Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason nou ka jwenn trezò ki “byen sere” nan Li yo

Fason nou ka jwenn trezò ki “byen sere” nan Li yo

Fason nou ka jwenn trezò ki “byen sere” nan Li yo

“Se nan li tout trezò sajès ak konesans byen sere.” —KOL. 2:3, NW.

1, 2. a) Ki sa yo te dekouvri an 1922, e ki kote yo ye kounye a? b) Ki envitasyon Pawòl Bondye a fè tout moun?

LÈ GEN moun ki dekouvri trezò ki kache, souvan, medya yo konn klewonnen sa. Pa egzanp, an 1922, apre plizyè dizèn ane kote yon akeyològ anglè yo te rele Howard Carter t ap travay di nan move kondisyon, li te fè yon gwo dekouvèt. Li te dekouvri tonm Farawon Toutankamon, yon tonm wayal ki te prèske rete entak. Li te gen prèske 5 000 objè ladan l.

2 Byenke dekouvèt Carter te fè a se te yon dekouvèt estrawòdinè, pifò nan objè sa yo se nan mize yo ye oswa yo fè pati koleksyon kèk moun ki fè koleksyon bagay sa yo. Yo gen yon valè istorik oswa yon valè atistik, men yo prèske pa itil nou anyen nan lavi nou chak jou oswa yo pa itil nou anyen ditou. Sepandan, nan Pawòl Bondye a, nou jwenn envitasyon pou nou chèche trezò ki vrèman gen valè pou nou. Envitasyon sa a se pou tout moun, e rekonpans n ap resevwa a gen plis valè lontan pase nenpòt trezò materyèl nou ta ka jwenn. —Li Pwovèb 2:1-6.

3. Poukisa trezò Jewova mande sèvitè l yo chèche yo pwofitab pou yo?

3 Annou konsidere enpòtans trezò Jewova mande sèvitè l yo chèche yo genyen. Pami trezò sa yo, gen “krentif pou Senyè a” ki kapab yon pwoteksyon pou nou nan epòk danjere n ap viv ladan l lan (Sòm 19:9). Lè yon moun “konnen ki moun Bondye ye”, sa kapab fè l gen yon relasyon sere ak Trèwo a, ki se pi gwo onè yon moun ka genyen. Grasa sajès, konesans ak disènman ki sot nan Bondye ki se trezò ki gen valè, n ap kapab jere pwoblèm ak sousi nou gen nan lavi a avèk siksè (Pwo. 9:10, 11). Ki jan nou kapab jwenn trezò sa yo ki gen anpil valè?

Rezon ki fè nou dwe chèche jwenn trezò espirityèl yo

4. Ki kote n ap jwenn trezò espirityèl yo?

4 Kontrèman ak akeyològ yo ak lòt moun ki souvan ap chèche tout kote pou yo jwenn trezò, nou menm, nou konnen egzakteman ki kote n ap jwenn trezò espirityèl yo. Pawòl Bondye a tankou yon kat ki montre kote yon trezò ye. Li fè nou konnen egzakteman ki kote n ap jwenn trezò Bondye pwomèt yo. Anpalan de Kris, men sa apot Pòl te ekri: “Se nan li tout trezò sajès ak konesans byen sere.” ​(Kol. 2:3). Pandan n ap li pawòl sa yo, nou gendwa mande tèt nou: ‘Poukisa nou ta dwe chèche trezò sa yo? Nan ki sans yo “byen sere” nan Kris? Ki sa pou n fè pou n jwenn yo?’ Pou nou jwenn repons kesyon sa yo, ann egzamine pawòl apot la te di yo pi byen toujou.

5. Poukisa Pòl te ekri kongregasyon Kolòs la konsènan trezò espirityèl?

5 Pòl te ekri pawòl sa yo bay kretyen parèy li yo ki te nan kongregasyon Kolòs la. Li te di yo li t ap travay di pou yo “dekwa pou kè yo ka jwenn konsolasyon, pou yo ka ini nan lamou”. (Bib Kreyòl La.) (Li Kolosyen 2:1, 2.) Poukisa Pòl te gen sousi sa a? Se paske li te konnen te gen kèk frè pami yo ki t ap anseye filozofi grèk oswa ki t ap di se pou frè yo nan kongregasyon an retounen suiv Lwa Moyiz la, e petèt frè ki t ap di sa yo te enfliyanse kèk nan lòt frè yo. Li te avèti yo avèk fòs. Li te di yo: “Fè atansyon pou nou pa kite pèsonn twonpe nou ak bèl diskou filozòf yo, ak diskisyon ki pa vo anyen. Bagay sa yo sòti nan koutim lèzòm, nan jan yo konprann bagay ki nan lemonn. Yo pa sòti nan Kris la.” —Kol. 2:8.

6. Poukisa nou ta dwe enterese nan konsèy Pòl la?

6 Jodi a, nou sibi menm enfliyans sa yo anba men Satan ak monn li an ki mechan. Filozofi ki gen nan monn nan, tandans moun yo genyen pou yo pa kwè nan Bondye e pou yo konsantre sou pwòp tèt yo ak sou devlope kapasite yo genyen, plis teyori evolisyon an enfliyanse fason moun yo panse, moralite yo, objektif yo ak fason yo viv. Fo relijyon jwe yon gwo wòl nan ankouraje moun fete yon pakèt fèt ki popilè nan monn nan. Anpil pwogram yo pase sou televizyon, anpil fim, anpil mizik ak lòt bagay ankò ankouraje moun satisfè move dezi lachè, e anpil nan bagay nou jwenn sou Entènèt yo danjere ni pou jèn ni pou granmoun. Si nou an kontak toutan ak bagay sa yo ansanm ak lòt tandans ki gen nan monn nan, sa kapab fè nou chanje fason nou konsidere enstriksyon Jewova yo e sa kapab fè nou lage esperans nou genyen pou nou jwenn lavi toutbon an. (Li 1 Timote 6:17-19.) Sa klè, nou bezwen byen konprann sans pawòl Pòl te ekri Kolosyen yo e nou bezwen koute konsèy li a si nou pa vle tonbe nan pyèj Satan.

7. Ki de bagay Pòl te di ki t ap ede Kolosyen yo?

7 Si nou retounen nan pawòl Pòl yo, n ap remake apre li fin fè Kolosyen yo konnen enkyetid li, li atire atansyon yo sou de bagay ki t ap fòtifye yo e ki t ap ede yo rete ini nan lanmou. Premyèman, li te pale de “bon konprann k’ap ba yo anpil konfyans”. Yo te bezwen gen asirans total konpreyansyon yo te genyen sou Ekriti yo te kòrèk yon fason pou lafwa yo te ka chita sou yon baz solid (Ebre 11:1). Apre sa, li pale de “konesans egzak sou sekrè sakre Bondye a”. Yo te bezwen konnen plis pase verite elemantè yo e yo te bezwen byen konprann bagay pwofon Bondye yo (Ebre 5:13, 14). Vrèmanvre, se te yon bon konsèy pou Kolosyen yo e se yon bon konsèy pou nou tou jodi a! Sepandan, ki jan nou kapab gen konfyans sa a e ki jan nou kapab gen konesans sa a? Pòl te bay sekrè a nan deklarasyon pwofon li te fè konsènan Jezi Kris la lè l te di: “Se nan li tout trezò sajès ak konesans byen sere.”

Trezò ki “sere” nan Kris yo

8. Esplike sans ekspresyon “sere” nan Kris la.

8 Byenke Pòl te di tout trezò sajès ak konesans “sere” nan Kris, sa pa vle di li enposib pou moun jwenn yo. Sa tou senpleman vle di, si nou vle jwenn trezò sa yo, nou bezwen fè anpil efò e nou bezwen dirije atansyon nou sou Jezi Kris. Sa ann amoni ak sa Jezi te di konsènan tèt li: “Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.” ​(Jan 14:6). Wi, si nou vle konnen Bondye, nou bezwen pwofite de èd ak direksyon Jezi bay.

9. Ki wòl yo bay Jezi jwe?

9 Nonsèlman Jezi te di li se “chemen an”, men tou, li te di li se “verite a” ak “lavi a”. Sa montre nan wòl li jwe a li fè plis pase pèmèt moun pwoche bò kote Papa a. Jezi jwe wòl ki enpòtan tou nan ede nou konprann verite ki nan Bib la e nan ede nou jwenn lavi etènèl. Vrèmanvre, gen trezò espirityèl ki gen valè enkonparab ki kache nan Jezi e k ap tann pou moun ki etidye Bib la avèk swen yo dekouvri yo. Annou egzamine kèk verite espirityèl ki gen yon efè dirèk sou esperans nou gen pou lavni an e sou relasyon nou avèk Bondye.

10. Ki sa nou ka aprann sou Jezi nan Kolosyen 1:19 ak Kolosyen 2:9?

10 “Se nan li tout kalite Bondye genyen yo pran fòm e yo abite.” ​(Kol. 1:19; 2:9, NW). Jezi te konnen pèsonalite Bondye ak volonte l pi byen pase tout lòt moun paske li te ansanm avè l pandan anpil anpil tan. Pandan ministè l sou tè a, li te anseye lòt moun sa Papa l te anseye l e li te reflete kalite Papa l yo nan aksyon l, kalite Papa l te anseye l pou l genyen. Se sa k fè Jezi te ka di: “Moun ki wè m, li wè Papa a.” ​(Jan 14:9). Tout sajès ak konesans Bondye kache, oswa yo abite nan Kris. Se sa k fè pa gen meyè fason pou nou aprann konnen Jewova pase lè nou pran san nou pou nou aprann tout sa nou kapab sou Jezi.

11. Ki rapò ki genyen ant Jezi ak pwofesi ki nan Bib la?

11 “Rann temwayaj sou Jezi se sa ki enspire pwofesi yo.” ​(Rev. 19:10, NW). Pawòl sa yo montre Jezi jwe yon wòl enpòtan nan akonplisman tout pwofesi ki nan Bib la. Depi nan premye pwofesi Jewova te bay nou jwenn nan Jenèz 3:15 lan rive nan vizyon estrawòdinè ki nan liv Revelasyon an, se sèlman lè yon moun konsidere wòl Jezi jwe an rapò ak Wayòm nan, li posib pou li byen konprann pwofesi biblik yo. Sa ede nou konprann rezon ki fè moun ki pa aksepte Jezi kòm Mesi yo te pwomèt la pa ka konprann anpil nan pwofesi ki nan Ekriti ebrayik yo. Sa ede nou konprann tou rezon ki fè moun ki pa kwè nan Ekriti ebrayik yo, kote nou jwenn pwofesi konsènan Mesi a, konsidere Jezi tou senpleman kòm yon gran òm. Sepandan, konesans nou genyen sou Jezi ede nou, antanke pèp Bondye a, pou nou konprann pwofesi ki nan Bib la ki poko akonpli yo. —2 Kor. 1:20.

12, 13. a) Nan ki sans Jezi se “limyè k’ap klere tout moun ki sou latè”? b) Lefètke disip Kris yo pa nan fènwa espirityèl ankò, ki obligasyon yo genyen?

12 “Se mwen menm ki limyè k’ap klere tout moun ki sou latè.” ​(Li Jan 8:12; 9:5). Byen lontan anvan Jezi te fèt sou tè a, men sa pwofèt Izayi te anonse: “Pèp ki t’ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, kounyeya yon limyè vin klere yo!” ​(Iza. 9:2). Apot Matye esplike se Jezi ki te akonpli pwofesi sa a lè l te kòmanse preche e li te di: “Se pou nou repanti, paske wayòm syèl la vin pi pre.” ​(Mat. 4:16, 17, NW). Ministè Jezi te pote limyè pou moun yo nan domèn espirityèl e li te libere yo anba esklavaj fo ansèyman nan domèn relijye. Men sa Jezi te di: “Mwen menm, mwen se limyè sou latè. Tout moun ki kwè nan mwen p’ap rete nan fènwa.” —Jan 1:3-5; 12:46.

13 Kèk ane apre, men sa apot Pòl te di kretyen parèy li yo: “Nan tan lontan, nou te nan fènwa. Men kounyeya, paske n’ap viv ansanm nan Senyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k’ap viv nan limyè a.” ​(Efe. 5:8). Kretyen yo gen obligasyon pou yo konpòte yo tankou moun k ap viv nan limyè piske yo pa nan fènwa ankò nan domèn espirityèl. Sa ann amoni ak sa Jezi te di disip li yo nan Sèmon sou montay la. Men sa li te di: “Se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n’ap fè yo, y’a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.” ​(Mat. 5:16). Èske w tèlman apresye trezò espirityèl ou jwenn nan Jezi yo, ou atire atansyon lòt moun sou yo ni nan pawòl ou ni nan bèl aksyon ou fè antanke kretyen?

14, 15. a) Nan tan biblik yo, ki jan yo te itilize mouton ak lòt zannimo nan vrè adorasyon an? b) Nan wòl Jezi jwe antanke “ti mouton Bondye a”, poukisa li se yon trezò ki pa gen parèy?

14 Jezi se “ti mouton Bondye a”. (Jan 1:29, 36.) Nan tout Bib la, sakrifis mouton jwe yon wòl enpòtan nan fè moun jwenn padon pou peche yo e li pèmèt yo pwoche kot Bondye. Pa egzanp, apre Abraram te fin montre li te dispoze ofri Izarak, pitit li, an sakrifis, Bondye te di l pou l pa fè pitit la anyen e li te pèmèt li jwenn yon mal mouton pou l sakrifye nan plas Izarak (Jen. 22:12, 13). Lè Izrayelit yo te delivre sot nan peyi Ejip, mouton te jwe yon wòl enpòtan toujou. Fwa sa a, Jewova te mande pou yo manje mouton pou fèt “pak” li a (Egz. 12:1-13, NW). Anplis, Lwa Moyiz la te mande pou yo fè sakrifis ak divès zannimo. Mouton ak kabrit te ladan yo. —Egz. 29:38-42; Lev. 5:6, 7.

15 Pa gen youn nan sakrifis sa yo ki te ka libere yon moun anba peche ak lanmò definitivman. An reyalite, okenn sakrifis lèzòm fè pa t ap kapab fè sa (Ebre 10:1-4). Sepandan, Jezi se “ti mouton Bondye a k’ap wete peche moun sou tout latè”. Wòl Jezi jwe antanke “ti mouton Bondye a” se youn nan bagay ki fè li se yon trezò ki gen plis valè pase kèlkeswa trezò materyèl la. Se sa k fè l ap bon pou nou rezève tan pou nou fè etid sou ranson an avèk swen e pou nou egzèse lafwa nan dispozisyon estrawodinè sa a. Si nou fè sa, n ap met tèt nou nan yon pozisyon pou nou resevwa yon gwo benediksyon ak yon gwo rekonpans: swa glwa ak onè bò kote Kris nan syèl la si nou fè pati “ti bann mouton” an, swa lavi etènèl nan Paradi sou tè a si nou fè pati “lòt mouton” yo. —Lik 12:32; Jan 6:40, 47; 10:16.

16, 17. Poukisa li enpòtan pou nou konprann wòl Jezi jwe antanke “kaptenn lafwa nou” e atanke moun ki “fè lafwa nou total” la?

16 Jezi se “kaptenn lafwa nou, e se li ki fè lafwa nou total”. (Bib Kreyòl La.) (Li Ebre 12: 1, 2.) Nan Ebre chapit 11, Pòl te fè yon bon pale sou lafwa. Li bay yon definisyon tou kout sou sa lafwa ye ansanm ak yon lis gason ak fi, ki sèvi kom egzanp, ki te gen lafwa, tankou Noye, Abraram, Sara ak Rahab. Avèk tout sa nan lespri l, Pòl ankouraje kretyen parèy li yo pou yo ‘fikse je yo sou Jezi ki se kaptenn lafwa yo e ki fè lafwa yo total’. Poukisa li mande yo fè sa?

17 Byenke gason ak fi sa yo ki nan chapit 11 liv Ebre a te fidèl e yo te gen yon fwa solid nan pwomès Bondye yo, yo pa t konn tout detay sou fason Jewova t apral sèvi ak Mesi a ansanm ak Wayòm nan pou l reyalize pwomès li a. Nan sans sa a, lafwa yo te manke enfòmasyon ki te ka rann li konplè. An reyalite, menm moun Jewova te itilize pou ekri pwofesi konsènan Mesi a pa t byen konprann tout siyifikasyon sa yo te ekri a te genyen (1 Pyè 1:10-12). Sepandan, jodi a, nou wè akonplisman pifò nan pwofesi yo te ekri konsènan Jezi yo, e sa fè lafwa nou vin konplè. Se sa k fè li enpòtan pou nou byen konprann e pou nou rekonèt wòl Jezi jwe antanke “kaptenn lafwa nou” e antanke moun ki “fè lafwa nou total” la.

Kontinye chèche jwenn yo

18, 19. a) Bay kèk lòt trezò espirityèl ki sere nan Kris. b) Poukisa nou ta dwe kontinye fikse je nou sou Jezi pou nou jwenn trezò espirityèl?

18 Nou te konsidere sèlman kèk wòl enpòtan Jezi jwe nan objektif Bondye genyen pou li sove limanite a. Gen lòt trezò toujou ki gen anpil valè ki kache nan Kris. Si nou jwenn yo, sa ap ban nou kè kontan e sa ap pwofitab pou nou. Pa egzanp, apot Pyè te rele Jezi “Prens lavi a” ak “etwal di maten” ki leve a (Tra. 3:15, Bib Kreyòl La; 5:31; 2 Pyè 1:19, Bib Kreyòl La). Anplis, Bib la rele Jezi “Amèn nan”. (Rev. 3:14, NW.) Èske w konnen nan ki sans li jwe wòl sa yo e ki enpotans wòl sa yo genyen? Jan Jezi te di sa, ‘chache w’a jwenn’. —Mat. 7:7.

19 Pa gen okenn moun nan listwa lavi l gen tout sans sa a e lavi etènèl nou depann de lavi l konsa. Yon moun k ap chèche konnen Jezi toutbonvre ap jwenn trezò espirityèl ki kache nan li yo byen fasil. Nou swete se ap yon jwa ak yon benediksyon pou ou pou w jwenn trezò ki “byen sere” nan li yo.

Èske nou sonje?

• Ki trezò kretyen yo jwenn ankourajman pou yo chèche?

• Poukisa konsèy Pòl te bay Kolosyen yo apwopriye pou nou menm jodi a?

• Site kèk trezò espirityèl ki “sere” nan Kris epi pale de yo.

[Kesyon]

[Foto nan paj 5]

Bib la tankou yon kat ki gide nou pou nou jwenn trezò ki “byen sere” nan Kris yo.