reflechi sou bagay ki pa pwòp nan je Jewova (1 Kwo. 28:9 ; Iza. 52:11). Si nou gen yon kè ki pwòp, ni pawòl nou ni aksyon nou ap pwòp e nou pap ipokrit nan sèvis n ap bay Jewova a.

“ Moun ki pasifik ” yo vin pitit Bondye

18, 19. Ki jan moun ki pasifik yo aji ?

18 “ Byennere moun ki pasifik, paske y ap rele yo ‘ pitit Bondye. ’ ” ​(Mat. 5:9, NW). Yo rekonèt “ moun ki pasifik ” yo parapò ak sa y ap fè e parapò ak sa yo pap fè. Si nou se kalite moun Jezi t ap pale la a, nou se moun ki pezib e nou pa moun k ap “ rann mal pou mal ”. Okontrè, nou se moun ki ‘ toujou chache fè sa ki byen pou tout moun ’. — 1 Tes. 5:15.

19 Mo grèk lè yo tradui l yo di “ moun ki pasifik ” pou li nan Matye 5:9 la vle di literalman “ moun k ap fè lapè ”. Pou nou ka pami moun ki pasifik yo, nou bezwen travay yon fason aktif pou lapè. Moun ki pasifik yo pap fè anyen pou “ mete zanmi dozado ”. (Pwo. 16:28.) Antanke moun ki pasifik, nou fè sa k nesesè pou nou ka toujou “ viv ak kè poze ak tout moun ”. — Ebre 12:14.

20. Kiyès ki “ pitit Bondye ” kounye a, e finalman kiyès ki gen pou yo vin pitit Bondye tou ?

20 Moun ki pasifik yo byennere paske “ y ap rele yo ‘ pitit Bondye ’ ”. Jewova adopte kretyen wen ki fidèl yo e yo se “ pitit ” li. Yo deja gen bonjan relasyon avèk Jewova antanke pitit li paske yo gen lafwa nan Kris e yo adore “ Bondye ki bay renmen ak kè poze a ” ak tout kè yo (2 Kor. 13:11 ; Jan 1:12). E “ lòt mouton ” Jezi yo ki pasifik tou, ki lè yo menm yo pral pitit Bondye ? Yo pral gen Jezi kòm “ Papa ki la pou tout tan ” an pandan Rèy mil an an, men nan fen rèy sa a, Jezi pral soumèt devan Jewova, e se lè sa a yo pral vin pitit Bondye totalman. — Jan 10:16 ; Iza. 9:6 ; Wom. 8:21 ; 1 Kor. 15:27, 28.

21. Ki jan n ap aji si n ap viv selon “ Lespri Bondye ” ?

21 Si n ap viv selon “ Lespri Bondye ”, n ap pasifik, e lòt moun ap wè kalite sa a byen fasil lakay nou. Nou pap “ nan konpetisyon youn ak lòt ” oswa nou pap “ chache [youn] lòt kont ”. (Gal. 5:22-26.) Okontrè, n ap fè tout sa nou kapab “ pou nou viv byen ak tout moun ”. — Wom. 12:18.

Yo byennere malgre yo pèsekite yo !

22-24. a) Poukisa moun yo pèsekite pou jistis yo byennere ? b) Ki sa nou pral konsidere nan de lòt atik etid ki vin apre yo ?

22 “ Byennere moun yo pèsekite pou lajistis, piske wayòm syèl la se pou yo. ” ​(Mat. 5:10, NW). Men sa Jezi te di apre sa : “ Nou byennere lè moun ap fè nou sibi move tretman, lè y ap pèsekite nou e lè yo di tout kalite move bagay sou nou, bagay ki pa vre, poutèt mwen. Nou mèt rejwi, nou mèt vole anlè ak kè kontan, piske rekonpans nou gran nan syèl la. Paske se konsa yo te konn pèsekite pwofèt ki te la anvan nou yo. ” — Mat. 5:11, 12, NW.

23 Menm jan ak pwofèt Bondye nan tan lontan yo, kretyen yo konnen y ap fè yo sibi move tretman, y ap pèsekite yo e y ap pale yo mal, e tout sa se poutèt y ap pratike “ lajistis ”. Sepandan, lè nou andire eprèv sa yo fidèlman nou kontan paske nou konnen sa fè Jewova kontan e sa onore l (1 Pyè 2:19-21). Soufrans pa ka retire sou kè kontan nou jwenn nan sèvi Jewova ni kounye a ni alavni. Li pa ka retire kè kontan moun ki pral dirije ansanm ak Kris yo ap genyen nan Wayòm li an ki nan syèl la, ni li pa ka retire kè kontan moun ki pral viv pou toutan sou tè a ap jwenn anba direksyon gouvènman sa a. Benediksyon sa yo montre nou aklè ki jan Bondye ban nou favè l, ki jan li byenveyan e ki jan li donan.

24 Gen yon pakèt lòt bagay nou ka aprann nan Sèmon sou montay la. Nou pral konsidere plizyè leson nou ka aprann ladan l nan de atik etid ki vin apre yo. Annou wè ki jan nou ka aplike sa Jezi te di yo.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa “ moun ki konsyan yo pòv espirityèlman ” yo byennere ?

• Poukisa “ moun ki gen tanperaman dou ” yo byennere ?

• Poukisa kretyen yo byennere menm lè yo pèsekite yo ?

• Nan tout rezon Jezi te bay ki ka fè moun byennere yo, kiyès ladan yo ki gen plis efè sou ou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 7]

Nèf bagay Jezi te di ki ka bay moun kè kontan yo gen enpòtans jodi a menm jan yo te gen enpòtans nan epòk Jezi a.

[Foto nan paj 8]

Yon bèl fason nou ka demontre nou gen mizèrikòd, se lè nou pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun.