Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jòb te onore non Jewova

Jòb te onore non Jewova

Jòb te onore non Jewova

“ Se pou non Jewova toujou beni. ” — JÒB 1:21, NW.

1. Kiyès ki sanble te ekri liv Jòb la, e ki lè li te fè sa ?

MOYIZ te gen anviwon 40 an lè l te sove kite Ejip pou l al rete Madyàn paske Farawon te an kòlè kont li (Tra. 7:23). Pandan tan li te pase nan zòn sa a, petèt li te tande pale de eprèv Jòb te rankontre yo. Jòb te abite nan peyi Outs, e kote sa a pa t lwen kote Moyiz te ye a. Yon bon ti tan apre, pandan Moyiz ansanm ak nasyon Izrayèl la te toupre vil Outs, nan fen peryòd pèp la te pase nan dezè a, li posib pou Moyiz te aprann kèk enfòmasyon konsènan dènye ane lavi Jòb yo. Selon tradisyon Juif yo, se Moyiz ki te ekri liv Jòb la kèk tan apre lanmò Jòb.

2. Ki jan liv Jòb la ankouraje sèvitè Jewova yo nan epòk pa nou an ?

2 Liv Jòb la fòtifye lafwa sèvitè Bondye yo nan epòk n ap viv la. Kòman ? Istwa lavi Jòb fè nou konnen yon seri gwo evènman ki te pase nan syèl la ki konsène tout moun e li mete aksan sou kesyon ki pi enpòtan an, kesyon ki gen rapò ak souvrènte inivèsèl Jewova. Istwa lavi Jòb fè nou konprann pi byen sa sa mande pou yon moun kenbe entegrite l e li ede nou konprann rezon ki fè pafwa Jewova pèmèt sèvitè l yo soufri. Anplis, liv sa a ede nou idantifye Satan Ledyab kòm pi gwo Advèsè Jewova e kòm prensipal ènmi lèzòm. Li montre tou, malgre lèzòm fèt nan peche menm jan ak Jòb, yo kapab kenbe fidelite yo, menm lè yo anba gwo eprèv. Annou egzamine kèk evènman liv Jòb la rakonte.

Satan pase Jòb anba eprèv

3. Ki sa nou konnen konsènan Jòb, e poukisa Satan te atake l ?

3 Jòb te yon moun ki rich, yon moun yo te respekte e ki te gen bon moralite. Aparamman, se te yon konseye anpil moun te apresye. Li te konn ede moun ki nan nesesite. Sa k pi enpòtan, Jòb te gen lakrentif pou Bondye. Men ki jan Labib dekri l : “ Se te yon nonm san repwòch ki te mache dwat nan tou sa l’ap fè. Li te gen krentif pou Bondye, li te toujou ap chache fè sa ki byen. ” Se pa paske Jòb te rich, ni paske yo te respekte l ki fè Satan Ledyab te atake l, men se paske li te atache ak Bondye. — Jòb 1:1 ; 29:7-16 ; 31:1.

4. Ki sans mo entegrite a genyen ?

4 Nan kòmansman liv Jòb la, yo pale de yon rasanbleman ki te fèt nan syèl la kote zanj yo te reyini devan Jewova. Satan te la tou e li te akize Jòb. (Li Jòb 1:6-11.) Byenke Satan te pale de bagay Jòb te posede yo, se entegrite Jòb li te atake. Mo “ entegrite ” a gen sans dwat, san repwòch, jis, san tach. Nan Bib la, mo sa a gen rapò ak yon moun ki atache ak Jewova ak tout kè l.

5. Ki sa Satan te di konsènan Jòb ?

5 Satan te pretann se pa paske Jòb te entèg ki fè li t ap sèvi Bondye, men se paske li te egoyis. Li te fè konprann Jòb t ap rete fidèl devan Jewova sèlman si Jewova te kontinye beni l e si l te kontinye pwoteje l. Pou Jewova te kapab bay Satan yon repons pou akizasyon li te lage sou do Jòb la, li te pèmèt li atake nonm fidèl sa a. Se sa k fè, nan yon sèl jou, Jòb te aprann li te pèdi tout bèt li yo. Genyen yo te vòlè e gen lòt ki te detwi. Nan menm jou sa a, li te aprann yo te touye sèvitè l yo, e dis pitit li yo te mouri (Jòb 1:13-19). Èske atak Satan te fè sou Jòb la te fè l pèdi entegrite l ? Selon Labib, men sa Jòb te di fas ak sitiyasyon sa a : “ Se Jewova li menm ki bay e se Jewova li menm ki pran. Se pou non Jewova toujou beni. ” — Jòb 1:21, NW.

6. a) Sa k te pase pandan yon lòt rasanbleman ki te fèt nan syèl la ? b) Kiyès Satan te gen nan lespri l lè l te atake entegrite Jòb ?

6 Apre sa, te gen yon lòt rasanbleman ki te fèt nan syèl la. Fwa sa a ankò, Satan akize Jòb, li di : “ Lavi miyò pase byen ! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l pa mouri. Men, si ou manyen kò pa l menm, ou mèt sèten fwa sa a, l’ap di sa li pat dwe di sou ou nan figi ou. ” W ap remake fwa sa a, Satan Ledyab etann akizasyon l lan sou tout moun. Lè l te di “ yon moun va bay tou sa li genyen pou l pa mouri ”, se pa sèlman entegrite Jòb li te atake, men se entegrite chak “ moun ” k ap sèvi Jewova. Apre sa, Bondye pèmèt Satan frape Jòb ak yon maladi ki te fè l soufri anpil (Jòb 2:1-8). Men, eprèv Jòb la te ale pi lwen toujou.

Ki leson nou ka tire nan fason Jòb te aji ?

7. Ki jan madanm Jòb ak mesye ki te vin vizite Jòb yo te fè l soufri plis toujou ?

7 Okòmansman, madanm Jòb te soufri menm jan ak mari l. Lè l te pèdi pitit li yo e lè fanmi an te vin pòv, se sèten sa te boulvèse l tou. Sa dwe te fè l mal pou l wè mari l k ap soufri anba yon maladi. Men sa li te di Jòb : “ Ou nan kenbe pye Bondye fèm toujou ? Joure l byen joure, epi mouri mouri ou kont fini ! ” Apre sa, gen twa mesye ki te parèt : Elifaz, Bildad ak Tsofa. Yo te swadizan vin konsole Jòb. Sepandan, olye yo ‘ te konsole l, se plis lapenn yo te ba li ’, tèlman rezònman yo te fè avè l yo pa t bon. Pa egzanp, Bildad te di pitit Jòb yo te gen move konpòtman e yo te merite sa k te rive yo a. Elifaz li menm te fè konprann se sa Jòb fè l ap peye. Li te menm mande si moun ki kenbe entegrite yo gen valè nan je Bondye (Jòb 2:9, 11 ; 4:8 ; 8:4 ; 16:2 ; 22:2, 3). Malgre Jòb te anba tout presyon sa yo, li te kenbe entegrite l. Se vre, li te antò lè li ‘ te bay tèt li rezon e li te bay Bondye tò ’. (Jòb 32:2.) Men, li te toujou kenbe entegrite l.

8. Ki bon egzanp Eliyou kite pou moun nan epòk pa nou an ki nan pozisyon pou yo bay lòt moun konsèy ?

8 Apre sa, Bib la pale de Eliyou, yon lòt mesye ki te vin vizite Jòb. Toudabò, Eliyou koute Jòb ak twa konpayon l yo k ap pale. Byenke li te pi jèn pase toule kat lòt mesye yo, li te pale ak plis sajès pase yo. Li te pale ak Jòb avèk konsiderasyon. Li te felisite l paske li se yon moun ki dwat. Men, li te di Jòb te konsantre twòp sou defann tèt li. Apre sa, li bay Jòb asirans sa vo lapèn pou yon moun sèvi Bondye avèk fidelite. (Li Jòb 36:1, 11.) Ala yon bèl egzanp Eliyou kite pou moun nan epòk pa nou an ki nan pozisyon pou yo bay lòt moun konsèy ! Se yon moun ki te montre li gen pasyans, li koute avèk atansyon, li bay felisitasyon lè sa posib e li bay konsèy ki edifyan. — Jòb 32:6 ; 33:32.

9. Ki jan Jewova te ede Jòb ?

9 Finalman, Jòb te gen yon vizitè estrawòdinè ki te vin pale avè l. Men sa Bib la di : “ Nan yon gwo van tanpèt, Senyè a pale ak Jòb. ” Avèk yon seri kesyon, Jewova, Seyè a, te ede Jòb korije panse l avèk bonte, men tou, avèk fèmte. Jòb te aksepte koreksyon an, e men sa li te admèt : “ Mwen vin pa gen anpil enpòtans [...], mwen repanti toutbon nan pousyè ak sann. ” ​(NW) Apre Jewova fin pale ak Jòb, Li montre Li pa t kontan ak twa mesye yo paske yo “ pat pale byen ” konsènan Li. Jòb t apral gen pou l priye pou yo. “ Apre Jòb [...] fin lapriyè pou twa zanmi l yo, Senyè a mete l kanpe ankò. Tout zafè l vin mache byen ankò. Lèfini, Senyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan. ” — Jòb 38:1 ; 40:4 ; 42:6-10.

Jis nan ki pwen ou renmen Jewova ?

10. Poukisa Jewova pa t annik pa okipe Satan oswa li pa t annik detwi l ?

10 Jewova se Kreyatè linivè. Se li ki Souvren an, sa vle di se li k ap domine sou tout kreyasyon an. Poukisa li pa t annik pa okipe akizasyon Satan te fè a ? Se paske li te konnen si l te annik pa okipe Satan oswa si l te annik detwi l, sa pa t ap bay repons pou kesyon ki te soulve a. Satan te di Jòb pa t ap rete fidèl si li pèdi richès li, byenke Jòb te yon bon sèvitè Jewova. Malgre sa Satan te fè Jòb sibi, li te kenbe entegrite l. Apre sa, Satan di kèlkeswa moun nan, si l ap soufri, l ap vire do bay Jewova. Men, byenke Jòb te soufri, li te kenbe entegrite l. Konsa, nonm fidèl sa a, malgre li te fèt nan peche, te pwouve Satan se yon mantè. E lòt sèvitè Bondye yo menm ?

11. Ki jan Jezi te bay yon repons definitif pou kesyon Satan te soulve a ?

11 An reyalite, chak sèvitè Bondye ki kenbe entegrite l, kèlkeswa sa Satan, ènmi ki san pitye a, fè l sibi, demontre akizasyon Satan yo fo nan ka pa l. Jezi te vin sou tè a e li te bay yon repons definitif pou kesyon ki te soulve a. Jezi te pafè menm jan ak Adan, premye papa nou an. Lefètke Jezi te rete fidèl jiskaske li mouri, li te montre yon fason definitif Satan se yon mantè e akizasyon l yo fo. — Rev. 12:10.

12. Ki okazyon e ki responsablite chak sèvitè Jewova genyen ?

12 Malgre sa, Satan kontinye ap pase sèvitè Jewova yo anba eprèv. Nou chak nou gen okazyon ak responsablite pou nou montre nou pa sèvi Jewova paske nou egoyis men, paske nou renmen l. Nou montre sa lè nou kenbe entegrite nou. Ki jan nou konsidere responsablite sa a nou genyen an ? Nou konsidere posiblite nou genyen pou nou rete fidèl devan Jewova kòm yon privilèj. Nou santi nou jwenn rekonfò tou lefètke Jewova ban nou fòs pou nou andire e lefètke li met limit nan eprèv l ap pèmèt nou jwenn, menm jan li te fè sa pou Jòb. — 1 Kor. 10:13.

Satan : yon advèsè derespektan e yon aposta

13. Ki enfòmasyon liv Jòb la revele konsènan Satan ?

13 Ekriti ebrayik yo bay enfòmasyon sou fason Satan te atake souvrènte Jewova ak fason li te fè lèzòm vire do ba li. Nan Ekriti grèk kretyen yo, nou jwenn plis enfòmasyon toujou konsènan opozisyon Satan kont Jewova. Liv Revelasyon an pale de jistifikasyon souvrènte Jewova ak destriksyon Satan. Liv Jòb la ede nou pi byen konprann rebelyon Satan an. Lè li te parèt nan rasanbleman ki t ap fèt nan syèl la, li pa t parèt nan entansyon pou l louwe Jewova. Dyab la te gen yon move atitid ak yon move objektif. Apre li te fin akize Jòb e apre li te fin jwenn pèmisyon nan men Jewova pou li pase l anba eprèv, li “ vire do l, li ale ”. — Jòb 1:12 ; 2:7.

14. Ki atitid Satan te montre li genyen parapò ak Jòb ?

14 Liv Jòb la idantifye Satan kòm ènmi lòm, yon ènmi ki san pitye. Ant rasanbleman ki mansyone nan Jòb 1:6 la ak rasanbleman ki mansyone nan Jòb 2:1 an, Labib pa presize ki kantite tan ki te pase. Nan espas tan sa a, Jòb te jwenn yon kokennchenn eprèv. Lefètke li te kenbe entegrite l, sa te bay Jewova okazyon pou l di Satan pawòl sa yo : “ Se kounyeya [Jòb] kenbe m. Ou wè se pou gremesi ou t’ap pouse m pou m te fini avè l. ” Men, Satan pa t aksepte sa li te di yo pa t vre. Okontrè, li te mande pèmisyon pou l pase Jòb anba yon lòt gwo eprèv. Dyab la te pase Jòb anba eprèv ni lè li te rich ni lè li te vin pòv. Sa parèt klè, Satan pa gen pitye pou moun ki nan nesesite ni pou moun ki viktim anba kalamite. Li pa vle wè moun ki entèg (Jòb 2:3-5). Sepandan, fidelite Jòb pwouve Satan se yon mantè.

15. Ki jan aposta yo nan epòk pa nou an sanble ak Satan ?

15 Satan se premye kreyati ki te tonbe nan apostazi. Moun nan epòk pa nou an ki vin aposta sanble ak Satan. Tandans moun sa yo genyen pou yo kritike moun nan kongregasyon an, ansyen yo oswa manm Kolèj santral la kapab anpwazonnen lespri yo. Gen kèk aposta ki pa dakò pou moun itilize non Jewova. Sa pa enterese yo pou yo aprann konnen Jewova, nitou sa pa enterese yo pou yo sèvi l. Menm jan ak papa yo, Satan, yo chèche kraze lafwa moun ki entèg yo (Jan 8:44). Se sa k fè sèvitè Jewova yo pa pran kontak ak moun sa yo ditou. — 2 Jan 10, 11.

Jòb te onore non Jewova

16. Ki atitid Jòb te genyen parapò ak Jewova ?

16 Jòb te konn itilize non Jewova e li te konn louwe non sa a. Menm lè sa te fè l mal anpil lè l aprann pitit li yo te mouri, li pa t di sa li pa t dwe di sou Bondye. Byenke li te panse se Jewova ki te lakòz li pèdi pitit li yo, li te montre respè pou non l. Men sa li te di nan yon pawòl li te di apre sa sou fòm yon pwovèb : “ Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri. ” — Jòb 28:28.

17. Ki sa ki te ede Jòb kenbe entegrite l ?

17 Ki sa ki te ede Jòb kenbe entegrite l ? Se sèten li te deja gen yon relasyon sere sere ak Jewova anvan kalamite yo te frape l. Byenke pa gen anyen ki montre li te konnen kesyon Satan te soulve devan Jewova a, li te detèmine pou l kenbe fidelite l. Men sa li te di : “ Jiskaske souf mwen koupe, mwen pap lage entegrite m ! ” ​(Jòb 27:5, NW). Ki sa k te pèmèt Jòb rive gen yon relasyon sere sere konsa ak Jewova ? Pa gen dout nan sa, sa li te tande konsènan fason Jewova te boule ak Abraram, ak Izarak e ak Jakòb, ki te fanmi l, te gen anpil valè nan je l. Ansuit, sa li te obsève nan kreyasyon an te kapab ede l wè anpil nan kalite Jewova yo. — Li Jòb 12:7-9, 13, 16.

18. a) Ki jan Jòb te montre li atache ak Jewova ? b) Ki jan nou kapab imite bèl egzanp Jòb kite pou nou an ?

18 Sa Jòb te aprann yo te fè l anvi fè Jewova plezi. Li te konn fè sakrifis regilyèman pou Jewova pou sizoka yon manm nan fanmi l ta fè yon bagay ki fè Jewova fache oswa youn nan yo ta “ di sa yo pa t dwe di sou [Li] ” nan kè yo (Jòb 1:5). Menm lè Jòb te anba yon kokennchenn eprèv, li te pale an byen de Jewova (Jòb 10:12). Ala yon bèl egzanp sa ye pou nou ! Nou menm tou, nou bezwen ranmase konesans egzak sou Jewova e sou objektif li yo regilyèman. Nou bezwen kontinye gen bonjan abitid pou nou fè aktivite espirityèl tankou etidye, asiste reyinyon, lapriyè ak patisipe nan predikasyon. Anplis, nou bezwen fè tout sa nou kapab pou nou fè moun konnen non Jewova. Menm jan Jòb te fè kè Jewova kontan poutèt li te kenbe entegrite l, se konsa tou, jodi a, sèvitè Jewova yo fè kè l kontan lè yo kenbe entegrite yo. Atik ki vin apre a pral pale sou sa.

Èske nou sonje ?

• Poukisa Satan Ledyab te atake Jòb ?

• Ki eprèv Jòb te andire, e ki jan l te reyaji ?

• Menm jan ak Jòb, ki sa k ap ede nou kenbe entegrite nou ?

• Ki sa nou aprann konsènan Satan nan liv Jòb la ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 4]

Istwa Jòb la atire atansyon nou sou kesyon ki pi enpòtan an, kesyon ki gen rapò ak souvrènte inivèsèl Jewova.

[Foto nan paj 6]

Nan ki sitiyasyon entegrite w kapab pase anba eprèv ?