Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kòman w ka fè pou w pèsevere nan ministè a ?

Kòman w ka fè pou w pèsevere nan ministè a ?

Kòman w ka fè pou w pèsevere nan ministè a ?

ÈSKE sa deja rive w pou w anvi sispann patisipe nan travay predikasyon an tèlman ou santi w fatige e ou dekouraje ? Li kapab difisil pou nou andire nan ministè a akoz gwo opozisyon nou jwenn, akoz enkyetid nou genyen, akoz sante nou ki frajil, akoz presyon lòt moun ap fè sou nou, oswa paske moun n ap preche yo pa enterese nan mesaj nou an. Men, reflechi sou egzanp Jezi. Li te andire pi gwo eprèv yon moun ka jwenn “ poutèt kè kontan ki te rezève pou li ” a (Ebre 12:2, NW). Li te konnen si li pwouve akizasyon yo te lage sou do Bondye yo te totalman fo, li t ap fè kè Bondye kontan. — Pwo. 27:11.

Ou menm tou, ou ka fè kè Jewova kontan lè w pèsevere nan ministè a. Men, e si gen kèk pwoblèm ki sanble ap minen fòs ou nan domèn espirityèl ? Men sa Krystyna, yon sè ki gen yon bon ti laj e ki pa gen bon sante, rekonèt : “ Souvan, mwen santi m fatige e m santi m dekouraje anpil. Pwoblèm mwen vin genyen akoz laj mwen, tankou sante m ki pa bon ak enkyetid mwen genyen nan lavi m chak jou, konn rafredi zèl mwen pou yon ti moman. ” Ki jan w ka fè pou w pèsevere nan ministè a malgre pwoblèm sa yo ?

Imite pwofèt yo

Pwoklamatè Wayòm nan ki fidèl fè efò pou yo gen menm etadespri ak ansyen pwofèt yo, dekwa pou yo ka pèsevere nan travay predikasyon an. Pa egzanp, annou pran Jeremi. Lè Jewova te rele l pou l vin yon pwofèt, okòmansman li te renka. Malgre sa, Jeremi te pèsevere nan asiyasyon difisil li te genyen an pandan plis pase 40 an. Sa k fè sa ? Se paske li te aprann mete tout konfyans li nan Bondye. — Jer. 1:6 ; 20:7-11.

Henryk jwenn ankourajman nan egzanp Jeremi an. Men sa l di : “ Mwen gen plis pase 70 an nan ministè a, men pafwa, mwen konn santi m dekouraje akoz reyaksyon moun yo, fason yo montre yo agresif oswa yo montre yo endiferan. Nan moman sa yo, mwen sonje egzanp Jeremi kite. Lanmou li te gen pou Jewova ak relasyon sere li te genyen avèk li te ba l fòs pou l kontinye anonse pwofesi yo. ” ​(Jer. 1:17). Rafal tou jwenn ankourajman nan egzanp Jeremi an. Men sa l di : “ Olye Jeremi te konsantre l sou tèt li ak sou pwennvi l, li te pito konte sou Bondye. Li te kontinye nan sèvis li san l pa pè, malgre anpil moun pa t renmen l. Mwen fè efò pou m toujou sonje sa. ”

Egzanp pwofèt Izayi tou ede anpil moun pèsevere nan ministè a. Bondye te fè l konnen moun nan peyi a pa t ap koute l. Men sa l te di l : “ Fè lespri pèp la vin lou ! Bouche zòrèy yo ! ” Èske sa vle di Izayi te kondane pou l echwe ? Selon Bondye, non. Lè Bondye te ba l misyon kòm pwofèt, li te di : “ Men mwen. Voye m ! ” ​(Iza. 6:8-10). Izayi te kontinye rete fidèl nan misyon li te genyen an. Èske se konsa ou reyaji devan kòmandman Bondye bay pou w preche a ?

Menm jan ak Izayi, pou nou pèsevere nan ministè a malgre endiferans moun yo nan tèritwa a, fòk nou pa konsantre nou sou move reyaksyon moun nou rankontre yo konn genyen. Se konsa Rafal rive konbat dekourajman. Men sa l di : “ Mwen eseye pa reflechi sou vye pawòl moun yo di m. Moun yo nan tèritwa a gen dwa reyaji jan yo vle. ” Men sa Anna di : “ Mwen pa kite panse m rete sou anyen ki dezagreyab oswa ki dekourajan. Pou m rive fè sa, anvan m al preche, mwen priye e mwen egzamine tèks pou jounen an. Kèlkeswa panse negatif mwen genyen an, l ale byen vit. ”

Pwofèt Ezekyèl te sèvi pami Juif rebèl ki te ann egzil nan Babilòn yo (Eze. 2:6). Si Ezekyèl pa t bay moun yo pawòl Bondye a e te gen yon mechan ki te mouri san l pa t tande avètisman an, se Ezekyèl ki t ap responsab. Jewova te di Ezekyèl : “ Se ou menm m’ap rann reskonsab lanmò li. ” — Eze. 3:17, 18.

Henryk chèche wè bagay yo menm jan ak Ezekyèl. Men sa l di : “ Mwen vle pwòp konsènan san tout moun. Lavi moun yo ki gen anpil valè an danje. ” ​(Tra. 20:26, 27, NW). Zbigniew panse menm jan an tou. Men sa l di : “ Ezekyèl te dwe kontinye nan travay li t ap fè a kèlkeswa sa lòt moun te ka panse. Egzanp li a ede m konsidere travay predikasyon an menm jan ak Kreyatè a. ”

Ou pa poukont ou

Lè w ap patisipe nan travay predikasyon an, ou pa poukont ou. Menm jan ak apot Pòl, nou kapab di : “ Nou se konpayon travay Bondye. ” ​(1 Kor. 3:9, NW). Krystyna rekonèt li konn dekouraje anpil pafwa, e li di : “ Se sa ki fè m toujou ap mande Jewova fòs. Li pa janm abandone m. ” Pa gen dout nan sa, nou bezwen lespri Bondye pou ban nou fòs nan ministè nou ! — Zek. 4:6.

Lè n ap preche, lespri sen ede nou tou pou nou demontre kalite ki fè pati “ fwi lespri a ”. (Gal. 5:22, 23, NW.) E kalite sa yo ede nou pèsevere nan travay predikasyon an kèlkeswa jan sa ye. Men sa Henryk konstate : “ Lè m patisipe nan travay predikasyon an, sa ede m travay pèsonalite m. Mwen aprann pou m pasyan, pou m gen konsiderasyon pou lòt moun e pou m pa bese lebra fasil. ” Lè w andire nan ministè a malgre divès kalite pwoblèm ou rankontre, sa ka ede w devlope fwi lespri a pi plis toujou.

Jewova sèvi ak zanj li yo pou l dirije travay san parèy sa a (Rev. 14:6). E Labib fè nou konnen kreyati espirityèl sa yo ‘ tèlman anpil, moun pa kapab konte yo ’. (Rev. 5:11.) Anba direksyon Jezi, zanj yo ap soutni sèvitè Bondye yo sou tè a. Èske w toujou sonje sa kèlkeswa lè w nan ministè a ?

Men sa Anna di : “ Mwen medite sou lefètke zanj yo la avèk nou nan ministè a, e sa ban m anpil ankourajman. Mwen apresye èd yo ban nou anba direksyon Jewova ak Jezi. ” Ala yon gwo privilèj nou genyen pou nou travay avèk zanj fidèl yo !

E lòt pwoklamatè Wayòm yo menm, ki jan yo ede nou pèsevere ? Nou beni lefètke nou gen yon gwo foul Temwen fidèl avèk nou. Se sèten ou deja viv pawòl nou jwenn nan liv Pwovèb la, ki di : “ Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt. ” — Pwo. 27:17.

Lè nou preche ak divès pwoklamatè, sa ban nou yon bèl okazyon pou nou obsève ki metòd moun ki avèk nou an itilize ki bay bon rezilta. Petèt se yon metòd nou potko konnen. Men sa Elżbieta di : “ Lefètke m preche ak divès pwoklamatè, sa ban m posiblite demontre lanmou ni pou kwayan parèy mwen yo ni pou moun mwen rankontre nan tèritwa a. ” Eseye patisipe nan ministè a avèk plizyè moun diferan. Sa ap rann ministè w pi enteresan.

Pran swen tèt ou byen

Pou nou toujou rete chofe nan ministè a, nou dwe byen planifye, nou dwe fè etid pèsonèl nou regilyèman e nou dwe repoze ase. Sa vle di nou dwe pran swen tèt nou ni nan domèn espirityèl ni nan domèn fizik.

Labib fè konnen : “ Lè ou pran san ou pou ou travay, tou sa w’ap fè ap ba ou benefis. ” ​(Pwo. 21:5). Men sa Zygmunt, yon frè ki gen 88 an kounye a, di : “ Lefètke mwen gen yon bon pwogram pou m patisipe nan ministè a, sa ede m atenn objektif mwen fikse yo. Mwen byen òganize tout sa m gen pou m fè yon fason pou m ka gen ase tan pou m preche. ”

Yon konesans pwofon sou Labib ap ban nou fòs e l ap ekipe nou pou ministè a. Menm jan nou bezwen manje manje fizik pou nou ka gen fòs pou nou kontinye fè aktivite nou, se menm jan an tou nou bezwen manje manje espirityèl regilyèman pou nou ka kontinye patisipe nan ministè a. Lè nou nouri nou nan Pawòl Bondye a chak jou e lè nou manje nan ‘ lè pou nou manje ’, sa ka ban nou fòs pou nou preche. — Mat. 24:45-47.

Elżbieta te fè gwo chanjman nan fason l t ap viv pou l te ka amelyore ministè l. Men sa l di : “ Mwen diminye anpil sou kantite tan mwen pase ap gade televizyon yon fason pou m gen plis tan pou m prepare anvan m al preche. Chak swa, lè m ap li Labib, mwen panse ak moun mwen te rankontre nan tèritwa a. Mwen chèche vèsè ak atik ki ka ede yo. ”

Lè w pran bonjan repo, sa ede w pou w toujou gen ase fòs e sa pèmèt ou patisipe nan ministè a mezi w kapab. Yon lòt bò, si w pase twòp tan ap detann ou, sa ka gen yon efè negatif sou kalite travay ou fè nan ministè a. Men sa Andrzej, yon pwoklamatè zele, remake : “ Lè yon moun manke repoze l, sa ka fè l vin fatige anpil, e lè yon moun nan eta sa a, pa manke anpil bagay pou l dekouraje. Mwen fè tout sa m kapab pou m evite sa. ” — Ekl. 4:6.

Malgre efò sensè nou fè, se pa anpil moun ki rive apresye bon nouvèl la. Men, Jewova pap janm bliye travay nou fè nan ministè a (Ebre 6:10). Menmsi anpil moun pa vle pale avèk nou lè n al vizite yo, petèt yo ka pale de vizit nou an lè nou fin ale. Petèt sa ka gen menm efè ak sa nou li konsènan Ezekyèl la : moun yo ap “ konnen te gen yon pwofèt nan mitan yo ”. (Eze. 2:5.) Se vre ministè nou an pa fasil, men, li pwofitab ni pou nou ni pou moun ki koute nou yo.

Men sa Zygmunt remake : “ Lè nou patisipe nan ministè a, sa ede nou abiye ak nouvo pèsonalite a e sa pèmèt nou montre lanmou nou gen pou Bondye e pou pwochen nou. ” Men sa Andrzej di ankò : “ Se yon privilèj pou nou patisipe nan travay sa a k ap sove lavi moun. Li pap janm fèt konsa ankò e li pap janm fèt nan menm kondisyon sa yo ankò. ” Ou menm tou, ou ka jwenn anpil benediksyon si w pèsevere nan ministè a jodi a. — 2 Kor. 4:1, 2.

[Foto nan paj 31]

Lè nou pran swen tèt nou nan domèn espirityèl e nan domèn fizik, sa ede nou pèsevere nan ministè a.