Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Semans verite a rive menm nan zòn ki izole

Semans verite a rive menm nan zòn ki izole

Semans verite a rive menm nan zòn ki izole

REPIBLIK Touva, ki nan peyi Larisi, twouve l nan limit sid Siberi, e nou jwenn peyi Mongoli nan sid ak nan lès Repiblik sa a. Anpil moun nan Touva viv nan kominote ki andeyò nèt kote mesaj Wayòm nan pa rive fasil. Sepandan, sa pa gen twò lontan depi gen yon gwoup moun ki te sot nan kèk zòn andeyò Repiblik Touva pou yo vin nan Kyzyl, kapital la, pou yo asiste yon seminè. Maria, yon sè ki pyonye nan Kyzyl, te aprann yo t ap vini, e li te wè sa se yon bèl opòtinite pou l pataje bon nouvèl la avèk yo.

Maria esplike kòman sa te pase. Men sa l di: “Lekòl kote m travay kòm pwofesè a te òganize yon seminè konsènan fason pou yo trete moun ki fè eksè nan yon seri sibstans [alkòl, dwòg ak lòt sibstans ankò]. Gen anviwon 50 moun ki te soti nan zòn nan Touva ki andeyò nèt yo pou yo asiste seminè sa a. Nan gwoup sa a, te gen pwofesè, sikològ, enspektè ki veye sou byennèt timoun, ak lòt pwofesyonèl ankò.” Pou Maria, reyinyon sa a se te yon bon opòtinite pou l preche, men anmenmtan, li te konnen sa pa t ap fasil pou li. Men sa l di: “Tou natirèlman, mwen se yon moun ki timid, e mwen twouve li difisil pou m bay temwayaj enfòmèl. Sepandan, mwen te priye Jewova pou l ban m kouraj pou m venk krent mwen genyen e pou m sèvi ak opòtinite sa a pou m bay temwayaj.” Èske l te reyisi fè sa?

Men sa Maria di annapre: “Mwen te jwenn yon Réveillez-vous! ki pale sou fobi [lè yon moun pè yon sitiyasyon oubyen yon bagay yon fason egzajere]. Mwen te di tèt mwen ‘sa ka enterese yon sikològ’, e mwen t al lekòl la ak peryodik la. Jou sa a, gen youn nan pwofesè ki t ap asiste seminè a ki te vin nan biwo m, e mwen te ofri l peryodik la. Li te byen kontan e li te aksepte l. Li te di li menm tou li gen yon fobi. Nan demen, mwen te pote liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques, volim 1 an pou li. Li te byen kontan resevwa liv sa a tou. Piske li te byen reyaji, sa te fè m panse lòt pwofesè yo te ka enterese jwenn liv sa a tou. Donk, mwen te pran yon bwat ki plen ak liv Les jeunes s’interrogent ak lòt piblikasyon e m te pote yo lekòl la.” Nan yon tikras tan, bwat la te vid. Maria rakonte sa k te rive. Li di: “Gen plizyè kòlèg pwofesè mwen te bay liv Les jeunes s’interrogent la ki te vin nan biwo m epi ki te mande m: ‘Ki kote y ap distribye liv yo?’” Yo te vin egzakteman kote yo te dwe vini an.

Dènye jou seminè a te tonbe yon samdi. Jou sa a, Maria pa t dwe travay, sepandan, li te mete piblikasyon sou plizyè tab nan biwo l la. Epi men sa l te ekri sou yon tablo: “Chè pwofesè, nou mèt pran piblikasyon ni pou tèt nou ni pou moun pa nou. Bon piblikasyon sa yo ap ede nou jwenn siksè nan travay nou e y ap ede fanmi nou vin pi solid.” Ki sa pwofesè yo te fè? “Jou sa a, lè mwen t al nan biwo m, yo te gentan pran pifò piblikasyon yo. San pèdi tan, mwen te mete yon lòt stòk liv ak peryodik.” Lè seminè a te fini, Maria te plase 380 peryodik, 173 liv ak 34 bwochi. Lè moun ki te asiste seminè sa a te retounen nan travay yo e yo te retounen lakay yo nan zòn andeyò yo, yo te ale ak piblikasyon yo tou. Men sa Maria di: “Mwen kontan anpil dèske semans verite a rive nan zòn ki andeyò nèt nan Touva yo!” —Ekl. 11:6.

[Kat jeyografik nan paj 32]

(Gade peryodik la)

LARISI

REPIBLIK TOUVA