Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa li enpòtan pou nou delege responsablite e kòman nou ka fè sa?

Poukisa li enpòtan pou nou delege responsablite e kòman nou ka fè sa?

Poukisa li enpòtan pou nou delege responsablite e kòman nou ka fè sa?

KESYON delege responsablite a la depi anvan tè a fèt. Apre Jewova te fin kreye sèl Pitit li a, li te sèvi avè l kòm “yon ouvriye abil” pou l kreye linivè (Pwo. 8:22, 23, 30, NW; Jan 1:3). Lè Bondye te fin kreye de premye moun yo, li te di yo pou yo ‘fè anpil anpil pitit mete sou tè a e pou yo donte tè a’. (Jen. 1:28.) Kreyatè a te bay lèzòm travay pou yo etann Paradi ki te ann Edenn nan sou tout tè a. Wi, depi okòmansman, nan òganizasyon Jewova a yo delege responsablite.

Ki sa sa vle di pou nou delege responsablite? Poukisa ansyen yo ta dwe aprann delege yon seri responsablite bay lòt moun? E ki jan yo ka fè sa?

Ki sa sa vle di pou nou delege responsablite?

Delege responsablite vle di konfye yon lòt moun yon responsablite, chwazi l kòm reprezantan w oswa ba l otorite. Donk, pou yon moun delege responsablite, sa mande pou l gen lòt moun avèk li k ap ede l akonpli objektif li genyen an. E natirèlman, sa mande pou l ba yo otorite.

Moun yo konfye responsablite nan kongregasyon an dwe fè sa yo ba yo fè a, e an jeneral yo dwe di moun ki konfye yo responsablite a ki jan travay la ap avanse e yo dwe chèche konsèy nan men l. Men, se frè ki nome ki te bay travay la ki toujou gen responsablite a. Se sa k fè frè sa a bezwen suiv pwogrè moun nan ap fè e li dwe ba l konsèy ki nesesè. Sepandan, kèk moun ka poze kesyon sa a: ‘Poukisa pou yon moun konfye yon lòt moun yon travay si li menm li kapab fè l?’

Poukisa nou dwe delege responsablite?

Reflechi sou Jewova ki te kreye sèl Pitit li a e ki te ba l posiblite pou l patisipe avè l nan rès travay kreyasyon an. An reyalite, “se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè”. (Kol. 1:16.) Kreyatè a te ka fè tout bagay poukont li, men li te chwazi bay Pitit li a posiblite pou l goute lajwa yon moun jwenn lè l fè yon travay ki itil (Pwo. 8:31). Sa te ede Pitit la aprann plis sou kalite Bondye yo. Nan yon sans, Papa a te sèvi ak okazyon sa a pou l fòme sèl Pitit li fè a.

Lè Jezi Kris te sou tè a, li te imite Papa l nan kesyon delege responsablite bay lòt moun nan. Li te fòme disip li yo tikras pa tikras. Li te voye 12 apot yo, e apre sa li te voye 70 lòt disip devan l pou y al preche (Lik 9:1-6; 10:1-7). Lè Jezi te rive kote yo te pase yo, li te jwenn yo te deja poze yon bon baz pou li. Anvan Jezi te kite tè a, li te bay disip li yo pi gwo responsablite toujou. Pami gwo responsablite sa yo, gen travay predikasyon mondyal la. —Mat. 24:45-47; Tra. 1:8.

Nan kongregasyon kretyen an, yo te konn delege responsablite e yo te konn bay fòmasyon. Apot Pòl te di Timote: “Ou te tande bagay mwen te di w devan anpil temwen yo. Konfye bagay sa yo bay moun ki fidèl, bay moun ki kapab anseye lòt moun tou.” ​(2 Tim. 2:2, Bib Kreyòl La). Efektivman, moun ki gen eksperyans yo dwe fòme moun, e moun sa yo yo menm pral fòme lòt moun.

Lè yon ansyen delege kèk nan responsablite li yo, li bay lòt moun posiblite pou yo goute nan jwa li genyen pou l anseye kongregasyon an e pou l pran swen l. Piske ansyen yo rekonèt, antanke imen, kapasite yo limite, yo gen plis rezon ankò pou yo mande lòt moun nan kongregasyon an ede yo ranpli responsablite yo. Men sa Bib la di: “Se lakay moun ki modès nou jwenn sajès.” ​(Pwo. 11:2, NW). Yon moun ki gen modesti se yon moun ki konnen limit li. Si w ap chèche fè tout bagay poukont ou, w ap vin twò fatige. Anplis, tan w pran pou w fè yo a, ou te ka pase l ak fanmi w. Se sa k fè li vrèman saj pou w pataje responsablite w yo. Pa egzanp, yon frè k ap sèvi kòm kowòdonatè kolèj ansyen an kapab mande yon ansyen pou li verifye kont kongregasyon an. Lefètke gen lòt ansyen ki verifye kont lan, y ap vin byen konnen kòman sitiyasyon kont kongregasyon an ye.

Lè yo bay yon moun responsablite pou l fè yon bagay, sa ba li posiblite pou l vin gen konpetans ak eksperyans k ap itil li, men tou, sa pèmèt moun ki konfye l responsablite a wè kapasite l. Konsa, lè ansyen yo konfye frè ki ka vin asistan ministeryèl yo travay ki apwopriye pou yo fè nan kongregasyon an, y ap kapab teste “kapasite yo”. —1 Tim. 3:10, NW.

Anfen, lè ansyen yo delege responsablite bay lòt moun, yo montre yo fè moun sa yo konfyans. Pòl te travay ak Timote nan sèvis misyonè a pou l te ka fòme l. De mesye sa yo te vin devlope bonjan relasyon. Pòl te rele Timote “pitit lejitim mwen nan konfyans mwen gen nan Bondye”. (1 Tim. 1:2, Bib Kreyòl La.) Menm jan an tou, Jewova ak Jezi te devlope bonjan relasyon lè yo t ap travay ansanm pou yo kreye tout bagay. Lè ansyen yo konfye lòt moun responsablite, y ap ka devlope bonjan relasyon avèk yo.

Poukisa gen kèk frè ki ezite delege responsablite?

Byenke ansyen yo konnen avantaj ki genyen pou yo delege responsablite, gen kèk nan yo ki twouve li difisil pou yo fè sa. Petèt se paske yo panse y ap pèdi nan otorite yo genyen. Li posib pou yo panse se yo ki pou toujou gen kontwòl bagay yo. Men, sonje sa, anvan Jezi t al nan syèl la, li te bay disip li yo yon gwo travay pou yo fè, byenke li te konnen yo t apral akonpli plis travay pase l. —Mat. 28:19, 20; Jan 14:12.

Gen ansyen tou ki gendwa te delege responsablite bay lòt moun anvan, men ki pa t satisfè ak rezilta yo te jwenn yo. Yo ka santi travay la ap fèt pi byen e pi vit si se yo menm ki fè l. Men, annou konsidere egzanp Pòl. Li te konnen ki enpòtans sa genyen pou l delege responsablite, men li te konprann tou moun li fòme yo pa t ap toujou akonpli responsablite yo jan l te atann nan. Nan premye vwayaj misyonè li te fè a, li te fòme Mak, yon konpayon vwayaj li ki te jèn. Pòl pa t kontan lefètke Mak te kite asiyasyon l pou l retounen lakay li (Tra. 13:13; 15:37, 38). Sepandan, sa pa t fè l sispann fòme lòt moun. Jan nou te di sa deja, li te envite Timote, yon jèn kretyen, pou l vin konpayon vwayaj li. Lè Timote te prè pou l pran pi gwo responsablite, Pòl te kite l Efèz e li te ba l otorite pou l nome siveyan ak asistan ministeryèl nan kongregasyon an. —1 Tim. 1:3; 3:1-10, 12, 13; 5:22.

Se konsa tou jodi a, ansyen yo pa ta dwe sispann fòme frè yo sèlman paske sa pa t byen mache ak youn ladan yo. Li saj e li enpòtan pou ansyen yo aprann fè lòt moun konfyans e pou yo fòme yo. Men, ki sa ansyen yo dwe konsidere lè y ap delege yon responsablite?

Fason pou nou delege responsablite

Lè ansyen yo ap delege responsablite bay frè yo, yo dwe konsidere kalifikasyon frè sa yo. Yon lè, apot yo te bezwen moun pou okipe afè separasyon manje ki t ap fèt chak jou nan Jerizalèm, yo te chwazi ‘sèt gason ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri, ki gen kont bon konprann sou yo’. (Tra. 6:3.) Si w bay yon moun ki pa responsab fè yon travay, li ka annik pa fè l. Se sa k fè se pou w bay yon moun ti responsablite anvan. Si l montre li fidèl ladan yo, ou kapab ba l plis responsablite.

Sepandan, gen lòt bagay ankò ou bezwen konsidere. Tout moun pa gen menm pèsonalite ak menm kapasite. Tout moun pa gen menm eksperyans tou. Yon frè ki amikal e ki janti ka sèvi byen kòm plasè, alòske yon lòt frè ki òdone e ki disipline ka pi byen sèvi kòm adjwen sekretè kongregasyon an. Yo ka konfye yon sè ki gen kapasite atistik responsablite pou l ranje flè kote Memoryal la ap fèt la.

Lè w ap konfye yon moun responsablite, ou bezwen esplike l byen klè ki sa w ap atann de li. Anvan Jan Batis te voye mesaje l yo kote Jezi, li te esplike yo ki sa li te vle konnen e li te ba yo ki jan pou yo fè demann nan (Lik 7:18-20). Yon lòt bò, lè Jezi te bay disip li yo enstriksyon pou yo ranmase rès manje ki te rete apre li te fin fè yon mirak pou li bay moun manje, li pa t ba yo tout detay sou fason pou yo fè sa (Jan 6:12, 13). Donk, selon travay la ak kapasite moun nan, ou ka bezwen bay anpil esplikasyon, konsa tou, ou ka pa bezwen bay anpil esplikasyon. Ni moun k ap konfye travay la ni moun k ap fè l la ta dwe byen konprann ki rezilta y ap atann e ki kantite fwa y ap bezwen pale youn ak lòt konsènan pwogrè k ap fèt nan travay la. Yo toule de ta dwe konnen ki bagay moun yo konfye travay la ta dwe pran desizyon sou li. Olye pou moun k ap konfye responsablite a annik enpoze yon dat li ta renmen pou travay la fin fèt, li ta pi bon pou toule de chwazi dat la ansanm. Konsa, moun k ap fè travay la ka pi motive pou l fè l.

Moun yo konfye travay la dwe jwenn kòb, zouti ak èd l ap bezwen pou l fè travay la, selon sa ki nesesè. Li ka bon pou lòt moun konnen dispozisyon ki pran an. Lè Jezi t ap konfye Pyè “kle wayòm syèl la”, li te fè sa devan disip li yo (Mat. 16:13-19, Bib Kreyòl La). Menm jan an tou, nan kèk ka li ka bon pou ansyen yo fè kongregasyon an konnen kiyès ki responsab pou fè yon travay.

Anplis, li nesesè pou w veye pou w pa chèche kontwole moun nan nan sa l ap fè a. Si w fè sa, se t ap kòmsi w ta di l: “Mwen pa fin fè w konfyans.” Natirèlman, pafwa, ou ka pa jwenn rezilta ou t ap atann nan egzakteman. Sepandan, si w bay frè ou konfye responsablite a yon ti libète, petèt l ap vin gen konfyans nan tèt li e l ap vin gen eksperyans. Anfèt, sa pa vle di pou w pa sousye w de fason l ap fè travay la. Byenke Jewova te konfye Pitit li a yon wòl nan travay kreyasyon an, li te kontinye patisipe nan travay la tou. Men sa l te di Ouvriye abil li a: “Ann fè moun. N’ap fè l pòtre ak nou.” ​(Se nou menm ki mete mo yo ann italik; Jen. 1:26). Se sa k fè ni nan pawòl ou ni nan aksyon w l ap bon pou w soutni travay k ap fèt la. Anplis w ap bezwen felisite moun nan pou efò l ap fè yo. Si w fè yon ti verifye ki jan travay la ap pwogrese, sa kapab ede l. Si li pa pwogrese jan w ta vle a, pa ezite bay moun nan lòt konsèy. Ou ka menm ede l si w wè sa nesesè. Sonje sa, antanke moun ki konfye travay la, se ou ki gen responsablite final la. —Lik 12:48.

Anpil moun jwenn byenfè lefètke gen ansyen ki te enterese nan yo toutbon e ki te delege responsablite ba yo nan kongregasyon an. Vrèmanvre, tout ansyen bezwen aprann rezon ki fè yo dwe delege responsablite menm jan ak Jewova, e yo dwe konnen fason pou yo fè sa.

[Kare nan paj 29]

LÈ NOU DELEGE RESPONSABLITE

• se yon fason nou bay lòt moun posiblite pou yo jwenn satisfaksyon nan travay yo fè;

• se yon fason pou gen plis travay ki fèt;

• se yon fason nou demontre nou gen sajès ak modesti;

• se yon fason nou fòme lòt moun;

• se yon fason nou demontre nou fè lòt moun konfyans.

[Kare nan paj 30]

FASON POU NOU DELEGE RESPONSABLITE

• chwazi yon moun ki apwopriye pou travay la;

• esplike l byen klè sa pou l fè/pale ansanm sou sa;

• fè l konnen ki rezilta n ap atann;

• ba li sa li bezwen pou l fè travay la;

• montre nou sousye de travay la e nou fè l konfyans;

• dispoze pran responsablite final la.

[Foto nan paj 31]

Pou w delege yon responsablite, sa mande pou w bay yon moun responsablite a e pou w suiv pwogrè l ap fè.