Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lè nou preche avèk kran, nou imite Jezi

Lè nou preche avèk kran, nou imite Jezi

Lè nou preche avèk kran, nou imite Jezi

“Nou te mete kran sou nou pou nou fè nou konnen bon nouvèl [la].”—1 TES. 2:2, NW.

1. Poukisa bon nouvèl Wayòm nan atiran?

SE PA ti bon sa bon lè yon moun tande yon bon nouvèl! Pami tout bon nouvèl yon moun kapab tande, se bon nouvèl Wayòm Bondye a ki pi enpòtan. Bon nouvèl sa a ban nou asirans yon lè soufrans, maladi, doulè, lapenn ak lanmò ap disparèt. Li fè nou gen esperans pou nou jwenn lavi etènèl, li revele nou objektif Bondye e li montre nou ki jan nou kapab rive gen yon relasyon avè l ki baze sou lanmou. Ou ta panse tout moun t ap kontan tande bon nouvèl sa a Jezi t ap pataje ak lèzòm nan. Men, malerezman, se pa konsa sa ye.

2. Esplike sa Jezi te vle di lè l te di: “Mwen vin mete divizyon.”

2 Men sa Jezi te di disip yo: “Pa mete nan tèt nou se lapè mwen vin mete sou latè; mwen pa vin mete lapè, men mwen vin mete divizyon. Mwen vin mete divizyon ant pitit gason ak papa yo, ant pitit fi ak manman yo, ant bèlfi ak bèlmè yo. Se pwòp fanmi nou ki va pi gwo lènmi nou.” ​(Mat. 10:34-36). Pifò moun pa aksepte bon nouvèl la, alòske yo ta dwe aksepte l ak kè kontan. Genyen ki opoze ak moun k ap preche l yo, menm lè moun k ap preche l yo se manm fanmi pwòch yo.

3. Ki sa nou bezwen genyen pou nou akonpli misyon nou genyen pou nou preche a?

3 N ap preche menm verite Jezi t ap preche yo. Gen moun jodi a lè yo tande yo ki reyaji menm jan ak anpil moun nan epòk Jezi a. Nou dwe atann pou se konsa sa ye. Men sa Jezi te disip li yo: “Yon domestik pa janm pi [gran] pase mèt li. Si yo pèsekite m, y’a pèsekite nou tou.” ​(Jan 15:20). Nan anpil peyi, nou pa jwenn pèsekisyon dirèk, men moun yo meprize nou e yo endiferan. Se sa k fè nou bezwen gen lafwa ak kouraj pou nou andire avèk kran nan travay predikasyon bon nouvèl la. —Li 2 Pyè 1:5-8.

4. Poukisa Pòl te dwe ‘mete kran sou li’ pou l preche?

4 Petèt ou twouve li difisil pafwa pou w patisipe nan ministè a, oubyen ou santi w pa alèz ak kèk aspè ladan l. Se pa ou menm sèlman kòm pwoklamatè fidèl ki nan sitiyasyon sa a. Apot Pòl se te yon pwoklamatè ki te gen kran e ki te konprann laverite trè byen, epoutan gen moman kote li te oblije lite pou l te ka preche. Men sa l te ekri kretyen Tesalonik yo: “Men toudabò, apre nou te fin soufri, e apre yo te fin maltrete nou nan Filip (tankou nou konn sa), grasa Bondye nou an, nou te mete kran sou nou pou nou fè nou konnen bon nouvèl Bondye a, e nou te lite anpil pou nou fè sa.” ​(1 Tes. 2:2, NW). Nan Filip, otorite yo te bay Pòl ak Silas, yon konpayon sèvis li, yon bann kout baton, yo te mete yo nan prizon e yo te mete pye yo nan sèp (Tra. 16:16-24). Malgre sa, Pòl ak Silas “te mete kran sou” yo pou yo kontinye preche. Ki jan w kapab fè menm jan an? Pou nou reponn kesyon sa a, annou konsidere sa k te ede sèvitè Bondye nan tan biblik yo pou yo pale laverite konsènan Jewova avèk kran, e annou aprann ki jan nou kapab imite egzanp yo.

Yo te bezwen gen kran pou yo pale devan ènmi yo

5. Poukisa depi okòmansman istwa lèzòm sèvitè fidèl Jewova yo te toujou bezwen montre yo gen kran?

5 Byennantandi, nan domèn kouraj ak kran, pi gwo egzanp lan se Jezi Kris. Men, depi nan kòmansman istwa lèzòm, sèvitè fidèl Jewova yo te toujou bezwen gen kran. Poukisa? Apre rebelyon ki te fèt ann Edenn nan, Jewova te anonse t ap gen yon hèn ant moun k ap sèvi l ak moun k ap sèvi Satan (Jen. 3:15). Tousuit apre rebelyon an, hèn sa a te vin parèt byen klè lè frè Abèl la te touye Abèl ki te yon nonm jis. Annapre, Enòk, yon lòt sèvitè Bondye ki te fidèl e ki t ap viv anvan delij la te fè fas ak hèn sa a. Li te anonse Bondye t ap vini ak tout miryad zanj li yo ki sen pou l egzekite jijman l kont moun ki pa obeyi l yo (Jid 14, 15). Anpil moun pa t renmen mesaj li a. Yo te rayi Enòk, e sandout, yo t ap touye l si Jewova pa t rakousi lavi l. Enòk te montre li gen anpil kran! —Jen. 5:21-24.

6. Poukisa Moyiz te bezwen gen kran pou l pale ak Farawon?

6 Annou panse tou ak Moyiz ki te demontre li gen kran lè li t ap pale ak Farawon, yon dirijan ki pa t jis konsidere tèt li kòm yon reprezantan dye yo, men ki te konsidere tèt li tou kòm yon dye, piske li te konsidere tèt li kòm pitit Ra, dye solèy la. Petèt li te fè yon imaj ki reprezante tèt li e li te konn adore imaj sa a, menm jan kèk lòt Farawon te konn fè sa. Se pawòl Farawon ki te fè lalwa; yonfwa li te fin bay yon dekrè, se fini. Antanke yon dirijan ki pisan, ki ògeye e ki tèti, moun pa t konn di l sa pou l fè. Se devan yon nonm konsa, Moyiz, yon bèje tou dou, te konn parèt souvan, san yo pa t envite l e malgre yo pa t byen akeyi l. Ki sa Moyiz te anonse l? Li te anonse l gen yon seri flewo tèrib ki t apral frape peyi a. E ki sa Moyiz te mande l pou l fè? Li te mande l pou l kite plizyè milyon esklav li te genyen kite peyi a. Èske Moyiz te bezwen kran? Sètènman! —Nonb 12:3; Ebre 11:27.

7, 8. a) Ki eprèv sèvitè fidèl nan tan lontan yo te rankontre? b) Poukisa moun ki te soutni vrè adorasyon an anvan epòk kretyen yo te kapab fè sa avèk kran?

7 Pandan tout syèk ki te pase apre evènman sa a, pwofèt yo ak lòt sèvitè fidèl Bondye yo te toujou pran pozisyon pou vrè adorasyon an avèk kouraj. Men, monn Satan an pa t trete yo byen. Men sa Pòl te ekri: “Yo te kalonnen yo ak kout wòch, yo te pase yo anba eprèv, yo te siye yo an de, yo te touye yo ak epe. Genyen ki te konn ap mache abiye ak po mouton ak po kabrit, alòske yo te nan nesesite, yo te nan tribilasyon, e yo te konn sibi move tretman.” ​(Ebre 11:37, NW). Ki sa ki te ede sèvitè Bondye sa yo ki te fidèl pou yo kenbe fèm? Nan kèk vèsè anvan, apot la te di ki sa k te bay Abèl, Abraram, Sara ak kèk lòt moun ankò fòs pou yo andire eprèv. Li te di: “Yo pat gentan resevwa benediksyon Bondye te pwomèt yo, men yo [te] wè benediksyon yo byen lwen, yo [te] salwe yo delwen.” ​(Ebre 11:13). Pa gen dout nan sa, pwofèt Eliya, pwofèt Jeremi ak lòt moun fidèl ki t ap viv nan epòk anvan epòk kretyen yo, ki te pran pozisyon pou vrè adorasyon an avèk kran, te jwenn èd tou pou yo andire eprèv yo lè yo te fikse je yo sou pwomès Jewova yo. —Tit 1:2.

8 Sèvitè fidèl sa yo ki t ap viv nan epòk anvan epòk kretyen yo te gen yon bèl esperans. Lè yo resisite, yo pral atenn lapèfeksyon finalman e y ap “libere anba esklavaj koripsyon” grasa sèvis Kris Jezi, Gran Prèt la, ansanm ak 144 000 prèt adjwen l yo (Wom. 8:21, Bib Kreyòl La). Anplis, Jeremi ak lòt sèvitè Jewova nan tan lontan yo ki te fidèl e ki te gen kran te gen kran paske Jewova te ba yo asirans ki parèt nan pwomès sa a li te fè Jeremi an: “Yo tout pral leve dèyè ou. Men, yo p’ap ka fè ou anyen. Paske m’ap kanpe la avè ou pou m delivre ou. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.” ​(Jer. 1:19). Jodi a, lè nou reflechi sou pwomès Bondye fè nou pou lavni yo e sou asirans li ban nou l ap pwoteje nou nan domèn espirityèl la, nou santi nou jwenn fòs menm jan an tou. —Pwo. 2:7; li 2 Korentyen 4:17, 18.

Jezi te preche avèk kran paske l te gen lanmou

9, 10. Ki fason Jezi te montre li gen kran lè l te devan a) chèf relijye yo, b) yon gwoup sòlda, c) gran prèt la, d) Pilat?

9 Jezi, Egzanp nou an, te montre li gen kran, e li te fè sa divès fason. Pa egzanp, moun ki te gen pouvwa e ki te gen enfliyans yo te rayi l, men sa pa t fè l adousi mesaj Bondye te vle moun yo konnen an. Li pa t pè denonse chèf relijye yo poutèt yo te jis nan je pa yo, e li pa t pè denonse ansèyman yo t ap bay yo ki te fo. Jezi te dirèk e li te klè lè li t ap kondane mesye sa yo. Men sa l te di yo yon lè: “Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou sanble tonm yo blanchi nan simityè. Deyò yo parèt byen bèl, anndan yo plen ak zosman mò ak tout kalite vye bagay pouri. Konsa tou, sou deyò nan je moun, nou sanble moun k’ap mache dwat devan Bondye. Men anndan kè nou, nou plen ipokrizi ak mechanste.” —Mat. 23:27, 28.

10 Jezi te montre li gen kouraj lè l te idantifye tèt li bay gwoup sòlda ki te vin arete l nan jaden Jetsemane a (Jan 18:3-8). Annapre, yo te mennen l devan Sanedren an, e gran prèt la te entèwoje l. Byenke li te konnen gran prèt la t ap chèche yon fo rezon pou l touye l, san l pa t pè, li te fè konnen li se Kris la e li se Pitit Bondye a. Li te di yo tou yo t ap gen pou yo wè l ‘lè li va chita adwat Bondye, ak lè l ap vini avèk nyaj nan syèl la’. (Mak 14:53, 57-65, Bib Kreyòl La.) Yon ti tan apre, yo te mennen Jezi tou mare devan Pilat, ki te ka libere l. Men, Jezi te rete san l pa di anyen devan akizasyon yo te lage sou do l yo (Mak 15:1-5). Tout aksyon sa yo te mande anpil kouraj.

11. Ki jan lanmou ka fè nou gen kran?

11 Men sa Jezi te di Pilat: “Men poukisa mwen te fèt, men poukisa mwen te vini nan lemonn: se pou mwen te ka temwaye verite a.” ​(Jan 18:37, Bib Kreyòl La). Jewova te bay Jezi misyon pou l preche bon nouvèl la. Jezi te renmen fè travay sa a paske li te renmen Papa l ki nan syèl la (Lik 4:18, 19). Jezi te renmen moun yo tou. Li te konnen lavi a pa t fasil pou yo. Menm jan an tou, si nou renmen Bondye e nou renmen pwochen nou anpil, n ap preche avèk kran, san nou pa pè. —Mat. 22:36-40.

Lespri sen ban nou fòs pou nou preche avèk kran

12. Ki sa k te fè premye disip yo kontan?

12 Nan semèn ki te vin apre lanmò Jezi yo, disip yo te gen rezon pou yo kontan paske Jewova te fè gen lòt moun ki te vin disip e ki te vin fè youn ak yo. Ebyen, nan yon jou sèlman, te gen 3 000 Juif ak pwozelit ki te batize. Yo te soti nan anpil peyi pou yo vin selebre fèt Pannkòt la nan Jerizalèm. Sandout, tout moun nan Jerizalèm t ap pale de evènman sa a! Men sa Bib la rakonte: “Tout moun te gen krentif devan kantite mirak ak bèl bagay apòt yo t’ap fè.” —Tra. 2:41, 43.

13. Poukisa frè yo te priye pou yo gen kran, e ki sa k te rive?

13 Chèf relijye yo ki te vin an kòlè te arete Pyè ak Jan. Yo mete yo nan prizon pandan yon nuit e yo ba yo lòd pou yo pa pale konsènan Jezi. Lè yo fin lage Pyè ak Jan, yo toule de a al rakonte lòt frè yo sa k te pase, e yo tout te priye Jewova konsènan opozisyon yo t ap jwenn nan. Men sa yo te di: ‘Bondye [...], bay sèvitè ou yo fòs pou yo ka fè konnen mesaj ou a avèk konviksyon [“kran”, NW].’ Ki sa k te rive apre sa? “Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo [te] pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon.” —Tra. 4:24-31.

14. Ki jan lespri sen ede nou nan travay predikasyon n ap fè a?

14 N ap remake se lespri sen Jewova, ki pisan, ki te ede disip yo pale pawòl Bondye a avèk kran. Sa montre kouraj nou jwenn pou nou preche lòt moun bon nouvèl la, menm moun ki opoze ak mesaj nou an, pa soti nan nou. Si nou mande Jewova lespri sen l pou nou preche bon nouvèl la, li anmezi pou l ban nou l, e l ap ban nou l. Avèk èd Jewova, nou menm tou nou kapab gen kran pou nou venk nenpòt opozisyon nou jwenn. —Li Sòm 138:3.

Kretyen nan epòk nou an preche avèk kran

15. Ki jan laverite mete divizyon nan mitan moun jodi a?

15 Nan epòk pa nou an, menm jan ak nan epòk pase yo, laverite kontinye ap mete divizyon nan mitan moun. Gen moun ki byen reyaji devan fason nou adore Bondye a, sepandan, gen lòt ki pa konprann li e ki pa ba l valè. Gen moun ki kritike nou, ki pase nou nan rizib e ki menm rayi nou, jan Jezi te gentan di sa (Mat. 10:22). Byen souvan, nou viktim anba kanpay dezenfòmasyon oswa pwopagann malveyan ki fèt kont nou nan medya yo (Sòm 109:1-3). Malgre sa, pèp Jewova a ap preche bon nouvèl la avèk kran sou tout tè a.

16. Ki eksperyans ki montre lè nou gen kran, sa kapab fè moun n ap preche yo chanje atitid?

16 Lè nou gen kran, sa kapab fè moun yo chanje atitid parapò ak mesaj Wayòm nan. Men sa yon sè k ap viv nan peyi Kigistan rakonte: “Yon lè, pandan m ap preche, gen yon mesye, nan yon kay, ki di m: ‘Mwen kwè nan Bondye, men mwen pa kwè nan Bondye kretyen yo. Si w retounen nan baryè sa a ankò, m ap lage chen m nan dèyè w.’ Li te gen yon gwo bouldòg dèyè l nan yon chèn. Sepandan, pandan kanpay Nouvèl Wayòm no 37 la, ki gen tit ‘Lafen fo relijyon an toupre!’, mwen te deside retounen nan menm kay sa a nan objektif pou m jwenn yon lòt moun nan fanmi an. Epoutan, se menm mesye a ki te vin ouvri pòt la. Imedyatman, mwen priye Jewova, epi apre sa mwen di l: ‘Bonjou, mwen sonje konvèsasyon nou te fè sa gen twa jou a, e mwen sonje chen w lan tou. Men, mwen pa ka pase san m pa ba w feyè sa a paske menm jan avè w, mwen kwè nan sèl vrè Dye a. Talè konsa, Bondye pral pini relijyon k ap dezonore l yo. Ou kapab aprann plis bagay toujou sou sa lè w li feyè sa a.’ Mwen te sezi wè mesye a aksepte pran Nouvèl Wayòm nan. Ansuit, mwen ale nan yon lòt kay. Kèk minit apre, mesye a kouri vin jwenn mwen avèk Nouvèl Wayòm nan nan men l. Li di m: ‘Mwen li l. Ki sa pou m fè pou m pa tonbe anba kòlè Bondye?’” Yo te kòmanse yon etid ak mesye sa a, e li te kòmanse asiste reyinyon yo.

17. Ki jan yon sè ki te aji avèk kran te ankouraje yon etidyan ki te gen krent pou lòm?

17 Lè nou gen kran, sa kapab ankouraje lòt moun pou yo gen kran tou. Nan peyi Larisi, gen yon sè ki t ap vwayaje nan yon bis ki te ofri yon lòt moun nan bis la yon peryodik. Lè sa a, gen yon mesye ki sot nan plas li e ki pran peryodik la nan men sè a, li chifonnen l byen chifonnen, epi l voye l atè. Li tonbe joure sè a byen fò. Li mande l adrès li e li ba l lòd pou l pa preche nan vilaj la ankò. Sè a priye Jewova pou l mande l èd li, epi apre sa, li sonje pawòl Jezi te di nan Matye 10:28 yo: “Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou.” Sè a kanpe e li di mesye a byen kalm: “Mwen pap ba w adrès mwen, e m ap kontinye preche nan vilaj la.” Apre sa, li desann bis la. Men, sè a pa t konnen te gen yon etidyan l ki te nan bis la. Dam sa a te gen krent pou lòm e li te kite krent sa a fè l pa asiste reyinyon yo. Men, apre l te fin wè jan sè a te montre li gen kran, li te pran desizyon pou l kòmanse asiste reyinyon yo.

18. Ki sa k ap ede w preche avèk kran, menm jan Jezi te fè sa?

18 Nan monn sa a ki lwen Bondye a, nou bezwen mete kran sou nou pou nou preche, menm jan Jezi te fè sa. Ki sa k ap ede w fè sa? Se lè w fikse je w sou avni k ap tann ou an, lè w kontinye chèche gen plis lanmou toujou pou Bondye e pou pwochen w ak lè w priye Jewova pou w mande l ba w kouraj. Epitou, toujou sonje ou pa janm poukont ou, paske Jezi toujou avè w (Mat. 28:20). Anplis, lespri sen ap ba w fòs. Jewova ap beni w e l ap soutni w. Se sa k fè ou kapab gen anpil kouraj e ou kapab di: “Se Bondye k’ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?” —Ebre 13:6.

Ki repons nou ta bay?

• Poukisa sèvitè Bondye yo bezwen mete kran sou yo?

• Nan kesyon kran an, ki sa nou aprann nan men...

sèvitè Bondye ki te fidèl e ki t ap viv anvan Kris yo?

Jezi Kris?

premye kretyen yo?

kretyen parèy nou k ap viv jodi a?

[Kesyon]

[Foto nan paj 21]

Jezi te denonse chèf relijye yo san l pa pè.

[Foto nan paj 23]

Jewova ban nou kouraj pou nou preche.