Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason nou ka jwenn lajwa antanke selibatè

Fason nou ka jwenn lajwa antanke selibatè

Fason nou ka jwenn lajwa antanke selibatè

ANPIL woman ak fim damou fini ak yon maryaj kote de moun ki marye yo viv ak kè kontan pandan tout vi yo. Konsa, yo fè konprann se lè yon moun marye l ap viv ak kè kontan. Mete sou sa, nan anpil kilti, yo fè presyon sou jèn yo pou yo marye lè yo rive nan yon sèten laj. Men sa Debby te di lè l te gen anviwon 25 an: “Moun yo fè w santi sèl objektif yon fi se marye. Yo ba w enpresyon lavi kòmanse apre maryaj.”

Yon moun ki espirityèl pap wè bagay yo konsa. Byenke ann Izrayèl, pifò moun te marye, Labib pale de gason ak fi ki te selibatè e ki te gen yon vi ki te ba yo kè kontan. Jodi a, gen kretyen ki chwazi rete selibatè pou tout vi yo, men tou, gen anpil lòt kretyen ki rete selibatè akoz kèk sikonstans nan lavi a. Kèlkeswa rezon ki fè yon kretyen pa marye, men yon kesyon ki enpòtan nou ka poze: ki jan yon kretyen kapab reyisi lavi l antanke selibatè?

Jezi pa t marye. Nou ka konprann sa lè nou konsidere misyon li te genyen an. Li te fè disip li yo konnen nan moun ki t ap vin suiv li yo genyen ki ‘t ap asepte’ pou yo selibatè (Mat. 19:10-12). Konsa, Jezi te montre pou nou reyisi lavi nou antanke selibatè, nou dwe aksepte sa ni nan lespri nou ni nan kè nou.

Èske konsèy Jezi te bay la aplike sèlman pou moun ki chwazi rete selibatè pou yo ka konsantre yo totalman sou aktivite teyokratik yo (1 Kor. 7:34, 35)? Pa fòseman. Pa egzanp, yon kretyen gendwa ta renmen marye, men li poko jwenn yon moun ki ka fè yon bon konjwen pou li. Ana, yon sè selibatè ki nan trantèn li di: “Dènyèman, gen yon kòlèg travay mwen ki pa Temwen ki mande m marye avè l. Nan yon sans, sa te touche m, men, tousuit mwen te retire santiman sa a nan mwen paske mwen vle marye sèlman ak yon moun k ap ede m vin pi pwòch Jewova.”

Lefètke anpil sè menm jan ak Ana gen dezi pou yo marye “nan Senyè a”, sa ede yo pou yo pa marye ak enkwayan * (1 Kor. 7:39, Bib Kreyòl La; 2 Kor. 6:14). Lefètke yo respekte konsèy Bondye yo, yo aksepte rete selibatè, omwen pandan yon tan. Ki jan yo ka reyisi lavi yo antanke selibatè?

Wè aspè ki pozitif yo

Pou yon moun aksepte yon sitiyasyon ki pa sanble ideyal, sa depann anpil de etadespri li. Men sa Carmen, yon kretyèn ki poko marye ki nan karantèn li di: “Mwen apresye sa m genyen, e mwen pa reve sou sa m pa genyen.” Se vre, ka gen moman kote nou santi nou poukont nou oswa nou santi nou dekouraje, men, lefètke nou konnen anpil lòt moun nan tout kominote frè nou yo ki nan lemonnantye ap viv menm sitiyasyon an, sa ka ankouraje nou pou nou andire avèk konfyans. Avèk èd Jewova, gen anpil kretyen ki reyisi lavi yo antanke selibatè e ki venk lòt difikilte. —1 Pyè 5:9, 10.

Anpil frè ak sè rann yo kont gen avantaj nan vi seliba a. Ester, yon kretyèn ki gen anviwon 35 an, di: “Mwen panse sekrè pou yon moun gen kè kontan an, se lè l rive pran plezi nan aspè pozitif ki gen nan kèlkeswa sitiyasyon l ap viv la.” Carmen di: “Kit mwen marye, kit mwen pa marye, mwen gen konfyans depi m mete enterè Wayòm nan anvan, Jewova pap manke pa ban m tout sa ki bon. Vi m gendwa pa egzakteman jan m te planifye a, men, mwen kontan e m ap kontinye gen kè kontan.” —Sòm 84:11.

Kèk moun nan Bib la ki te selibatè

Pitit fi Yifta a pa t planifye pou l rete selibatè. Men, akoz ve papa l te fè a, li te oblije al sèvi nan tanp lan depi lè l te jèn. Sandout, objektif li te vin chanje paske li te vin nan yon sitiyasyon li pa t prevwa e ki te kontrè ak sa l ta renmen. Piske l te konprann li pa t ap marye e li pa t ap gen yon fanmi, li te pase de mwa ap kriye. Sepandan, li te aksepte nouvo sitiyasyon li te vin ladan l lan e li te sèvi nan tanp lan volontèman pou tout rès vi l. Gen lòt fi izrayelit ki te konn fè elòj pou li chak ane paske li te montre li dispoze fè sakrifis. —Jij 11:36-40.

Nan epòk Izayi a, petèt moun ki te enik yo te santi yo dekouraje akoz sitiyasyon yo. Labib pa di sa k fè yo te vin enik. Men, piske yo te enik, yo pa t kapab vin vrèman manm kongregasyon Izrayèl la, yo pa t ka marye e yo pa t ka gen pitit (Det. 23:1). Epoutan, Jewova te konprann santiman yo te genyen e li te fè elòj pou yo poutèt yo te obeyi alyans li ak tout kè yo. Li te di yo yo t ap ‘chonje yo nan tanp li an ak nan mitan pèp li a’ e yo ‘pa t ap janm bliye yo’ nan kay li a. Sa vle di, mesye fidèl sa yo t ap gen esperans pou yo jwenn lavi etènèl anba dominasyon Mesi a, Jezi. Jewova te di li pa t ap janm bliye yo. —Iza. 56:3-5.

Sitiyasyon Jeremi an te diferan anpil. Apre Bondye te fin ba l misyon pou l vin pwofèt, li te mande l pou l rete selibatè paske tan li t ap viv yo te kritik e akoz travay li te ba l fè a. Men sa Jewova te di: “Penga ou marye pou ou pa gen ni pitit gason ni pitit fi yon kote konsa.” ​(Jer. 16:1-4). Labib pa di ki jan Jeremi te santi l lè l te resevwa enstriksyon sa yo, men li bay asirans Jeremi se yon moun ki te pran plezi nan pawòl Jewova (Jer. 15:16). Kèk ane apre, Jeremi te andire 18 mwa soufrans lè yo te asyeje Jerizalèm. Sandout, lè sa a, li te wè jan sa te saj pou l obeyi kòmandman Jewova te ba li pou l rete selibatè a. —Lam. 4:4, 10.

Fason w kapab anrichi lavi w

Pèsonaj biblik nou te pale de yo pi wo a te selibatè, men yo te jwenn èd nan men Jewova e yo te konsakre yo totalman nan sèvis li. Menm jan an tou, jodi a, lè nou gen anpil aktivite ki ban nou satisfaksyon, nou kapab anrichi lavi nou. Labib te anonse fi k ap preche bon nouvèl la t ap vin yon gwo lame (Sòm 68:11). Nan gwo lame sa a, gen plizyè milye sè selibatè. Piske ministè yo pote anpil fwi, anpil ladan yo jwenn benediksyon paske yo gen pitit gason ak pitit fi nan domèn espirityèl. —Mak 10:29, 30; 1 Tes. 2:7, 8.

Men sa Loli esplike apre 14 an nan sèvis pyonye: “Sèvis pyonye bay lavi m yon sans. Antanke sè selibatè, mwen mennen yon vi ki aktif, e sa ede m pou m pa santi m poukont mwen. Nan fen chak jounen, mwen santi m satisfè paske mwen wè ministè m pèmèt mwen vrèman ede moun yo. Sa ban m anpil kè kontan.”

Anpil sè aprann yon lòt lang, e konsa, yo etann ministè yo lè yo preche moun ki pale lang yo aprann nan. Ana, youn nan sè nou te mansyone anvan yo, pran plezi pou l preche moun ki pale fransè. Men sa l di: “Nan vil kote m ap viv la, gen plizyè milye etranje. Lefètke mwen aprann yon lang mwen kapab itilize pou m pale ak anpil ladan yo, sa ouvri yon nouvo tèritwa pou mwen e sa fè travay predikasyon m ap fè a vin vrèman enteresan.”

Piske, souvan, moun ki selibatè yo gen mwens responsablite familyal, gen kèk nan yo ki pwofite sitiyasyon sa a pou yo sèvi kote ki gen plis bezwen pwoklamatè. Men sa Lidiana, yon sè selibatè ki gen 35 an anviwon e ki sèvi nan plizyè peyi kote gen plis bezwen, di: “Mwen kwè toutbon tank yon moun fè plis nan sèvis Jewova, se tank li pi fasil pou l fè bon zanmi e pou l santi yo renmen l. Mwen gen anpil bon zanmi ki pa gen menm kilti ak menm nasyonalite avè m, e amitye mwen genyen avèk yo anrichi lavi m anpil.”

Labib pale de Filip, yon evanjelizatè, ki te gen kat pitit fi ki pa t marye e ki t ap pwofetize (Tra. 21:8, 9). Yo dwe te demontre yo zele menm jan ak papa yo. Èske petèt yo te sèvi ak don pwofesi yo te genyen an pou byen lòt kretyen parèy yo ki te nan vil Sezare (1 Kor. 14:1, 3)? Jodi a tou, anpil sè selibatè ankouraje lòt moun lè yo asiste reyinyon yo regilyèman e yo patisipe ladan yo.

Lidi se youn nan premye moun ki te vin kretyen nan Filip. Labib fè elòj pou li poutèt li te yon moun ki te gen ospitalite (Tra. 16:14, 15, 40). Li posib pou Lidi te yon selibatè oswa yon vèv. Sepandan, li te donan anpil, e sa te fè l jwi konpayi agreyab plizyè siveyan itineran tankou Pòl, Silas ak Lik. Jodi a tou, lè nou demontre nou jenere, nou jwenn menm benediksyon sa yo.

Fason w kapab satisfè bezwen w genyen pou w santi lòt moun renmen w

Nonsèlman nou tout nou bezwen gen aktivite ki ban nou satisfaksyon nan lavi nou, men tou, nou bezwen pou moun demontre yo renmen nou e pou yo ban nou afeksyon. Ki jan nou menm ki selibatè nou kapab satisfè bezwen sa a? Premyèman, Jewova renmen nou, li fòtifye nou e li koute nou lè nou priye l. Pafwa, wa David te konn santi ‘li poukont li e li san fòs’, men li te konnen li toujou ka priye Jewova pou l jwenn èd li (Sòm 25:16; 55:22). Men sa li te ekri: “Papa m ak manman m te mèt lage m, Senyè a va ranmase mwen.” ​(Sòm 27:10). Bondye envite tout sèvitè l yo pwoche bò kote l pou yo vin bon zanmi avè l. —Sòm 25:14; Jak 2:23; 4:8.

Anplis, nan òganizasyon nou an ki nan lemonnantye, nou ka jwenn papa, manman, frè ak sè espirityèl ki renmen nou, e sa ap anrichi lavi nou (Mat. 19:29; 1 Pyè 2:17). Anpil kretyen ki selibatè jwenn lajwa lè yo suiv egzanp Dòkas, yon kretyèn ki te “pase tout tan li ap fè byen epi [ki] t’ap ede pòv yo anpil”. (Tra. 9:36, 39.) Men sa Loli esplike: “Kèlkeswa kongregasyon m al ladan l lan, mwen chèche fè bon zanmi k ap demontre lanmou pou mwen e k ap ede m lè m santi moral mwen ba. Pou m ranfòse amitye m avèk yo, mwen chèche montre mwen renmen yo e mwen enterese nan yo. Mwen sèvi nan uit kongregasyon deja, e mwen toujou jwenn bon zanmi ladan yo. Souvan, se pa sè ki nan menm laj avè m; pafwa se moun ki gen pitit pitit deja oswa ki adolesan.” Nan tout kongregasyon yo nèt, gen moun ki bezwen pou lòt moun montre afeksyon pou yo e ki bezwen zanmi. Lè nou vrèman enterese nan moun sa yo, nou kapab ede yo anpil e nou kapab satisfè dezi nou genyen pou nou renmen lòt moun e pou nou santi yo renmen nou tou. —Lik 6:38.

Bondye pap bliye sa

Labib montre akoz tan difisil n ap viv yo, tout kretyen gen sakrifis pou yo fè (1 Kor. 7:29-31). Kretyen ki rete selibatè paske yo detèmine pou yo obeyi kòmandman Bondye bay pou yo marye sèlman nan Seyè a reyèlman merite yon respè ak yon konsiderasyon espesyal (Mat. 19:12). Pa gen dout nan sa, yo vrèman fè yon gwo sakrifis. Men, sa pa vle di yo pa ka viv ak bonjan kè kontan.

Men sa Lidiana fè remake: “Mwen jwenn satisfaksyon nan lavi m, paske se sou relasyon m ak Jewova e sou sèvis m ap ba li a lavi m chita. Mwen konn moun ki marye ki gen kè kontan e mwen konn moun ki marye ki pa gen kè kontan tou. Reyalite sa a fè m konprann se pa si m marye oswa si m pa marye k ap fè m viv ak kè kontan.” Jan Jezi te montre sa, pou yon moun viv ak kè kontan, sa mande toudabò pou l sèvi lòt moun. Sa se yon bagay tout kretyen ka fè. —Jan 13:14-17; Tra. 20:35.

Pa gen dout nan sa, pi gwo rezon ki fè nou gen lajwa a, se paske nou konnen Jewova ap beni nou pou kèlkeswa sakrifis nou fè pou nou fè volonte l. Men asirans Labib ban nou: “Bondye pa mechan pou l ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou [non] li.” —Ebre 6:10.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Byenke nou pale de sè yo nan atik sa a, prensip ki ladan l yo aplikab pou frè yo tou.

[Antrefilè nan paj 25]

“Mwen apresye sa m genyen, e mwen pa reve sou sa m pa genyen.” —Carmen.

[Foto nan paj 26]

Loli ak Lidiana pran plezi sèvi kote ki bezwen plis pwoklamatè.

[Foto nan paj 27]

Bondye envite tout sèvitè l yo pwoche bò kote l.