Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fanmi kretyen yo, se pou nou imite egzanp Jezi!

Fanmi kretyen yo, se pou nou imite egzanp Jezi!

Fanmi kretyen yo, se pou nou imite egzanp Jezi!

“Kris [...] kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye.”—1 PYÈ 2:21.

1. a) Ki wòl Pitit Bondye a te jwe nan kreyasyon an? b) Ki santiman Jezi gen pou lèzòm?

LÈ Bondye t ap fè syèl la ak tè a, premye Pitit li a te bò kote l ap travay antanke “yon ouvriye abil”. Pitit Bondye a te kolabore ak Papa l tou lè L t ap fè planifikasyon pou l kreye tout varyete zannimo ak tout varyete plant ki sou tè a e lè L t ap fè Paradi a, kote kreyati ki pòtre ak Jewova yo, sètadi lèzòm, t apral abite. Li te la tou lè Papa l t ap kreye bagay sa yo. Pitit sa a, yo te vin konnen sou non Jezi annapre, te renmen lèzòm anpil. Bib la di: “Bagay [li] te santi yon atachman pou yo te avèk pitit lèzòm.” —Pwo. 8:27-31, NW; Jen. 1:26, 27.

2. a) Ki sa Jewova bay lèzòm enpafè pou l ede yo? b) Bay yon domèn nan lavi a kote Bib la bay enstriksyon.

2 Apre de premye moun yo te fin peche, yon bagay ki te vin enpòtan nan objektif Jewova se rachte limanite ki te tonbe nan peche. Jewova te ofri Kris an sakrifis kòm ranson pou l te ka rachte limanite (Wom. 5:8). Anplis, Jewova bay lèzòm Pawòl li a, Labib, ki gide yo pou montre yo pi bon fason pou yo viv ak enpèfeksyon yo eritye a (Sòm 119:105). Nan Pawòl li a, li bay enstriksyon ki ede fanmi yo rete solid e ki ede yo viv ak kè kontan. Anrapò ak maryaj, liv Jenèz la di yon gason dwe “kite papa l ak manman l pou l mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tou de fè yon sèl”. —Jen. 2:24.

3. a) Ki sa Jezi te anseye konsènan maryaj? b) Ki sa atik sa a pral montre?

3 Pandan ministè Jezi sou tè a, li te di maryaj se yon aranjman ki pèmanan. Li te konn anseye yon seri prensip ki ka ede tout moun ki nan yon fanmi evite atitid ak konduit ki ka menase maryaj la oswa ki ka retire kè kontan ki gen nan fanmi an (Mat. 5:27-37; 7:12). Atik sa a pral montre ki jan ansèyman Jezi yo ak egzanp li te bay lè l te sou tè a kapab ede mari yo, madanm yo, paran yo ak timoun yo viv ak kè kontan epi jwenn satisfaksyon nan lavi yo.

Fason yon mari ki kretyen onore madanm li

4. Ki resanblans ki genyen ant wòl Jezi jwe ak wòl mari kretyen yo jwe?

4 Bondye mete mari yo chèf fanmi an menm jan Jezi se Chèf kongregasyon an. Men sa apot Pòl te di: “Yon mari se chèf madanm li, menm jan Kris tou se chèf kongregasyon an ki se kò li, e li se yon sovè pou li. Mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, menm jan Kris te renmen kongregasyon an, e li te bay tèt li pou li.” ​(Efe. 5:23, 25, NW). Wi, fason Jezi te trete disip li yo se yon egzanp sou fason frè ki marye yo dwe trete madanm yo. Ann egzamine kèk fason Jezi te konn sèvi ak otorite Bondye ba li a.

5. Ki jan Jezi te itilize otorite li te genyen an sou disip li yo?

5 Nan Matye 11:29, Jezi di: “Mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye.” Jezi te konn aji avèk detèminasyon tou lè sa te nesesè. Li pa t janm neglije responsablite l (Mak 6:34; Jan 2:14-17). Li te konn bay disip li yo konsèy avèk bonte. Li te konn fè sa plizyè fwa lè sa te nesesè (Mat. 20:21-28; Mak 9:33-37; Lik 22:24-27). Sepandan, li pa t reprimande yo yon fason ki rabesan, li pa t imilye yo, ni li pa t aji avèk yo yon fason ki ta ka fè yo panse li pa renmen yo oswa yo pap kapab rive fè sa l ap anseye yo a. Okontrè, li te konn felisite yo e li te konn ankouraje yo (Lik 10:17-21). Donk, lefètke Jezi te trete disip li yo avèk amou e avèk konpasyon, li nòmal pou sa te fè yo respekte l.

6. a) Ki sa yon mari ka aprann nan fason Jezi te trete disip li yo? b) Ki konsèy apot Pyè te bay mari yo?

6 Egzanp Jezi montre pozisyon chèf mari yo genyen an pa vle di se pou yo dirije yon fason ki di. Olye de sa, se yon pozisyon ki mande pou yo aji avèk respè, pou yo gen yon espri sakrifis e pou yo aji avèk amou. Apot Pyè te konseye mari yo pou yo aji avèk amou, “menm jan” ak Jezi, lè yo kontinye “viv byen” ak madanm yo e yo “ba yo tout respè yo merite”. (Li 1 Pyè 3:7.) Men, ki jan yon mari kapab egzèse otorite li genyen toutpandan li trete madanm li tankou yon moun ki merite pou l onore l?

7. Ki fason yon mari ka onore madanm li? Bay yon egzanp.

7 Yon fason yon mari kapab onore madanm li se lè li konsidere sijesyon madanm li ba li ak santiman madanm li anvan li pran yon desizyon ki konsène tout fanmi an. Se kapab yon desizyon ki gen rapò ak kite kay kote yo rete a pou y al viv yon lòt kote oubyen ki gen rapò ak chanje travay. Se kapab desizyon l ap pran chak jou, tankou kote fanmi an ap pase vakans li oswa chanjman ki dwe fèt nan bidjè fanmi an pou yo ka fè fas ak lavi a ki kontinye ap vin pi chè. Piske desizyon konsa konsène tout fanmi an, lè mari a konsidere opinyon madanm li, sa ap bon pou fanmi an. Paske, nonsèlman sa ka ede l pran yon desizyon ki pi ekilibre e sa ka ede l pi byen reflechi anvan l pran desizyon an, men tou, l ap pi fasil pou madanm li soutni l nan desizyon li pran an. Anplis, li montre li gen bonte lè li aji konsa (Pwo. 15:22). Mari kretyen ki onore madanm yo pa sèlman jwenn lanmou ak respè nan men madanm yo, men tou, sa k pi enpòtan, yo jwenn apwobasyon Jewova. —Efe. 5:28, 29.

Fason yon madanm montre li gen gwo respè pou mari l

8. Poukisa egzanp Èv kite a se yon egzanp sè ki marye yo pa dwe suiv?

8 Nan domèn soumisyon devan otorite, Jezi se yon egzanp pafè pou kretyèn ki marye yo. Ala yon gwo diferans ki genyen ant fason li wè otorite ak fason premye fi a te wè otorite! Èv pa t kite yon bon egzanp pou kretyèn ki marye yo. Li te gen yon chèf Jewova te mete sou tèt li e Jewova te sèvi ak chèf sa a pou ba li enstriksyon. Sepandan, Èv pa t respekte aranjman sa a. Li pa t aksepte enstriksyon Adan te ba li (Jen. 2:16, 17; 3:3; 1 Kor. 11:3). Se vre, yo te twonpe Èv, men li te dwe pale ak mari l pou l te ka konnen si l te dwe koute vwa ki t ap pale avè l la ki te pretann sa l t ap di l la se yon bagay Bondye te “konnen”. Olye de sa, li te panse se li ki pou dirije mari l. Konsa, li te aji avèk prezonpsyon. —Jen. 3:5, 6; 1 Tim. 2:14.

9. Ki egzanp soumisyon Jezi kite?

9 Yon lòt bò, Jezi li menm kite yon egzanp pafè nan kesyon soumisyon an. Li te soumèt devan Chèf li yon fason pafè. Atitid li ak fason li te viv te montre “li pa t anvizaje fè yon dappiyanp sou pozisyon Bondye, sa vle di pou l ta egal avè l”, okontrè, “li te pito kite fòm li te genyen an, li te pran fòm yon esklav”. (Fil. 2:5-7, NW.) Jodi a, antanke yon Wa ki resevwa pouvwa, Jezi kenbe menm atitid la. Li soumèt devan Papa l avèk imilite nan tout bagay e li soutni L piske Papa l se Chèf li. —Mat. 20:23; Jan 5:30; 1 Kor. 15:28.

10. Ki jan yon madanm ka soutni mari l ki se chèf li?

10 Li bon pou yon madanm ki kretyèn imite Jezi lè l soutni mari l ki se chèf li. (Li 1 Pyè 2:21; 3:1, 2.) Ann pran yon sitiyasyon kote li gen okazyon pou li fè sa. Yon pitit li ap chèche jwenn pèmisyon pou l patisipe nan yon aktivite kote l bezwen pou paran l ba l pèmisyon. Lefètke manman an pa t diskite sa ak mari l anvan, li ta bon pou l mande pitit la si l te pale ak papa l sou sa deja. Si pitit la poko fè sa, manman an ta dwe pale sou sa ak mari l anvan yo pran yon desizyon. Anplis de sa, yon kretyèn ki marye pa ta dwe kontredi sa mari l di devan timoun yo. Si gen yon bagay li pa dakò ak mari l sou li, li ta dwe pale sou sa avè l lè yo poukont yo. —Efe. 6:4.

Jezi se yon egzanp pou paran yo

11. Ki egzanp Jezi kite pou paran yo?

11 Menmsi Jezi pa t marye e li pa t gen timoun, li se yon kokennchenn egzanp pou paran ki kretyen yo. Kòman? Li te anseye disip li yo an pawòl e ann aksyon e li te fè sa avèk amou e avèk pasyans. Li te montre yo ki jan pou yo akonpli misyon li te ba yo a (Lik 8:1). Fason Jezi te trete disip li yo te anseye yo fason pou youn trete lòt. —Li Jan 13:14-17.

12, 13. Ki sa ki nesesè pou paran yo fè si yo vle leve pitit yo pou yo gen krentif pou Bondye?

12 Timoun gen tandans imite paran yo, kit paran yo aji byen, kit yo aji mal. Donk, nou menm ki paran, nou kapab poze tèt nou kesyon sa yo: ‘Lè nou konsidere kantite tan nou pase nan gade televizyon ak nan lòt distraksyon parapò ak tan nou pase ap etidye Bib la e nou pase nan predikasyon, ki mesaj nou bay timoun yo? Ki sa ki priyorite pou nou nan fanmi an? Èske nou ba yo bon egzanp lè nou santre lavi nou sou vrè adorasyon an e nou pran desizyon ki montre se vrè adorasyon an ki pi enpòtan pou nou?’ Lwa Bondye yo dwe nan kè paran yo anvan, si yo vle leve pitit yo pou yo gen krentif pou Bondye. —Det. 6:6.

13 Si paran yo fè sa yo kapab pou yo suiv prensip biblik yo chak jou nan lavi yo, pitit yo pap pa wè sa. Lè sa a, pawòl paran yo di ak ansèyman y ap bay yo ap gen pwa. Sepandan, si timoun yo wè y ap anseye yo yon bagay, men yo fè yon lòt bagay, yo kapab tire konklizyon prensip biblik yo pa vrèman enpòtan e yo pa vrèman itil. Kòm rezilta, yo gendwa pa kapab reziste lè yo jwenn tantasyon nan monn nan.

14, 15. Ki sa paran yo ta dwe eseye devlope lakay pitit yo? Bay youn nan fason yo kapab fè sa.

14 Paran ki kretyen yo konnen leve timoun mande plis pase ba yo sa yo bezwen nan domèn materyèl. Se sa k fè yo pa t ap montre yo gen sajès ditou si yo ta ankouraje yo pou yo pousuiv objektif k ap sèlman ba yo avantaj nan domèn materyèl (Ekl. 7:12). Jezi te anseye disip li yo pou yo bay bagay espirityèl yo premye plas nan lavi yo (Mat. 6:33). Donk, pou paran ki kretyen yo imite Jezi, yo ta dwe fè tout sa yo kapab pou yo ede pitit yo pousuiv objektif espirityèl.

15 Yon fason paran yo ka fè sa, se lè yo kreye okazyon pou pitit yo pase tan ak moun ki nan sèvis aplentan yo. Fè yon ti reflechi e w ap wè jan sa ka ankourajan pou adolesan yo si yo vin zanmi avèk pyonye yo oswa avèk siveyan sikonskripsyon an ak madanm li. Si nou envite misyonè, Betelit ak frè ak sè ki patisipe nan travay konstriksyon entènasyonal la lakay nou, yo ka pale avèk antouzyas sou lajwa yo jwenn nan sèvis y ap bay Jewova a. Y ap kapab pale de bèl eksperyans yo fè. Lefètke yo se moun ki fè anpil sakrifis pou yo sèvi Bondye, egzanp yo bay kapab ede pitit nou yo pou yo pran desizyon ki saj, pou yo fikse bon objektif ki gen rapò ak sèvis yo pou Bondye e pou yo wè nesesite pou yo fè bon chwa anrapò ak edikasyon yo, yon fason pou yo kapab pran swen tèt yo pandan yo nan sèvis aplentan.

Timoun, ki sa k ap ede nou suiv egzanp Jezi?

16. Ki jan Jezi te onore paran l yo sou tè a ak Papa l ki nan syèl la?

16 Timoun, Jezi kite yon bèl egzanp pou nou tou. Se Jozèf ak Mari Bondye te bay responsab Jezi, e li te obeyi yo. (Li Lik 2:51.) Li te rekonèt Bondye te ba yo responsablite pou yo veye sou li, byenke yo te enpafè. Donk, yo te merite pou l onore yo (Det. 5:16; Mat. 15:4). Lè Jezi te rive nan laj adilt, li te toujou fè sa ki fè Papa l ki nan syèl la plezi. Sa te mande pou l reziste kont tantasyon li te jwenn (Mat. 4:1-10). Jèn, pafwa nou kapab jwenn tantasyon pou nou dezobeyi paran nou. Lè sa a, ki sa k ap ede nou suiv egzanp Jezi?

17, 18. a) Ki kalite presyon jèn yo jwenn nan lekòl yo? b) Ki sa jèn yo bezwen sonje k ap ede yo reziste kont presyon sa yo?

17 Sandout, pifò nan kamarad lekòl ou yo gendwa pa gen anpil respè pou prensip biblik yo oswa yo gendwa pa gen respè pou yo ditou. Yo gendwa eseye ankouraje w patisipe nan aktivite ki pa kòrèk e yo ka pase w nan rizib si w refize fè sa. Èske kamarad lekòl ou yo konn ba w non paske w refize patisipe nan kèk aktivite avèk yo? Lè yo fè w sa, ki jan w reyaji? Se sèten w konnen si w kite yo entimide w pou w suiv yo, w ap fè ni paran w ni Jewova desi. Ki sa k t ap rive w si w ta suiv kamarad ou yo? Petèt ou gen objektif ou fikse, tankou objektif pou w vin pyonye, asistan ministeryèl, pou w sèvi kote gen plis bezwen pwoklamatè Wayòm nan oswa pou w vin yon Betelit. Èske si w ap frekante kamarad lekòl ou yo, y ap ede w atenn objektif ou?

18 Ou menm jèn ki nan kongregasyon an, èske w konn twouve w nan sitiyasyon ki teste lafwa w? Ki jan w reyaji? Reflechi sou Jezi ki se modèl ou. Li te veye pou l pa sede devan tantasyon e li te pran pozisyon pou sa li te konnen ki jis yon fason ki fèm. Si w sonje sa, sa ap ba w fòs pou w di kamarad ou yo, yon fason ki klè, ou pa vle patisipe avèk yo nan okenn aktivite ou konnen ki pa kòrèk. Menm jan ak Jezi, se pou w konsantre sou objektif pou w sèvi Jewova ak kè kontan e pou w kontinye obeyi l pandan tout lavi w. — Ebre 12:2.

Sekrè pou nou viv ak kè kontan nan fanmi nou

19. Ki fason nou viv k ap ede nou jwenn vrè kè kontan an?

19 Jewova Dye ak Jezi Kris vle pou lèzòm jwenn sa ki genyen ki pi bon. Menm pandan nou enpafè a, nou kapab viv plizoumwen ak kè kontan (Iza. 48:17, 18; Mat. 5:3). Jezi te anseye yon seri verite espirityèl ki se baz pou lèzòm jwenn kè kontan. Sepandan, se pa sa sèlman li te anseye disip li yo. Li te montre yo tou meyè fason pou yo viv. Anplis de sa, li te kite yon bèl egzanp ki montre ki jan pou yon moun viv yon fason ki ekilibre e pou l gen yon atitid ki ekilibre. Nou tout, kèlkeswa wòl nou jwe nan fanmi nou, nou kapab tire pwofi nan egzanp Jezi. Kidonk, ni mari, ni madanm, ni paran, ni pitit, se pou nou suiv egzanp Jezi! Vrèmanvre, sekrè pou nou jwenn satisfaksyon ak kè kontan nan fanmi nou se suiv ansèyman Jezi yo epi imite egzanp li.

Ki repons nou ta bay?

• Ki jan mari yo ta dwe egzèse otorite Bondye ba yo a?

• Ki jan yon madanm ka imite egzanp Jezi?

• Ki sa paran yo ka aprann nan fason Jezi te trete disip li yo?

• Ki sa jèn yo ka aprann nan egzanp Jezi?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Ki sa yon mari ki gen lanmou pou fanmi l ap fè anvan li pran yon desizyon ki konsène fanmi an?

[Foto nan paj 9]

Ki sitiyasyon ki ka prezante k ap bay yon madanm okazyon pou l soutni mari l ki se chèf fanmi an?

[Foto nan paj 10]

Timoun gen tandans imite bon abitid paran yo genyen.