Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwen te kòmanse ‘sonje Gran Kreyatè m nan’ sa gen katrevendizan

Mwen te kòmanse ‘sonje Gran Kreyatè m nan’ sa gen katrevendizan

Mwen te kòmanse ‘sonje Gran Kreyatè m nan’ sa gen katrevendizan

Dapre Edwin Ridgwell

NAN jou ki te 11 novanm 1918 la, jou Premye Gè mondyal la te pran fen ofisyèlman an, timoun nan lekòl mwen yo te rasanble sanzatann pou yo selebre fen gè sa a. Mwen te gen senkan sèlman e mwen pa t fin byen konprann sa yo t ap selebre a. Malgre sa, sou baz sa paran m te aprann mwen sou Bondye, mwen te konnen mwen pa t dwe pran pa nan seremoni sa a. Mwen te priye Bondye, men apre sa mwen pa t ka kontwole emosyon m ankò e m te kòmanse kriye. Poutan, mwen pa t patisipe nan selebrasyon an. Se depi lè sa a mwen te kòmanse ‘sonje Gran Kreyatè m nan’. —Ekl. 12:1, NW.

Kèk mwa anvan selebrasyon sa a ki te fèt nan lekòl la, fanmi nou te vin abite toupre Glasgow, ann Ekòs. Nan menm epòk la, papa m te asiste diskou piblik ki te gen tit “Plizyè milyon moun k ap viv kounye a pap janm mouri”. Sa te chanje lavi l. Papa m ak manman m te kòmanse etidye Labib, e souvan yo te konn pale ansanm sou Wayòm Bondye a e sou benediksyon ki gen pou vini yo. Mwen remèsye Bondye dèske depi lè sa a paran m te aprann mwen renmen Bondye e yo te aprann mwen mete konfyans mwen nan li. —Pwo. 22:6.

Mwen kòmanse sèvis aplentan

Lè m te gen 15 an, mwen te gen posiblite pou m fè gwo etid, men mwen te vrèman gen dezi pou m sèvi aplentan. Papa m te santi mwen te twò jèn pou sa, donk mwen te fè yon ti tan ap travay nan yon biwo. Sepandan, mwen te tèlman gen dezi pou m sèvi Jewova aplentan, yon jou mwen te ekri Joseph Rutherford yon lèt. Se li ki t ap sipèvize travay predikasyon mondyal la nan epòk sa a. Mwen te mande l sa l panse de objektif mwen an. Men sa frè Rutherford te reponn mwen nan yon lèt: “Si w gen ase laj pou w travay, sa vle di ou gen ase laj tou pou w patisipe nan travay Seyè a. [...] Mwen gen asirans Seyè a ap beni w si w fè efò pou w sèvi l fidèlman.” Lèt sa a, li te ekri m nan dat 10 mas 1928 la, te motive tout fanmi an. Nan yon tikras tan, papa m, manman m, gran sè m nan avè m te kòmanse sèvi aplentan.

Nan yon kongrè ki te fèt Lonn an 1931, frè Rutherford te mande si gen moun ki vle pote yo volontè pou yo preche bon nouvèl la nan peyi etranje. Mwen te pote m volontè, e yo te voye mwen menm ansanm ak Andrew Jack nan vil Kaunas, kapital peyi Lityani. Mwen te gen 18 an lè sa a.

Mwen kòmanse preche mesaj Wayòm nan nan lòt peyi

Nan epòk sa a, Lityani te yon sosyete ki te depann de agrikilti e ki te pòv. Anplis, preche nan zòn andeyò yo pa t fasil. Li te difisil pou nou jwenn kote pou nou rete, e gen kèk nan kote nou te rete yo nou pap janm bliye. Pa egzanp, yon jou swa, mwen menm ak Andrew te reveye paske nou te santi nou pa byen. Lè nou limen lanp lan, nou wè kabann nan kouvri ak pinèz. Yo te mòde nou sot nan tèt rive nan pye! Pandan yon semèn, chak maten, mwen te oblije al nan yon rivyè ki toupre a pou m ret kanpe nan dlo frèt la, yon kote pou dlo a rive jis nan kou m, pou m te ka jwenn yon ti soulajman ak doulè mwen te santi a. Malgre sa, nou te detèmine pou nou kenbe fèm nan ministè a. Yon ti tan apre, pwoblèm lojman an te rezoud paske nou te rankontre de moun ki te fèk marye ki te aksepte verite ki nan Bib la. Yo te fè nou vin ret lakay yo. Kay la te piti men li te pwòp. Nou te twò kontan dòmi atè a. Ala yon soulajman sa te ye pou nou!

Nan epòk sa a, se klèje Legliz katolik women an ak klèje Legliz òtodòks ris la ki t ap domine Lityani. Se sèl moun rich yo ki te ka gen yon Bib. Prensipal objektif nou se te pou nou rive kouvri plis tèritwa nou te kapab e pou nou kite kantite piblikasyon biblik nou te kapab nan men moun ki enterese yo. Premye bagay nou te konn fè lè nou rive nan yon vil, se chèche jwenn yon kote pou nou rete nan vil la. Ansuit, nou te konn preche tout zòn ki andeyò vil la avèk prekosyon, e apre sa, nou preche vil la byen rapid. Konsa, nou konn gentan fini travay nou anvan prèt ki nan zòn nan ban nou pwoblèm.

De evènman ki te fè moun tande mesaj la

An 1934, Andrew te resevwa asiyasyon pou l travay nan biwo filyal ki nan Kaunas la, e John Sempey te vin patnè m. Nou te viv yon seri eksperyans nou pap janm bliye. Yon jou, m al vizite biwo yon avoka nan yon ti vil. Pandan m nan biwo a, mesye a fè kòlè, li rale yon zam nan yon tiwa epi li ban m lòd pou m soti nan biwo a. Lè sa a, mwen priye nan kè m. Apre m fin priye, mwen te sonje Bib la di: “Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè.” ​(Pwo. 15:1). Se sa k fè mwen te di l: “Mwen te vin isit la kòm yon zanmi pou m pote yon bon nouvèl pou ou, e mwen byen kontan dèske w metrize w.” Li fè yon ti lache dwèt li sou gachèt la. Lè sa a, mwen fè bak tou dousman jis mwen soti nan biwo a.

Lè m vin jwenn ak John, li di m li menm tou li te viv yon sitiyasyon stresan. Yo te arete l e yo te mennen l nan yon pòs polis paske yo te lage yon fo akizasyon sou do l kòmkwa li te vòlè yon biyè lajan ki gen anpil valè nan men yon madanm li te rankontre. Pandan John te nan pòs la, yo te fè l retire tout rad sou li nèt pou yo te ka wè si l pa t sere kòb la sou li. Nòmalman, li pa t gen biyè a sou li. Annapre, yo te kenbe moun ki te vòlè kòb la.

Toule de evènman sa yo te fè gen ajitasyon nan ti vil sa a ki jeneralman kalm e yo te pèmèt anpil moun tande mesaj nou an.

Yon asiyasyon ki te gen danje ladan l nou te fè an kachèt

Nou te konn pote piblikasyon biblik yo nan peyi Letoni, yon peyi vwazen ak Lityani, kote yo te mete entèdiksyon sou travay predikasyon an. Se te yon asiyasyon ki te gen anpil risk ladan l. Anviwon yon fwa pa mwa, nou te konn vwayaje al Letoni nan tren ki vwayaje leswa. Pafwa, apre nou fin depoze piblikasyon yo, nou konn travèse ann Estoni, pou nou ka pran plis piblikasyon, e pandan nou sou wout pou nou tounen, nou te konn kite yo Letoni.

Yon fwa, yo te mete youn nan ofisye ladwàn yo okouran de aktivite nou an. Se sa k fè li te mande nou pou nou soti nan tren an e pou nou pote piblikasyon yo bay ofisye ki te sou tèt li a pou l wè yo. Ni John, ni mwen menm, nou te priye Jewova pou l ede nou. Nou te sezi wè ofisye ladwàn nan pa t di ofisye ki te sou tèt li a anyen sou sa nou t ap transpòte a, men li te annik di l: “Mesye sa yo gen yon bagay pou yo deklare.” Mwen te “deklare” sa m te pote yo kòm piblikasyon ki ka ede moun ki nan lekòl ak moun k ap fè etid siperyè pou yo konprann siyifikasyon evènman yo nan monn boulvèse n ap viv ladan l lan. Ofisye ladwàn nan te kite nou pase, e nou te fè livrezon nou yo san pwoblèm.

Ofiramezi sitiyasyon politik la t ap deteryore nan peyi balt yo, moun yo te vin plis opoze ak Temwen Jewova yo e travay predikasyon an te vin anba entèdiksyon nan Lityani tou. Yo te depòte Andrew ak John, e kòm Dezyèm Gè mondyal la t ap pwoche, yo te ankouraje tout moun ki te gen nasyonalite britanik yo pou yo kite peyi a. Donk, mwen menm tou mwen te kite peyi a avèk tristès.

Privilèj ak benediksyon mwen te jwenn nan Ilann dinò

Antretan, paran m yo te demenaje pou y al viv nan Ilann dinò, e an 1937, mwen t al jwenn yo la. Malgre yo te mete entèdiksyon sou piblikasyon nou yo nan peyi sa a poutèt Dezyèm Gè mondyal la, nou te kontinye preche pandan gè a. Apre gè sa a, travay predikasyon an te rekòmanse san entèdiksyon. Harold King, yon pyonye eksperimante, ki te vin misyonè annapre an Chin, te pran latèt nan òganize diskou piblik anplennè. Li te di m: “Samdi sa a, m ap fè premye diskou n ap fè anplennè a.” Apre sa li gade m epi li di m: “Samdi pwochen se ou menm k ap fè diskou a.” Mwen te sezi lè l di m sa.

Mwen sonje premye diskou m nan byen klè nan tèt mwen. Te gen plizyè santèn moun ki te la. Mwen te kanpe sou yon bwat pou m fè diskou a, e mwen te pale san m pa t gen okenn aparèy son. Apre diskou a, gen yon mesye ki pwoche kote m, li ban m lanmen, e li di m li rele Bill Smith. Li te di li te remake foul moun ki te la a, e se sa k fè li te fè yon ti kanpe pou l wè sa k fè sa. Pi devan, mwen te aprann papa m te rankontre ak Bill anvan, men li te pèdi kontak avè l lè li menm ak bèlmè m te demenaje al Dublin pou yo te ka sèvi la kòm pyonye. Nou te kòmanse etidye Labib ansanm. Avèk letan, nèf moun nan fanmi Bill te vin sèvi Jewova.

Mwen te konn preche nan yon zòn ki nan limit Belfast ki gen gwo kay ladan l, e se nan youn nan yo mwen te rankontre yon dam ris ki te viv nan peyi Lityani. Lè m te prezante l kèk piblikasyon, li lonje dwèt sou yon liv epi li di m: “Mwen gen sa a deja. Se tonton m ki se yon pwofesè nan inivèsite ki Kaunas la ki te ban mwen l.” Apre sa, li te montre m liv Création an an polonè. Te plen nòt nan maj liv la. Se pa ti sezi li te sezi lè l te aprann se mwen ki te bay tonton l liv sa a lè m te rankontre avè l nan Kaunas! —Ekl. 11:1.

Lè John Sempey te tande mwen t apral nan zòn Ilann dinò, li te mande m vizite ti sè l la ki rele Nellie ki te demontre enterè pou verite ki nan Bib la. Mwen menm ak sè m nan, Connie, te etidye Labib avè l. Nellie te fè pwogrè rapid e li te vwe lavi l bay Jewova. Avèk letan, nou te vin renmen e nou te marye.

Mwen menm ak Nellie te pase 56 an ap sèvi Jewova ansanm e nou te gen privilèj pou nou ede plis pase san moun vin gen konesans sou verite ki nan Bib la. Nou te swete travèse Amagedòn vivan pou n antre ansanm nan monn nouvo Jewova a, men lanmò, ènmi san pitye a, te pran l an 1998. Se te yon gwo kou pou mwen; se youn nan pi gwo eprèv mwen sibi nan lavi m.

Mwen retounen nan peyi balt yo

Anviwon ennan apre Nellie mouri, mwen te resevwa yon benediksyon estrawòdinè. Mwen te resevwa envitasyon pou m vizite biwo filyal ki nan Tallinn nan, ann Estoni. Men esplikasyon mwen te jwenn nan yon lèt frè Estoni yo te voye ban mwen: “Sou dis frè yo te asiyen pou yo preche nan peyi balt yo nan fen ane 1920 yo ak nan kòmansman ane 1930 yo, se ou menm sèl ki vivan.” Yo te di m tou filyal la t ap chèche enfòmasyon sou istwa travay predikasyon an nan peyi Estoni, Letoni ak Lityani. Apre sa yo mande m: “Èske w ka vini?”

Ala yon privilèj sa te ye pou m rakonte eksperyans mwen te fè ansanm ak konpayon sèvis mwen yo pandan ane sa yo! Nan Letoni, mwen te gen posiblite montre frè yo premye apatman yo te itilize kòm biwo filyal ak kote nou te konn sere piblikasyon yo nan yon espas anndan fetay kay la. Lapolis pa t janm jwenn kachèt sa a. Frè yo te mennen m nan yon ti vil an Lityani ki rele Šiauliai kote mwen te sèvi kòm pyonye. Pandan yon reyinyon yo te fè la, gen yon frè ki te di m: “Sa fè plizyè ane depi manman m avè m te achte yon kay nan vil la. Pandan nou t ap retire fatra ki te nan grenye a, mwen te tonbe sou liv Le divin Plan des Âges la ak liv La Harpe de Dieu a. Lè m te li yo, mwen te rann mwen kont mwen jwenn laverite. Sandout, se ou menm ki te kite liv sa yo nan kay sa a sa fè lontan!”

Mwen te asiste yon asanble sikonskripsyon tou nan yon vil kote mwen te sèvi kòm pyonye. Mwen te asiste yon asanble nan menm vil sa a 65 an anvan sa. Lè sa a, te gen 35 moun nan asistans lan. Men, se pa ti kontan mwen te kontan pou m wè 1 500 moun nan oditwa a! Vrèman, Jewova beni travay la!

‘Jewova pa lage m’

Sa pa gen twò lontan, mwen te resevwa yon benediksyon mwen pa t ap atann ditou lè Bee, yon sè ki chaman, te aksepte pou l vin madanm mwen. Nou te marye an novanm 2006.

Kèlkeswa jèn k ap mande tèt li ki sa pou l fè ak lavi l, mwen ka ba l asirans l ap montre l saj anpil si l koute pawòl enspire sa yo ki di: “Sonje Gran Kreyatè w la pandan ou jèn.” Kounye a, mwen gen kè kontan menm jan ak yon salmis nan Bib la ki te di: “Bondye, depi lè m te jenn gason w’ap aprann mwen anpil bagay. Jouk kounyeya m’ap rakonte bèl bagay ou fè yo. Kounyeya mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m. Kanpe la avè m pou m ka fè moun k’ap viv kounyeya konnen jan ou gen fòs, pou m ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan.” —Sòm 71:17, 18.

[Kat jeyografik nan paj 25]

(Gade peryodik la)

Yon asiyasyon difisil nou te genyen se te pou nou pote piblikasyon yo an Letoni.

ESTONI

TALINN

Gòlf Riga

LETONI

RIGA

LITYANI

VILNIUS

Kaunas

[Foto nan paj 26]

Mwen te vin yon kòlpòtè (pyonye) a 15 an ann Ekòs.

[Foto nan paj 26]

Mwen menm ak Nellie, jou maryaj nou, an 1942.