Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo ankouraje misyonè yo pou yo menm jan ak Jeremi

Yo ankouraje misyonè yo pou yo menm jan ak Jeremi

Gradyasyon 125yèm klas Gileyad

Yo ankouraje misyonè yo pou yo menm jan ak Jeremi

“ KLAS Gileyad sa a se yon klas estrawòdinè. ” Se Geoffrey Jackson, yon manm Kolèj santral la ki te di pawòl sa yo. Li te di sa lè l t ap pale devan 6 156 moun ki te rasanble pou yo asiste gradyasyon elèv 125yèm klas Lekòl Gileyad la ki te fèt 13 septanm 2008. Te gen 56 elèv ki gradye nan klas sa a. Sa fè kounye a Lekòl Gileyad voye plis pase 8 000 misyonè “ jouk nan dènye bout latè ”. — Tra. 1:8.

Se Frè Jackson ki t ap prezide pwogram nan. Li te poze kesyon sa a : “ Èske ministè w ap pote plis fwi si w se yon moun yo ka fè konfyans ? ” Apre sa, li te site kat bagay ki ka fè yo fè yon moun konfyans : li gen yon bon atitid, li bay bon egzanp, li baze sa l ap anseye lòt moun sou Pawòl Bondye a e li fè konnen non Jewova.

David Schafer, k ap travay ansanm ak komite pou ansèyman an, te pale sou sijè sa a : “ Èske w ap konprann tout bagay ? ” Li te bay elèv yo asirans yo ka “ konprann tout bagay ” yo bezwen pou yo sèvi kòm misyonè si yo kontinye chèche Jewova e si yo suiv “ esklav fidèl ki prevwayan an ” avèk imilite. — Pwo. 28:5 ; Mat. 24:45, NW.

Apre sa, John Barr, youn nan manm Kolèj santral la, te pale sou tèm sa a : “ Pa kite anyen separe w ak lanmou Bondye. ” Tankou yon papa, Frè Barr te bay kèk konsèy ki te diminye krent elèv yo ak paran yo te genyen konsènan sa nouvo misyonè yo kapab rankontre nan asiyasyon yo. Li te esplike yo : “ Lanmou Bondye se pi bon kote yon moun ka rete e se kote ki gen plis sekirite nan lavi a. ” Pa gen anyen ki ka fè Bondye sispann renmen misyonè yo, sof si yo menm yo ta sispann renmen l.

Sam Roberson, ki fè pati Sèvis Lekòl teyokratik yo, te ankouraje asistans lan pou l abiye ak “ rad ki pa rete ak rad la ”. Lè yo etidye sa Jezi te konn fè e yo aplike sa yo aprann sou li yo nan lavi yo, y ap ka “ abiye [yo] ak Seyè a, Jezi Kris ”. (Wom. 13:14, NW.) Ansuit, William Samuelson, siveyan Sèvis Lekòl teyokratik yo, te montre sa k fè yon moun gen valè. Li te fè konprann se pa lè lèzòm konsidere l, men, depreferans, se lè Bondye konsidere l.

Michael Burnett, youn nan enstriktè yo, te fè yon entèvyou ak elèv yo sou eksperyans yo te fè nan ministè a pandan yo nan Lekòl Gileyad la ki nan Patèson, nan Nouyòk. Malgre pifò elèv yo te preche nan tèritwa kote yo preche souvan, sa pa t anpeche yo jwenn moun ki te enterese. Gerald Grizzle, ki sèvi nan biwo kongrè a, te fè yon entèvyou ak twa frè ki t ap asiste Lekòl pou manm komite filyal yo. Kòmantè frè sa yo te fè te ede elèv yo prepare yo pou travay k ap tann yo nan peyi kote yo voye yo a.

David Splane, yon lòt manm Kolèj santral la, ki te gradye nan 42yèm klas la, te fè yon diskou ki gen tèm sa a : “ Se pou nou menm jan ak Jeremi. ” Se vre, Jeremi te pè asiyasyon li te resevwa a, men, Jewova te ba l fòs pou l ranpli l (Jer. 1:7, 8). Bondye ap fè menm bagay la pou nouvo misyonè yo. Frè Splane te di yo tou : “ Si n gen yon pwoblèm ak yon moun, se pou nou chita epi pou nou ekri dis kalite nou renmen lakay moun sa a. Si nou pa ka jwenn dis kalite, nou mèt konnen nou pa konn moun nan byen. ”

Jeremi te gen lespri sakrifis. Lè l santi li te vle bese lebra, li te priye Jewova, e Jewova te avèk li (Jer. 20:11). Frè Splane te ba yo egzòtasyon sa a : “ Lè nou santi nou dekouraje, pale ak Jewova sou sa. N ap sezi wè jan l ap ede nou. ”

Nan fen pwogram nan, frè ki t ap prezide l la te fè moun nan asistans lan sonje elèv yo aprann anpil bagay yo kapab fè pou moun fè yo plis konfyans. Lè moun yo konnen misyonè yo se moun yo kapab fè konfyans, mesaj y ap preche a vin gen plis fòs. — Iza. 43:8-12.

[Kare nan paj 22]

ENFÒMASYON SOU KLAS LA

Kantite peyi kote elèv yo soti : 6

Kantite peyi kote yo te asiyen yo : 21

Kantite elèv : 56

Mwayèn laj : 32,9

Kantite ane yo gen an mwayèn nan laverite : 17,4

Kantite ane yo gen an mwayèn nan ministè aplentan : 13

[Foto nan paj 23]

Elèv 125yèm klas Lekòl biblik Gileyad la

Nan lis ki vin apre a, yo nimewote ranje yo sot devan al dèyè e yo mete non elèv yo sot nan bò goch rive nan bò dwat pou chak ranje.

1) A. Hodgson ; A. Wall ; K. Beerens ; M. Hortelano ; L. Newman ; A. De Caso. 2) J. Jenkins ; T. Jarzemski ; N. Méndez ; V. Corona ; L. Canalita. 3) H. Fryer ; M. Savage ; K. Tidwell ; N. Erickson ; E. Dyck ; R. McBeath. 4) L. Perez ; L. Puse ; A. Skidmore ; B. Young ; N. McBride ; P. Rondón ; E. Goodman. 5) M. Beerens ; J. Ferguson ; N. Pearson ; L. Chapman ; J. Wardle ; M. Canalita. 6) P. Perez ; D. De Caso ; T. Young ; D. Rondón ; G. Goodman ; M. Jenkins ; G. Dyck. 7) M. Corona ; R. Wall ; S. Puse ; F. Méndez ; S. Jarzemski ; T. Savage. 8) C. Newman ; D. Ferguson ; D. Skidmore ; T. Erickson ; J. McBride ; M. Pearson ; M. Chapman. 9) K. Hodgson ; A. Wardle ; A. McBeath ; T. Tidwell ; J. Fryer ; J. Hortelano.