Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou kapab wè sajès Jewova nan sa l kreye

Nou kapab wè sajès Jewova nan sa l kreye

Nou kapab wè sajès Jewova nan sa l kreye

“ Tout moun ki egzaminen travay [Bondye] yo ka konprann ki kalite moun [li] ye. ” — WOM. 1:20.

1. Ki efè sajès monn nan gen sou anpil moun jodi a ?

JODI a, gen anpil moun yo di ki “ saj ”, men ki pa saj vre. Yo di yon moun saj lè li gen anpil konesans. Sepandan, moun yo konsidere kòm entèlektyèl nan monn nan pa ka bay pèsonn okenn konsèy ki fyab sou fason pou yo bay lavi yo yon vrè sans. Okontrè, moun ki kite moun sa yo enfliyanse lavi yo vin moun ‘ ki chanje lide fasil e ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale ’. — Efe. 4:14.

2, 3. a) Poukisa se Jewova “ sèl ki saj ” ? b) Nan ki sans sajès ki sot nan Bondye a pa menm ak sajès monn nan ?

2 Ala sa diferan pou moun ki rive jwenn vrè sajès ki soti nan Jewova Dye a ! Labib fè nou konnen se Jewova “ sèl ki saj ”. (Wom. 16:27, Bib Kreyòl La.) Li konnen tout bagay nèt konsènan linivè, san wete fason l fèt ak tout sa k pase ladan l depi okòmansman rive jis jodi a. Se Jewova ki fè tout lwa fizik ki gen nan lanati, yon seri lwa lèzòm fè konfyans nan rechèch y ap fè. Se sa k fè bagay lèzòm envante yo pa enpresyone l, e filozofi lèzòm yo, ki swadizan elve, pa enterese l. Men sa Labib di : “ Bon konprann [“ sajès ”, NW] moun k’ap viv dapre lide ki nan lemonn yo se bagay moun fou li ye devan Bondye. ” — 1 Kor. 3:19.

3 Labib aprann nou Jewova “ bay [moun k ap sèvi l yo] sajès ”. (Pwo. 2:6, NW.) Sajès ki sot nan Bondye a pa flou tankou filozofi lèzòm yo. Okontrè, sajès sa a makònen ak bon jijman e li baze sou konesans egzak ak konpreyansyon. (Li Jak 3:17.) Apot Pòl te emèveye devan sajès Jewova. Men sa l te ekri : “ O, gade jan Bondye rich non ! Bon konprann li [“ sajès li ”, NW], konesans li, nou pa ka sonde yo ! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye ? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li ? ” ​(Wom. 11:33). Piske se Jewova ki pi saj nan tout domèn nèt, nou gen asirans lwa l yo kapab ede nou konnen pi bon fason pou nou viv. Epitou, Jewova pi byen konnen pase kèlkeswa moun nan sa nou bezwen pou nou gen kè kontan. — Pwo. 3:5, 6.

Jezi : “ Yon ouvriye abil ”

4. Bay yon fason nou kapab wè sajès Jewova.

4 Nou kapab wè sajès Jewova ak lòt kalite estrawòdinè li genyen yo nan bagay li kreye yo. (Li Women 1:20.) Sot nan bagay Jewova kreye ki pi gwo yo rive nan sa k pi piti yo, yo tout ede nou wè divès aspè li gen nan pèsonalite l. Kèlkeswa kote nou gade, kit se anwo nan syèl la, kit se nan tè n ap mache sou li a, nou jwenn anpil bagay ki pwouve nou Kreyatè a saj e li plen lanmou. Nou ka aprann anpil bagay sou li lè nou egzamine bagay li kreye yo. — Sòm 19:1 ; Iza. 40:26.

5, 6. a) Apa Jewova, kiyès ki te patisipe nan kreyasyon an ? b) Ki sa nou pral egzamine, e poukisa ?

5 Jewova pa t poukont li lè l t ap “ kreye syèl la ak latè ”. (Jen. 1:1.) Labib fè konnen byen lontan anvan Jewova te kòmanse kreyasyon fizik la, li te kreye yon lòt moun ki se yon espri. Se moun sa a li te itilize pou l fè “ tou sa ki nan syèl la ak sou latè ”. Kreyati espirityèl sa a se sèl Pitit Bondye fè a. Li te vin viv sou tè a kòm yon òm, yo te rele l Jezi. “ Se li ki fèt an premye nan tout kreyasyon an. ” ​(Kol. 1:15-17, NW). Menm jan ak Jewova, Jezi gen sajès. Anfèt, nan Pwovèb chapit 8, yo pale de Jezi kòm lasajès an pèsòn. Menm chapit sa a pale de li kòm “ yon ouvriye abil ” tou. — Pwo. 8:12, 22-31, NW.

6 Donk, kreyasyon fizik la demontre sajès ni Jewova ni Jezi, Ouvriye abil li a, genyen. Gen yon pakèt leson nou kapab tire ladan l. Annou egzamine kat bèt Jewova kreye. Yo pale de yo nan Pwovèb 30:24-28 kòm bèt ki “ gen yon sajès yo fèt avè l ” ​(NW) *.

Nou ka aprann nan fason foumi travay di

7, 8. Ki sa w aprann sou foumi ou twouve ki enteresan anpil ?

7 Lè nou egzamine ata bagay nou ta ka di “ ki pi piti sou latè ” yo (NW), fason yo fèt ak aktivite yo, nou kapab aprann nan men yo. Pa egzanp, annou konsidere sajès foumi fèt avè l la. — Li Pwovèb 30:24, 25.

8 Gen kèk moun ki fè rechèch ki di kantite foumi ki gen sou latè 200 000 fwa pi plis pase kantite moun ki genyen, e tout foumi sa yo ap travay di anwo tè a ak anba tè a. Foumi yo viv an gwoup, e nan pifò gwoup gen twa kalite foumi : rèn yo, mal yo ak ouvriye yo. Chak kalite foumi sa yo pote èd pa yo nan pran swen gwoup la. Gen yon kalite foumi ann Amerik disid ki konn koupe fèy, ki tankou yon jadinye ki fò nan fè jaden. Ti bèt sa yo konnen jan pou yo mete angrè nan jaden yo, jan pou yo chanje sa yo plante yo plas e jan pou yo netwaye plant yo yon fason pou jaden yo ka bay plis rekòt. Moun k ap fè rechèch sou yo remake gwo “ jadinye ” sa yo travay selon kantite manje rès gwoup la bezwen *.

9, 10. Ki jan nou ka imite foumi yo nan fason yo travay di ?

9 Nou ka aprann nan men foumi yo. Lè nou obsève yo, yo aprann nou li nesesè pou nou fè anpil efò pou nou jwenn bon rezilta nan sa n ap fè. Men sa Labib di nou : “ Ou menm parese, al pran leson nan men fwomi yo. Ale wè jan y’ap viv pou ou manyè konprann lavi. Yo pa bezwen moun pou di yo sa pou yo fè. Yo pa bezwen moun pou veye yo, ni pou ba yo lòd. Men, yo pase mwa chalè ap fè pwovizyon. Nan tan rekòt, yo ranmase manje mete la. ” ​(Pwo. 6:6-8). Ni Jewova, ni Jezi, Ouvriye abil li a, se moun ki travay di. Men sa Jezi te di : “ Se tout tan Papa m ap travay. Mwen menm tou, m’ap travay. ” — Jan 5:17.

10 Antanke moun k ap imite Bondye ak Kris, nou menm tou nou ta dwe travay di. Kèlkeswa asiyasyon nou genyen nan òganizasyon Bondye a, nou tout ta dwe “ toujou pi cho nan travay Senyè a ”. (1 Kor. 15:58.) Se sa k fè li ta bon pou nou koute egzòtasyon Pòl te bay kretyen ki nan Wòm yo lè l te di yo : “ Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n’ap rann Mèt la. ” ​(Wom. 12:11). Efò n ap fè pou nou fè volonte Jewova yo pa anven, paske Bib la ban nou asirans sa a : “ Bondye pa mechan pou l ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li. ” — Ebre 6:10.

Annou pwoteje espirityalite nou

11. Bay kèk karakteristik daman genyen.

11 Daman se yon lòt bèt Bondye kreye ki pa twò gwo e ki ka aprann nou kèk bagay ki enpòtan tou. (Li Pwovèb 30:26.) Li yon jan sanble ak yon gwo lapen, men li gen ti zòrèy won e janm li kout. Ti bèt sa a viv nan zòn ki gen anpil wòch. Daman yo gen bon je, e sa se yon pwoteksyon pou yo. Anplis, twou ki gen nan wòch kote yo viv yo sèvi yo kachèt kont bèt k ap chèche manje yo. Daman se yon bèt ki fèt pou l viv an gwoup ak lòt daman parèy li, e sa bon pou li paske sa ba l pwoteksyon e sa pèmèt li rete cho nan sezon fredi *.

12, 13. Ki leson nou ka aprann nan men daman yo ?

12 Ki sa nou ka aprann nan men daman yo ? Premyèman, bèt sa a pa kite fason pou lòt bèt vin atake l pou yo touye l. Lefètke li wè byen anpil, sa pèmèt li wè bèt k ap chèche manje l yo depi byen lwen. Anplis, li toujou rete toupre twou ki kapab ba l pwoteksyon e ki ka sove lavi l yo. Menm jan an tou, nou bezwen gen yon vizyon espirityèl ki klè yon fason pou nou ka wè danje ki kache nan monn Satan an. Men ki avètisman apot Pyè te bay kretyen yo : “ Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k’ap chache moun pou l devore. ” ​(1 Pyè 5:8). Lè Jezi te sou tè a, li te toujou rete veyatif anrapò ak tout bagay Satan t ap eseye fè pou kraze entegrite li (Mat. 4:1-11). Vrèman, Jezi kite yon bèl egzanp pou disip li yo !

13 Yon fason nou ka montre nou veyatif se lè nou pwofite pwoteksyon Jewova ban nou nan domèn espirityèl la. Nou pa ta dwe neglije etidye Pawòl Bondye a ni nou pa ta dwe neglije asiste reyinyon yo (Lik 4:4 ; Ebre 10:24, 25). Mete sou sa, menm jan daman yo viv an gwoup ansanm ak lòt daman parèy yo, nou bezwen rete pwòch frè n ak sè nou yo yon fason “ pou yonn kapab ankouraje lòt ”. (Wom. 1:12.) Lè nou fè sa nou dwe fè pou nou jwenn pwoteksyon Jewova, nou montre nou dakò ak salmis David ki te ekri : “ Se ou menm ki twou wòch kote m kache a. Se ou menm ki sèvi m ranpa. Se ou menm ki delivre m. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. ” — Sòm 18:2.

Annou pèsevere malgre nou jwenn pèsekisyon

14. Malgre yon sèl krikèt pa enpresyonan, ki sa nou ka di pou yon pil ak yon bann krikèt k ap avanse ansanm ?

14 Krikèt se yon lòt ti bèt nou ka aprann nan men l tou. Yon krikèt, ki mezire anviwon senk santimèt sèlman, pa yon bèt ki enpresyonan, sepandan, se sèten yon pil ak yon bann krikèt ansanm ap enpresyone nou. (Li Pwovèb 30:27.) Bèt sa yo se bèt ki manje avèk vorasite, e nan yon tikras tan, yon pil ak yon bann krikèt ki ansanm ka dechèpiye tout yon jaden ki pare pou rekòt. Labib konpare bri yon bann ensèk k ap avanse, krikèt ladan l tou, ak bri cha k ap woule e ak bri dife fè lè l ap boule pay sèch (Yow. 2:3, 5). Gen moun ki konn limen gwo dife pou yo anpeche yon pil ak yon bann krikèt k ap deplase ansanm avanse, men an jeneral se pou granmesi yo fè sa. Poukisa ? Paske lè yo fè sa, krikèt dife a touye yo tonbe nan dife a epi kò yo etenn li, e apre sa, rès krikèt yo kontinye avanse san sa pa fè yo anyen. Malgre yon pil ak yon bann krikèt k ap deplase ansanm pa gen yon wa oubyen yon chèf pou dirije yo, yo aji tankou yon lame ki byen òganize, ki kapab venk prèske tout obstak ki vin devan l *. — Yow. 2:25.

15, 16. Nan ki sans pwoklamatè Wayòm yo nan epòk pa nou an sanble yon pil ak yon bann krikèt ?

15 Pwofèt Yowèl te konpare aktivite sèvitè Jewova yo ak aktivite krikèt. Men sa l te ekri : “ Yo atake tankou vanyan sòlda. Yo moute sou miray yo tankou sòlda k’ap fè lagè. Yo mache dwat devan yo, yo pa vire ni adwat ni agoch. Yonn pa antrave lòt nan mach yo. Yo chak ap swiv chemen pa yo. Yo janbe tou sa yo mete pou bare yo. Anyen pa rete yo [“ Si genyen nan yo ki tonbe lè yo itilize zam pou tire sou yo, lòt yo pa kanpe ”, NW]. ” — Yow. 2:7, 8.

16 Pwofesi sa a vrèman byen dekri fason moun k ap pwoklame Wayòm Bondye a nan epòk pa nou an ye. Pa gen okenn “ mi ”, sètadi opozisyon, ki kapab anpeche yo fè travay predikasyon yo a. Okontrè, yo imite Jezi ki te pèsevere nan fè volonte Bondye menm lè anpil moun te meprize l (Iza. 53:3). Se vre, gen kèk kretyen ki “ tonbe ”, sa vle di ki mouri poutèt lafwa yo. Malgre sa, travay predikasyon an kontinye, e kantite pwoklamatè Wayòm nan kontinye ogmante. Anfèt, byen souvan, pèsekisyon pèmèt bon nouvèl la rive touche moun petèt ki pa t ap janm tande l lòt fason (Tra. 8:1, 4). Lè w ap akonpli ministè w, èske w demontre pèseverans menm jan ak krikèt, menm lè w fè fas ak endiferans e ak opozisyon ? — Ebre 10:39.

“ Kenbe fèm nan fè sa ki byen ”

17. Poukisa pye jeko yo kapab kole sou sifas ki lis ?

17 Gen yon kalite zandolit yo rele jeko. E sanble fòs yo rele gravite a pa gen efè sou li. (Li Pwovèb 30:28.) Anfèt, syantifik yo emèveye devan kapasite ti bèt sa a genyen pou l eskalade mi e menm pou l kouri sou plafon ki lis san l pa tonbe. Ki jan yon jeko rive fè sa ? Se pa vantouz li gen nan pat li, ni se pa yon kalite lakòl ki pèmèt li fè sa. Men, chak zòtèy ti zandolit sa a gen yon ti kousen anba l ki gen yon pakèt ti liy, e chak ti liy sa yo gen plizyè milye ti bagay sou yo ki tankou cheve. E nan chak ti cheve sa yo, gen plizyè santèn ti fil ki gen fòm yon soukoup nan pwent yo. Tout ti fil sa yo eksplwate yon fòs ki genyen ant molekil yo. Fòs sa a kont pou soutni pwa ti zandolit sa a, e menm pi plis pase sa, menm lè l ap kouri tèt anba sou yon sifas ki fèt an vit. Moun k ap fè rechèch yo sezi devan kapasite jeko a genyen, e yo di si yo ta fè yon bagay ki sanble ak pye zandolit sa a, li t ap tankou yon lakòl ki pisan anpil *.

18. Ki jan nou ka asire nou nou toujou “ kenbe fèm nan fè sa ki byen ” ?

18 Ki sa nou ka aprann nan men ti zandolit sa a ? Labib egzòte nou pou nou ‘ rayi sa ki mal, men pou nou kenbe fèm nan fè sa ki byen ’. (Wom. 12:9.) Move enfliyans ki gen nan monn Satan an kapab fè nou sispann kenbe prensip Bondye ban nou yo fèm. Pa egzanp, si nou frekante moun ki pa atache ak lwa Bondye yo, kit se nan lekòl, kit se nan travay, kit se nan yon fòm detant ki pa onore Bondye, sa ka minen detèminasyon nou genyen pou nou fè sa ki byen. Pinga w kite sa rive w ! Men ki avètisman Pawòl Bondye a ban nou : “ Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann [“ sajès ”, NW] pase sa. ” ​(Pwo. 3:7). Depreferans, se pou nou suiv konsèy saj Moyiz te bay pèp Bondye a nan tan lontan lè l te di : “ Se pou Senyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm sèlman pou nou sèvi. Pa janm lage l. ” ​(Det. 10:20). Lè nou rete kole ak Jewova, n ap imite Jezi. Men sa yo di konsènan li : “ Ou te renmen tou sa ki byen. Ou te rayi tou sa ki mal. ” — Ebre 1:9.

Nou ka tire leson nan sa Bondye kreye

19. a) Ki kalite Jewova genyen ou wè nan sa l kreye yo ? b) Ki jan nou ka tire pwofi nan sajès ki sot nan Bondye a ?

19 Jan nou fèk wè sa, kalite Jewova yo parèt klè nan sa l kreye, e nou ka aprann bonjan leson sou yo. Plis nou aprann sou sa Jewova kreye yo, se plis n ap santi nou emèveye devan sajès li. Lè nou koute sajès li, sa ap fè nou gen plis kè kontan depi kounye a e sa ap pwoteje nou alavni (Ekl. 7:12). Vrèman, n ap wè ki jan pawòl ki nan Pwovèb 3:13, 18 la se verite. Men sa l di : “ Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans [“ sajès ”, NW], pou moun ki rive gen bon konprann ! Moun ki gen bon konprann jwenn lavi. Sa bon nèt pou moun ki gen bon konprann ! ”

[Nòt anba paj]

^ § 6 Timoun yo ak jèn yo ka byen kontan al chèche referans yo bay nan nòt anba paj yo. Yo ka sèvi ak enfòmasyon yo jwenn nan rechèch yo fè pou yo fè kòmantè lè y ap etidye atik sa a nan kongregasyon an.

^ § 8 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou kalite foumi sa a, gade Réveillez-vous ! 22 mas 1997, paj 31 ak Réveillez-vous ! 22 me 2002, paj 31.

^ § 11 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou daman an, gade Réveillez-vous ! 8 septanm 1990, paj 15-16.

^ § 14 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou krikèt, gade Réveillez-vous ! 8 fevriye 1977, paj 11.

^ § 17 Pou nou ka jwenn plis enfòmasyon sou ti zandolit sa a, gade Réveillez-vous ! avril 2008, paj 26.

Èske nou sonje ?

Ki sa nou aprann nan men :

• foumi yo ?

• daman yo ?

• krikèt yo ?

• jeko yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 16]

Èske w travay di menm jan ak foumi ki konn koupe fèy yo ?

[Foto nan paj 17]

Daman yo jwenn pwoteksyon lefètke yo viv an gwoup. Èske w fè menm bagay la tou ?

[Foto nan paj 18]

Menm jan ak krikèt, minis kretyen yo demontre yo gen pèseverans.

[Foto nan paj 18]

Kretyen yo kenbe fèm nan fè sa ki byen menm jan jeko yo rete kole sou sifas yo.

[Liy kredi]

Stockbyte/Getty Images