Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova fè yo santi li la avèk yo

Jewova fè yo santi li la avèk yo

Jewova fè yo santi li la avèk yo

GEN plis pase 30 mis nan figi yon moun. Pou yon moun souri, 14 mis nan figi l bezwen travay ansanm. Imajine jan sa t ap ye si w ta eseye pale san mis sa yo. Ou panse sa t ap enteresan? Li difisil pou nou ta panse sa. Sepandan, pou moun ki soud yo, mis ki nan figi yon moun fè plis pase pèmèt li fè mouvman ak figi l pou l rann yon konvèsasyon pi vivan. Lè yon moun itilize mis sa yo pou l fè mouvman ak figi l e li fè lòt jès ankò, tout sa jwe yon wòl enpòtan nan transmèt ide. Anpil moun sezi lè yo wè li posib pou yon moun transmèt ide ki konplike nan lang siy ak tout ti detay ki kapab genyen nan ide moun nan ap transmèt yo.

Nan epòk pa nou an, gen moun soud sou tout tè a ki rive wè yon figi ki ba yo plis enfòmasyon pase figi tout lòt moun. Dapre tèks ebre a, nan yon sans figire, yo “wè figi Jewova”. (Lam. 2:19.) Se pa paraza sa fèt. Depi nan tan lontan, Jewova te deja montre li renmen moun ki soud yo. Li te montre li renmen moun soud ki te nan nasyon Izrayèl tan lontan an (Lev. 19:14). Nan epòk pa nou an, lanmou li gen pou moun soud yo parèt aklè. Labib di: “[Bondye] ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun rive konn verite a.” ​(1 Tim. 2:4). Anfèt, anpil moun soud rive wè figi li lè yo vin byen konnen laverite sou li. Ki jan sa rive fèt? Anvan nou jwenn repons kesyon sa a, annou fè yon ti pale konsènan rezon ki fè lang siy enpòtan pou moun ki soud yo.

egal tande

Gen anpil bagay moun pa ta panse konsènan moun soud e konsènan lang siy. Ann fè yon ti pale sou kèk nan yo, konsa n ap rive konprann bagay yo jan yo ye a. Moun ki soud kapab kondui machin. Li difisil anpil pou yo li sou bouch moun. Lang siy pa gen okenn rapò ak bray e se pa senpleman jès moun ap fè konsa konsa li ye. Se pa yon sèl lang siy ki genyen. Anplis, selon zòn nan, yon lang siy kapab gen ti diferans ladan l menm jan moun kapab pale yon lang ak diferan aksan.

Èske moun ki soud yo kapab li? Byenke genyen nan yo ki li byen, an reyalite, pifò nan yo gen pwoblèm ak sa. Sa k fè sa? Se paske sa ki ekri sou papye y ap eseye li a soti nan yon lang moun pale. Ann fè yon ti pale sou fason yon timoun ki pa soud aprann yon lang. Depi lè li fèt, gen yon bann moun ki antoure l ki pale lang li pral pale a. Li pa pran anpil tan pou l kapab mete mo ansanm pou l fè fraz. Sa fèt natirèlman paske li tande y ap pale lang nan nan antouraj li. Konsa, lè timoun ki pa soud la kòmanse aprann li, sa li bezwen aprann sèlman, sèke lèt ki sou paj l ap li a koresponn ak mo oswa ak son li konnen deja.

Kounye a, imajine ou nan yon peyi etranje, ou nan yon chanm ki fèt an vit kote ou pa tande anyen k ap fèt deyò chanm nan, e ou pa t janm tande lang yo pale nan peyi sa a. Imajine chak jou moun nan zòn nan ap eseye pale avè w pandan w dèyè vit la. Ou pa ka tande sa y ap di w yo. Sèl bagay ou wè se bouch yo k ap bat. Lè yo reyalize ou pa konprann yo, yo ekri sa yo t ap di w la sou yon moso papye epi yo montre w sa yo ekri a pandan w dèyè vit la. Yo panse sandout ou konprann sa yo ekri a. Èske w panse w t ap rive konprann sa ki ekri a? Ou t ap twouve li enposib pou w kominike nan sitiyasyon sa a. Poukisa? Se paske sa yo ekri pou ou a se yon lang ou pa t janm tande anvan. Se nan sitiyasyon sa a egzakteman pifò moun ki soud twouve yo.

Lang siy se yon bon mwayen moun soud yo genyen pou yo kominike. Moun k ap itilize lang sa a fè yon seri siy pou yo transmèt yon seri ide. Mouvman yo fè ak men yo, bra yo ak kò yo ansanm ak mouvman yo fè ak figi yo suiv règ gramè ki egziste nan lang siy. Konsa, lang siy se yon lang moun pale avèk siy e avèk jès ki fè li posib pou moun resevwa enfòmasyon ak je yo.

Prèske chak mouvman yon moun soud fè ak men l, ak kò l e ak figi l lè l ap fè siy gen yon sans. Mouvman moun nan fè ak figi l yo, se pa nan objektif pou sa l di yo gen yon gwo efè sou moun l ap pale avè l la. Mouvman sa yo enpòtan pou gramè lang siy lan. Ann pran yon egzanp. Lè yon moun k ap poze kesyon nan lang siy monte sousi l, se gendwa yon kesyon li poze pou l fè moun l ap pale avè l la reflechi oswa se gendwa yon kesyon li poze pou moun nan reponn wi ou non. Si lè moun nan poze kesyon an li fonse sousi l, se yon kesyon ki gen rapò ak kiyès, ki sa, ki kote, ki lè, poukisa oswa ki jan. Gen mouvman moun nan fè ak bouch li ki kapab vle montre gwosè yon bagay oswa entansite yon aksyon. Fason yon moun soud deplase tèt li, li monte zepòl li, li fè mouvman ak chak bò figi l e li bat je l bay ti detay ki gen rapò ak sans oswa ak ide li vle fè pase a.

Tout mouvman sa yo pèmèt moun k ap gade yo resevwa enfòmasyon yon fason ki agreyab. Moun soud ki konn lang siy byen ekipe pou yo transmèt kèlkeswa enfòmasyon an. Kit enfòmasyon an gen rapò ak pwezi, kit se yon enfòmasyon teknik, kit se ide womantik oswa enfòmasyon ki ka fè moun ri, kit li gen rapò ak bagay moun kapab wè oswa yo kapab manyen, kit li gen rapò ak bagay moun pa kapab wè oswa yo pa kapab manyen.

Piblikasyon ki parèt nan lang siy yo enpòtan anpil

Lè yon moun itilize lang siy pou l transmèt konesans Jewova, yon moun ki soud kapab tande mesaj la e li kapab “gen konfyans” nan Moun mesaj la soti nan li a, anpalan de Jewova. Se sa k fè Temwen Jewova yo fè anpil efò pou yo preche moun soud sou tout tè a e pou yo pwodui tout kalite piblikasyon pou yo (Wom. 10:14). Aktyèlman, gen 58 ekip sou tout tè a k ap fè tradiksyon nan lang siy. Anplis, gen piblikasyon an lang siy sou DVD nan 40 lang. Èske tout travay sa yo vo lapèn?

Jeremy, ki gen paran l yo ki soud, di: “Mwen sonje yon lè papa m te pase plizyè èdtan nan chanm li ap etidye sèlman kèk paragraf nan yon atik Toudegad pou l eseye konprann yo. Bridsoukou, li soti nan chanm nan ak kè kontan epi li di m an siy: ‘Mwen konprann! Mwen konprann!’ Apre sa, li esplike m sans sa li te li yo. Mwen te gen douzan sèlman lè sa a. Mwen te gade paragraf yo byen vit epi mwen te di l an siy: ‘Papa, mwen pa panse sans ou di a se sa. Se...’ Lè sa a, li fè m siy pou m pe epi li retounen nan chanm li ankò pou l eseye konprann sans tèks la poukont li. Mwen pap janm bliye jan vizaj li te tris ak santiman admirasyon mwen te genyen pou li pandan m t ap gade l k ap retounen nan chanm nan. Sepandan, kounye a li konprann enfòmasyon yo pi byen paske li gen piblikasyon yo nan lang siy sou DVD. Mwen renmen wè kontantman l genyen sou figi l lè l ap dekri santiman li genyen pou Jewova.”

Ann fè yon ti pale tou sou eksperyans yon koup Temwen Jewova te fè lè yo te rankontre yon jèn fi ki soud nan peyi Chili ki rele Jessenia. Men sa yo di ki pase apre manman Jessenia te fin ba yo pèmisyon pou yo montre Jessenia Liv istwa biblik mwen an sou DVD nan lang siy chilyen: “Lè Jessenia te kòmanse gade istwa a, li te kòmanse ri. Apre sa, li te kòmanse kriye. Lè manman l mande l poukisa l ap kriye, li reponn li se paske l renmen sa l ap gade a. Manman an te rann li kont li te konprann tout sa li te wè sou DVD a.”

Gen yon fi soud k ap viv nan zòn andeyò peyi Venezyela ki te deja gen yon pitit fi e ki te ansent yon lòt timoun. Li menm ak mari l te panse yo pa t dwe nan fè pitit ankò akoz sitiyasyon ekonomik yo. Se sa k fè yo te anvizaje pou madanm nan jete pitit la. Temwen Jewova yo te pase lakay yo e yo te pase videyo ki gen tit Ki sa Bondye vle nou fè? a, nan lang siy venezyelyen. Yo te fè yo gade leson 12 la. Yo pa t menm konnen si koup la te gen entansyon jete pitit la. Leson sa a te esplike pwennvi Bondye sou avòtman ak sou touye moun. Annapre, madanm nan te di Temwen yo jan li te rekonesan poutèt yo te etidye leson sa a avèk li. Li te di se sa k fè li menm ak mari l te deside pou yo pa jete pitit la. Konsa, yon piblikasyon an lang siy sou DVD te sove lavi yon timoun!

Men sa Lorraine, yon Temwen ki soud, esplike: “Etid Bib la tankou yon puzzle [yon jwèt pasyans ki gen anpil ti pyès pou mete ansanm]. Te gen kèk ti pyès ki te manke nan konpreyansyon mwen te genyen. Sepandan, lè m te vin jwenn verite biblik yo san pwoblèm nan lang siy, se kòmsi mwen te jwenn pyès ki te manke yo.” George, yon frè ki soud ki gen 38 an depi l Temwen Jewova, di: “Pa gen dout nan sa, lè yon moun kapab rive konprann yon bagay poukont li, sa fè l fyè de tèt li e sa fè l gen konfyans nan tèt li. Mwen santi DVD nan lang siy yo gen yon gwo enpak sou mwen paske yo ede m grandi sou plan espirityèl.”

“Se yon reyinyon nan lang pa m!”

Anplis piblikasyon ki nan lang siy yo, Temwen Jewova yo fòme kongregasyon kote reyinyon yo fèt nan lang siy sèlman. Aktyèlman gen plis pase 1 100 kongregasyon lang siy nan lemonnantye. Nan kongregasyon sa yo, yo pale ak moun soud yo nan lang moun ki soud yo yon fason ki koresponn ak fason yo panse e yo prezante yo verite biblik yo fason yon moun soud ka konprann e yon fason ki montre respè pou kilti l ak eksperyans li.

Èske kongregasyon lang siy yo jwe yon wòl enpòtan? Ann fè yon ti pale sou eksperyans Cyril, yon Temwen Jewova, te fè. Li batize an 1955. Pandan dèzane li te fè sa l kapab pou l etidye piblikasyon yo e li te asiste reyinyon yo regilyèman. Pafwa li te gen moun pou entèprete pou li, men pafwa li pa t gen moun. Lè l pa t gen moun pou entèprete pou li, li te konn konte sou lòt Temwen yo ki te konn eseye ede l avèk amou. Yo te konn ekri ti nòt pou li pou yo di l sa yo t ap di sou estrad la. Premye kongregasyon lang siy ki te fòme nan peyi Etazini an te fòme nan ane 1989, nan vil Nouyòk. Cyril te gentan Temwen Jewova depi 34 an lè sa a. Ki jan li te santi l lè l te vin fè pati kongregasyon sa a? Men sa li te di: “Se te kòmsi mwen te nan yon rak bwa oubyen nan yon tinèl ki fènwa epi m soti nan limyè. Se yon reyinyon nan lang pa m!”

Kongregasyon lang siy Temwen Jewova yo fòme yo se kote moun ki soud kapab rankontre regilyèman pou yo aprann konnen Bondye e pou yo adore l. Se kote moun ki fè pati pèp Bondye a jwenn bon zanmi e yo jwenn ankourajman. Nan yon monn kote li difisil pou moun ki soud yo kominike ak lòt moun e kote yo kapab santi yo izole, kongregasyon sa yo se kote ki pezib, kote y ap jwenn moun pou pale ak yo e y ap jwenn bon frekantasyon. Nan kongregasyon sa yo, moun ki soud yo kapab aprann anpil bagay, yo kapab devlope espirityalite yo e yo kapab fè anpil nan sèvis y ap bay Jewova. Gen anpil Temwen ki soud ki rive pran sèvis pyonye. Genyen nan yo ki deplase al nan lòt peyi pou yo ede lòt moun ki soud aprann konnen Jewova. Gen kretyen ki soud ki aprann ki jan pou yo vin bon anseyan, bon òganizatè e pou yo vin bon bèje. Konsa, anpil ladan yo vin kalifye pou yo jwenn privilèj nan kongregasyon an.

Nan peyi Etazini, gen plis pase 100 kongregasyon lang siy ak anviwon 80 gwoup. Nan peyi Brezil, gen anviwon 300 kongregasyon lang siy ak plis pase 400 gwoup. Nan peyi Meksik, gen apeprè 300 kongregasyon lang siy. Nan peyi Larisi, gen plis pase 30 kongregasyon lang siy ak plis pase 113 gwoup. Egzanp sa yo se sèlman kèk egzanp ki montre akwasman k ap fèt nan monn nan.

Temwen Jewova yo fè asanble ak kongrè tou nan lang siy. Ane pase, yo te òganize plis pase 120 kongrè nan lemonnantye nan anpil lang siy. Sa te pèmèt Temwen ki soud yo wè yo fè pati yon fanmi entènasyonal ki jwenn manje espirityèl nan moman apwopriye.

Leonard se yon moun ki soud, e li gen plis pase 25 an depi li Temwen Jewova. Men sa li di: “Mwen te toujou konnen Jewova se vrè Dye a. Sepandan, mwen pa t janm rive byen konprann rezon ki fè li pèmèt soufrans. Se sa k fè pafwa mwen te konn santi mwen an kòlè kont li. Men, pandan yon diskou yo t ap bay nan lang siy nan yon kongrè distri, finalman, mwen te rive konprann kesyon ki te enplike yo. Lè diskou a fini, madanm mwen ban m yon ti koutkoud epi li mande m: ‘Èske w satisfè?’ Onètman, mwen te kapab di wi! Apre 25 an, mwen remèsye Jewova lefètke mwen pa t janm kite l. Mwen te toujou renmen l, men mwen pa t ka fin konprann li nèt. Jodi a, mwen konprann li nèt!”

Kè yo chaje ak rekonesans

Ki sa moun ki soud yo wè sou figi Jewova lè yo aprann konnen l? Yo wè lanmou, konpasyon, jistis, fidelite, bonte ki plen lanmou ak anpil lòt kalite ankò.

Kominote entènasyonal Temwen ki soud yo fòme a wè figi Jewova e y ap kontinye wè figi l pi klè toujou. Jewova gen lanmou nan kè l pou moun ki soud yo e l ap kontinye fè yo santi li la avèk yo. Se pa ti rekonesan moun soud sa yo rekonesan lefètke yo vin konnen Jewova!

[Foto nan paj 24, 25]

Gen plis pase 1 100 kongregasyon lang siy nan lemonnantye.

[Foto nan paj 26]

Jewova fè limyè l briye sou moun soud yo.