Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa nou dwe suiv “Kris”?

Poukisa nou dwe suiv “Kris”?

Poukisa nou dwe suiv “Kris”?

“Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li [...] epi swiv mwen.” —LIK 9:23.

1, 2. Poukisa li enpòtan pou nou reflechi sou rezon ki fè nou ta dwe suiv “Kris”?

SE PA ti kontan Jewova dwe kontan lè l ap gade foul moun ki rasanble k ap sèvi l epi l wè nou menm nouvo yo ak jèn yo! Toutpandan w ap kontinye etidye Bib la, w ap asiste reyinyon yo regilyèman e w ap kontinye gen plis konesans sou verite ki nan Bib la ki ka sove lavi w, w ap bezwen byen reflechi sou envitasyon Jezi te fè a lè l te di: “Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje [“poto soufrans li”, NW] sou zèpòl li chak jou, epi swiv mwen.” ​(Lik 9:23). La a, Jezi te di ou ta dwe dakò bliye tèt ou pou w vin disip li. Donk, li enpòtan pou nou chèche konprann rezon ki fè nou ta dwe suiv “Kris”. —Mat. 16:13-16.

2 E si nou deja ap mache sou tras Jezi Kris? Labib ankouraje nou pou nou “kontinye fè sa plis toujou”. (1 Tes. 4:1, 2.) Kit nou fèk pran pozisyon pou vrè adorasyon an, kit nou gen lontan depi nou te fè sa, lè nou reflechi sou rezon nou genyen pou nou suiv Kris, sa ap ede nou mete egzòtasyon Pòl bay la ann aplikasyon e sa ap ede nou suiv Jezi plis toujou nan lavi nou chak jou. Ann egzamine senk rezon ki fè nou ta dwe suiv Kris.

Pou nou ka vin pi pwòch Jewova

3. Bay de fason nou ka aprann konnen Jewova.

3 Men sa apot Pòl te di moun Atèn yo etan l te “kanpe nan mitan Areyopaj la”: “[Bondye] fikse tan e li fikse limit kote pou moun rete, pou yo chèche Bondye, si yo tatonnen pou yo jwenn li e yo jwenn li vrèman, kwak, an reyalite, li pa lwen okenn nan nou.” ​(Tra. 17:22, 26, 27, NW). Nou kapab chèche Bondye e nou ka rive konnen l vrèman. Pa egzanp, lè n ap gade sa Bondye kreye, se pa ni de ni twa bagay nou ka aprann sou kalite l yo ak sou kapasite li genyen. Lè nou reflechi avèk apresyasyon sou tout bagay Kreyatè a fè yo, nou ka aprann anpil bagay sou li (Wom. 1:20). Anplis de sa, Jewova fè nou konn lòt detay sou li nan Pawòl li a, Labib (2 Tim. 3:16, 17). Plis nou ‘kalkile sou tout sa [Jewova] te fè yo’ e plis nou ‘egzamine tout gwo bagay estrawòdinè li te fè yo’, se plis n ap vin konnen l pi byen. —Sòm 77:12.

4. Lè nou suiv Kris, ki jan sa ka ede nou vin gen yon relasyon ki pi sere ak Jewova?

4 Yon bon fason nou ka vin pi pwòch Jewova se lè nou suiv Kris. Eseye imajine tout glwa Jezi te genyen lè l te bò kote Papa l “depi anvan lemonn te egziste”! (Jan 17:5.) Li se “kòmansman kreyasyon Bondye a”. (Rev. 3:14, NW.) Piske li “fèt an premye nan tout kreyasyon an”, li te viv pandan yon kantite tan nou pa ka konte nan syèl la ansanm ak Jewova, Papa l. Anvan Jezi te vin sou tè a, li pa t annik pase tan ak Papa l sèlman. Li te konpayon travay Toupisan an e li te kolabore avèk li deprè. Sa te pèmèt li devlope yon relasyon ak Bondye ki tèlman sere, pa gen lòt moun ki ka janm gen yon relasyon konsa. Jezi pa t annik suiv fason Papa l t ap fè bagay yo. Se vre li te wè ak ki santiman Papa l t ap travay e li te wè kalite fondamantal li yo, men tou, li te kite tout sa li aprann yo antre nan li e li te mete yo an pratik. Kòm rezilta, Pitit obeyisan sa a te vin menm jan ak Papa l. Li te tèlman vin menm jan avè l Labib di li se “pòtre Bondye envizib la”. (Kol. 1:15, NW.) Lè nou suiv Kris byen, n ap ka vin gen yon relasyon ki pi sere ak Jewova.

Pou nou ka imite Jewova pi byen toujou

5. Ki sa pou nou fè k ap ede nou pi byen imite Jewova, e poukisa?

5 Nou fèt ‘pòtre ak Bondye, nou sanble avè l’. Donk, nou gen kapasite pou nou demontre nou gen menm kalite avèk li (Jen. 1:26). Men ki egzòtasyon apot Pòl te bay kretyen yo: “Paske nou se pitit Bondye renmen anpil, se pou nou chache fè tankou Bondye fè.” ​(Efe. 5:1). Lè nou suiv Kris, sa ede nou imite Papa nou ki nan syèl la paske Jezi te reflete fason Papa l panse, santiman l ak pèsonalite l pi byen pase tout moun. Se sa k fè pa gen lòt moun ki te ka ede nou konprann Papa a pi byen pase l. Lè Jezi te sou tè a, li pa t annik fè moun konn non Jewova. Men, li te fè yo konnen kiyès Jewova ye. (Li Matye 11:27.) Jezi te fè sa ak pawòl li t ap di, nan fason li t ap aji, nan sa l t ap anseye e nan egzanp li.

6. Ki sa ansèyman Jezi yo aprann nou sou Jewova?

6 Nan ansèyman Jezi t ap bay, li te montre sa Bondye vle nou fè e li te montre fason Bondye konsidere sèvitè l yo (Mat. 22:36-40; Lik 12:6, 7; 15:4-7). Pa egzanp, lè Jezi te fin repete youn nan dis kòmandman yo ki di “piga nou fè adiltè”, li te esplike ki pwennvi Bondye genyen sou sa k ap pase nan kè yon moun byen lontan anvan li fè aksyon sa a. Men sa l te di: “Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” ​(Egz. 20:14; Mat. 5:27, 28). Kontrèman ak sa Lalwa te mande, Farizyen yo te fè konnen se pou nou “renmen frè parèy nou, men se pou nou rayi lènmi nou yo”. Jezi li menm te fè konnen fason Jewova panse. Men sa l te di: “Renmen tout lènmi nou yo, lapriyè pou moun k’ap pèsekite nou.” ​(Mat. 5:43, 44; Egz. 23:4; Lev. 19:18). Lè nou byen konprann fason Bondye panse, santiman li genyen ak sa li vle nou fè, sa ede nou pou nou imite l pi byen.

7, 8. Ki sa nou aprann sou Jewova nan egzanp Jezi?

7 Yon lòt fason Jezi te fè konnen fason Papa l ye se nan egzanp li. Lè nou li Evanjil yo nou wè Jezi te demontre konpasyon pou moun ki pòv, pou moun k ap soufri e li te montre li fache lè disip li yo te kouri dèyè kèk timoun. Èske nou pa santi se menm santiman yo Papa l t ap genyen (Mak 1:40-42; 10:13, 14; Jan 11:32-35)? Fè yon ti reflechi sou jan aksyon Jezi yo ede nou wè prensipal kalite Jewova genyen yo. Èske mirak Kris te fè yo pa montre tout pouvwa li te gen nan men l? Sepandan, li pa t janm sèvi avèk pouvwa sa a nan pwòp enterè pa l oubyen nan entansyon pou l fè lòt moun mal (Lik 4:1-4). Nou kapab wè jistis li byen klè nan fason li te mete machann ava yo deyò nan tanp lan (Mak 11:15-17; Jan 2:13-16). Sa l te konn anseye yo ak pawòl sajès li te konn di yo te konn touche kè moun yo. Sa montre, nan kesyon sajès la, li te “yon moun ki plis pase Salomon”. (Mat. 12:42, Bib Kreyòl La.) Ki sa nou kapab di konsènan lanmou Jezi te demontre lè l te bay nanm li pou lòt moun? Sèl sa nou ka di sèke: ‘pa gen pi bon jan pou yon moun moutre lanmou’ pase sa. —Jan 15:13.

8 Pitit Bondye a te tèlman byen imite Papa l nan tout sa l te di ak nan tout sa l te fè, li te ka di: “Moun ki wè m, li wè Papa a.” ​(Li Jan 14:9-11.) Lè nou suiv Kris, se Jewova nou imite.

Jezi se moun Jewova wenn nan

9. Ki lè e ki jan Jezi te vin tounen Moun Bondye wenn nan?

9 Annou konsidere sa k te rive nan lan 29 nan epòk nou an ann otòn, lè Jezi, ki te gen 30 an lè sa a, t al jwenn Jan Batis. Men sa Labib di: “Fini Jan fin batize l, Jezi sòti nan dlo a. Menm lè a, syèl la louvri, Jezi wè Lespri Bondye a desann sou fòm yon ti pijon vin sou li.” Lè sa a, Jezi te vin tounen Kris la oubyen Mesi a. Lè sa a tou, Jewova li menm te fè konnen Jezi se Moun li wenn nan. Men sa l te di: “Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil.” ​(Mat. 3:13-17). Vrèman, sa se yon bon rezon nou genyen pou nou anvi suiv Kris!

10, 11. a) Ki jan yo sèvi ak tit “Kris” la anrapò ak Jezi? b) Poukisa nou ta dwe toujou asire nou nou suiv Jezi Kris?

10 Lè y ap pale de Jezi nan Bib la, yo sèvi ak tit “Kris” la plizyè fason. Pa egzanp, yo konn di Jezi Kris, Kris Jezi ak Kris la. Se Jezi li menm ki te premye sèvi ak ekspresyon “Jezi Kris” la, sètadi non l ki gen tit la apre l. Men sa l te di yon fwa li t ap priye Papa l: “Lavi ki p’ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri [“Jezi Kris”, NW].” ​(Jan 17:3). Lè yo sèvi ak tit la konsa, yo atire atansyon sou moun Bondye te voye ki te vin Moun li wenn nan. Lè yo mete tit la anvan non an, sa vle di lè yo di “Kris Jezi”, yo plis mete aksan sou pozisyon li genyen oubyen sou wòl li jwe a olye se sou li yo atire atansyon (2 Kor. 4:5, NW). Lè yo sèvi ak ekspresyon “Kris la”, sètadi lè yo sèvi ak tit la ki gen yon atik apre l, se yon lòt fason pou yo mete aksan sou pozisyon Jezi genyen kòm Mesi a. —Tra. 2:31.

11 Kèlkeswa fason yo sèvi ak tit “Kris” la anrapò ak Jezi, li toujou mete aksan sou verite enpòtan sa a: menmsi Pitit Bondye a te pran fòm kò moun pou l vin sou tè a e li te fè moun konnen volonte Papa l, li pa t ni yon moun òdinè ni li pa t yon senp pwofèt. Se li ki te vin Moun Jewova wenn nan. E nou dwe toujou asire nou nou suiv li.

Se sèl grasa Jezi nou ka sove

12. Ki pawòl enpòtan Jezi te di apot Toma yon ti tan anvan l mouri?

12 Nou jwenn yon lòt rezon enpòtan pou nou kontinye suiv Mesi a nan pawòl Jezi te di apot fidèl li yo kèk èdtan sèlman anvan l mouri. Lè sa a, Toma te poze Jezi yon kesyon konsènan ale l te di li t aprale pou l prepare yon plas pou yo. Men sa Jezi te reponn: “Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.” ​(Jan 14:1-6). Lè sa a, se ak 11 apot fidèl yo li t ap pale. Li te pwomèt yo yon plas nan syèl la. Men sa l te di a enpòtan tou pou moun ki gen espwa pou yo viv sou tè a pou toutan (Rev. 7:9, 10; 21:1-4). Kòman sa?

13. Nan ki sans Jezi se “chemen an”?

13 Jezi Kris se “chemen an”. Sa vle di, se sèl pa mwayen li menm nou kapab pwoche bò kote Bondye. Li se chemen an anrapò ak lapriyè, paske se sèl lè nou priye nan non Jezi nou kapab gen asirans Papa a ap ban nou kèlkeswa sa nou ta mande l ki ann amoni ak volonte l (Jan 15:16). Sepandan, Jezi se “chemen an” nan yon lòt domèn ankò. Akoz peche, limanite vin lwen Bondye (Iza. 59:2). Jezi te bay “lavi [l] pou peye delivrans anpil moun”. (Mat. 20:28.) Se sa k fè Labib di li “netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo”. (1 Jan 1:7.) Konsa, Pitit la ban nou posiblite pou nou rekonsilye ak Bondye (Wom. 5:8-10). Se lè nou mete lafwa nou nan Jezi e lè nou obeyi l nou kapab vin gen bon relasyon ak Bondye. —Jan 3:36.

14. Nan ki sans Jezi se “verite a”?

14 Jezi se “verite a” nonsèlman paske li te toujou di laverite e li te toujou viv ann amoni ak laverite, men tou, se paske tout pwofesi yo te ekri konsènan Mesi a te reyalize sou li, e pwofesi sa yo anpil. Men sa apot Pòl te ekri: “Se li menm ki fè nou wè tout pwomès Bondye yo se verite.” ​(2 Kor. 1:20). Sa ki te nan Lalwa Moyiz la ki te “lonbraj benediksyon ki gen pou vini yo” te rive reyalize tou grasa Jezi (Ebre 10:1; Kol. 2:17). Se sou Jezi tout pwofesi yo konsantre, e yo ede nou konprann wòl li jwe nan akonplisman objektif Jewova (Rev. 19:10). Donk, pou nou jwenn sa Bondye prepare pou nou yo, nou bezwen suiv Mesi a.

15. Nan ki sans Jezi se “lavi a”?

15 Jezi se “lavi a” paske li te achte limanite ak san l, e lavi etènèl se yon kado Bondye bay grasa “Jezikri, Senyè nou an”. (Wom. 6:23.) Jezi se “lavi a” tou pou moun ki mouri yo (Jan 5:28, 29). Anplis, imajine sa l pral fè antanke Gran Prèt pandan Rèy milenè l la. Lè sa a, li pral delivre moun k ap anba dominasyon Wayòm li an sou tè a anba peche ak lanmò pou toutan. —Ebre 9:11, 12, 28.

16. Ki rezon nou genyen pou nou suiv Jezi?

16 Konsa, repons Jezi te bay Toma a gen anpil enpòtans pou nou. Jezi se chemen an, li se verite a ak lavi a. Se li menm Bondye te voye nan monn nan pou l te ka sove l (Jan 3:17). E pèsonn pa ka jwenn Papa a eksepte pa mwayen li menm. Men sa Labib di byen klè: “Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou.” ​(Tra. 4:12). Kèlkeswa kwayans nou te genyen anvan, li saj pou nou kwè nan Jezi e pou nou suiv li pou l ede nou jwenn lavi a. —Jan 20:31.

Nou resevwa lòd pou nou koute Kris

17. Poukisa li enpòtan pou nou koute Pitit Bondye a?

17 Lè transfigirasyon an, Pyè, Jan ak Jak te la. Lè sa a, yo te tande yon vwa sot nan syèl la ki di yo: “Moun sa a se pitit mwen, moun mwen chwazi a. Koute li!” ​(Lik 9:28, 29, 35). Li enpòtan anpil pou nou obeyi lòd ki mande pou nou koute Mesi a. —Li Travay 3:22, 23.

18. Ki jan nou ka koute Jezi Kris?

18 Pou nou koute Jezi, sa mande pou nou ‘kenbe je nou kole sou li e pou nou egzamine egzanp li byen’. (Ebre 12:2, 3.) Donk, n ap fè byen si nou bay sa nou li konsènan li nan Labib ak nan piblikasyon “esklav fidèl ki prevwayan an” “plis atansyon pase sa nou abitye bay” e nou fè menm jan an tou pou sa nou tande nan reyinyon yo (Ebre 2:1; Mat. 24:45). Nou se mouton Jezi, se sa k fè nou dwe swaf tande l epi suiv li. —Jan 10:27.

19. Ki sa k ap ede nou suiv Kris san rete?

19 Èske nou ka reyisi suiv Kris san rete, kèlkeswa difikilte nou jwenn? Wi nou kapab, depi nou kontinye suiv “pawòl verite” a e nou mete sa nou aprann yo ann aplikasyon “avèk lafwa ak lamou ki nan Jezi Kris”. —2 Tim. 1:13, Bib Kreyòl La.

Ki sa nou sot aprann?

• Poukisa lè nou suiv “Kris”, sa ka fè nou vin pi pwòch ak Jewova?

• Poukisa lè nou imite Jezi se Jewova nou imite?

• Nan ki sans Jezi se ‘chemen an, verite a ak lavi a’?

• Poukisa nou ta dwe koute Moun Jewova wenn nan?

[Kesyon]

[Foto nan paj 29]

Fason Jewova panse parèt klè nan ansèyman Jezi yo.

[Foto nan paj 30]

Nou dwe suiv Moun Jewova wenn nan avèk fidelite.

[Foto nan paj 32]

Men sa Jewova te di: “Moun sa a se pitit mwen [...]. Koute li!”