Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Revelasyon an — II

Pwen enteresan ki nan liv Revelasyon an — II

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Revelasyon an — II

KI SA k ap ret tann moun k ap adore Jewova Dye yo ak moun ki pap adore l yo ? Ki sa k ap ret tann Satan ak demon l yo ? Ki benediksyon lèzòm ki obeyisan pral jwenn pandan Rèy mil an Kris la ? N ap jwenn repons kesyon sa yo ak repons lòt kesyon enpòtan ankò nan Revelasyon 13:1–22:21 *. Nan chapit sa yo, n ap jwenn 9 dènye vizyon nan 16 vizyon apot Jan te resevwa nan fen premye syèk epòk nou an.

Men sa Jan ekri : ‘ Byennere moun ki li pawòl ki nan pwofesi sa a awotvwa, e ki obsève bagay ki ekri ladan l yo ’. (Rev. 1:3 ; 22:7, NW.) Lè nou li liv Revelasyon an e nou aplike sa nou aprann ladan l yo, sa ap gen yon efè sou kè nou, sa ap ranfòse lafwa nou nan Bondye ak nan Pitit li a, Jezi Kris, e sa ap ban nou yon bèl esperans pou lavni *. — Ebre 4:12.

YO VIDE SÈT BÒL KI GEN KÒLÈ BONDYE LADAN YO A

(Rev. 13:1–16:21)

Revelasyon 11:18 di “ nasyon yo te vin ankòlè, e [Bondye] vin ankòlè tou ” e “ tan fikse [...] pou [l] fini ak moun k ap fin depafini tè a ” te rive (Rev. 11:18, NW). Pou montre rezon ki fè kòlè Bondye te vini, uityèm vizyon an esplike sa “ yon bèt [sovaj] ” ki “ gen dis kòn ak sèt tèt ” ap fè. — Rev. 13:1.

Nan nevyèm vizyon an, Jan wè “ Timouton an ki kanpe sou mòn Siyon, e ansanm avè l san karannkat mil moun ki gen non l ak non Papa l ekri sou fwon yo ”. Moun sa yo se moun ‘ yo te achte nan mitan limanite ’. (Rev. 14:1, 4, NW.) Apre sa, gen zanj ki bay kèk anons. Nan vizyon ki vini apre a, Jan wè “ sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite ”. Sanble se Jewova menm ki bay zanj sa yo lòd pou yo ‘ vide sèt bòl raj li yo ’ sou diferan pati ki gen nan monn Satan an. Bòl sa yo gen avètisman ladan yo ki gen rapò ak jijman Bondye pral egzekite sou monn Satan an (Rev. 15:1 ; 16:1, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman). De vizyon sa yo bay detay sou lòt jijman Wayòm Bondye a ap egzekite ki gen rapò ak twazyèm kalamite a e ak setyèm twonpèt y ap sonnen an. — Rev. 11:14, 15.

Kesyon biblik ak tout repons :

13:8 — Ki sa “ woulo lavi Timouton ” an ye  ? Se yon woulo senbolik, e se sèlman non moun k ap dirije ak Jezi Kris nan Wayòm li an ki nan syèl la ki enskri ladan l. Ladan l tou gen non kretyen wen ki toujou sou tè a, ki gen esperans pou y al viv nan syèl la.

13:11-13 — Nan ki sans bèt sovaj ki gen de kòn nan aji tankou yon dragon e li fè dife desann sot nan syèl la ? Lefètke bèt sovaj ki gen de kòn nan, sètadi Pisans mondyal anglo-ameriken an, pale tankou yon dragon, sa montre li sèvi ak menas, presyon ak vyolans pou l fòse moun aksepte dominasyon l. Li fè dife sot nan syèl la nan sans li pran tèt li pou yon pwofèt lè li pretann se li ki te venk fòs mal yo nan de gè mondyal ki te gen nan ventyèm syèk la e se li ki genyen batay kont sistèm kominis la.

16:17 — Ki sa “ lè ” kote yo vide setyèm bòl la ye ? “ Lè ” sa a senbolize fason moun yo panse ki soti nan Satan, “ lespri [fason moun yo gen tandans panse] k ap aji kounye a nan pitit dezobeyisans yo ”. Lè anpwazonnen sa a, se tout sistèm mechan Satan an k ap respire l. — Efe. 2:2.

Leson pou nou jodi a :

13:1-4, 18. Gen yon “ bèt [sovaj] ” ki senbolize gouvènman lèzòm yo ki “ soti nan lanmè a ”, sètadi nan mitan limanite ki ajite (Iza. 17:12, 13 ; Dàn. 7:2-8, 17). Bèt sa a se Satan ki fè l e ki ba li pouvwa. Nimewo l se 666. Nimewo sa a montre nan ki pwen li vrèman enpafè. Lè nou konnen sa bèt la ye, sa ede nou pou nou pa suiv li ak admirasyon e pou nou pa adore l jan lèzòm ap fè sa. — Jan 12:31 ; 15:19.

13:16, 17. Malgre difikilte nou ka rankontre nan aktivite n ap mennen chak jou yo, tankou “ achte ” ak “ vann ”, nou pa dwe pèmèt bèt sovaj la dirije lavi nou akoz presyon nou jwenn nan sistèm nan. Si nou ta aksepte ‘ mak bèt [sovaj] la sou men nou oswa sou fwon nou ’, sa t ap vle di nou kite bèt sovaj la kontwole aksyon nou oswa fason nou panse.

14:6, 7. Mesaj zanj lan ap pwoklame a montre nou dwe pwoklame bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye ki etabli a san pèdi tan. Nou dwe ede etidyan nou yo vin gen bonjan lakrentif pou Bondye e nou dwe ede yo ba li glwa.

14:14-20. Lè ‘ rekòt k ap fèt sou tè a ’ fini (Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman), sa vle di lè rekòt moun ki pral sove yo fini, se lè sa a zanj lan pral jete sa li pran “ sou pye rezen ki sou tè a ” ​(NW) “ nan gwo basen pou kraze rezen an, ki se raj Bondye ”. (Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.) Pye rezen an, sa vle di sistèm gouvènman lèzòm yo ki pou Satan, ki kòwonpi e k ap dirije limanite a ansanm ak “ grap ” mechanste li fè yo pral disparèt pou toutan. Nou dwe pran detèminasyon pou nou pa kite pye rezen ki sou tè a enfliyanse nou.

16:13-16. “ Pawòl enspire ki pa pwòp ” ​(NW) yo senbolize pwopagann demon yo ap fè nan entansyon pou yo asire yo sèt bòl kòlè Bondye yo pa enfliyanse wa latè yo. Demon yo vle pou wa sa yo met tèt yo nan yon pozisyon kote yo ann opozisyon ak Jewova. — Mat. 24:42, 44.

16:21. Lè fen monn nan prèske rive, pawòl jijman Jewova yo n ap pwoklame kont sistèm Satan an ki mechan kapab vin pi fò e pi dirèk. Sanble lagrèl yo gen rapò ak sa. Sepandan, pifò moun sou tè a ap kontinye blasfème Bondye.

WA KI POTE LAVIKTWA A AP DIRIJE

(Rev. 17:1–22:21)

“ Gwo Babilòn ” nan, ki se tout fo relijyon ki gen nan monn nan, se yon pati nan monn mechan Satan an ki repiyan anpil. Nan 11yèm vizyon an, yo dekri l kòm yon “ gwo jennès ”, sètadi yon fi ki imoral, ki “ chita sou yon bèt [sovaj] wouj ”. Bèt k ap pote l la gen “ dis kòn ” nan tèt li, e se kòn sa yo k ap detwi l nèt (Rev. 17:1, 3, 5, 16). Lòt vizyon ki vin apre a konpare l ak yon “ gwo lavil ”. Li anonse vil sa a tonbe e li fè konnen moun ki fè pati pèp Bondye a dwe “ wete kò yo nan mitan ” l san pèdi tan. Lè gwo vil sa a tonbe, anpil moun pote dèy. Sepandan, nan syèl la, se lajwa ki genyen akoz “ maryaj ti Mouton an ”. (Rev. 18:4, 9, 10, 15-19 ; 19:7.) Nan 13yèm vizyon an, moun ki sou “ chwal blan an ” ap fè lagè ak nasyon yo. Li detwi monn mechan Satan an. — Rev. 19:11-16.

“ Sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele dyab la, osinon Satan ” an, ki lè y ap “ jete l nan lètan dife ak souf la ” ? Sa se youn nan bagay 14yèm vizyon an pale sou li (Rev. 20:2, 10). De dènye vizyon yo bay yon apèsi sou jan lavi pral ye pandan Rèy mil an an. Nan fen “ revelasyon ” an, Jan wè yon ‘ gwo larivyè dlo ki bay lavi ki t’ap koule nan mitan granri lavil la ’. Anplis, gen yon bèl envitasyon yo fè “ tout moun ki swaf ” yo. — Rev. 1:1 ; 22:1, 2, 17.

Kesyon biblik ak tout repons :

17:16 ; 18:9, 10 — Poukisa “ wa latè yo ” nan lapenn alòske se yo menm ki detwi Gran Babilòn nan ? Yo nan lapenn tou senpleman paske yo egoyis. Apre wa latè yo fin detwi Gran Babilòn nan, y ap wè byen klè jan li te itil yo. Li te fè moun yo aksepte zak mechanste yo t ap fè yo. Gran Babilòn nan te ede yo tou pou yo jwenn jèn gason ak jèn fi pou yo voye nan lagè. Anplis, li te jwe yon wòl enpòtan pou l fè moun yo soumèt yo anba wa latè yo.

19:12 — Sa k fè se Jezi sèlman ki konnen non yo ba li a ? Non Jezi a sanble gen rapò ak pozisyon li genyen e ak privilèj li resevwa, tankou sa yo site nan Izayi 9:6 la. Li resevwa yo nan jou Seyè a. Apa Jezi, pèsonn pa konnen non sa a paske se li menm sèl ki resevwa tout privilèj sa yo. Se sa k fè se li menm sèl ki ka konprann sa sa vle di pou yon moun gen yon pozisyon ki wo konsa. Sepandan, Jezi pataje kèk nan privilèj li yo ak moun ki fè pati klas lamarye a. Se kòmsi li ‘ ekri nouvo non sa a li genyen an sou yo ’. — Rev. 3:12.

19:14 — Kiyès ki pral galope ak Jezi sou chwal yo pandan Amagedòn ? Pami moun ki fè pati “ lame ki nan syèl la ” ki met ansanm ak Jezi pou yo fè gè Bondye a, gen zanj yo ak kretyen wen ki gentan resevwa rekonpans yo nan syèl la. — Mat. 25:31, 32 ; Rev. 2:26, 27.

20:11-15 — Non ki moun ki ekri nan “ woulo [oswa “ liv ”] lavi a ” ? Woulo sa a gen non tout moun ki pral jwenn lavi etènèl yo, sa vle di kretyen wen yo, manm gwo foul la ansanm ak sèvitè Bondye ki te fidèl yo ki pral leve nan ‘ rezirèksyon moun ki jis yo ’. (Tra. 24:15, NW ; Rev. 2:10 ; 7:9.) Moun k ap leve nan ‘ rezirèksyon moun ki enjis yo ’ ap gen non yo ekri nan “ woulo lavi a ”, sèlman si yo viv ann amoni ak “ bagay ki [...] ekri nan woulo ” ​(NW) ki pral ouvri pandan Rèy mil an an k ap gen enstriksyon ladan yo. Sepandan, yo pa itilize yon lank ki pa ka efase pou yo ekri non moun yo nan liv la. Non kretyen wen yo ap rete nan liv la nèt si yo rete fidèl jiskaske yo mouri (Rev. 3:5). Non moun ki resevwa lavi sou tè a ap rete nan liv la nèt tou si yo pase eprèv final la nan fen mil an yo. — Rev. 20:7, 8.

Leson pou nou jodi a :

17:3, 5, 7, 16. “ Bon konprann ki soti nan Bondye a ” ede nou konprann mistè “ fanm ki [...] chita sou yon bèt [sovaj] tou wouj ” la (Jak 3:17). Nan yon premye tan, bèt sovaj senbolik sa a se te Sosyete nasyon yo. Apre sa, li tounen vivan ankò pou l vin Nasyonzini. Lefètke nou vin gen limyè sou mistè sa a, èske sa pa ta dwe fè nou zele ni nan predikasyon bon nouvèl Wayòm Bondye a ni nan pwoklame jou jijman l lan ?

21:1-6. Nou kapab gen yon asirans total nou pral jwenn benediksyon yo anonse k ap genyen anba dominasyon Wayòm nan. Poukisa ? Se paske, konsènan benediksyon sa yo, Labib di : “ Yo reyalize. ” ​(NW).

22:1, 17. “ Gwo larivyè dlo [...] ki bay lavi ” a reprezante dispozisyon Jewova pran pou l sove moun ki obeyisan yo anba peche ak lanmò. Depi kounye a, nou kapab jwenn enpe nan dlo sa a. Nonsèlman nou swete n ap aksepte, avèk rekonesans, envitasyon yo fè nou pou nou vin pran “ ti gout nan dlo ki bay lavi a [...] gratis ”, men tou, nou swete n ap envite lòt moun yo avèk zèl pou yo fè sa tou.

[Nòt anba paj]

^ § 1 Pou nou jwenn enfòmasyon sou Revelasyon 1:1–12:17, gade “ Pwen enteresan ki nan liv Revelasyon an — I ” ki nan Toudegad 15 janvye 2009 la.

^ § 2 Pou nou ka jwenn yon esplikasyon vèsè pa vèsè sou liv Revelasyon an, gade liv La Révélation : le grand dénouement est proche ! la.

[Foto nan paj 5]

Se pa ti benediksyon moun ki obeyisan yo pral jwenn anba dominasyon Wayòm nan !