Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann fè efò pou nou vin gen matirite paske “gwo jou Senyè a pa lwen rive”

Ann fè efò pou nou vin gen matirite paske “gwo jou Senyè a pa lwen rive”

Ann fè efò pou nou vin gen matirite paske “gwo jou Senyè a pa lwen rive”

“Ann fè efò pou nou vin gen matirite.” —EBRE 6:1, NW.

1, 2. Ki jan premye kretyen ki te nan Jerizalèm ak nan Jide yo te jwenn posiblite pou yo ‘sove al nan mòn yo’?

YON lè, pandan Jezi te sou tè a, disip li yo te pwoche bò kote l e yo te mande l: “Ki siy k ap siy prezans ou e k ap siy konklizyon sistèm nan?” ​(NW) Pou Jezi reponn yo, li te ba yo yon pwofesi. Pwofesi sa a te jwenn premye akonplisman l nan premye syèk la. Jezi te pale de yon bagay ki pa nòmal ki t ap rive ki t ap montre lafen an toupre. Lè “moun ki nan peyi Jide” yo te wè sa, yo te dwe “sove al nan mòn” yo (Mat. 24:1-3, 15-22). Èske disip Jezi yo te idantifye siy lan e èske yo te aji ann amoni ak enstriksyon Jezi te bay yo?

2 Anviwon trantan apre, nan ane 61 nan epòk nou an, apot Pòl te voye yon lèt bay kretyen ebre yo, ki t ap viv nan Jerizalèm ak nan zòn ki andeyò vil la, kote li te ba yo yon mesaj frapan. Pòl ak lòt kwayan parèy li yo pa t konnen si “gwo tribilasyon” an t apral kòmanse nan anviwon senkan sèlman (Mat. 24:21, Bib Kreyòl La). Nan ane 66 nan epòk nou an, Sestiyis Galis, ki t ap dirije twoup women yo, te antre Jerizalèm. Men, sanzatann, li te leve twoup li yo, e konsa, moun ki te santi yo an danje yo te jwenn posiblite pou yo sove al yon kote y ap jwenn sekirite.

3. Ki egzòtasyon Pòl te bay kretyen ebre yo, e poukisa?

3 Kretyen sa yo te bezwen gen bonjan disènman ak bonjan konpreyansyon espirityèl pou yo te wè evènman ki t ap rive a se pawòl Jezi yo ki t ap akonpli e pou yo te chape poul yo. Sepandan, gen kèk nan yo ki te vin ‘lou nan konprann yo’. Yo te tankou tibebe nan domèn espirityèl ki bezwen “ti lèt”. (Li Ebre 5:11-13.) Te menm gen kèk nan yo ki t ap mache nan chemen verite a depi plizyè dizèn ane ki te bay siy ki montre tikras pa tikras yo t ap “vire do bay Bondye vivan an”. (Ebre 3:12.) Genyen nan yo ki te pran “abitid” manke reyinyon alòske “jou Senyè a [t] ap pwoche”. (Ebre 10:24, 25.) Pòl te ba yo yon egzòtasyon ki te vini nan moman apwopriye. Li te di yo: “Piske kounye a nou kite doktrin de baz nou te aprann sou Kris yo dèyè, ann fè efò pou nou vin gen matirite.” —Ebre 6:1, NW.

4. Poukisa li enpòtan pou nou kontinye veye, e ki sa k ap ede nou fè sa?

4 N ap viv nan epòk kote pwofesi Jezi a ap jwenn dènye akonplisman li. “Gwo jou Senyè a”, sètadi jou kote Jewova pral detwi tout sistèm Satan an nèt la, “pa lwen rive”. (Sef. 1:14.) Nou dwe veye fason pwofesi ki nan Bib la ap akonpli e nou dwe chèche gen bonjan relasyon ak Jewova (1 Pyè 5:8). Èske n ap fè sa vrèman? Si nou gen matirite, sa ap ede nou toujou veye pou nou wè ki bò nou ye parapò ak lafen an.

Ki sa matirite ye?

5, 6. a) Ki sa sa mande pou nou vin gen matirite nan domèn espirityèl? b) Bay de domèn nou bezwen fè efò pou nou vin gen matirite.

5 Pòl pa t sèlman ankouraje kretyen ebre ki t ap viv nan premye syèk yo pou yo fè efò pou yo chèche vin gen matirite, men tou, li te montre yo ki sa matirite nan domèn espirityèl ye. (Li Ebre 5:14.) “Moun ki gen matirite” yo pa kontante yo bwè “ti lèt” sèlman. Men, yo manje “gwo manje”. Konsa, yo konnen ni “bagay de baz” ni “bagay pwofon” ki gen nan laverite (1 Kor. 2:10, NW). Anplis, kapasite konpreyansyon yo vin devlope afòs yo sèvi avè l, lefètke yo aplike sa yo aprann yo, e sa ede yo distenge sa ki byen ak sa ki mal. Lè yo gen yon desizyon pou yo pran, lefètke yo te devlope kapasite konpreyansyon yo, sa ede yo disène ki prensip biblik ki gen rapò ak sitiyasyon an e ki fason pou yo aplike prensip sa yo.

6 Pòl te di “fòk nou bay sa nou te tande yo plis atansyon toujou, dekwa pou anyen pa bwote nou” ale (Ebre 2:1, Bib Kreyòl La). Sa ka rive gen bagay k ap bwote nou ale, sètadi k ap fè nou abandone lafwa tikras pa tikras, san nou pa rann nou kont n ap fè sa. Pou nou kapab evite sa fèt, nou bezwen gen “plis atansyon” lè n ap egzamine verite espirityèl yo. Se sa k fè nou chak bezwen poze tèt nou kesyon sa yo: ‘Èske se sèl bagay de baz yo mwen etidye? Èske m annik aji pa woutin, san m pa kite verite m ap aprann yo vrèman touche kè m? Ki jan m ka fè bonjan pwogrè espirityèl?’ Pou nou vin gen matirite, sa mande pou nou fè efò nan omwen de domèn. Nou bezwen byen konnen Pawòl Bondye a e nou bezwen aprann obeyisans.

Chèche byen konnen Pawòl la

7. Ki byenfè nou kapab jwenn lè nou pi byen konnen Pawòl Bondye a?

7 Men sa Pòl te ekri: “Tout moun ki nan pran lèt, yo san esperyans nan pawòl jistis la [“pa konn pawòl ki ann amoni ak sa ki jis”, NW], paske se tibebe yo ye.” ​(Ebre 5:13, Bib Kreyòl La). Pou nou rive gen matirite, nou dwe byen konnen Pawòl Bondye a, sètadi mesaj Bondye voye ban nou. Piske nou jwenn mesaj sa a nan Pawòl li a, Labib, nou ta dwe byen etidye Labib ak piblikasyon ki baze sou Bib la “esklav fidèl ki prevwayan” an ban nou (Mat. 24:45-47, NW). Si nou byen kite panse Bondye yo antre nan kè nou, sa ap ede nou devlope kapasite konpreyansyon nou. Ann pran egzanp yon sè ki rele Rita *. Li te di: “Konsèy mwen te jwenn ki te gen pi gwo efè sou lavi m, se te konsèy pou m li Labib regilyèman. Mwen te pran anviwon dezan pou m fin li tout Bib la, e se kòmsi se pou lapremyè fwa mwen te aprann konnen Kreyatè m nan. Mwen te aprann konnen fason l aji, sa l renmen ak sa l pa renmen, nan ki degre li pisan ak jan sajès li pwofon anpil. Lekti Labib mwen fè chak jou te soutni m nan moman difisil mwen te pase nan lavi m.”

8. Ki enfliyans Pawòl Bondye a kapab gen sou nou?

8 Lè nou li yon pòsyon nan Pawòl Bondye a regilyèman, nou kite mesaj “pisan” ​(NW) li gen ladan l lan gen efè sou nou. (Li Ebre 4:12.) Sa nou li yo kapab enfliyanse moun nou ye pa anndan an e yo kapab ede nou fè Jewova plezi pi plis toujou. Èske w santi ou ta dwe òganize w pou w li Bib la plis e pou w medite sou sa l di?

9, 10. Ki sa nou dwe fè si nou konnen Pawòl Bondye a? Bay yon egzanp.

9 Byen konnen Bib la vle di plis pase annik konn sa l di. Kretyen ki te tibebe nan domèn espirityèl nan epòk Pòl la, se pa moun ki pa t konnen Pawòl enspire Bondye a ditou. Men, yo pa t aplike sa yo te konnen yo pou yo te wè bon rezilta yo te ka jwenn. Yo pa t chèche byen konnen mesaj la, sa vle di yo pa t kite l gide yo nan desizyon yo t ap pran nan lavi yo.

10 Pou nou byen konnen Pawòl Bondye a, sa mande pou nou konnen sa l di e pou nou mete sa nou aprann ladan l lan an pratik. Gen yon sè ki rele Kyle ki te fè yon eksperyans ki montre ki jan nou kapab fè sa. Li te gen yon pwoblèm avèk yon kòlèg travay li. Ki sa l te fè pou l rezoud pwoblèm nan? Men sa li esplike: “Yon vèsè ki te vin nan tèt mwen tousuit se Women 12:18, ki di: ‘Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun mezi nou wè nou ka fè li.’ Se poutèt sa, mwen te pran yon randevou avèk kòlèg sa a pou nou fè yon ti pale apre nou fin travay.” Ti pale sa a te bay bon rezilta. Kòlèg la te enpresyone pou efò Kyle te fè pou l rezoud pwoblèm nan. Men sa Kyle di: “Mwen te aprann li toujou pi bon pou nou suiv prensip biblik yo.”

Aprann obeyisans

11. Ki sa ki montre li kapab pa fasil pou yon moun obeyi lè l nan sitiyasyon ki difisil?

11 Li kapab pa fasil pou nou aplike sa nou aprann nan Ekriti yo, sitou lè nou nan sitiyasyon ki difisil. Pa egzanp, yon ti tan apre Jewova te fin libere Izrayelit yo anba esklavaj ann Ejip, yo te kòmanse “fè kont ak Moyiz” e yo te tonbe “sonde Senyè a”. Poukisa yo te aji konsa? Paske yo pa t jwenn dlo pou yo bwè (Egz. 17:1-4). Mwens pase de mwa apre yo te fin fè alyans avèk Bondye e yo te dakò pou yo fè “tou sa [li] di [yo] fè”, yo te vyole lwa li te bay sou idolatri a (Egz. 24:3, 12-18; 32:1, 2, 7-9). Èske se pè yo te vin pè lefètke Moyiz pa t la pandan yon bon bout tan, lè Bondye t ap ba l enstriksyon sou mòn Orèb la? Èske petèt yo te panse Amalekit yo t apral vin goumen avèk yo ankò e yo t ap pèdi batay la piske Moyiz, moun ki te fè yo ranpòte laviktwa sou Amalekit yo anvan an pandan l te leve men l anlè a, pa t la (Egz. 17:8-16)? Petèt se te pou rezon sa a yo te aji konsa. Men, kèlkeswa rezon an, Izrayelit yo “pat vle obeyi”. (Tra. 7:39-41.) Pòl te egzòte kretyen yo pou yo ‘fè jefò pou okenn nan yo pa dezobeyi Bondye’ tankou Izrayelit yo te fè sa lè yo te pè antre nan Latè pwomiz la. —Ebre 4:3, 11.

12. Ki jan Jezi te aprann obeyisans, e ki byenfè sa te fè l jwenn?

12 Pou nou fè efò pou nou vin gen matirite, sa mande pou nou fè tout sa nou kapab pou nou obeyi Jewova. Jan egzanp Jezi Kris montre sa, soufrans nou jwenn yo kapab aprann nou obeyisans. (Li Ebre 5:8, 9.) Anvan Jezi te vin sou tè a, li te deja konn obeyi Papa l. Men sou tè a, pou l te ka fè volonte Bondye, li te soufri ni nan kò li ni nan lespri l. Obeyisans li te demontre nan gwo soufrans sa yo te fè l vin “bon nèt” pou pozisyon Wa ak Gran Prèt Bondye te gen entansyon ba l la.

13. Ki sa k ap montre si nou aprann obeyisans?

13 E nou menm, èske nou detèmine pou nou obeyi Jewova menm lè n ap fè fas ak gwo pwoblèm? (Li 1 Pyè 1:6, 7.) Bondye bay konsèy ki klè sou yon seri domèn tankou moralite, onètete, fason pou nou sèvi ak lang nou, lekti Labib ak etid Labib, sou enpòtans pou nou asiste reyinyon yo e pou nou patisipe nan travay predikasyon an (Joz. 1:8; Mat. 28:19, 20; Efe. 4:25, 28, 29; 5:3-5; Ebre 10:24, 25). Èske nou obeyi Jewova nan domèn sa yo menm lè nou jwenn pwoblèm? Si nou obeyi l, se yon siy ki montre n ap pwogrese pou nou vin gen matirite.

Poukisa li bon pou nou gen matirite nan domèn espirityèl?

14. Bay yon egzanp pou montre ki jan lè nou fè efò pou nou vin gen matirite, sa kapab yon pwoteksyon pou nou.

14 Lè kapasite konpreyansyon yon kretyen byen devlope e li vin kapab distenge sa ki byen ak sa ki mal nan monn sa a ki ‘pa konn kesyon moralite a menm ankò’, se vrèman yon pwoteksyon sa ye pou li (Efe. 4:19, NW). Pa egzanp, gen yon frè yo rele James ki li piblikasyon biblik yo regilyèman e ki renmen yo anpil. Li te aksepte yon travay kote se fi sèlman li te genyen kòm kòlèg travay li. Men sa James di: “Se vre anpil nan yo te montre byen klè yo pa gen moralite menm, men te gen youn ladan yo ki te sanble yon moun respektab e ki te montre li enterese nan verite ki nan Bib la. Sepandan, yon lè, pandan nou de a sèlman te ansanm nan yon sal travay, li te kòmanse ap fè m avans pou m gen rapò seksyèl avè l. Okòmansman, mwen te panse se jwe li t ap jwe, men lè m te vin rann mwen kont se pa jwe li t ap jwe, li te difisil pou m fè l rete. La menm, mwen te vin sonje yon eksperyans yo te rakonte nan yon Toudegad anrapò ak yon frè ki te devan yon eprèv konsa nan travay li. Atik la te bay egzanp Jozèf ak madan Potifa a *. Tousuit mwen te repouse fi a. Lè sa a li te kite m an repo.” ​(Jen. 39:7-12). James byen kontan pa t gen okenn lòt bagay ki te rive e li te kenbe yon bon konsyans. —1 Tim. 1:5.

15. Lè nou fè efò pou nou gen matirite, ki jan sa ka fè kè nou vin fèm?

15 Yon lòt rezon ki fè li bon pou nou gen matirite, se paske l ap fè kè nou fèm e l ap fè nou “pa kite tout kalite lòt pawòl moun ap moutre yo fè nou pèdi bon chemen an”. (Li Ebre 13:9.) Lè nou fè tout efò nou pou nou fè pwogrè nan domèn espirityèl, sa pèmèt lespri nou toujou fikse sou ‘bagay ki pi bon’ yo (Fil. 1:9, 10). Konsa, nou vin gen plis rekonesans pou Bondye e pou tout dispozisyon li pran pou byen nou (Wom. 3:24). Yon kretyen ki ‘vin granmoun anrapò ak kapasite li genyen pou li konprann’ ap gen rekonesans pou Jewova e l ap gen bon relasyon avèk li. —1 Kor. 14:20, NW.

16. Ki sa ki te ede yon sè ‘fè kè l fèm’?

16 Gen yon sè ki rele Louise ki fè konnen pandan yon tan apre batèm li, se sa moun te panse de li ki te gen plis enpòtans pou li. Men sa l di: “Se vre, mwen pa t fè anyen ki mal, men nan kè m mwen pa t gen yon gwo dezi pou m sèvi Jewova. Mwen te konprann fò m fè kèk chanjman si m vrèman vle bay Jewova tout sa mwen kapab. Pi gwo chanjman mwen santi m te bezwen fè, se mete tout kè m nan sèvis Jewova.” Lefètke Louise te fè efò sa a, sa te ‘fè kè l fèm’, e sa te itil li anpil lè l te vin ap fè fas ak gwo pwoblèm sante (Jak 5:8, NW). Men sa Louise di: “Mwen te fè anpil efò, men mwen te vin vrèman pwòch ak Jewova.”

Annou aprann obeyi ‘ak tout kè nou’

17. Poukisa obeyisans te enpòtan anpil nan premye syèk la?

17 Nan premye syèk la, Pòl te bay kretyen ki t ap viv nan Jerizalèm ak Jide yo konsèy pou yo ‘fè efò pou yo vin gen matirite’. Konsèy sa a te sove lavi yo. Moun ki te koute l yo te gen bonjan disènman espirityèl, e sa te nesesè pou yo te ka idantifye lè siy Jezi te bay la te kòmanse reyalize. Lè sa a yo te konnen se pou yo kòmanse “sove al nan mòn”. Lè yo te wè “bagay k’ap bay gwo lapenn lan [...] chita kote ki rezève [...] apa pou Bondye” a, sètadi lè yo te wè lame women an antoure Jerizalèm e li antre ladan l, yo te konnen se te lè pou yo retire kò yo (Mat. 24:15, 16). Kretyen yo te koute avètisman pwofetik Jezi te ba yo a e yo te kouri kite vil Jerizalèm anvan destriksyon l. Selon Ezèb, yon moun ki etidye listwa legliz yo, yo t al viv nan yon ti vil ki rele Pela ki nan yon zòn nan Gileyad kote gen mòn.” Konsa, yo pa t viktim nan pi gwo dezas ki te rive Jerizalèm nan tout istwa l.

18, 19. a) Poukisa li enpòtan anpil pou nou gen obeyisans nan epòk n ap viv la? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

18 Lè nou fè efò pou nou vin gen matirite, n ap gen obeyisans. E obeyisans sa a ap sove lavi nou tou lè pwofesi Jezi te bay kote l te di “ap genyen yon gwo tribilasyon” ki pral frape pi fò pase nenpòt lòt tribilasyon an pral akonpli (Mat. 24:21, Bib Kreyòl La). Èske n ap montre nou obeyisan kèlkeswa enstriksyon “entandan prevwayan an” ta ban nou pou l mande nou aji san pèdi tan (Lik 12:42, NW)? Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou aprann obeyi “ak tout kè nou”! —Wom. 6:17.

19 Pou nou vin gen matirite, sa mande pou nou devlope kapasite konpreyansyon nou. Nou fè sa lè nou fè tout efò nou pou nou pi byen konnen Pawòl Bondye a e lè nou aprann obeyisans. Jèn k ap chèche gen matirite yo ka jwenn yon seri difikilte. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine fason yo kapab venk difikilte sa yo.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Gen non moun yo chanje.

^ § 14 Gade atik ki gen tit “Fortifiés pour dire non au mal”, nan Toudegad 1ye oktòb 1999 (fransè).

Ki sa nou sot aprann?

• Ki sa matirite ye, e ki jan nou kapab vin genyen l?

• Ki enpòtans sa genyen pou nou konnen Pawòl Bondye a nan kesyon chèche gen matirite a?

• Ki jan nou kapab aprann obeyisans?

• Ki jan matirite kapab fè nou jwenn byenfè?

[Kesyon]

[Foto nan paj 10]

Lè nou aplike konsèy nou jwenn nan Bib la, sa ede nou rezoud pwoblèm yo yon fason ki demontre nou gen matirite.

[Foto nan paj 12, 13]

Premye kretyen yo te sove lavi yo paske yo te suiv konsèy Jezi yo.