Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Esperans lavi etènèl sou tè a: yon esperans lèzòm aprann yo genyen ankò

Esperans lavi etènèl sou tè a: yon esperans lèzòm aprann yo genyen ankò

Esperans lavi etènèl sou tè a: yon esperans lèzòm aprann yo genyen ankò

“O Dànyèl, fè pawòl sa yo tounen yon sekrè [...] jiskaske tan lafen an rive. Anpil moun gen pou yo ale adwat agoch, e vrè konesans lan gen pou l vin anpil.” —DÀN. 12:4, NW.

1, 2. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

JODI A, gen plizyè milyon moun ki konprann byen klè espwa lèzòm genyen pou yo viv nan Paradi k ap gen sou tè a se yon espwa ki fonde sou Bib la (Rev. 7:9, 17). Nan kòmansman istwa lèzòm, Bondye te revele li pa t fè lòm pou l viv kèk ane sèlman, apre sa pou l mouri, men li te fè l pou l viv pou toutan. —Jen. 1:26-28.

2 Izrayelit yo te gen espwa lèzòm ap retounen jwenn pèfeksyon Adan te pèdi a. Ekriti grèk kretyen yo esplike nou pa ki mwayen Bondye pral bay lèzòm lavi etènèl nan Paradi ki pral egziste sou tè a. Si se sa, poukisa lèzòm te bezwen aprann yo gen esperans sa a ankò? Ki jan yo te revele esperans sa a e ki jan plizyè milyon moun te vin konnen l?

Yon esperans yo te kache

3. Poukisa nou pa etone lè nou tande yo te kache esperans lèzòm genyen pou yo jwenn lavi etènèl sou tè a?

3 Jezi te anonse ta gen fo pwofèt ki t apral tòde ansèyman l yo e fo pwofèt sa yo t apral twonpe pifò moun (Mat. 24:11). Apot Pyè te bay kretyen yo avètisman sa a: “Va gen kèk dirèktè nan mitan nou k’ap bay manti [“fo anseyan”, NW].” ​(2 Pyè 2:1). Men sa apot Pòl te di: “Yon lè, ou gen pou ou wè moun p’ap vle kite yo moutre yo verite a ankò, y’ap vle pou yo swiv lide pa yo. Lè sa a, y’a reyini yon bann dirèktè met bò kote yo ki va di yo sa yo ta renmen tande.” ​(2 Tim. 4:3, 4). Satan jwe yon gwo wòl nan twonpe moun yo e li itilize lakretyente ki aposta pou l anpeche yo konprann verite estrawòdinè konsènan objektif Bondye gen pou lèzòm e pou tè a. —Li 2 Korentyen 4:3, 4.

4. Ki esperans lèzòm genyen chèf relijye yo ki aposta te rejte?

4 Ekriti yo esplike Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki nan syèl la, li pral kraze tout fòm gouvènman lèzòm yo e l ap mete yon fen nan yo (Dàn. 2:44). Pandan rèy mil an Kris la, yo pral mete Satan nan yon abim, moun ki mouri yo pral leve e limanite pral jwenn lapèfeksyon sou tè a (Rev. 20:1-3, 6, 12; 21:1-4). Sepandan, chèf relijye lakretyente yo ki aposta adopte lòt kwayans. Pa egzanp, nan twazyèm syèk la, Orijèn, moun Aleksandri, youn nan moun yo rele Fondatè Legliz yo, te kondane moun ki kwè nan benediksyon ki pral genyen sou tè a pandan Rèy mil an an. Selon yon ansiklopedi, Ogisten, moun Ipòn (354-430 epòk nou an), ki te yon teyolojyen katolik, “te gen konviksyon pap gen yon rèy mil an *”. —The Catholic Encyclopedia.

5, 6. Sa k fè Orijèn ak Ogisten te kont Rèy mil an an?

5 Sa k fè Orijèn ak Ogisten te kont Rèy mil an an? Orijèn se te yon elèv Kleman, moun Aleksandri. Kleman te pran kwayans nanm imòtèl la nan tradisyon grèk la. Werner Jaeger, yon teyolojyen, fè konnen piske ide Platon te anseye sou nanm nan te gen yon gwo enfliyans sou Orijèn, Orijèn “te pran ide Platon te anseye sou nanm nan ak sou desten yo e li te melanje yo ak doktrin kretyen yo”. Se sa k fè Orijèn te anseye moun pa t ap jwenn benediksyon sou tè a pandan Rèy mil an an, men se nan syèl la yo t ap jwenn yo.

6 Lè Ogisten te gen 33 an, li te konvèti nan “krisyanis” ki te egziste a. Men anvan l te konvèti, li te vin yon neyoplatonis, sètadi yon moun ki t ap suiv filozofi Platon an selon jan Ploten te devlope l nan twazyèm syèk la. Apre Ogisten te fin konvèti, li te toujou kenbe filozofi sa a nan tèt li. Men sa yon ansiklopedi (The New Encyclopædia Britannica) fè konnen: “Anndan tèt li, ansèyman Nouvo Testaman yo te fonn nèt pou yo fè youn ak ide Platon yo ki soti nan filozofi grèk.” Selon ansiklopedi katolik nou te site a, Ogisten te esplike Rèy mil an yo dekri nan Revelasyon chapit 20 an se “[yon rèy] ki gen yon sans senbolik”. Men sa ansiklopedi sa a ajoute: “Teyolojyen nan Oksidan yo ki te vin apre l yo adopte esplikasyon sa a, e moun ki te kwè nan rèy mil an an jan yo te premye dekri l la pa t gen apui okenn moun ankò.”

7. Ki fo kwayans ki te vin efase esperans lavi etènèl sou tè a tikras pa tikras, e ki jan sa te fèt?

7 Akoz yon kwayans ki te gaye nan Babilòn tan lontan an e ki gaye nan lemonnantye jodi a, esperans lèzòm genyen pou yo viv sou tè a pou toutan an te disparèt tikras pa tikras. Selon kwayans sa a, yon moun gen yon nanm oswa yon espri imòtèl nan li. Lè lakretyente te adopte kwayans sa a, teyolojyen yo te tòde Ekriti yo pou yo fè vèsè ki pale sou esperans lavi nan syèl yo montre se tout moun ki bon ki pral nan syèl. Selon kwayans sa a, yon moun se pase l ap pase sou tè a. Se kòmsi yo te mete l viv sou tè a pou yo ka teste l pou yo wè si l merite al viv nan syèl la. Apeprè menm bagay la te rive anrapò ak esperans Juif yo te genyen pou yo viv sou tè a pou toutan. Ofiramezi Juif yo t ap adopte panse Grèk yo sou kesyon nanm imòtèl la, se tank esperans yo te genyen pou yo jwenn lavi etènèl sou tè a te vin pèdi valè l. Ala diferan sa diferan ak sa Labib di konsènan lèzòm! Lòm se yon kreyati ki gen yon kò fizik, se pa yon espri. Jewova te di premye òm nan: “Se pousyè ou ye.” ​(Jen. 3:19). Bondye te fè lèzòm pou yo rete sou tè a pou toutan, e non pa pou yo viv nan syèl la. —Li Sòm 104:5; 115:16.

Limyè laverite te kòmanse klere nan fènwa

8. Ki sa kèk ekriven te di nan ane 1600 yo konsènan esperans lèzòm genyen an?

8 Menmsi pifò relijyon ki pretann yo kretyen pa anseye lèzòm gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan, Satan pa t toujou rive anpeche limyè laverite klere. Atravè tout syèk yo te toujou gen kèk moun k ap li Labib avèk atansyon ki te rive konprann kèk verite sou fason Bondye pral fè lèzòm rejwenn lapèfeksyon (Sòm 97:11; Mat. 7:13, 14; 13:37-39). Nan ane 1600 yo, Labib te vin disponib pou plis moun lefètke yo te tradui l e lefètke yo te enprime l, e sa te fè pi plis moun te kapab etidye Ekriti Sakre yo. An 1651, gen yon ekriven ki te di menm jan Adan lakòz lèzòm “pèdi Paradi a ansanm ak lavi etènèl sou tè a”, se konsa tou, grasa Kris “tout moun pral kapab viv sou tè a”. (Li 1 Korentyen 15:21, 22.) Te gen yon gran powèt anglè, John Milton (1608-1674), ki te ekri yon powèm ki rele Yo pèdi Paradi a (anglè) ak yon lòt powèm ki te vin apre l ki rele Yo rejwenn Paradi a (anglè). Nan powèm sa yo, Milton pale de rekonpans moun ki fidèl ak Bondye yo pral jwenn nan paradi ki pral gen sou tè a. Byenke li te pase pifò vi l ap etidye Labib, li te rekonèt yon moun pa t ap konprann verite ki nan Bib la nèt toutotan prezans Kris la pa rive.

9, 10. a) Ki sa Isaac Newton te ekri anrapò ak esperans lèzòm genyen an? b) Sa k fè epòk prezans Kris la te parèt lwen pou Newton?

9 Isaac Newton (1642-1727), ki te yon gran matematisyen, te enterese anpil nan Labib tou. Li te konprann moun ki sen yo pral viv nan syèl la e yo pral dirije ak Kris (Rev. 5:9, 10). Anrapò ak moun ki pral anba dominasyon Wayòm nan, men sa l te ekri: “Tè a pral kontinye gen moun ki ka mouri k ap viv sou li apre jou jijman an. Yo pap rete sou li pou 1000 an sèlman, men y ap rete sou li pou toutan gen tan.”

10 Newton te konprann sa t ap pran plizyè syèk anvan prezans Kris la rive. Men sa Stephen Snobelen, yon istoryen, di: “Youn nan rezon ki fè Newton te konprann Wayòm Bondye a te lwen toujou pou l rive, se paske li te wè kwayans trinite a, yon kwayans aposta, te gaye toupatou e sa te ba l pwoblèm anpil.” Bon nouvèl la te gen yon vwal sou li toujou. Men, Newton pa t wè okenn nan gwoupman ki te pretann yo kretyen yo ki t ap kapab preche l. Li te ekri: “Moun pa t ap konprann pwofesi Dànyèl yo ak pwofesi Jan yo [nou jwenn pwofesi Jan yo nan liv Revelasyon an] toutan tan lafen an pa rive.” Men sa Newton te esplike tou: “Dànyèl te di: ‘Apre sa, anpil moun ap kouri tout kote, epi konesans lan ap vin anpil.’ Paske Levanjil la dwe preche nan tout nasyon anvan gwo tribilasyon an e anvan lafendimonn rive. Gwo foul la, yon gwo foul moun yo pa ka konte, ki soti nan tout nasyon, ki gen fèy palmye nan men yo e ki pral chape nan gwo tribilasyon sa a, pap yon gwo foul moun pa kapab konte ki sot nan tout nasyon, si Levanjil la pa preche yon fason pou sa fèt anvan [gwo tribilasyon an] rive.” —Dàn. 12:4; Mat. 24:14; Rev. 7:9, 10.

11. Sa k fè pifò moun te toujou pa konprann esperans lèzòm genyen an nan epòk Milton ak nan epòk Newton?

11 Nan epòk Milton ak nan epòk Newton, si yon moun te pale de ide ki te kontrè ak doktrin ofisyèl Legliz t ap anseye yo, li t ap mete lavi l an danje. Se sa k fè se apre yo te fin mouri, yo te pibliye sa yo te ekri sou rechèch yo te fè nan Bib la. Refòm ki te fèt nan 16yèm syèk la pa t rejte move ansèyman ki fè konnen nou gen yon nanm imòtèl, e pi gwo legliz potestan yo kontinye anseye ide Ogisten yo ki fè kwè Rèy mil an an se pa yon bagay ki gen pou fèt alavni, men se yon bagay ki fèt deja. Èske konesans lan vin anpil nan tan lafen an?

“Vrè konesans lan gen pou l vin anpil”

12. Ki lè vrè konesans lan te dwe vin anpil?

12 Pwofèt Dànyèl te anonse t ap gen bon bagay ki t apral rive nan “tan lafen an”. (Li Dànyèl 12:3, 4, 9, 10.) Jezi te di “lè sa a, moun ki te mache dwat devan Bondye yo [t ap] klere tankou solèy”. (Mat. 13:43.) Ki jan vrè konesans lan te vin anpil nan tan lafen an? Annou egzamine kèk evènman ki pase nan listwa pandan plizyè dizèn ane ki te pase anvan ane 1914, ane tan lafen an te kòmanse a.

13. Ki sa Charles Taze Russell te ekri apre l te fin egzamine sijè ki konsène fason limanite pral retounen jwenn lapèfeksyon an?

13 Nan fen ane 1800 yo, gen yon kantite moun sensè ki t ap chèche konprann “modèl pawòl ki pwofitab” yo (2 Tim. 1:13, NW). Youn nan moun sa yo se te Charles Taze Russell. An 1870, li menm ak kèk lòt moun ki t ap chèche laverite te fòme yon klas pou yo etidye Labib. An 1872, yo te egzamine sijè ki konsène fason limanite pral retounen jwenn lapèfeksyon. Annapre, men sa Russell te ekri: “Lè sa a nou potko wè byen klè gwo diferans ki genyen ant rekonpans legliz la (kongregasyon kretyen wen yo) k ap pase anba eprèv kounye a ap jwenn ak rekonpans moun ki fidèl nan monn nan ap jwenn.” Rekonpans moun ki fidèl yo pral jwenn nan se “lapèfeksyon zansèt yo, Adan, te genyen ann Edenn nan”. Russell te rekonèt lòt moun te ede l nan etid li t ap fè nan Bib la. Ki moun sa yo?

14. a) Ki jan Henry Dunn te konprann Travay 3:21? b) Kiyès Dunn te di ki pral viv sou tè a pou toutan?

14 Henry Dunn se te youn nan yo. Li te ekri konsènan “lè Bondye va vini pou mete tout bagay nan plas yo ankò, jan [Bondye] te fè nou konnen l lan nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan”. (Tra. 3:21.) Dunn te konnen nan restorasyon sa a, lèzòm ap retounen jwenn lapèfeksyon sou tè a pandan Rèy mil an Kris la. Dunn te egzamine tou yon kesyon ki t ap bay anpil moun pwoblèm. Kesyon sa a se: Kiyès ki pral viv sou tè a? Li te esplike gen plizyè milyon moun ki pral resisite, yo pral anseye yo laverite, e moun sa yo pral gen posiblite pou yo demontre lafwa yo nan Kris.

15. Ki sa George Storrs te konprann konsènan rezirèksyon an?

15 An 1870, yon lòt bagay George Storrs te rive konprann, sèke moun ki jis yo pral resisite e y ap gen posiblite pou yo gen lavi etènèl. Anplis, li te konprann selon Ekriti yo, yon moun ki resisite e ki pa montre li rekonesan pou posiblite sa a “ap fini nan lanmò, menmsi ‘moun sa ki peche a gen santan’”. (Iza. 65:20.) Storrs t ap viv Bwouklin, nan Nouyòk, e li te pibliye yon jounal (Bible Examiner).

16. Ki sa k te fè Etidyan Labib yo diferan parapò ak lakretyente?

16 Russell te konprann nan Bib la tan an te rive pou yo fè tout moun konnen bon nouvèl la. Se sa k fè an 1879, li te kòmanse pibliye yon jounal yo te rele Le Phare de la Tour de Sion et Messager de la Présence de Christ. Jodi a, yo rele l Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova a. Oparavan, te gen kèk moun sèlman ki te konprann laverite konsènan esperans lèzòm genyen an, sepandan, nan epòk sa a, plizyè gwoup Etidyan Labib nan anpil peyi te konn resevwa Toudegad e yo te konn etidye l. Etidyan Labib yo te kwè pa gen anpil moun ki pral nan syèl la, alòske plizyè milyon moun pral jwenn lavi sou tè a nan lapèfeksyon. Kwayans sa a te fè Etidyan Labib yo diferan parapò ak lakretyente.

17. Ki jan vrè konesans lan te vin anpil?

17 “Tan lafen” yo te anonse a te kòmanse an 1914. Èske vrè konesans konsènan esperans lèzòm genyen an te vin anpil (Dàn. 12:4)? Lè ane 1913 te rive, yo te deja pibliye diskou Russell yo nan 2 000 jounal e yo te gen 15 000 000 lektè antou. Lè fen ane 1914 te rive, te deja gen plis pase 9 000 000 moun nan twa kontinan ki te wè “Fotodram kreyasyon an”, yon fim ki te gen kèk sekans kote yo t ap esplike Rèy mil an Kris la. Soti nan ane 1918 pou rive nan ane 1925, sèvitè Jewova yo te prezante diskou ki te gen tit “Plizyè milyon moun k ap viv kounye a pap janm mouri” nan plis pase 30 lang nan lemonnantye. Nan diskou sa a, yo te esplike esperans lavi etènèl moun pral jwenn sou tè a. Rive nan ane 1934, Temwen Jewova yo te vin konprann moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan yo dwe batize. Konpreyansyon sa a yo te vin genyen an te fè yo vin gen plis zèl toujou pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan. Jodi a, esperans pou moun viv sou tè a pou toutan an ranpli kè plizyè milyon moun ak rekonesans pou Jewova.

Yon ‘libète nan laglwa’ ap tann ou!

18, 19. Ki kalite lavi Izayi 65:21-25 anonse ki pral genyen?

18 Anba enspirasyon, pwofèt Izayi te ekri konsènan fason pèp Bondye a pral viv sou tè a. (Li Izayi 65:21-25.) Gen kèk pyebwa ki te la depi nan epòk Izayi te ekri pawòl sa yo, sa gen anviwon 2 700 an, ki la toujou jodi a. Èske w wè tèt ou k ap viv lontan konsa avèk tout fòs ou epi an bòn sante?

19 Nan plas lavi kout w ap viv la, ou pral gen yon lavi san fen kote w ap gen posiblite pou w konstwi, pou w plante e pou w aprann nètale. Panse ak zanmi w ap kapab fè. W ap kapab kontinye ranfòse amitye w avèk yo, yon amitye k ap baze sou lanmou, pandan tout letènite. Lè sa a, “pitit Bondye yo” pral jwi yon ‘libète nan laglwa’ sou tè a! —Wom. 8:21.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Ogisten te fè konnen Rèy mil an Wayòm Bondye a se pa yon bagay ki gen pou l vini, men se yon bagay ki te deja kòmanse lè Legliz te etabli sou tè a.

Èske w ka esplike?

• Sa k fè esperans lèzòm genyen pou yo viv sou tè a te vin kache?

• Ki sa kèk moun ki t ap li Labib nan ane 1600 yo te vin konprann?

• Ki jan vrè esperans lèzòm genyen pou yo viv sou tè a te vin pi klè tank ane 1914 t ap pwoche?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

John Milton, yon powèt (ki agoch), ak Isaac Newton, yon matematisyen (ki adwat), te konnen gen yon esperans pou moun viv pou toutan sou tè a.

[Foto nan paj 15]

Premye Etidyan Labib yo te konprann selon Ekriti yo lè a te rive pou yo fè tout limanite konnen vrè esperans li genyen an.