“ Zanj [Jewova] a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li ”
“ Zanj [Jewova] a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li ”
Dapre Christabel Connell
Nou te tèlman ap reponn kesyon Christopher t ap poze sou Bib la, nou pa t wè si l te ta konsa ; nou pa t remake nonplis si Christopher t ap plede gade nan fenèt la. Finalman, li vire gade nou e li di : “ Pa gen danje ankò, nou ka ale kounye a. ” Lè l fin di sa, li akonpaye nou pou n al pran bisiklèt nou yo. Apre sa, nou ale. Ki sa l t ap gade ki te yon danje konsa ?
MWEN fèt an 1927, nan yon vil ki rele Sheffield, nan peyi Angletè. Non jèn fi mwen se Christabel Earl. Pandan Dezyèm Gè mondyal la, gen yon bonm ki te eksploze kay nou te rete a, se sa k fè yo te voye m al rete lakay grann mwen jiskaske m fin fè klas mwen. Nan youn nan lekòl katolik mwen te pase yo, mwen pa t sispann mande relijyez yo poukisa gen mechanste ak vyolans konsa. Ni yo menm, ni lòt moun ki te fè pati lòt relijyon mwen te poze kesyon sa a pa t kapab ban m yon repons ki pou satisfè m.
Apre Dezyèm Gè mondyal la, mwen t al lekòl pou m vin enfimyè. Apre sa, mwen t al rete Lonn pou m te ka travay nan Lopital jeneral ki nan Paddington nan, men pandan m te nan vil sa a, mwen te wè plis vyolans toujou. Yon tikras tan apre youn nan gran frè m yo t al nan lagè ki t ap fèt nan peyi Kore a, mwen te wè yon gwo goumen ki te fèt devan lopital la. Pèsonn pa t ede moun ki te viktim nan. Yo te tèlman bat li, li te vin avèg. Nan epòk sa a, manman m te konn mennen m nan yon seri reyinyon mistik, men, mwen te toujou pa t konprann poukisa te gen mechanste konsa.
Yo ankouraje m etidye Labib
Yon jou, John, pi gran frè m nan, ki te vin Temwen Jewova, te vin vizite nou. Li te mande m : “ Èske w konnen sa k fè gen tout bagay mal sa yo ? ” Mwen reponn li : “ Non. ” Li ouvri Bib li e li li Revelasyon 12:7-12 pou mwen. Lè sa a, mwen te vin konprann se prensipalman Satan ak demon l yo ki responsab bagay mal k ap fèt nan monn nan. John te ban m konsèy pou m fè yon etid Labib. Mwen te koute konsèy li, e yon ti tan apre, mwen te aksepte yon etid Labib. Men, nan epòk la, mwen te kite krent pou lòm anpeche m batize. — Pwo. 29:25.
Gran sè m nan, ki rele Dorothy, te vin Temwen Jewova tou. Lè li menm ak fiyanse l la, Bill Roberts, te tounen sot nan kongrè entènasyonal ki te fèt Nouyòk an 1953 a, mwen te di yo mwen gen yon moun ki te etidye Labib avè m. Lè Bill tande sa, li mande m : “ Èske w te verifye tout vèsè yo ? Èske w te souliye repons yo nan liv la ? ” Lè m di l non, mwen pa t fè sa, li reponn mwen : “ Ebyen, ou pa t janm etidye vre ! Pran kontak ak sè a ankò epi rekòmanse fè
etid la. ” Nan epòk sa a, demon yo te kòmanse toumante m. Mwen sonje mwen te konn mande Jewova pou l pwoteje m e pou l libere m anba pouvwa yo.Mwen te sèvi kòm pyonye ann Ekòs ak ann Ilann
Mwen batize 16 janvye 1954. Mwen te kòmanse nan sèvis pyonye an jen nan menm ane a, apre m te fini ak kontra mwen te genyen kòm enfimyè a. Uimwa apre, yo voye m kòm pyonye espesyal nan vil Grangemouth, ann Ekòs. Mwen te santi zanj Jewova yo te “ kanpe bò kote ” m pandan m t ap travay nan tèritwa izole sa a. — Sòm 34:7.
An 1956, yo te envite m pou m al sèvi kòm pyonye nan peyi Ilann. Yo te asiyen mwen menm avèk de lòt sè nan yon vil ki rele Galway. Premye jou m al preche a, se sou kay yon prèt m al tonbe. Kèk minit apre m fin kite kay la, gen yon polisye ki parèt e ki arete ni mwen ni patnè m nan epi li mennen nou nan pòs polis la. Li pran non nou ak adrès nou, epi rapidman li ale nan yon telefòn pou l fè yon apèl. Nou tande l k ap di : “ Wi, monpè, mwen konnen egzakteman ki kote yo rete. ” Se prèt la ki te voye polisye a ! Yo te fè presyon sou moun nou te lwe kay nan men l lan pou l mande nou kay la, se sa k fè filyal la te konseye nou kite zòn nan. Nou te kite l. Nou te rive nan estasyon tren an diminit anreta, malgre sa, tren an te la toujou, e te gen yon mesye ki t ap tann nou pou l asire l nou monte ladan l. Sa te rive sèlman twa semèn apre nou te rive Galway.
Apre sa, yo te asiyen nou Limerick, yon lòt vil kote Legliz katolik te gen yon gwo enfliyans sou moun yo. Se toutan foul moun te konn ap bat chalbare dèyè nou. Te gen anpil moun ki te pè ouvè pòt yo pou yo pale avèk nou. Yon ane anvan sa, yo te bat yon frè nan yon ti vil toupre a ki rele Cloonlara. Se sa k fè nou te kontan lè nou te rankontre Christopher, mesye nou te pale de li nan kòmansman an. Li te mande nou retounen pou nou reponn kèk kesyon li te genyen sou Labib. Pandan nou t ap vizite l la, gen yon prèt ki te antre nan kay la e ki te mande l pou l mete nou deyò. Men, li pa t dakò ak prèt la. Li te di l : “ Mwen te envite medam sa yo antre lakay mwen e yo te frape anvan yo antre. Ou menm, mwen pa t envite w, nitou ou pa t frape anvan w antre. ” Prèt la te ale byen fache.
Prèt la te rasanble yon gwo foul gason devan lakay Christopher a ki t ap tann nou soti, e nou pa t menm konn sa. Men, kòm Christopher te konnen mesye yo te opoze ak nou e yo te an kòlè anpil, se sa k fè li te aji jan nou te di nan kòmansman an. Li te fè yon jan pou nou rete jiskaske foul la dispèse. Annapre, nou te aprann yo te fòse li menm ak fanmi l kite zòn nan e yo t al viv ann Angletè.
Yo envite m nan Lekòl Gileyad
Lè m te resevwa envitasyon pou m asiste 33yèm klas Gileyad la, mwen te deja planifye pou m asiste kongrè entènasyonal ki rele “ Volonte Bondye ” a ki t ap fèt nan Nouyòk, an 1958. Yonfwa m te fin asiste kongrè a, olye m retounen lakay mwen, mwen t al sèvi Collingwood, yon vil nan Ontaryo, o Kanada, jiskaske klas sa a te kòmanse an 1959. Men, pandan kongrè a, mwen te rankontre Eric Connell. Li te pran laverite an 1957 e li te kòmanse sèvis pyonye a an 1958. Apre kongrè a, li te ekri m chak jou pandan tout tan mwen te pase Kanada a e pandan tout tan mwen te pase Gileyad la. Mwen t ap mande tèt mwen ki sa nou t apral fè apre m fin gradye.
Asiste Lekòl Gileyad la se te yon evènman ki te enpòtan anpil nan lavi m. Dorothy, sè m nan, ansanm ak mari l te nan menm klas avè m. Yo te voye yo nan peyi Pòtigal. E mwen te sezi tande se ann Ilann yo te asiyen m ! Se pa ti desi mwen te desi poutèt mwen pa t aprale menm kote ak sè m nan ! Mwen te mande youn nan enstriktè yo si mwen te fè yon bagay ki pa sa. Li te di m : “ Non. Ni ou menm, ni Eileen Mahoney, patnè w la, te dakò pou nou ale nenpòt kote sou tè a. ” E natirèlman, Ilann te ladan l tou.
Mwen tounen ann Ilann
Mwen tounen ann Ilann ann out 1959 e yo te asiyen m nan kongregasyon Dun Laoghaire. Pandan tan sa a, Eric te retounen ann Angletè e li
te kontan anpil dèske mwen te pre l konsa. Li te vle vin misyonè tou. Se sa k fè li te panse piske nan epòk la yo t ap voye anpil misyonè ann Ilann, li te ka tou al sèvi kòm pyonye nan peyi sa a. Li te bwote vin rete Dun Laoghaire, e nou te marye an 1961.Simwa apre, Eric te fè yon aksidan moto ki te grav. Li te pran yon gwo chòk nan tèt li, e doktè yo pa t sèten yo t ap ka sove lavi l. Li te pase twa semèn lopital, apre sa mwen te pran swen l lakay pandan senk mwa jiskaske l geri. Mwen te kontinye preche otan m kapab.
An 1965, yo te asiyen nou nan yon kongregasyon ki te gen uit pwoklamatè ki nan vil Sligo, yon vil bò lanmè ki nan nòdwès peyi a. Twazan apre, yo te voye nou nan yon lòt ti kongregasyon ki nan Londonderry, ki plis nan nò peyi a toujou. Yon jou, pandan nou te sot nan predikasyon, nou jwenn yo bare wout kote pou nou pase pou n al lakay nou an ak fil babele. Se te kòmansman yon peryòd kote te gen anpil pwoblèm nan pati nò Ilann. Te gen plizyè gwoup jèn ki t ap boule machin moun. Vil la te gentan divize : te gen zòn potestan ak zòn katolik. Li te danjere pou yon moun travèse sot nan yon zòn nan vil la pou l al nan yon lòt zòn.
Lavi nou ak ministè nou pandan yon peryòd kote te gen anpil pwoblèm
Sepandan, travay predikasyon nou t ap fè a te mennen nou toupatou. Yon lòt fwa ankò, nou te santi se kòmsi zanj yo te kanpe bò kote nou. Lè nou te nan zòn kote te gen moun k ap fè vyolans, nou te kouri kite l e nou te tounen lè tout bagay te retounen nan nòmal yo. Gen yon lè, te gen yon gwoup moun ki t ap fè dezòd toupre apatman kote nou te abite a. Moun yo te boule yon magazen penti ki te toupre a, e debri bagay ki t ap boule yo te vin tonbe bò fenèt nou. Nou pa t kapab al dòmi, nou te rete ap veye pou si apatman an ta pran dife. Apre nou te fin bwote al rete Belfast an 1970, nou te aprann te gen yon bonm ki te mete dife nan magazen penti a e apatman kote nou te rete a te boule ra pye tè.
Gen yon lòt lè, pandan mwen te nan predikasyon ansanm ak yon sè, nou te remake yon moso tiyo dwòl sou bò yon fenèt. Nou te deplase. Kèk minit apre sa, moso tiyo a te eksploze. Moun nan zòn nan ki te soti vin gade te panse se nou menm ki te mete bonm nan. Nan moman sa a, yon sè ki te abite nan katye a te envite nou antre lakay li. Lefètke li te envite nou lakay li, vwazen l yo te konsidere sa kòm yon prèv ki montre nou te inosan.
An 1971, nou te tounen Londonderry pou n al vizite yon sè. Lè nou esplike l ki wout nou te fè e ki barikad nou te pase, li mande nou : “ Pa t gen pèsonn bò barikad la ? ” Lè nou reponn li : “ Wi, men yo pa t menm okipe nou. ” Li te sezi. Poukisa ? Paske kèk jou anvan sa, yo te pran machin yon doktè ak machin yon polisye e yo te boule yo.
An 1972, nou te bwote al rete Cork. Apre sa, nou t al sèvi nan vil Naas, ansuit nou te ale nan vil Arklow. Finalman, an 1987, yo te asiyen nou Castlebar. Se la nou ye jis jounen jodi a. Nan vil sa a, nou te gen gwo privilèj travay nan konstriksyon yon Sal Wayòm. An 1999, Eric te vin malad byen mal. Men, grasa èd Jewova ansanm ak sipò kongregasyon an ki renmen nou, mwen te rive fè fas ak sitiyasyon sa a e mwen te pran swen l pou jis li refè.
Eric avè m pase de fwa nan Lekòl pyonye. L ap sèvi kòm ansyen jis kounye a. Mwen gen yon rimatis grav ki fè m soufri anpil e mwen te fè yon operasyon nan hanch ak nan toule de jenou m yo. Malgre mwen te fè fas ak gwo opozisyon akoz relijyon m e malgre mwen te viv nan epòk kote te gen gwo kriz politik ak gwo kriz sosyal, youn nan pi gwo difikilte mwen te genyen, se te pou m sispann kondui. Sa te yon eprèv pou mwen paske sa te fè m vin plis depann de lòt moun. Kongregasyon an ede m anpil, e yo soutni m anpil. Kounye a, se sou baton mwen mache, e mwen sèvi avèk yon ti moto twa wou ki mache ak batri pou m fè distans ki long yo.
Eric avè m, a nou de a, nou pase 100 an kòm pyonye espesyal, men nou pase 98 ladan yo ap sèvi isit la ann Ilann. Nou pa gen entansyon pran retrèt nan sèvis la. Nou pa atann Jewova ap fè mirak pou nou, men nou gen konfyans zanj Jewova yo ki pisan “ kanpe bò kote ” moun ki gen lakrentif pou li e k ap sèvi l avèk fidelite.