Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje ?

Èske nou sonje ?

Èske nou sonje ?

Èske w te kontan li dènye Toudegad ki te parèt yo ? Gade pou wè si w ka reponn kesyon sa yo :

• Poukisa li trèzenpòtan pou nou kenbe entegrite nou antanke kretyen ?

Lè nou kenbe entegrite nou, nou pran pozisyon pou souvrènte Jewova paske nou renmen l e nou pwouve Satan se yon mantè. Entegrite nou sèvi kòm baz pou Jewova jije nou, e se sa k fè li trèzenpòtan pou nou gen kalite sa a si nou pa vle pèdi esperans nou genyen pou lavni an. — 15/12-CR, paj 4-6.

• Bay kèk tit Jezi pote ki montre wòl li jwe nan akonplisman objektif Bondye a.

Sèl Pitit Bondye fè a. Pawòl la. Amèn nan. Medyatè nouvo alyans lan. Gran Prèt la. Desandans yo te pwomèt la. — 15/12-CR, paj 15.

• Poukisa Eliya te fè sèvitè l la gade nan direksyon lanmè a pandan pwofèt la t ap lapriyè pou lapli tonbe (1 Wa 18:43-45) ?

Eliya montre li te konprann sik dlo a. Nyaj ki te fòme sou lanmè a t ap deplase pou yo vin sou tè, kote dlo yo gen nan yo a t ap tonbe sou fòm lapli. — 1/1-F, paj 15, 16.

• Ki sa nou ka fè pou nou gen plis lajwa nan ministè nou ?

Nou ka prepare kè nou lè nou reflechi sou byen n ap fè pou moun yo. Nou ka preche nan objektif pou nou kòmanse etid biblik. Si gen anpil moun nan tèritwa nou ki montre yo pa enterese nan sa n ap di yo, nou ka chèche pale avèk yo sou sijè ki enterese yo. — 15/1-CR, paj 8-10.

• Lè yo pale sou maladi lèp nan Labib, èske se de menm maladi lèp ki egziste jodi a y ap pale ?

Maladi nou rele lèp la se yon bakteri ki lakòz li, e li te egziste nan tan biblik yo tou (Lev. 13:4, 5). Men, Labib pale de yon lòt kalite lèp ki te konn parèt nan rad ak nan kay. Mo “ lèp ” sa a gendwa fè referans ak yon kalite mwezi (Lev. 13:47-52, NW). — 1/2-F, paj 19.

• Ki efè ansèyman biblik yo dwe genyen sou atitid yon kretyen anrapò ak koutim ki makònen ak antèman yo ?

Menm lè yon kretyen nan lapenn pou moun pa l ki mouri, li konnen mò yo pa konnen anyen ankò. Menmsi moun ki pa kwayan kritike l, li pap pran pa ditou nan okenn koutim ki gen rapò ak kwayans ki fè konnen mò yo ka gen enfliyans sou moun ki vivan. Pou evite pwoblèm, gen kèk kretyen ki mete alekri enstriksyon konsènan fason yo vle pou antèman yo fèt. — 15/2-CR, paj 29-31.

• Selon Sòm 1:1, ki twa bagay nou dwe evite pou nou jwenn kè kontan ?

Vèsè sa a pale de “ konsèy mechan yo ”, de “ moun k’ap fè sa ki mal ” ak “ moun k’ap pase Bondye nan betiz ”. Wi, pou nou jwenn kè kontan, nou bezwen evite moun k ap pase lwa Bondye yo nan betiz oubyen ki pa okipe lwa sa yo. Depreferans, se pou nou pran plezi nan lwa Jewova yo. — 1/3-F, paj 17.

• Èske “ liv Yacha a ” ak “ liv Lagè Jewova yo ” se liv ki te nan Bib la, men ki vin pèdi annapre (Joz. 10:13, NW ; Nonb 21:14, NW) ?

Non. Sanble liv sa yo se te dokiman ki pa t enspire, ki te la nan tan biblik yo, men ekriven Bib la te fè referans ak yo. — 15/3-CR, paj 32.

• Ki gwo chanjman yo te fè nan yon tradiksyon Labib an laten ?

Nan ane 1979, pap Jan Pòl 2 te apwouve yon nouvo tradiksyon Labib nan lang laten ki rele Nova Vulgata. Premye edisyon an te gen Iahveh, non Bondye, nan kèk vèsè (Egz. 3:15 ; 6:3). Men, lè yo te pibliye dezyèm edisyon an nan ane 1986, yo te mete Dominus [Seyè] nan plas Iahveh. — 1/4-F, paj 22.