Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou pa dwe bliye Jewova

Nou pa dwe bliye Jewova

Nou pa dwe bliye Jewova

GEN kèk nan Izrayelit ki te la yo ki te fè yon eksperyans konsa deja. Men, pou pifò ladan yo, se te premye fwa e dènye fwa yo te travèse yon gwo dlo apye san pye yo pa mouye. Jewova te fèk fè dlo rivyè Jouden an sispann koule. Kounye a, plizyè milyon Izrayelit t ap avanse tankou yon lame, pou yo janbe rivyè a rive nan Latè pwomiz. Menm jan ak zansèt yo ki te travèse lanmè Wouj 40 an anvan sa, anpil nan moun sa yo ki t ap travèse rivyè Jouden an nan moman sa a dwe te di tèt yo : ‘ Mwen pap janm bliye sa Jewova fè la a. ’ — Joz. 3:13-17.

Men, Jewova te konnen gen kèk Izrayelit ki t ap ‘ bliye sa l te fè pou yo byen vit ’. (Sòm 106:13.) Se poutèt sa, li te bay Jozye, moun ki t ap kondui nasyon Izrayèl la, lòd pou l pran 12 wòch nan rivyè a e pou l mete yo kòm yon moniman premye kote yo t apral rete pou yo repoze a. Men sa Jozye te esplike : “ Wòch sa yo la pou pèp Izrayèl la ka toujou chonje dlo larivyè Jouden an te sispann koule lè yo t’ap janbe lòt bò larivyè a. ” ​(Joz. 4:1-8). Moniman yo te fè ak wòch sa yo te dwe fè nasyon an sonje gwo aksyon Jewova te fè yo e li te dwe fè yo konprann yo ta dwe toujou sèvi l fidèlman.

Èske istwa sa a gen enpòtans pou pèp Bondye a jodi a ? Wi. Nou menm tou nou pa dwe janm bliye Jewova ; nou dwe kontinye sèvi l fidèlman. Gen lòt avètisman yo te bay nasyon Izrayèl la ki aplikab pou sèvitè Jewova yo jodi a tou. Pa egzanp, men sa Moyiz te di : “ Veye kò nou pou nou pa janm bliye [Jewova], Bondye nou an, pou nou pa janm neglije kòmandman, lòd ak prensip [li] m’ap ban nou jòdi a. ” ​(Det. 8:11). Vèsè sa a montre si yon moun bliye Jewova, l ap dezobeyi l volontèman. Menm danje a toujou reyèl pou nou jodi a. Apot Pòl te ekri kretyen yo pou l avèti yo pou yo pa “ dezobeyi Bondye tankou ” Izrayelit yo te fè nan dezè a. — Ebre 4:8-11.

Annou konsidere kèk evènman nan istwa Izrayèl ki ka montre pi byen poukisa nou pa dwe bliye Bondye. Anplis, leson nou pral tire nan lavi de Izrayelit fidèl ap ede nou sèvi Jewova avèk andirans e avèk rekonesans.

Rezon ki fè yo te dwe sonje Jewova

Pandan tout ane Izrayelit yo te fè ann Ejip la, Jewova pa t janm bliye yo. Li te “ chonje kontra li te pase ak Abraram ak Izarak epi ak Jakòb ” la (Egz. 2:23, 24). Sa l te fè pou l delivre yo nan esklavaj ann Ejip la se yon bagay yo te dwe toujou kenbe nan lespri yo.

Jewova te frape Ejip avèk nèf flewo. Prèt majisyen Farawon yo pa t ka fè anyen pou estope yo. Malgre sa, Farawon pa t respekte Jewova, li te refize kite Izrayelit yo ale (Egz. 7:14–10:29). Men, dizyèm flewo a te fòse dirijan ògeye sa a koube devan volonte Bondye (Egz. 11:1-10 ; 12:12). Nasyon Izrayèl la, ki te gen Moyiz alatèt li, ansanm ak yon gwo kantite moun ki pa t Izrayelit te kite Ejip. Petèt yo te anviwon 3 000 000 moun (Egz. 12:37, 38). Apèn yo fin ale, Farawon chanje lide. Li bay lame l la, ki te gen cha ak kavalye ladan l, lòd pou yo kouri dèyè ansyen esklav li yo e pou yo kenbe yo. Nan epòk la, lame Farawon an se te lame ki te pi pisan sou tè a. Antretan, Jewova te di Moyiz pou l mennen Izrayelit yo yon kote ki ant lanmè Wouj la ak yon pakèt mòn. Kote sa a, ki te rele Piyayiwòt, te parèt yon enpas kote li t ap enposib pou Izrayelit yo chape. — Egz. 14:1-9.

Farawon te kwè Izrayelit yo te pran nan yon pyèj, e lame l la te prèt pou pran yo. Men, Jewova te anpeche Ejipsyen yo avanse. Li te mete nyaj ak dife ant yo menm ak Izrayelit yo. Nyaj la ak dife li te mete a te sanble ak de poto. Apre sa, Bondye fann lanmè Wouj la, li ouvri yon chemen nan mitan lanmè a. Sou chak bò chemen an, dlo yo te vin tankou de miray ki mezire 15 m wotè konsa. Izrayelit yo te kòmanse travèse lanmè a sou tè sèk. Ejipsyen yo pa t pran tan pou yo te rive bò lanmè a, e yo t ap gade Izrayelit yo k ap travèse al pa lòt bò lanmè a. — Egz. 13:21 ; 14:10-22.

Yon chèf ki byen reflechi t ap sispann pousuiv yo. Men, Farawon pa t yon chèf konsa. Li te tèlman gen konfyans nan tèt li, li te bay sòlda ki te sou cha yo ak kavalye yo lòd pou yo antre nan lanmè a dèyè Izrayelit yo. Ejipsyen yo te pati dèyè yo ak tout vitès e yo te kontinye rapousuiv yo. Men, anvan yo te gentan rive pre moun ki te dèyè nèt yo ki potko fin travèse lanmè a, gen yon bagay ki te anpeche yo avanse. Cha Ejipsyen yo pa t ka woule ankò, paske Jewova te fè wou yo soti. — Egz. 14:23-25 ; 15:9.

Pandan Ejipsyen yo t ap goumen ak cha yo ki pa t gen wou ankò, tout nasyon Izrayèl la te gentan rive sou bò lès lanmè a. Lè sa a, Moyiz lonje men l sou lanmè Wouj la. Nan moman sa a, Jewova fè miray dlo yo tonbe. Plizyè milyon tòn dlo te vide sou Farawon ak cha l yo, e yo nwaye. Pa gen youn nan Ejipsyen yo ki te chape. Konsa, Izrayèl te delivre ! — Egz. 14:26-28 ; Sòm 136:13-15.

Nasyon ki ozalantou yo te tande pale de evènman sa a, e sa te fè yo pè pandan lontan (Egz. 15:14-16). Karant an apre, Rahab ki t ap viv Jeriko te di de mesye Izrayelit pawòl sa yo : “ Mwen rekonèt tout moun pè nou, [...] paske, nou tande ki jan Senyè a te cheche dlo Lanmè Wouj la devan nou lè nou t’ap sòti kite peyi Lejip la. ” ​(Joz. 2:9, 10). Menm nasyon payen yo pa t bliye kòman Jewova te delivre pèp li a. Pa gen dout nan sa, Izrayèl te gen plis rezon lontan pou l sonje Jewova.

‘ Li te pwoteje yo tankou de grenn je nan tèt li ’

Lè Izrayèl fin travèse lanmè Wouj la, li antre nan dezè Sinayi a, yon “ gwo dezè [ki] plen danje ”. Sepandan, Jewova te pran swen yo lè yo t ap mache nan dezè sa a “ kote moun ap mouri swaf dlo paske pa gen dlo la menm ”, e kote pa t gen manje pou tout foul moun sa a manje. Men sa Moyiz di : “ [Jewova] te jwenn [Izrayèl] nan dezè a, kote moun pa rete, kote van an ap soufle san rete. Li pran yo nan bra l, li pran swen yo, li pwoteje yo tankou de grenn je nan tèt li. ” ​(Det. 8:15 ; 32:10). Ki jan Bondye te pran swen yo ?

Jewova te ba yo ‘ pen ki sòti nan syèl la ’, ki rele lamàn, li te fè yon mirak pou l fè l parèt “ atè nan dezè a ”. (Egz. 16:4, 14, 15, 35.) Anplis, li te fè dlo ‘ sòti nan yon gwo wòch ki di ’. Grasa benediksyon Bondye, rad yo pa t chire, ni pye yo pa t anfle pandan 40 an yo te pase nan dezè a (Det. 8:4). Ki sa Jewova te gen dwa pou l atann de yo anretou ? Moyiz te di Izrayèl : “ Veye kò nou ! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. ” ​(Det. 4:9). Si, avèk rekonesans, Izrayelit yo te sonje aksyon Jewova te fè pou l sove yo, yo t ap toujou sèvi l e yo t ap fè efò pou yo obeyi lwa l yo. Men, ki sa yo te fè ?

Yo vin engra paske yo te bliye

Men sa Moyiz te deklare : “ Yo bliye Bondye ki te pwoteje yo, Bondye ki papa yo a. ” ​(Det. 32:18). Izrayelit yo pa t pran tan pou yo bliye sa Jewova te fè pou yo nan lanmè Wouj la, dispozisyon l te pran pou yo pa t mouri nan dezè a ak tout lòt bon bagay li te fè pou yo. Yo te vin rebèl.

Gen yon moman ki te rive, Izrayelit yo te repwoche Moyiz paske yo te panse pa t gen mwayen pou yo jwenn dlo (Nonb 20:2-5). Yo t ap plenyen kont lamàn nan ki te ede yo rete vivan an. Yo t ap di : “ Nou bouke manje vye manje sa a. ” ​(Nonb 21:5). Yo te mete desizyon Bondye an dout e yo te rejte Moyiz kòm chèf, yo te di : “ Pito nou te mouri nan peyi Lejip osinon nan dezè a ! [...] Ann chwazi yon lòt chèf ! Ann tounen nan peyi Lejip ! ” — Nonb 14:2-4.

Ki jan Jewova te santi l lè Izrayèl te dezobeyi l ? Men sa yon salmis ki t ap reflechi sou evènman sa yo te ekri : “ Se pa ni youn ni de fwa yo rebele kont li nan dezè a, yo fè l lapenn nan savann nan ! E se tout tan yo te konn ap mete Bondye aleprèv, yo te konn atriste Sen Izrayèl la. Yo pa t sonje men l, yo pa t sonje jou li te sove yo anba men advèsè a, yo pa t sonje siy li te bay nan peyi Ejip yo. ” ​(Sòm 78:40-43, NW). Wi, bliye Izrayèl te bliye Jewova a te fè Jewova mal anpil.

De moun ki pa t bliye Jewova

Men, gen kèk Izrayelit ki pa t bliye Jewova. Pami yo, te gen Jozye ak Kalèb. Yo te fè pati yon gwoup douz moun ki te soti Kadèch-Baneya yo te voye al espyone Latè pwomiz. Dis nan espyon yo te bay yon rapò negatif, men, Jozye ak Kalèb te di pèp la : “ Peyi nou te al vizite a se yon bon bon peyi. Si Senyè a vle fè sa pou nou, l’ap fè nou antre nan peyi a, l’ap ban nou li. Se yon peyi ki rich anpil, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Sèlman, pa kenbe tèt ak Senyè a ! ” Lè pèp la tande pawòl sa yo, yo di se pou yo touye Jozye ak Kalèb ak kout wòch. Men, de mesye sa yo te kenbe konfyans yo fèm nan Jewova. — Nonb 14:6-10.

Men sa Kalèb te di Jozye plizyè ane apre : “ Moyiz, sèvitè Senyè a, rete lavil Kadès-Banea, li voye m al vizite tout peyi sa a. Lè m tounen, mwen fè l yon bon rapò dapre sa m te wè. Moun ki te moute avè m yo pran dekouraje pèp la. Men mwen menm, mwen te fè tou sa Senyè a, Bondye mwen an, te vle m fè. ” ​(Joz. 14:6-8). Konfyans Kalèb ak Jozye te genyen nan Bondye a te ede yo andire plizyè sitiyasyon difisil. Yo te gen detèminasyon pou yo sonje Jewova chak jou nan lavi yo.

Kalèb ak Jozye te demontre rekonesans yo tou. Yo rekonèt Jewova te akonpli pwomès li te fè pou l bay pèp li a yon peyi ki rich anpil. Wi, Izrayelit yo te dwe gen Bondye rekonesans paske li te sove lavi yo. Men sa Jozye te ekri : “ Senyè a te bay pèp Izrayèl la peyi li te pwomèt li t’ap bay zansèt yo a. [...] Senyè a te kenbe dènye pwomès li te fè pèp Izrayèl la. Tout bagay te pase jan l te pwomèt la. ” ​(Joz. 21:43, 45). Jodi a, ki jan nou ka demontre nou gen rekonesans menm jan ak Kalèb ak Jozye ?

Se pou nou gen rekonesans

Men sa yon nonm ki te gen lakrentif pou Bondye te mande : “ Kisa m’a fè pou Senyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo ? ” ​(Sòm 116:12). Nou dwe Jewova anpil pou tout benediksyon li ban nou nan domèn materyèl, pou direksyon li ban nou nan domèn espirityèl e pou tout dispozisyon li pran pou l delivre nou. Dèt sa a tèlman anpil, letènite pap sifi pou nou ta peye l. An reyalite, nou pap janm ka fin peye Jewova. Men, nou tout, nou ka demontre rekonesans pou li.

Èske konsèy Jewova bay yo te ede w evite kèk pwoblèm ? Èske lefètke li te padone w, sa te ede w vin gen yon bon konsyans ankò ? Byenfè nou jwenn nan bagay sa yo Bondye fè pou nou se yon seri byenfè k ap dire lontan, e se konsa tou, rekonesans nou genyen an ta dwe dire lontan. Sandra, se yon jèn fi ki gen 14 an ki te gen gwo pwoblèm, men ki te rive rezoud yo grasa èd Jewova. Men sa l di : “ Mwen te priye Jewova pou l ede m, e fason l te regle bagay yo te enpresyone m. Kounye a, mwen konprann poukisa papa m toujou ap pale m de Pwovèb 3:5, 6 ki di : ‘ Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Senyè a nan tou sa w’ap fè. Li menm, l’a moutre ou chemen pou ou pran. ’ Mwen gen asirans Jewova ap toujou ede m menm jan l te toujou fè sa. ”

Annou montre nou sonje Jewova lè nou gen andirans

Bib la mete aksan sou yon lòt kalite ki makònen ak sonje Jewova. Men sa li di : “ Se pou andirans lan fin fè travay li nèt, pou nou ka konplè, pou nou ka san defo nan tout domèn, san nou pa manke anyen. ” ​(Jak 1:4, NW). Ki sa sa vle di pou nou “ konplè ” e pou nou “ san defo nan tout domèn ” ? Sa vle di pou nou devlope yon seri kalite k ap ede nou fè fas ak eprèv n ap rankontre yo avèk yon konfyans total nan Jewova e avèk detèminasyon, san nou pa lage. Lè lafwa nou jwenn eprèv, e nou andire konsa, n ap gen anpil satisfaksyon lè eprèv yo pase. Paske eprèv yo toujou gen yon fen. — 1 Kor. 10:13.

Gen yon moun k ap sèvi Jewova depi lontan e ki te fè fas ak anpil gwo pwoblèm sante ki esplike ki sa ki te ede l andire. Men sa l te di : “ Mwen eseye reflechi sou sa Jewova ap fè. Mwen pa reflechi sou sa m ta renmen fè. Pou m kenbe entegrite m, sa mande pou m kontinye fikse je m sou objektif Bondye yo, e non pa sou dezi pa m. Lè m gen pwoblèm, mwen pa di : ‘ Jewova, poukisa se mwen sa rive ? ’ Mwen annik kontinye sèvi l e mwen kontinye rete atache avè l menm lè pwoblèm tonbe sou mwen sanzatann. ”

Jodi a, vrè kretyen yo adore Jewova “ avèk lespri ak laverite ”. (Jan 4:23, 24, NW.) Antanke gwoup, yo pap janm bliye Bondye, jan nasyon Izrayèl la te fè sa. Men, lefètke nou fè pati kongregasyon an, se pa yon garanti nou chak pèsonèlman n ap rete entèg. Menm jan ak Kalèb ansanm ak Jozye, se nou chak ki dwe demontre nou gen rekonesans pou Jewova e nou gen andirans nan sèvis li. Nou gen bonjan rezon pou nou fè sa, paske Jewova kontinye gide nou e li kontinye pran swen nou chak pèsonèlman nan tan lafen sa a ki difisil.

Menm jan moniman Jozye te fè ak wòch yo te bay pèp Izrayèl la asirans, se konsa tou, istwa ki rakonte nou aksyon Bondye te fè pou l delivre pèp li a ban nou asirans li pap janm abandone pèp li a nan epòk pa nou an. Nou swete pou w gen menm santiman ak salmis ki te ekri pawòl sa yo : “ Senyè, m’a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan. M’ap kalkile tout sa ou te fè yo, m’ap egzaminen tout gwo bagay estraòdinè ou te fè yo ! ” — Sòm 77:11, 12.

[Foto nan paj 7]

Tout nasyon an te gen pou l mache nan yon dezè “ kote moun ap mouri swaf dlo ”.

[Liy kredi]

Pictorial Archive (Near Eastern History) Est.

[Foto nan paj 8]

Pandan Izrayèl te Kadèch-Baneya, yo te voye kèk espyon nan Latè pwomiz.

[Liy kredi]

Pictorial Archive (Near Eastern History) Est.

[Foto nan paj 9]

Apre plizyè ane nan dezè a, Izrayelit yo te dwe gen rekonesans pou Jewova poutèt li te ba yo Latè pwomiz, yon tè ki te rich anpil.

[Liy kredi]

Pictorial Archive (Near Eastern History) Est.

[Foto nan paj 10]

Lè nou rete konsantre sou objektif Jewova yo, sa pèmèt nou andire kèlkeswa eprèv nou rankontre.