Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Piske Jezi te fè travay predikasyon li a nan tout peyi Izrayèl, poukisa apot Pyè te di se konnen pèp juif la ansanm ak dirijan yo “pat konnen” ki fè yo te mande pou yo touye Jezi?—Tra. 3:17.

Etan apot Pyè t ap pale ak yon gwoup Juif konsènan wòl yo te jwe nan lanmò Mesi a, men sa l te di yo: “Mwen rekonèt se konnen nou pat konnen, nou menm ansanm ak tout chèf nou yo.” ​(Tra. 3:14-17). Gen Juif ki tou senpleman pa t konprann Jezi e ki pa t konprann ansèyman l yo. Gen lòt menm ki te aji nan inyorans paske yo pa t gen dezi pou yo fè Bondye plezi, yo te gen prejije e yo te gen hèn nan kè yo.

Annou egzamine ki jan manke yo te manke dezi pou yo fè Bondye plezi a te gen yon efè sou fason yo te konsidere ansèyman Jezi yo. Souvan, Jezi te konn sèvi ak egzanp pou l anseye moun yo e li te konn esplike egzanp sa yo bay tout moun ki te vle konprann yo. Sepandan, pami moun ki te konn koute Jezi yo, genyen ki te annik vire do yo y ale san yo pa chèche konprann sa yo te tande yo. Yon lè, gen kèk disip ki te menm vekse akoz yon egzanp Jezi te bay (Jan 6:52-66). Yo pa t reyalize egzanp Jezi te konn bay yo, se te yon fason pou l konnen si moun k ap koute l yo dispoze chanje fason yo panse ak fason yo aji (Iza. 6:9, 10; 44:18; Mat. 13:10-15). Epitou, sanble yo te bliye pwofesi ki te fè konnen Mesi a t ap sèvi ak egzanp nan ansèyman l yo. —Sòm 78:2.

Gen lòt moun ki te rejte ansèyman Jezi yo paske yo te gen prejije. Lè l t ap anseye nan yon sinagòg nan Nazarèt, vil kote l te grandi a, moun yo “te sezi anpil”. Men, olye yo te aksepte Jezi kòm Mesi a, yo t ap poze kesyon anrapò ak fanmi li te leve ladan l lan. Men sa yo te di: “Kote l jwenn tout bagay sa yo? [...] Se pa ti bòs chapant pitit Mari a? Se pa frè Jak, Jòz [Jozèf], Jid [jida] ak Simon an? Apa tout sè l yo la avèk nou?” ​(Mak 6:1-3). Pou moun Nazarèt yo, lefètke Jezi te leve nan yon fanmi modès, ansèyman l yo pa t enpòtan.

E chèf relijye yo menm, ki pwoblèm yo te genyen? Anpil ladan yo pa t vrèman koute Jezi pou menm rezon yo (Jan 7:47-52). Yo te rejte ansèyman Jezi yo paske yo te jalou lè yo te wè kantite moun ki t ap koute l (Mak 15:10). Anplis, anpil nan yo te vrèman mal reyaji lè Jezi te denonse ipokrizi ak twonpri yo gen lakay yo (Mat. 23:13-36). Se avèk rezon Jezi te kondane yo poutèt yo pa t chwazi pou yo konprann. Men sa li te di yo: “Malè pou nou, nou menm direktè lalwa yo! Nou pran kle ki pou louvri pòt kay konesans la: nou menm nou pa antre [nan Wayòm nan], epi moun ki ta vle antre, nou anpeche yo antre.” —Lik 11:37-52.

Pandan twazan edmi, Jezi te preche bon nouvèl la nan peyi Izrayèl. Anplis, li te fòme anpil lòt moun pou yo patisipe nan travay sa a (Lik 9:1, 2; 10:1, 16, 17). Jezi ak disip li yo te tèlman efikas, Farizyen yo te konn ap plenyen pou sa. Men sa yo te di yon lè: “Gade jan tout moun ap swiv li!” ​(Jan 12:19). Donk, se pa kòmsi pifò Juif pa t konnen anyen sou Jezi ditou. Men, pwoblèm nan, sèke “yo pat konnen” laverite konsènan Jezi antanke Mesi a. Yo te kapab ogmante konesans yo ak lanmou yo pou Mesi a, men yo pa t fè sa. Anpil nan yo te konplis nan lanmò Jezi. Se sa k fè apot Pyè te di anpil ladan yo pawòl sa yo: “Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka efase peche nou yo. Lè sa a, Bondye va fè nou jwenn yon rafrechi pou nanm nou devan li, la voye Jezikri, moun li te chwazi davans pou nou an.” ​(Tra. 3:19, 20). Li enteresan pou nou note te gen plizyè milye Juif ki te koute l, e “pami prèt yo, te gen anpil” ki te koute l tou. Yo pa t aji nan inyorans ankò. Okontrè, yo te repanti e yo te jwenn favè Jewova. —Tra. 2:41; 4:4; 5:14; 6:7.