Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Se pou nou vijilan ”

“ Se pou nou vijilan ”

“ Se pou nou vijilan ”

“ Lafen tout bagay vin pi pre. [...] Se pou nou vijilan pou nou pa neglije lapriyè. ” — 1 PYÈ 4:7, NW.

1. Ak ki sa ansèyman Jezi te bay yo te toujou gen rapò ?

LÈ JEZI KRIS te sou tè a, ansèyman li te bay yo te toujou gen rapò ak Wayòm Bondye a. Se pa mwayen Wayòm sa a Jewova pral jistifye souvrènte inivèsèl li e li pral sangtifye non l. Se sa k fè Jezi te anseye disip li yo pou yo mande Bondye pou ‘ wayòm li an vini, pou volonte l fèt sou tè a, kou nan syèl la ’. (Mat. 4:17 ; 6:9, 10, NW.) Talè konsa, gouvènman sa a pral mete yon fen nan monn Satan an e li pral fè moun fè volonte Bondye sou tout tè a. Selon sa Dànyèl te predi, Wayòm Bondye a “ pral krabinen tout wayòm sa yo [ki la jodi a], e l ap mete yon fen nan yo, epi li menm l ap la pou tan endefini ”. — Dàn. 2:44, NW.

2. a) Ki jan disip Jezi yo t ap fè konnen li prezan antanke Wa nan Wayòm nan ? b) Ki lòt bagay siy lan t ap pèmèt yo wè ?

2 Disip Jezi yo te vle konnen toutbon ki lè Wayòm Bondye a t ap vini paske sa te enpòtan pou yo. Se pou sa yo te poze Jezi kesyon sa a : “ Ki lè bagay sa yo ap fèt, e ki siy k ap siy prezans ou e k ap siy konklizyon sistèm nan ? ” ​(Mat. 24:3, NW). Li te nesesè pou yo gen yon siy, paske prezans Kris antanke Wa nan Wayòm nan se pa yon bagay moun sou tè a t ap ka wè. Siy sa a t ap gen plizyè aspè ladan l, yon seri aspè Ekriti yo te anonse. Konsa, disip Jezi ki t ap vivan lè prezans li a t ap ka wè lè li kòmanse dirije nan syèl la. Anplis, siy lan t ap pèmèt yo wè lè peryòd Labib rele “ dènye jou ” sistèm mechan an ki egziste kounye a kòmanse. — 2 Tim. 3:1-5, 13 ; Mat. 24:7-14.

Se pou nou vijilan nan dènye jou yo

3. Poukisa kretyen yo t ap bezwen vijilan ?

3 Men sa apot Pyè te ekri : “ Lafen tout bagay vin pi pre. Donk, se pou nou gen bonsans, e se pou nou vijilan pou nou pa neglije lapriyè. ” ​(1 Pyè 4:7). Disip Jezi yo t ap bezwen vijilan, yo t ap bezwen veye evènman k ap pase nan monn nan ki montre Jezi prezan antanke Wa nan Wayòm nan. E tank fen sistèm nan t ap pwoche, se tank yo t ap bezwen pi vijilan toujou. Men sa Jezi te di disip li yo : “ Pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki lè mèt kay la va vini [pou l egzekite jijman l kont monn Satan an]. ” — Mak 13:35, 36.

4. Ki diferans ki genyen ant atitid moun ki fè pati monn Satan an ak atitid sèvitè Jewova yo ? (Sèvi ak kare a tou.)

4 Majorite moun anba dominasyon Satan e yo pa chèche konprann siyifikasyon evènman k ap pase nan monn nan. Yo pa konnen Kris prezan antanke Wa nan Wayòm nan. Men, vrè disip Kris yo ki vijilan te rive konprann vrè siyifikasyon evènman ki te rive nan syèk ki sot pase a. Depi ane 1925, Temwen Jewova yo rekonèt Premye Gè mondyal la ak evènman ki te rive apre l yo montre aklè, depi 1914, Kris prezan antanke Wa nan Wayòm nan ki nan syèl la. Konsa, sistèm mechan sa a ki anba dominasyon Satan an te antre nan dènye jou l yo. Gen anpil moun k ap suiv sa k ap pase nan monn nan ki rekonèt gen yon kokenn diferans ant epòk ki te vin anvan Premye Gè mondyal la ak epòk ki vin apre l la, byenke yo pa konprann siyifikasyon evènman yo. — Gade kare ki gen tit  “ Epòk boulvès la kòmanse ”.

5. Poukisa li enpòtan anpil pou nou kontinye veye ?

5 Kounye a, sa fè prèske yon syèk depi gen yon seri bagay terib k ap fèt sou tout tè a ki montre n ap viv nan dènye jou yo. Talè konsa, Jewova pral bay Kris lòd pou l dirije lame zanj yo ki pisan anpil pou detwi monn Satan an (Rev. 19:11-21). Vrè kretyen yo resevwa egzòtasyon pou yo kontinye veye. Se sa k fè li enpòtan anpil pou nou kontinye fè sa toutpandan n ap tann fen sistèm sa a (Mat. 24:42). Nou dwe kontinye veye toutpandan n ap fè travay nou gen pou nou akonpli sou tout tè a anba direksyon Kris la.

Yon travay k ap fèt sou tout kò tè a

6, 7. Ki jan travay predikasyon an pwogrese pandan dènye jou yo ?

6 Yo te anonse travay sèvitè Jewova yo t ap gen pou yo akonpli a fè pati siy ki gen plizyè aspè ki montre n ap viv nan dènye jou sistèm mechan sa a. Jezi te dekri travay mondyal sa a lè l te site diferan bagay ki t ap rive nan tan lafen an. Pami tout bagay li te anonse nan pwofesi li te bay la, men yon bagay trèzenpòtan li te di : “ Bon nouvèl wayòm sa a ap preche nan lemonnantye pou li sèvi kòm temwayaj bay tout nasyon. Epi, apre sa, lafen an ap rive. ” — Mat. 24:14, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.

7 Annou egzamine kèk bagay ki gen rapò ak aspè sa a nan pwofesi Jezi a. Lè dènye jou yo te kòmanse an 1914, se te yon ti ponyen moun ki t ap pwoklame bon nouvèl la. Jodi a, kantite moun k ap preche a ogmante yon fason estrawòdinè. Gen plis pase 7 000 000 Temwen Jewova k ap preche sou tout kò tè a, e yo fè pati plis pase 100 000 kongregasyon. Te gen 10 000 000 moun anplis ki te rasanble ansanm ak Temwen Jewova yo an 2008 nan Memoryal lanmò Kris la. Sa se yon kokenn akwasman parapò ak ane ki te vin anvan an.

8. Poukisa opozisyon pa anpeche travay predikasyon an jwenn bon rezilta ?

8 Vrèman, Temwen yo ap bay yon kokenn temwayaj konsènan Wayòm Bondye a nan tout nasyon anvan fen sistèm sa a rive. E yo fè sa malgre se Satan ki “ dye sistèm sa a ”. (2 Kor. 4:4, NW.) Nan domèn politik, nan domèn relijye ak nan domèn komèsyal, monn nan ak mwayen li itilize pou l fè pwopagann yo anba enfliyans Satan. Donk, kòman travay predikasyon an fè jwenn bon rezilta sa yo ? Pa gen dout nan sa, se paske Jewova ap soutni travay sa a. Se sa k fè travay predikasyon Wayòm nan kontinye mache trè byen malgre Satan ap chèche fè l kanpe.

9. Poukisa nou ka di pwosperite nou genyen an se yon mirak ?

9 Bon rezilta pèp Jewova a jwenn nan travay predikasyon Wayòm nan, akwasman yo jwenn ak pwosperite yo genyen nan domèn espirityèl se yon mirak. Si Bondye pa t ede sèvitè l yo, si l pa t ba yo direksyon ak pwoteksyon, yo pa t ap ka fè travay predikasyon an. (Li Matye 19:26.) Piske lespri sen Bondye ap aji sou kè moun ki vijilan e ki dispoze bay tan yo nan sèvis Bondye, nou mèt gen asirans n ap fin fè travay predikasyon an, “ epi, apre sa, lafen an ap rive ”. Moman sa a ap pwoche rapidman.

“ Gwo tribilasyon an ”

10. Ki jan Jezi te dekri gwo tribilasyon ki gen pou vini an ?

10 Se nan “ gwo tribilasyon an ” sistèm mechan sa a pral rive nan bout li. (Rev. 7:14, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.) Labib pa di nou konbyen tan “ gwo tribilasyon an ” ap dire, men Jezi te di : “ Lè sa a, pral gen yon gwo tribilasyon, pa t janm gen youn konsa depi nan kòmansman lemonn jiska prezan, non, e pap janm gen youn konsa ankò. ” ​(Mat. 24:21, NW). Lè nou konsidere tribilasyon ki frape monn sa a deja, tankou sa ki te frape l nan Dezyèm Gè mondyal la, kote yo estime te gen 50 a 60 milyon moun ki te pèdi lavi yo, nou santi gwo tribilasyon ki gen pou vini an ap rèd anpil. Se nan batay Amagedòn l ap vin pi rèd. Lè sa a, Jewova pral voye lame l la ki pral egzekite jijman l pou detwi tout sistèm Satan an nèt ki sou tè a. — Rev. 16:14, 16.

11, 12. Ki evènman ki pral rive k ap fè konnen gwo tribilasyon an kòmanse ?

11 Pwofesi ki nan Bib la pa bay dat premye faz gwo tribilasyon an ap kòmanse, sepandan, yo di nou ki evènman estrawòdinè ki pral rive k ap fè konnen lè l kòmanse. Evènman sa a se destriksyon tout fo relijyon, e se pisans politik yo ki pral detwi yo. Nan pwofesi nou jwenn nan Bib la nan Revelasyon chapit 17 ak chapit 18, yo konpare fo relijyon yo ak yon pwostitye ki gen relasyon imoral avèk sistèm politik ki sou tè a. Revelasyon 17:16 fè konnen talè konsa moman an pral rive kote eleman politik sa yo “ pral rayi fanm movèz vi a : y’a pran tou sa l genyen, y’a kite l toutouni, y’a manje vyann li, y’a boule l nan dife ”.

12 Lè moman an rive pou sa fèt, Bondye ap “ mete nan kè yo [dirijan politik yo] lide pou yo fè sa li menm li vle ”, sa vle di pou yo detwi tout fo relijyon (Rev. 17:17). Se sa k fè nou kapab di destriksyon sa a se nan Bondye l ap soti. Se konsa Bondye pral jije relijyon ki ipokrit yo, ki gen lontan depi y ap anseye doktrin ki kontrè ak volonte Bondye e k ap pèsekite sèvitè l yo. Pifò moun nan monn nan pa atann fo relijyon yo pral detwi. Men, sèvitè fidèl Jewova yo ap tann sa. E yo mache fè lòt moun konn sa pandan dènye jou sa yo n ap viv yo.

13. Ki sa k montre fo relijyon pral detwi rapidman ?

13 Se pa de sezi moun yo pral sezi lè y ap wè fo relijyon detwi. Pwofesi ki nan Bib la montre, lè destriksyon sa a, ap menm gen kèk nan “ wa latè ” yo ki pral di : “ Gade yon malè ! Ala malè [...], yon sèl moman [“ inèdtan ”, NW] kont pou pini ou ! ” ​(Rev. 18:9, 10, 16, 19). Lefètke Labib di “ inèdtan ” kont pou pini l, nan yon sans, sa montre evènman sa a pral fèt rapidman.

14. Ki jan Jewova pral reyaji lè ènmi l yo vire kont sèvitè l yo ?

14 Selon sa nou konprann, yon ti tan apre fo relijyon fin detwi, yo pral atake sèvitè Jewova yo k ap pwoklame mesaj jijman l yo (Eze. 38:14-16). Lè sa a, moun ki pral atake sèvitè l yo pral jwenn avè l, paske li pwomèt l ap pwoteje sèvitè fidèl li yo. Men sa li deklare : “ M’ap fè gwo kòlè, m’ap move. [...] Lè sa a, m’a fè tout nasyon yo konnen se mwen menm ki [Jewova]. ” ​(Li Ezekyèl 38:18-23.) Men sa Jewova di ankò : “ Si yon moun manyen pèp la [sèvitè fidèl li yo], se tankou si li te foure dwèt nan je m. ” ​(Zek. 2:8). Donk, lè ènmi Jewova yo kòmanse atak yo a kont sèvitè l yo sou tè a, Jewova pral reyaji. Li pral pase alaksyon, e sa pral mennen nan dènye faz gwo tribilasyon an, sètadi nan Amagedòn. Anba direksyon Kris, lame zanj yo ki pisan anpil pral egzekite jijman Jewova yo kont monn Satan an.

Ki efè sa ta dwe gen sou nou ?

15. Lefètke nou konnen fen sistèm sa a prèske rive, ki efè sa ta dwe gen sou nou ?

15 Lefètke nou konnen fen sistèm mechan sa a prèske rive, ki efè sa ta dwe gen sou nou ? Men sa apot Pyè te ekri : “ Piske tout bagay sa yo gen pou yo fonn konsa, reflechi sou ki jan de moun nou dwe ye : nou dwe gen yon konduit ki sen e nou dwe montre nan aksyon nou nou gen atachman pou Bondye. ” ​(2 Pyè 3:11, NW). Pawòl sa yo mete aksan sou nesesite pou nou toujou vijilan yon fason pou nou asire nou konduit nou ann amoni ak sa Bondye vle nou fè, e pou nou ka sèten nou fè aksyon ki pwouve nou gen atachman pou Jewova nan lavi nou, aksyon ki demontre nou gen lanmou pou li. Pa egzanp, nou dwe fè tout sa nou kapab nan travay preche bon nouvèl Wayòm nan anvan lafen an rive. Men sa Pyè te ekri ankò : “ Lafen tout bagay vin pi pre. [...] Se pou nou vijilan pou nou pa neglije lapriyè. ” ​(1 Pyè 4:7, NW). Nou pwoche bò kote Jewova e nou demontre lanmou nou gen pou li lè nou priye l toutan, lè nou mande l pou l dirije nou pa mwayen lespri sen l e pa mwayen kongregasyon li gen nan lemonnantye a.

16. Poukisa nou bezwen toujou suiv konsèy Bondye ban nou ?

16 Nan epòk danjere n ap viv ladan l lan, nou bezwen toujou suiv konsèy nou jwenn nan Pawòl Bondye a ki di : “ Konnen ki jan pou n mennen tèt nou ! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann. Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n’ap viv la a pa bon menm. ” ​(Efe. 5:15, 16). Gen plis mechanste jodi a pase nenpòt lòt epòk nan listwa. Satan envante yon pakèt bagay pou l anpeche moun yo fè volonte Jewova oubyen tou senpleman pou l distrè yo. Antanke sèvitè Bondye, nou konn sa, e nou pa vle kite anyen minen fidelite nou anvè Bondye. Anplis, nou konnen sa k pral rive talè konsa e nou mete konfyans nou nan Jewova ak nan objektif li yo. — Li 1 Jan 2:15-17.

17. Dekri ki jan moun ki chape nan Amagedòn yo pral reyaji lè rezirèksyon an.

17 Pwomès estrawòdinè Bondye fè pou l resisite moun ki mouri yo ap akonpli paske Labib di : “ Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis. ” ​(Tra. 24:15, NW). N ap remake pwomès sa a se yon pwomès ki sèten, paske li di : “ Pral gen yon rezirèksyon. ” Pwomès sa a ap reyalize san mank, paske se Jewova ki fè l. Men ki pwomès nou jwenn tou nan Izayi 26:19 : “ Moun pa ou yo ki te mouri pral leve vivan ankò. [...] Nou menm ki te anba tè, leve non ! Chante ak kè kontan. [...] se konsa Senyè a pral fè sa ki te mouri depi lontan yo leve vivan ankò. ” Pawòl sa yo te gen yon premye akonplisman lè pèp Bondye nan tan lontan an te retounen nan peyi l. Sa ban nou asirans y ap reyalize literalman nan monn nouvo a. Se pa ti kè kontan ki pral genyen lè moun ki resisite yo pral rejwenn moun pa yo ankò ! Pa gen dout nan sa, sistèm Satan an prèt pou rive nan bout li e monn nouvo Bondye a toupre rive. Se sa k fè li enpòtan anpil pou nou vijilan !

Èske nou sonje ?

• Ak ki sa ansèyman Jezi te bay yo te toujou gen rapò ?

• Nan ki pwen travay predikasyon Wayòm nan pwogrese kounye a ?

• Poukisa li enpòtan anpil pou nou vijilan ?

• Ki sa w twouve ki ankourajan pou ou nan pwomès nou jwenn nan Travay 24:15 lan ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 16, 17]

 EPÒK BOULVÈS LA KÒMANSE

Alan Greenspan te ekri yon liv ki rele Epòk boulvès la : eksperyans n ap fè nan yon nouvo monn (anglè) ki te parèt an 2007. Pandan plis pase 20 an, li te prezidan yon enstitisyon (United States Federal Reserve Board) k ap sipèvize sistèm bank santral peyi Etazini. Nan liv la, li mete aksan sou gwo diferans ki genyen ant sitiyasyon ki te egziste nan monn nan anvan 1914 ak sitiyasyon ki egziste ladan l apre sa. Men sa l di :

“ Selon tout rapò nou jwenn ki montre kòman monn nan te ye anvan 1914, te gen anpil pwogrè ki t ap fèt. Moun te gen plis respè youn pou lòt, nasyon yo tou te gen plis respè youn pou lòt. Moun yo te santi pa gen anyen ki t apral anpeche monn nan kontinye pwogrese. Gen anpil pwogrè ki te fèt nan domèn kilti ak nan domèn teknoloji. Te tèlman gen bèl pwogrè ki fèt, se kòmsi tout bagay t apral vin pafè. Nan diznevyèm syèk la, yo te met yon fen nan zafè esklavaj la. E sanble tou te vin gen mwens vyolans nan monn nan. [...] Kantite envansyon ki te fèt yo te ogmante pandan diznevyèm syèk la. Konsa, te vin gen yon sistèm ray pou tren, telefòn, limyè, sinema, machin ak yon kantite aparèy moun sèvi nan kay ki tèlman anpil nou pa ka fin site yo. Grasa lamedsin ak amelyorasyon ki fèt nan fason moun manje, e grasa dlo potab ki te vin disponib anpil kote, moun yo te vin kapab viv pi lontan. [...] Tout moun te konprann pwogrè sa yo t ap kontinye fèt. ”

Sepandan, “ Premye Gè mondyal la te kraze tout pwogrè ki te fèt nan domèn respè ni pou lòt moun ni pou lòt nasyon. Anplis, li te kraze ideyal moun yo t ap chèche nan monn nan. Nan sans sa a, li te fè plis dega lontan pase Dezyèm Gè mondyal la, byenke te gen plis moun ki te mouri nan dezyèm gè sa a e te gen plis dega materyèl lontan ki te fèt ladan l. Mwen pa ka sispann reflechi sou epòk ki te egziste anvan Premye Gè mondyal la. Lè sa a, limanite t ap fè anpil pwogrè, e sanble pa t gen limit pou pwogrè sa yo. Jodi a, nou wè bagay yo yon fason ki diferan nèt parapò ak jan moun yo te wè yo, sa fè yon syèk. Men, petèt fason nou wè l la pi pre reyalite a. Nan epòk pa nou an, gen gwo mouvman popilè k ap fèt pou moun ki fè pati mas pèp yo gen plis dwa, gen anpil moun k ap viv nan laperèz e tanperati planèt la vin pi cho. Èske bagay sa yo pral kraze mouvman mondyalizasyon an k ap chèche amelyore lavi moun nan epòk pa nou an, menm jan Premye Gè mondyal la te kraze pwogrè ki t ap fèt nan epòk pa l la ? Pèsonn pa ka bay yon repons ki sèten. ”

Greenspan sonje lè l te nan inivèsite gen yon pwofesè aje ki te rele Benjamin Anderson (1886-1949) ki te fè kou ekonomi pou li ki te di : “ Moun ki te gentan gran anvan Premye Gè mondyal la, ki ka sonje ki jan monn nan te ye lè sa a e ki te gen bon konprann, toujou sonje epòk sa a avèk anpil nostalji. Lè sa a, moun yo te santi yo an sekirite, men depi apre sa, sekirite yo te santi yo genyen an disparèt. ” — Economics and the Public Welfare.

Gen yon ekriven ki rele Gerald Meyer ki te ekri yon liv ki te parèt an 2006 kote li tire menm konklizyon sa a. Men sa l di ladan l : “ Souvan yo di evènman istorik yo ‘ chanje tout bagay ’. Nan ka Premye Gè mondyal la [1914-1918], nou kapab di fwa sa a se laverite. Vrèman, gè sa a te chanje tout bagay nèt : li pa t annik chanje fwontyè yo, gouvènman yo ak avni nasyon yo, men, li te chanje fason moun yo konsidere monn nan ak fason yo konsidere tèt yo. Li te kreye yon monn kote moun yo pa santi yo an sekirite ankò e ki diferan nèt parapò ak monn ki te egziste anvan gè sa a. ” — A World Undone.

[Foto nan paj 18]

Nan lagè Amagedòn nan, Jewova pral voye lame zanj yo ki pisan anpil pou detwi sistèm mechan sa a.