Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa m ka fè pou Jewova pou tou sa li fè pou mwen?

Ki sa m ka fè pou Jewova pou tou sa li fè pou mwen?

Ki sa m ka fè pou Jewova pou tou sa li fè pou mwen?

Dapre Ruth Danner

Manman m te konn di an blag, 1933 se te yon ane katastwòf: Hitler te pran pouvwa a, pap la te deklare ane sa a sen epi mwen te fèt.

PARAN M yo t ap viv nan vil Yutz, ki nan Lorraine, yon rejyon an Frans ki gen yon istwa ki rich e ki toupre fwontyè Lafrans ak Almay. An 1921, manman m, ki te yon fran katolik, te marye ak papa m ki te potestan. Helen, gran sè m nan, te fèt an 1922, e papa m ak manman m te batize l nan Legliz katolik lè l te tibebe.

Yon jou, an 1925, papa m te resevwa yon liv ki rele La Harpe de Dieu, ann alman. Lè l te fin li liv sa a, li te gen konviksyon li jwenn laverite. Li te ekri editè yo e yo te mete l an kontak ak Bibelforscher yo, lè sa a se konsa yo te rele Temwen Jewova yo ann Almay. Imedyatman, papa m te kòmanse preche lòt moun sa l te aprann yo. Men, manman m pa t renmen sa. Manman m te gen yon bèl fason l pale alman e se nan lang sa a li te konn di papa m: “Ou mèt fè sa w vle, men pa pran pa ak Bibelforscher yo!” Sepandan, papa m te deja pran desizyon l. Se sa k fè li te vin batize kòm Bibelforscher an 1927.

Poutèt sa, manman manman m te kòmanse ap chèche fè manman m divòse avè l. Yon jou, pandan yon mès prèt la t ap fè li te di pawasyen yo: “Veye kò nou ak Danner, fò pwofèt la.” Lè grann mwen soti nan mès la, pandan l aletaj, li lage yon po flè sou papa m. Po a, ki te lou, t al frape papa m nan zepòl, li te manke pran l nan tèt. Aksyon sa a te fè manman m reflechi, li t ap di tèt li: ‘Yon relijyon k ap fè moun dispoze touye moun pa kapab yon bon relijyon.’ Konsa, li te kòmanse li piblikasyon Temwen Jewova yo. Byen vit, li te vin gen konviksyon li jwenn laverite e li te batize an 1929.

Paran m yo te fè tout sa yo kapab pou yo rann Jewova reyèl pou sè m nan avè m. Yo te konn li istwa ki nan Labib pou nou epi apre sa yo te konn mande nou rezon ki fè pèsonaj biblik yo te aji jan yo te aji a. Nan epòk sa a, papa m pa t aksepte travay ta nan lasware ni li pa t vle travay lannuit, byenke desizyon sa a te fè fanmi an antre mwens kòb. Li pa t vle travay nan lè sa yo paske li te vle gen ase tan pou l al nan reyinyon yo, pou l patisipe nan ministè a e pou l etidye ak pitit li yo.

Moman difisil yo t apral rive

Paran m te konn akeyi siveyan itineran ak betelit ki te sot ni an Suis ni an Frans. Yo te konn rakonte nou pwoblèm frè ak sè nou yo t ap rankontre ann Almay ki te sèlman a kèk kilomèt parapò ak lakay nou. Gouvènman nazi a te voye anpil Temwen Jewova nan kan konsantrasyon e li te pran anpil timoun nan men paran yo ki Temwen.

Paran nou yo te prepare nou, Helen avè m, pou nou fè fas ak tout eprèv nou te ka jwenn. Yo te ede nou memorize plizyè vèsè biblik ki te ka montre nou sa pou nou fè. Yo te konn di: “Si w pa konnen sa pou w fè, panse ak Pwovèb 3:5, 6. Si w pè eprèv ou jwenn nan lekòl ou, sonje 1 Korentyen 10:13. Si yo pran w y ale avè w, resite Pwovèb 18:10.” Mwen te aprann Sòm 23 ak Sòm 91 pakè e mwen te gen konviksyon Jewova ap toujou pwoteje m.

An 1940, Almay te pran zòn Alsace-Lorraine nan kòm tèritwa l. Nouvo rejim nan te egzije tout moun ki granmoun pou yo antre nan pati nazi a. Papa m te refize. Gestapo a (polis sekrè alman an) te di l y ap arete l. Piske manman m pa t vle fè inifòm pou militè yo, Gestapo a te di l y ap arete l tou.

Al lekòl la te vin tounen yon tètchaje pou mwen. Chak jou, nan klas nou an, yo te fè yon priyè pou Hitler, yo te fè salitasyon “Heil Hitler” la e yo te chante im nasyonal la avèk men dwat yo leve dwat devan yo. Olye pou paran m te di m pa fè salitasyon Hitler la, yo te ede m fòme konsyans mwen pito. Se sa k fè se mwen menm poukont mwen ki te deside pou m pa fè salitasyon Nazi yo te konn fè a. Pwofesè yo te konn ban m kalòt e yo te menase m y ap mete m deyò nan lekòl la. Yon lè, lè sa a mwen te gen setan, mwen te oblije kanpe devan toule 12 pwofesè ki gen nan lekòl la. Yo t ap eseye fòse m fè salitasyon Hitler la. Men, grasa èd Jewova, mwen te rete fèm.

Gen yon pwofesè, yon fi, ki te eseye jwe nan lespri m. Li te di m mwen se yon bon elèv, li renmen m anpil e li t ap regrèt si yo mete m deyò nan lekòl la. Li te di m ankò: “Ou pa bezwen leve men w nèt. Ou ka annik fè yon ti leve l toupiti. E ou pa bezwen di ‘Heil Hitler!’ Annik bat bouch ou epi fè kòmsi w di l.”

Lè m di manman m sa pwofesè m nan te di a, li te fè m sonje istwa biblik ki pale sou twa jèn Ebre yo lè yo te devan imaj wa Babilòn nan te fè a. Apre sa, li mande m: “Ki sa yo te mande yo fè?” Mwen reponn li: “Yo te mande yo pou yo pwostène.” Li di m: “Si nan moman yo te gen pou yo pwostène devan imaj la yo te bese pou yo mare lasèt yo, èske yo t ap byen aji? Kounye a, se ou ki pou deside; fè sa w panse ki kòrèk la.” Menm jan ak Chadrak, Mechak ak Abèdnego, mwen te pran desizyon m pou m obeyi Jewova sèlman. —Dàn. 3:1, 13-18.

Pwofesè yo te mete m deyò nan lekòl la plizyè fwa e yo te di m y ap pran m nan men paran m. Sa te ban m pwoblèm anpil, men papa m ak manman m te toujou ankouraje m. Anvan m al lekòl la, manman m te konn priye avè m pou l mande Jewova pwoteje m. Se sa k fè mwen te konnen Jewova t ap ban m fòs pou m pran yon pozisyon fèm pou laverite (2 Kor. 4:7). Papa m te di m si presyon an ta vin twòp pou mwen, m pa bezwen pè retounen lakay. Li te di m: “Nou renmen w. W ap toujou pitit nou. Se ou menm ki pou kenbe fidelite w ak Jewova.” Pawòl sa yo te ranfòse dispozisyon mwen te pran pou m kenbe entegrite m. —Jòb 27:5.

Souvan, Gestapo a te konn vin fouye lakay nou pou yo chèche piblikasyon Temwen yo e yo te konn entèwoje paran m yo. Yo te konn ale ak manman m e yo te konn kenbe l pandan plizyè èdtan. Yo te konn al pran papa m ak sè m nan kote yo t ap travay yo. Lè m ap sot lekòl, mwen pa t janm konnen si mwen t ap jwenn manman m lakay la. Pafwa, se yon vwazin ki te konn di m: “Y ale ak manman w.” Lè sa a, mwen menm mwen antre anndan an m al kache toutpandan m ap mande tèt mwen: ‘Èske y ap maltrete l? Èske m ap wè l ankò?’

Yo depòte nou

Jou ki te 28 janvye 1943 a, a twazè edmi dimaten, Gestapo a te vin leve nou. Yo te di si manman m, papa m, mwen menm ak sè m nan antre nan pati nazi a, yo pap depòte nou. Yo te ban nou twazèdtan pou nou prepare nou. Manman m te prepare pou sitiyasyon sa a e li te deja prepare yon ti valiz pou nou chak kote l te mete yon rad derechanj ak yon Bib. Konsa, nou te itilize tan yo te ban nou an pou nou priye e pou nou ankouraje youn lòt. Papa m te fè nou sonje ‘anyen pa ka fè nou pèdi lanmou Bondye gen pou nou an’. —Wom. 8:35-39.

Gestapo a te retounen. Lè sa a sè Anglade, yon sè ki te aje, te vin di nou orevwa ak dlo je. Mwen pap janm bliye sè sa a. Gestapo a te mennen nou nan estasyon tren ki nan vil Metz la. Apre twa jou vwayaj nan yon tren, nou te rive Kochlowice, yon ti kan ki anba direksyon kan Auschwitz la ki nan Polòy. De mwa apre, yo te transfere nou Gliwice, yon kouvan ki te vin tounen yon kan kote yo mete moun travay. Nazi yo te di nou si nou chak siyen yon dokiman pou nou sètifye nou abandone lafwa nou, y ap lage nou e y ap reban nou byen nou yo. Kòm papa m ak manman m pa t dakò, sòlda yo te di nou: “Nou pa gen dwa janm retounen lakay nou.”

Nan mwa jen, yo te transfere nou Swietochlowice. Pandan m te la, mwen te kòmanse gen yon maltèt toutan e jis jodi a mwen toujou gen maltèt sa a. Anplis, mwen te fè yon enfeksyon nan dwèt mwen. Gen yon doktè ki te retire plizyè zong mwen san l pa ban m anestezi. Yon bagay ki te bon, sèke gad yo te konn voye m achte pou yo, e souvan, se te nan yon patisri. Te gen yon fi la ki te toujou ban m yon bagay pou m manje.

Pandan tout tan sa a, yo te pèmèt nou rete ansanm e yo te separe nou ak lòt prizonye yo. Men, ann oktòb 1943, yo te voye nou nan yon kan ki te nan vil Ząbkowice. Nan kan sa a, nou te konn dòmi sou kabann a etaj nan yon pyès ki te gen 60 lòt moun: gason, fi ak timoun. Sòlda SS yo (twoup nazi yo) te bat pou manje yo t ap ban nou yo te gate yon fason pou nou te prèske pa ka manje yo.

Malgre eprèv sa a, nou pa t janm abandone esperans nou. Nou te li nan yon Toudegad gen yon gwo travay predikasyon ki t apral fèt apre lagè a. Donk, nou te konnen poukisa nou t ap soufri e nou te konnen talè konsa eprèv nou t ap sibi an t apral fini.

Lè nou te aprann fòs alye yo t ap pwoche pi pre kote nou te ye a, nou te konnen Nazi yo t ap pèdi gè a. Nan kòmansman ane 1945, sòlda SS yo te deside kite kan nou te ladan l lan. Nan jou ki te 19 fevriye a, yo te fòse nou kòmanse mache. Nou t apral fè anviwon 240 km ap mache. Apre kat semèn, nou te rive Steinfels, yon vil ann Almay kote sòlda SS yo te rasanble prizonye yo nan yon min. Anpil nan nou te panse yo t apral touye nou. Men, fòs alye yo te rive jou sa a menm e sòlda SS yo te kouri. Finalman, eprèv nou an te fini.

Mwen atenn objektif mwen yo

Nan jou ki te 5 me 1945 lan, apre dezan edmi anviwon, nou te antre lakay nou nan Yutz. Nou te sal e nou te chaje ak pou sou nou paske depi an fevriye nou pa t janm chanje rad sou nou. Se sa k fè nou te deside boule vye rad sa yo. Mwen sonje manman m te di nou: “Se pou jou sa a tounen pi bèl jou nan lavi nou. Nou pa posede anyen. Menm rad ki sou nou yo pa pou nou. Sepandan, nou toule kat retounen lakay nou fidèl. Nou pa t fè konpwomi.”

Mwen te pran twa mwa pou m rejwenn sante, e mwen te pase twa mwa sa yo an Suis. Apre sa, mwen te retounen lekòl, men mwen pa t pè paske m te konnen yo pa t ap mete m deyò ankò. Kounye a, nou te kapab wè frè nou yo e nou te kapab preche avèk yo san se pa t nan kache. Byenke mwen te vwe lavi m bay Jewova depi byen lontan, se nan dat 28 out 1947 mwen te batize pou m montre mwen te fè ve sa a. Lè sa a mwen te gen 13 an. Papa m te batize m nan larivyè Moselle. Tousuit, mwen te vle vin pyonye, men papa m te ensiste pou m aprann yon metye anvan. Se poutèt sa, mwen te aprann kouti. An 1951, mwen te gen 17 an, yo te nome m pyonye nan komin Thionville toupre lakay mwen.

Nan ane sa a, mwen te asiste yon asanble a Pari e mwen te ranpli yon aplikasyon pou m al sèvi kòm misyonè. Mwen potko gen ase laj, men, frè Nathan Knorr te di li t ap kenbe aplikasyon m nan “pou lavni”. An jen 1952, mwen te resevwa envitasyon pou m asiste 21yèm klas Lekòl Gileyad la, ki nan South Lansing, nan Nouyòk, Ozetazini.

Gileyad e apre Gileyad

Se pa ti bèl eksperyans sa a te bèl! Mwen te deja twouve li difisil pou m pale devan moun nan lang pa m, e kounye a, mwen oblije fè sa ann anglè. Enstriktè yo te ede m avèk amou. Youn nan frè yo te ban m yon ti non paske timidite te konn fè m ap souri.

Nou te gradye 19 jiyè 1953, nan Yankee Stadium, nan Nouyòk, e yo te voye m Pari ansanm avèk Ida Candusso (ki te vin siyen Seignobos). Li te difisil pou nou preche moun rich ki te rete Pari yo, men mwen te rive etidye Labib avèk anpil ladan yo ki te enb. Ida te vin marye, epi apre sa li t ale ann Afrik an 1956, men mwen te rete Pari.

An 1960, mwen te marye avèk yon frè ki te nan Betèl, e nou te sèvi kòm pyonye espesyal nan komin Chaumont ak nan vil Vichy. Senkan apre, mwen te vin gen tibèkiloz e mwen te oblije kanpe sèvis la. Sa te dekouraje m anpil, paske depi m piti mwen te gen objektif pou m antre nan sèvis aplentan e pou m rete ladan l. Yon ti tan apre sa, mari m te kite m pou yon lòt fi. Pandan ane difisil sa yo, se frè m ak sè m yo nan kongregasyon an ki te ede m kenbe. Anplis, Jewova te kontinye pote chay la pou mwen. —Sòm 68:19.

Jodi a, mwen rete Louviers, nan Nòmandi, toupre filyal Lafrans lan. Malgre mwen gen pwoblèm sante, mwen kontan wè jan Jewova ede m nan lavi m. Edikasyon paran m te ban mwen ede m jis jodi a pou m toujou gen yon bon etadespri. Yo te aprann mwen Jewova se yon Moun reyèl mwen kapab renmen, mwen kapab pale avè l, e l ap reponn priyè mwen fè l. Vrèmanvre, “kisa m’a fè pou [Jewova], pou tout byen li fè pou mwen yo?” —Sòm 116:12.

[Antrefilè nan paj 6]

“Mwen kontan wè jan Jewova ede m nan lavi m.”

[Foto nan paj 5]

Mwen menm, lè m te gen sizan, avèk yon mask pou gaz.

[Foto nan paj 5]

Mwen menm, kèk misyonè ak kèk pyonye nan Liksanbou pandan yon kanpay predikasyon. Mwen te gen 16 an.

[Foto nan paj 5]

Mwen menm, papa m ak manman m nan yon kongrè an 1953.