Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Nan Bib la yo pale de “ liv Yacha a ” ak “ liv Lagè Jewova yo ”. (Joz. 10:13, NW ; Nonb 21:14, NW.) De liv sa yo pa parèt nan kanon Bib la. Èske liv sa yo se te liv Bondye enspire, men ki te vin pèdi ?

Pa gen okenn rezon pou nou di de liv sa yo se liv enspire ki te vin pèdi annapre. Ekriven biblik yo ki te enspire te fè referans ak kèk lòt liv moun te ekri. Gen kèk nan liv sa yo ki fè pati Bib la vre, men, tou senpleman, fason yo te rele yo lontan diferan ak fason yo rele yo jodi a. Pa egzanp, nan 1 Kwonik 29:29, yo pale de “ liv istwa pwofèt Samyèl ” la, de “ liv istwa pwofèt Natan ” an ak “ liv istwa pwofèt Gad ” la. Petèt twa liv sa yo se liv nou konnen jodi a sou non 1 Samyèl ak 2 Samyèl, oswa se liv nou konnen sou non Jij la.

Yon lòt bò, gen kèk liv yo pale de yo ki gen non ki sanble ak non liv enspire ki fòme Bib la, men ki pa fè pati liv enspire sa yo vrèman. Nou kapab montre sa ak kat ansyen liv : “ liv Istwa wa peyi Jida yo ”, “ liv Istwa wa peyi Jida yo ak wa peyi Izrayèl yo ”, “ liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo ” ak “ liv Istwa wa peyi Izrayèl ak wa peyi Jida yo ”. Se vre, non liv sa yo sanble ak non liv nou rele 1 Wa ak 2 Wa, men, kat liv sa yo se pa liv enspire yo te ye, nitou yo pa fè pati liv enspire ki konpoze Bib la (1 Wa 14:29 ; 2 Kwo. 16:11 ; 20:34 ; 27:7). Petèt se te yon seri liv istorik ki te egziste nan peryòd pwofèt Jeremi ak Ezra te ekri liv yo te ekri nou jwenn nan Bib la.

Wi, gen kèk ekriven biblik ki te fè referans ak liv istwa oswa ak dokiman ki te egziste, men ki pa t enspire, oubyen yo te chèche enfòmasyon nan yo. Estè 10:2 pale de “ liv istwa wa peyi Medi ak peyi Pès yo ”. Menm jan an tou, pou Lik te ka ekri Evanjil li a, li di li “ te fè rechèch sou tout bagay avèk egzaktitid depi okòmansman ”. Sanble li vle di li te fè rechèch nan liv ki te disponib yo e li te konpile lis liy fanmi Jezi a, jan nou ka wè sa nan Evanjil li a (Lik 1:3 ; 3:23-38, NW). Byenke liv istwa kote Lik te fè rechèch yo pa t enspire, se sèten, Evanjil li a enspire e li gen anpil valè pou nou.

Kanta pou de liv nou te pale de yo nan kesyon an, “ liv Yacha a ” ak “ liv Lagè Jewova yo ”, sanble se dokiman ki pa t enspire yo te ye. Se pou rezon sa a ki fè Jewova pa t prezève yo. Selon fason Bib la pale de liv sa yo, biblis yo di liv sa yo se te de koleksyon powèm oswa chante ki te pale de lagè ki te gen ant Izrayèl ak ènmi l yo (2 Sam. 1:17-27). Gen yon ansiklopedi biblik ki fè konnen li posib pou sa k te ekri nan liv sa yo se te “ yon seri powèm ak yon seri chante chantè pwofesyonèl ki te nan Izrayèl tan lontan yo te konsève ”. Gen kèk moun Jewova te konn itilize pafwa kòm pwofèt oswa kòm moun ki konn fè vizyon ki te ekri kèk istwa. Se swa Jewova pa t enspire yo pou yo ekri yo oswa li te chwazi pa mete yo nan Ekriti yo ki “ itil pou anseye, pou korije, pou mete bagay yo annòd ” nan epòk nou an. — 2 Tim. 3:16, NW ; 2 Kwo. 9:29 ; 12:15 ; 13:22.

Lefètke yo pale de yon seri liv nan Bib la e lefètke liv sa yo te sèvi kòm sous pou ekriven yo, sa pa ta dwe fè nou panse liv sa yo te enspire. Sepandan, Jewova Dye te prezève tout liv ki gen “ pawòl ” li ladan yo, e liv sa yo ap “ la pou toutan ”. (Iza. 40:8.) Wi, sa Jewova te chwazi mete nan 66 liv ki nan Bib la se egzakteman sa nou bezwen pou nou ‘ kalifye nèt, pou nou ekipe totalman pou tout zèv ki bon ’. — 2 Tim. 3:16, 17, NW.